"For other foundation can no man lay than that is laid, which is Jesus Christ." (1 Cor. 3:11)

Home
Articles
Books
Confessions
Anabaptist History
Churches and Related ones
Our Mission

Other Languages
Russian Bibleviews
Romanian Bibleviews
Español Bibleviews
Haiti Bibleviews
Portuguese Bibleviews

More Information
About your InternetServant

Contact Us & Guestbook

"If any man will come after me, let him deny himself, and take up his cross daily, and follow me." (Luke 9:23)

Chapit 2

Preparasyon Pou Vini Redanmtè A

Sentete ak Lamou Bondye Pote Aksyon

Sentete ak lamou souvan mansyone kòm atribi Bondye. (Atribi siyifi sa ki pou Bondye, sa ki fè pati Bondye menm). Bondye genyen lòt atribi ankò tankou, fidelite, padon, bonte, jistis, mizèrikòd, ladwati, verite. Nou kapab sèlman konnen kouman tèm sa a montre e esplike nati Bondye lè nou etidye Bib la. Revelasyon sa a montre pèsonalite Li avèk pawòl ke lòm itilize popilèman. Nou kapab sèlman konprann you pati siyifikasyon tèm sa yo. Nou dwe pran prekosyon lè n’ap itilize yo pou nou pa twò senplifye nati Bondye.

Sentete Bondye nan sant mesay Bib la. Bondye te di, “Se mwen menm Senyè a ki Bondye nou. Se pou nou kenbe kò nou yon jan pou nou viv apa pou mwen, paske mwen menm se yon Bondye apa mwen ye” (Levitik 11:44; konpare 19:2). Bib la deklare, “Senyè a san patipri nan tou sa l’ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l’ap fè” (Sòm 145:17). “Lwanj pou Senyè a, Bondye nou an! Adore l sou mòn ki apa pou li a! Paske, Senyè a, Bondye nou an, se Bondye tout bon li ye” (Sòm 99:9). “Okontrè, nan tou sa n’ap fè, se pou nou bon nèt, tankou Bondye ki rele nou an bon nèt tou. Paske men sa ki ekri nan Liv la: Se pou nou bon nèt, paske mwen menm, mwen bon nèt” ( 1Pyè 1:15, 16). Jezikri pale avèk Bondye kòm “Papa ki apa a” (Jan 17:11) e li te anseye disip li yo pou yo gen respè pou Bondye (Matye 6:9). Se poutèt sentete Bondye ki fè Li separe e rayi peche (Sòm 5:5; 11:5; 45:5; Pwovèb 15:9; Ezayi 59:1,2; Abakouk 1:12, 13).

You konpreyansyon kòrèk sou sentete e lamou Bondye nesesè pou byen apresye plan delivrans lan. Premyèman, si se pat poutèt sentete Li Bondye pa ta separe ak peche. You plan delivrans pa ta nesesè. Lamou Li ta neglije fèblès ak dezobeyisans lòm. Poutan, depi Bondye sen, jistis Li pa va pèmèt lamou Li neglije peche lòm san ke demann karaktè Li a pa satisfè.

Dezyèmman, Bondye aji avèk lòm selon lamou Li. Lamou Bondye se enterè Li kòm Papa pou lòm, e pawòl la esplike bon atitid Li ak bonte Li annegad lòm. Lè Bondye te bay Moyiz lalwa, Li te revele tèt li kòm “SENYÈ a, SENYÈ a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p’ap janm sispann renmen, l’ap toujou kenbe pawòl li. L’ap kenbe pwomès li pou tout tan jouk sou mil jenerasyon, de pitit an pitit. L’ap toujou padonnen sa nou fè ki mal, sa nou te dwe fè sa nou pa fè, ak peche nou yo” (Egzòd 34:6,7; konpare. Nonb 14:18; Neyemi 9:17; Sòm 103:8; Jeremi 32:18; Jonas 4:2). Moyiz te di Izrayelit yo ke Bondye “a renmen nou, l’a beni nou, l’a fè nou peple” (Detewonòm 7:13; konpare 23:5; 33:3; 1 Wa 10:9; 2 Kwonik 2:11; 9:8; Sòm 97:10; 147:8; Ezayi 48:14).

Nan Nouvo Testaman an apòt Jan te ekri “Bondye se renmen menm” (1 Jan 4:8; konpare 4:16). Lamou Bondye pouse li kòmanse plan delivrans la. “Men ki jan Bondye fè nou wè jan li renmen nou. Li te voye sèl pitit li a sou latè pou l te ka ban nou lavi” ( 1 Jan 4:9). “ Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p’ap pèdi lavi yo. Okontrè y’a gen lavi ki p’ap janm fini an” (Jan 3:16). “Men, Bondye sitèlman gen kè sansib, li sitèlman renmen nou, li ban nou lavi ankò ansanm ak Kris la, nou menm ki te mouri akòz peche nou yo” (Efèz 2:4,5; gade nan Wòmen 5:6-8; 8:32). Bondye te vle sove lòm anba peche paske li renmen li.

Sentete Bondye ak lamou travay ansanm pou pote redanmsyon pou lòm. Paske Bondye sen, peche separe lòm ak Bondye. Paske Bondye se lamou, (se renmen ), Li pwomèt pou voye you Rachtè (Redanmtè) pou delivre lòm anba peche.

Bondye Prepare Pou Beni Lòm Pamwayen Abraram.

