"For other foundation can no man lay than that is laid, which is Jesus Christ." (1 Cor. 3:11)

Home
Articles
Books
Confessions
Anabaptist History
Churches and Related ones
Our Mission

Other Languages
Russian Bibleviews
Romanian Bibleviews
Español Bibleviews
Haiti Bibleviews
Portuguese Bibleviews

More Information
About your InternetServant

Contact Us & Guestbook

"If any man will come after me, let him deny himself, and take up his cross daily, and follow me." (Luke 9:23)

Premye Koze

Nan tan nou an teknoloji apavanse avèk you gwo vitès e sa posib gras a ogmantasyon konesans sou lwa ki gouvène lemonn fizik Bondye a, se tris pou wè tèlman genyen moun ki pa konprann relasyonespirityèl yo avèk Bondye. Yo pa konnen redanmsyon ke Jezi Kris pote a e kouman resevwa li. Se enpòtan pou aprann nan men Kris sou ansèyman Li sou repantans, lafwa, nouvèl nesans, lavi disip, eSentespri. Se lè sa a nou va konprann kouman jwenn delivrans.

Bi liv sa a se pou rakonte sa ke Bondye revele sou redanmsyon an ki reyalize nan Kris. Pou fè sa, nou kòmanse avèk kreyasyon an, Chit lòm nan peche, e nou kontinye avèk apèl Abraram e Izrayèl; lavi, lanmò e rezirèksyon Jezi Kris; Entèpretasyon Nouvo Testaman an e esplikasyon redanmsyon an; e finalman pwofesi ki dwe akonpli nan dènye jou yo. Sa ki nan sant etid sa a se ansèyman Jezi ke lòm dwe rete nan Li e ke lòm dwe disip ki fidèl pou Li.Lavi disip se you pati nesesè nan lafwa Kretyen an (Jan 15:6).

Pou kite Bib la rakonte istwa li, liv sa a genyen anpil sitasyon e referans. Sa ke J. C. Wenger te deklare nan premye koze premye liv seri sa a kapab aplike nan liv sa a tou.

You aspè patikilye liv sa a ki frape mwen avèk fòs. Men li: Site vèsè nan Bib la souvan non sèlman montre enpòtans otè a bay Bib la, men plis pase sa li bay Senyè a opòtinite pou itilize pawòl pisan li pou rann kretyen an kapab grandi nan konpreyasyon efikas gras a Bondye nan fason yo wè abilite Li pou transfòme yo nan imaj espirityèl Pitit Gason Li a, Senyè Jezi Kris.

Paske nou site anpil vèsè nan Bib sa pa dwe anpeche you etid biblik pèsonèl. Paske Bib la se sous mesaj redanmsyon an, nou espere ke liv sa a va ogmante enterè nan etid biblik e sèvi you gid pou you etid sou redanmsyon.

Mwen lapriyè pou liv sa a ede plen vid ki genyen nan konpreyansyon lòm sou mesaj Bib la sou redanmsyon nan Jezi Kris, e ke sa va ogmante enterè nan etid Biblik.

Soli Deo Gloria!

Bondye Sèl Ki merite glwa!

Leland M. Haines.

Chapit 1

Nesesite Pou Redanmsyon an

Bondye kreye moun pòtre ak Li

“Bondye kreye moun: li fè l pòtre ak li. Li kreye yo gason ak fi” (Jenèz 1:27).  Gwo deklarasyon sa a sou kreyasyon moun fon anpil e li anbarasan tou. Anpati li reponn kesyon poukisa lòm diferan nan tout kreyasyon an. Men li soulve kesyon sou fason lòm ak Bondye sanble. Tankou nan kòmansman lè lòm te kreye, li te sanble anpil anpil ak Bondye menm jan li te moun tou.  Poutan, nan menm tan an lòm te ase diferan pou fè li depann sou Kreyatè li a pou konesans ak direksyon.

Lè Bondye te fè lòm pòtre ak Li, Li te ba Li you nati ki te distenge li e li te mete li nan kreyasyon an (Jenèz 5:1; 9:6; 1 Korent 15:39; Jak 3:9. Gason an “se pòtre Bondye. Tankou nan you glas li fè wè bèl pòtre Bondye” (1 Korent 11:7), “ Ou fè yo yon ti kras pi piti pase ou, Bondye. Tankou yon kouwòn sout tèt yo, ou ba yo pouvwa ak respè” (Sòm 8:5; konpare Ebre 2:9).  Kòm chèf  nan mitan kreyati yo, lòm genyen pouvwa sou tout bagay ki sou latè (Jenèz 1:26, 28).

Apre Bondye te fin kreye lòm avèk bagay ki soti nan tè a, Li te “soufle nan twou nen nonm lan  pou l ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan” (Jenèz 2:7). Kòm you rezilta aksyon sa a ke Bondye te fè a, lòm te gen you nati materyèl e you nati espirityèl. Nati espirityèl lòm nan montre ke li fèt nan pòtre Bondye . Lòm te resevwa entèlijans, sa vle di ke li te kapab panse epi rezone.  Kòm you kreyati ki genyen larezon, lòm te diferan nan kreyasyon an e li te byen distenge avèk zannimo yo. Pòtre Bondye nan lòm siyifi ke li te kreye “pou sanble ak Li pou nou ka mennen you lavi ki dwat, you lavi ki apa pou Bondye, jan verite a mande l la” (Efèz 4:24; Konpare Kolòs 3:10).  Konsa lòm ta genyen you tandans natirèl pou fè sa ki byen. Nan pèfeksyon moral li, lòm te genyen you kominyon louvri e lib avèk Kreyatè li a, Lòm te mache e pale avèk Bondye.

 

Adan e Peche

Lòm pat kreye pou li te you maryonnèt, men li te resevwa abilite pou li chwazi si li ta swiv volonte Kreyatè li a. Pou libète pou li chwazi a ta genyen siyifikasyon, lòm ta bezwen ekzèse li. Bondye te ba li opòtinite pou fè sa. “Senyè a, Bondye a, pran nonm lan, li mete l nan jaden Edenn lan pou l travay li, pou l pran swen l. Senyè a, Bondye a, bay nonm lan lòd sa a: Ou mèt manje donn tout pyebwa ki nan jaden an. Men, piga ou manje donn pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Paske jou ou manje l, w’ap mouri” (Jenèz 2:15-17). Nan kòmansman ekzistans lòm Bondye te revele volonte li bay Adan nan you kòmandman ki senp. Koulye a lòm ta kapab ekzèse libète pou chwazi. Tès la te senp. Adan pat fòse aji nan you fason oubyen you lòt. Chwazi pou obeyi Bondye, poutan, ta siyifi ke li reyisi ekzamen an, chwazi pou dezobeyi ta siyifi ke li echwe nan ekzamen an.

Adan e Ev te kreye nan you anviwonnman ki bon nèt. Yo pat konnen okenn move bagay ki anviwonnen nou koulye a. Sèl konpreyansyon yo sou move bagay ak sou lanmò te vini nan you lafwa senp nan Pawòl Bondye.  You zanj ki te tonbe poutèt lògèy, ke yo te rele dyab e Satan (Ezayi 14:12-15; Ezekyèl 28:15-17; 1 Timote 3:6), te vini kote Ev sou fòm you sèpan (2 Korentyen 11:3; Revelasyon 12:9; 20:2). Sèpan an te mande Ev pou repanse aseptasyon kòmandman Bondye te bay Adan an.  Satan te manti sou pawòl Bondye e li te di, “Se pa vre. Nou p’ap mouri kras. Bondye di nou sa paske li konnen jou nou manje ladan l, je nou va louvri. N’a vin tankou Bondye, n’a konn sa ki byen ak sa ki mal” (Jenèz 3:4,5).  Ev te koute Satan e li te gade pyebwa a. Lè “fanm lan gade, li wè jan pyebwa a te bèl, jan fwi yo sanble yo ta bon nan bouch. Li santi li ta manje ladan l pou je l ka louvri. Li keyi kèk fwi. Li manje, li pote bay mari l ki manje tou” (v.6).

Lè Adan e Ev te dezobeyi Bondye, yo te konnen sa. Apre yo te fin dezobeyi Pawòl Bondye, yo te fè esperyans koupablite ak lapèrèz e yo te eseye kache lwen Bondye. Bondye te konnen kote yo te ye e kisa yo te fè. Li te mande yo, “Ki moun ki di ou toutouni?  Eske ou te manje fwi pyebwa mwen te di ou pa manje a?” (Jenèz 3:11). Adan, nan lapèrèz ak dezespwa, te tante pou refize admèt peche li lè li te blame Ev. “Fanm ou te ban mwen an, se li menm ki ban mwen fwi pyebwa a pou m manje, epi mwen manje l” (v.12). Ev, tou, te eseye eskize tèt li. “Se pa mwen non! Se sèpan an wi ki te pran tèt mwen ki fè m manje l” (v. 13).

Nan moman Chit la, Bondye te kòmanse revele lòm nesesite pou redanmsyon an. Premye pa a se kondanasyon sèpan an, enstriman Satan an, pou aksyon li yo: “poutèt sa ou fè a, ou madichonnen nan mitan tout bèt jaden ak tout bèt nan bwa. W’a rale sou vant ou. W’a manje pousyè tè jouk ou mouri. Ou menm ak fanm lan, m’ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l ak pitit pitit pa ou ap lènmi, tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w’ap mòde l nan talon pye l” (Jenèz 3:14, 15). Dènye pati vèsè 15 se you pwofesi sou redanmsyon lòm anba konsekans peche li.

Adan e Ev te sibi efè deklarasyon Bondye kont peche. Malgre efò yo te fè pou mete blam nan sou lòt, yo te koupab. Yo pat kwè e yo pat obeyi pawòl Bondye e yo te pèsonèlman responsab pou aksyon yo. Pou Ev pou tout fanm depi lè sa a, kondanasyon Bondye se te: “Lè w’ap fè pitit, m’ap fè soufrans ou vin pi rèd.  W’a gen pou soufri anpil lè w’ap akouche. W’ap toujou anvi mari ou. Men, se mari ou ki va chèf ou” (Jenèz 3:16). E pou Adan e pou tout gason depi lè sa a, Bondye te deklare ke yo va travay di e ke “Se swe kouray ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè w’a tounen nan tè a kote ou sòti a. Paske, se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò” (v.19). Paradi a te pèdi, e lòm te fè esperyans byen ak mal.  Bondye “ te mete Adan deyò nan jaden Edenn lan. Li voye l al travay latè, menm tè Bondye te pran pou fè l la” (v.23).

Paske Bondye sen e jis, Li pa kapab tolere peche nan nenpòt fòm. Peche se you aksyon oubyen you atitid “manke mak la, manke bi a”, sa vle di, tonbe lwen modèl Bondye a, lwen nivo Bondye a.

Premye mansyon peche genyen ladan ofrann fwi Kayen te fè a, ke Senyè a te rejte. “Si sa ou te fè a te byen, ou pa ta rive nan sitirasyon sa a. Men, paske ou fè sa ki mal, peche kouche nan papòt ou. L’ap tann konsa lè pou l pran tèt ou. Men, ou menm, se pou ou kenbe tèt ak li” (Jenèz 4:7). Lè ou manke fè Bondye plezi se peche, e lè yo bay peche opòtinite, li domine sou you moun. Peche kreye you bayè ant Bondye e lòm. “Men se mechanste nou yo ki mete yon bayè ant  nou ak Bondye nou an. Se peche nou yo ki fè l vire figi l pou l pa tande nou” (Ezayi 59:2). Bayè sa a pa kite lòm san responsablite pou peche li. Bondye jis e Li dwe pini dezobeyisans. “Men, moun ki fè sa ki mal va resevwa sa ki pou li dapre mal li fè a. Paske, Bondye pa gade sou figi moun” (Kolòs 3:25; konpare Matye 16:27; 25:46; Jan 5:29; Women 2:6; 2 Korent 5:10; 1 Pyè 1:17).  Bondye te chase lòm e wete l nan jaden Edenn lan, voye l nan lemonn ki t’ap domine toujou pi plis avèk mechanste. Kounyeya lòm te vin etranje pou Kreyatè li, li vin ale lwen Li (Jenèz 3:23-24).

 

Tout Moun Peche

Tout moun anba kondanasyon poutèt dezobeyisans Adan an. Poutèt peche li a, tout moun fèt avèk you nati peche. Anvan lontan peche Adan an te parèt nan pitit  gason li a, Kayen, e li te gaye nan tout desandan natirèl li yo. “Senyè a wè jan lèzòm te mechan toupatou sou latè, ki jan tout lajounen se move lide ase ki te nan tèt yo. ...  Tout lòt moun te fin pouri devan Bondye. Toupatou sou latè se te mechanste sou mechanste. Bondye gade latè, li wè l te fin pouri, paske tout moun sou latè te fin pèvèti; (Jenèz 6:5,11, 12; konpare chapit 6:13).

Nouvo Testaman an revele ke pamwayen aksyon Ev e Adan “peche antre sou latè. Peche a louvri pòt pou lanmò. Se konsa lanmò vin pou tout moun, paske tout moun fè peche” (Women 5:12). E “dezobeyisans you sèl moun lakòz yon foul moun fè peche” (v.19). “menm jan se you sèl moun ki fè lanmò antre sou latè, menm jan an tou se yon sèl moun ki fè moun ki mouri yo kapab leve vivan ankò. Menm jan tout moun gen pou mouri paske yo fè yonn ak Adan, konsa tou, tout moun ki fè yonn ak  Kris la ap gen lavi ankò” (1 Korent 15:21, 22). Poutèt peche Adan an, lòm nan nati li  “Te kondannen pou n te tonbe anba kòlè Bondye tankou lòt yo” (Efèz 2:3). “Nou t’ap  viv lwen Bondye. Nou te lènmi avè l akoz tout bagay mal nou t’ap fè yo, ak tout move lide nou te gen nan tèt nou” (Kolòs 1:21). Chak moun fèt avèk you nati peche ki non sèlman fè li posib pou li peche, men pou asire volonte li. Konsa lèzòm pa koupab poutèt peche Adan an, men poutèt pwòp move aksyon yo.

Lè Adan te peche li te blame Ev. You pati nan peche Adan an se paske li te soumèt devan enflyans Satan pamwayen Ev. Depi lè sa a lòm natirèl la reprezante kòm you pitit gason mechan an, moun ki patizan Satan (Matye 13:38), e avèk dyab la kòm you papa (Jan 8:44). Lòm natirèl la swiv Satan, e Satan gouvènen li (Jan 12:31; Travay Apòt 26:18; Efèz 2:2). Gouvènman Satan an prezante kòm “pouvwa fènwa” (Kolòs 1:13).  Li “bouche lespri yo. Li enpoze yo wè limyè bòn nouvèl la” (2 Korent 4:4). Rive jodi a, nenpòt moun ki fè peche se moun dyab la (1 Jan 3:8).

Enfliyans Satan pat  kanpe avèk Adan e Ev. Li te kontinye enfliyanse chak pitit fi ak chak pitit gason Adan yo depi lè sa a.  “Pa gen moun ki pa fè peche” (1 Wa 8:46; konpare avèk Women 3:9). “Pa gen moun k’ap mache dwat sou latè ki ka di tou sa l’ap fè byen, li pa janm fè sa ki mal” (Eklezyas 7:20). “Nou te tankou mouton ki pèdi bann, chak moun bò pa yo. Men, chatiman ki pou te tonbe sou nou an, Senyè a fè l tonbe sou li” (Ezayi 53:6). “Tout moun fè peche. Yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a” (Women 3:23). Deskripsyon lòm chite a efreyan:

 

Nanpwen moun ki gen rezon devan Bondye. Non pa menm yon grenn. Yo yonn pa gen konprann. Yo yonn p’ap chache Bondye. Yo tout lage kò yo nan bwa, yo tout pèdi chemen yo. Nanpwen yonn ladan yo k’ap fè sa ki byen. Non, pa menm yon sèl. Bouch yo ou ta di yon kavo ki louvri. Se twonpe y’ap twonpe moun ase ak lang yo. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik. Bouch yo plen madichon ak jouman. Ti krik ti krak, se fè san koule. Kote yo pase se dega, se malè yo kite dèyè. Yo pa konn ki jan pou yo viv byen ak moun. Yo mete nan tèt yo pa gen rezon pou gen krentif Bondye. Women 3:10-18.

 

Women 1:18-32 fè menm you pòtre sonm sou depravasyon lòm. Pòl nan Galat 5:19-21, fè you lis travay lachè lòm natirèl la. Moun ki ap pratike bagay sa yo pa fè pati peyi kote Bondye Wa a.

 

Konsekans Peche

Paske lòm natirèl la “ fè peche. Yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a” (Women 3:23). Li dwe soufri konsekans peche li yo. Peche lòm pwovoke kòlè Bondye (1.18).  Lòm Natirèl la jije e pini selon zèv li yo (Matye 16:27; Jan 5:29; Women 2:8, 9; Kolòs 3:25; Revelasyon 20:12-15). Senyè a va “parèt nan mitan gwo flanm dife pou pini tout moun ki pa konn Bondye yo ansanm ak moun ki p’ap mache dapre Bòn Nouvèl ki pale sou Jezi, Senyè nou an. Chatiman moun sa yo, se disparèt y’ap disparèt yo pou tout tan. Y’ap wete yo devan Senyè a, y’ap voye yo jete byen lwen pou yo pa janm resevwa pa yo nan pouvwa Senyè a ak nan lwanj y’ap fè pou li a” (2 Tesalonik 1:8,9).

Dènye rezilta peche a se lanmò. Bondye te di Adan, “Paske jou ou manje l (fwi a) w’ap mouri” (Jenèz 2:17). Bondye te di premye paran nou apre dezobeyisans yo,  “Paske se pousyè ou ye ou gen pou retounen pousyè ankò” ( 3:19).  Madichon ki te tonbe sou yo a te pote lanmò fizik. Lanmò pat limite pou premye paran nou yo sèlman. Pòl te ekri ke “Se poutèt yon sèl moun peche antre sou latè. Peche a louvri pòt pou lanmò. Se konsa lanmò vin pou tout moun, paske tout moun fè peche.” (Women 5:12; konpare v.19). Prensip jeneral la se ke “ rekonpans peche se lanmò” (Women 6:23). Lanmò pa sèlman fizik oubyen byolojik, li espirityèl tou, li pote you separasyon etènèl avèk Bondye. Men lòm pa dwe dezespere paske, tankou lektè a te deja wè nan liv sa a, Bondye te aji pou fè li posib pou lòm genyen lavi etènèl pamwayen pitit gason Li Jezikri.

 

Lalwa Revele Peche

Bib la prezante peche kòm dezobeyisans lòm annegad Bondye vivan an. Lòm pat viv selon kòmandman ak dezi Bondye. Genyen anpil prensip nan Bib la pou gide lòm nan lavi a. Prensip sa yo dwe anseye kòm volonte Bondye olye kòm lwa ki san lavi.

Si peche se dezobeyisans annegad volonte Bondye, konsa pou lòm koupab oubyen responsab pou peche li yo, li dwe kapab konprann volonte Bondye. Bondye revele volonte Li pamwayen Pawòl Li, nati a e konsyans lòm.

Bib la se revelasyon Bondye ki bay plis presizyon sou volonte Li pou lòm. Pòl deklare sa plizyè fwa: “Lalwa fè nou konnen ke sa nou fè a pa bon” (Women 3:20). Nan Women 7 li bay andetay fonksyon lalwa nan lavi li. “Nan kondisyon sa a, kisa n’a di? Eske lalwa se peche? Non, wete sa nan tèt nou. Men, se lalwa a ki fè m konnen sa peche ye. Se konsa mwen pa ta janm konnen kisa ki rele gen lanvi, si lalwa pat di m: Piga ou janm pot lanvi sou sa k pa pou ou” (v.7). Lalwa, you espresyon volonte Bondye, revele peche paske “peche se dezobeyisans lalwa” ( 1 Jan 3:4).

Depi Bib la se revelasyon Bondye ki pi klè, sila yo ki pa fè konesans avèk li sèlman genyen you ti moso konesans sou volonte Bondye. “Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou; ki vle di jan li gen yon pouvwa ki  p‘ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sa ki fè moun sa yo pa gen eskiz menm” (Women 1:20). Tout moun kapab genyen you konesans sou Bondye  - poutan konesans sa a pa fin bon nèt - paske li sòti nan monn natirèl. Poutan jeneralman yo inyore sa e yo chwazi pou adore kreyati  Bondye yo olye adore Kreyatè a. Bondye fè konnen volonte Li tou pamwayen konsyans lòm.

 

Moun lòt nasyon ki pa gen lalwa Moyiz la, yo fè sa lalwa a mande san yo pa konnen. Yo menm ki pa gen lalwa Moyiz la, yo tounen yon lwa pou pwòp tèt pa yo menm si yo pat konn lalwa a. Konsa, yo moutre ki jan sa lalwa Moyiz  mande a  ekri nan kè yo. Konsyans yo moutre sa tou paske yon lè konsyans yo repwoche yo sa yo fè, yon lòt lè konsyans yo dakò ak sa yo fè. Women 2:14, 15.

Bib la anseye ke genyen you degre nan pinisyon ki depann sou konesans you moun genyen sou volonte Bondye. Jezi kòm ekzanp te fè remake you diferans ant Moun Korazen e Betasyida, e Tir e Sidon: “ Jou jijman an y’a pini pi rèd pase moun lavil Tir ak moun lavil Sidon yo” (Matye 11:21,22). Jezi te pale pawòl sa yo pou moun jwif ki te konnen plis konsènan plan Bondye pou redanmsyon an pase moun ki pa jwif yo. Jezi te fè mirak nan Korazen e Betsayida, poutan yo pat repanti. Konsa pinisyon yo va pi gran pase pinisyon moun Tir ak Sidon, ki te sant peche. Sitwayen Tir ak Sidon te fè opozisyon ak pèp Bondye a e yo te leve tèt yo you fason eskandalè jis pou yo di: “ Mwen se you dye” (Ezekyèl 28:2; gade tou chapit 26-28). Poutan konesans yo sou volonte Bondye te mwens pase pèp Korazen ak Betsayida, e sa va pran nan konsiderasyon jou jijman an. Jezi, Revelatè e Redanmtè final la, te deklare ke “Yon domestik ki konnen sa mèt li vle, men ki pa janm pare epi ki pa fè sa mèt la vle, domestik sa a anba kou. Men, yon domestik ki pa konn sa mèt li vle, lèfini k’ap fè bagay ki merite pou yo bat li, y’ap bay domestik sa a de twa kou sèlman. Moun yo mete reskonsab anpil bagay, y’ap egzije plis ankò nan men li” (Lik 12:47-48).

Pwomès you Espwa

Dènye konsekans peche – si pa genyen repantans - prezante kòm gwo espresyon pinisyon, tankou gwo rèl e kriye, manje dan, jete deyò nan fènwa, dife etènèl (Matye 8:12; Lik 13:28; Matye 22:13; 13:42, 50; 24:51). Bondye, poutan, pat kite lòm san okenn espwa pou chape. Apre premye peche lòm, Bondye te pwomèt ke semans fannm nan va kraze pisans Satan, sa ki fè li posib pou relasyon lòm ak Bondye retabli (Jenèz 3:15).

---------------

Chapit 1 REDANMSYON REYALIZE NAN KRIS

YOU ETID BIBLIK SOU REDANMSYON

Leland M. Haines

Life Ministries
250 Meadow Lane
Conestoga , PA 17516 USA

Copyright © 2002
Leland M. Haines
Goshen, Indiana USA
All rights reserved.
Avèk pèmisyon

Tradiktè
Josué Michel

Pou

International Faith Missions
Jonesville , Michigan USA  

Emprimè avèk

Life Ministries
250 Meadow Lane
Conestoga Pennsylvania17516USA