Anvan fondasyon lemonn, Bondye te fè plan delivrans lòm. Sakrifis Kris la, “Bondye te chwazi l pou sa depi anvan li te kreye tout bagay. Men, se nan dènye tan sa yo li vin parèt pou byen nou” (1 Pyè 1:20). “Bondye pa janm manti, li te pwomèt lavi sa a depi lontan anvan li te kreye tout bagay” (Tit 1:2). “Se Bondye ki delivre nou, se li menm ki rele nou pou n ka viv pou li. Li pat fè sa pou nou poutèt byen nou te fè. Non, sa soti nan plan travay li menm. Se yon favè li fè nou nan Jezikri, depi lontan anvan li te kreye tout bagay” (2 Timote 1:9). Kòm konsekans, lè lòm te peche kont Bondye nan jaden Edenn lan, Bondye te pare pou kòmanse revele plan Redanmsyon Li.

Nan menm moman Bondye te di lòm konsekans peche li. Li te di sèpan an ke “Ou menm avèk fanm lan, m’ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w’ap mòde l nan talon pye l” (Jenèz 3:15). Mansyon “pitit pitit” fanm lan se premye pwofesi ki genyen rapò avèk Kris. Mistè konplèt dèyè Jezikri “te kache pandan lontan lontan. Men, kounyeya, li parèt aklè nan liv pwofèt yo te ekri yo. Konsa, dapre lòd ki sòti nan Bondye ki la pou tout tan, plan travay la rive an konesans moun tout lòt nasyon yo pou yo kapab mete konfyans yo nan Bondye, pou yo kapab fè volonte Bondye” (Women 16:25, 26). Mistè sa a ki te deplwaye piti piti nan Ansyen Testaman an te revele konplètman e li te vin reyalite nan Nouvo Testaman an.

Premye etap nan prepare lòm pou delivrans e nan pote li ba li se te apèl Bondye te fè Abram. Bondye te pale nan you fason dirèk: “Pati, kite peyi ou la. Kite tout fanmi ou. Kite lakay ou, ale nan peyi m’a moutre ou la. M’ap ba ou anpil pitit pitit. Y’a tounen yon gwo nasyon. M’a beni ou. Y’a nonmen non ou toupatou. W’a sèvi yon benediksyon pou tout moun. M’ap voye benediksyon mwen sou tout moun ki va mande benediksyon pou ou. Men, m’ap madichonnen tout moun ki ba ou madichon. Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon” (Jenèz 12:1-3). Apèl Bondye pou Abram te genyen you kòmandman pou ale ak you pwomès benediksyon.

Abram te kwè e “pati jan Senyè a te di l la” (Jenèz 12:4). Bondye te mennen li nan “Kanaran... Lè sa a moun Kanaran yo te rete nan peyi a. Abram fè you vizyon li wè Senyè a ki di l: Men peyi m’ap bay pitit pitit ou yo a” (vv.5-8). Bondye te fè ankò you pwomès bay Abram ki te kwè e bati “ yon lotèl pou Senyè la tou, epi li fè sèvis pou li” (v.8).

Pwomès Bondye a te genyen twa bagay ladan. Li te genyen you semans (pitit), you tè, ak you benediksyon. Abram te vin papa you pèp chwazi. Yo ta resevwa you tè kote yo ta viv separe ak lòt pèp e Bondye ta ilize yo pou yo vin you benediksyon pou lòt pèp. Bondye te repete pwomès sa yo plizyè fwa bay Abraram (Jenèz 13:16; 15:5, 7, 18). Chak fwa Abram te mete konfyans li nan Senyè a, se konsa Senyè a fè l gras” (15:6).

Lè Abram rive sou katrevendiznevan laj, li te toujou pat gen pitit, Bondye te

“parèt devan l, li di l konsa: Mwen se Bondye ki gen tout pouvwa a. Se pou ou toujou fè sa m di ou fè. Se pou ou mennen you lavi san repwòch. (2) M’ap pase you kontra avè ou, m’ap ba ou anpil anpil pitit pitit. (3) Lè sa a, Abram mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Bondye pale avèk l ankò, li di l: (4) Men kontra m’ap pase avè ou la. W’ap zansèt moun anpil nasyon. (5) Yo p’ap rele ou Abram ankò. Men y’a rele ou Abraram, paske m’ap fè ou tounen zansèt moun anpil nasyon. (6) M’ap ba ou anpil anpil pitit pitit. Y’a tounen kantite nasyon. Anpil wa ap sòti nan ras ou. (7) M’ap kenbe kontra m lan avè ou, avèk tout ras ou. De pitit an pitit, se va yon kontra k’ap la pou tout tan. Se mwen k’ap Bondye ou, se mwen k’ap Bondye pitit pitit ou yo tou. (8) Ou wè tè kote ou rete tankou moun vini kounyeya? Mwen gen pou m ba ou l ansanm ak tout pitit pitit ou yo. Tout peyi Kanaran an ap rele ou pa ou pou tout tan. Wi, se mwen k’ap Bondye yo tout. (9) Bondye di Abraram: Men ou menm ansanm ak tout ras ou, de pitit an pitit, se pou nou dakò pou nou kenbe kontra a avèk mwen. (10) Men sa pou ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo pou nou dakò fè: se pou tout gason nan mitan nou sikonsi. (11) Depi kounyeya, se pou nou sikonsi tout gason. Se pou sa sèvi yon siy pou moutre gen yon kontra ki pase ant nou menm avè m” (Jenèz 17:1-11).

Sikonsizyon se te you siy pou fè desandan Abraram yo sonje relasyon espesyal yo avèk Bondye.

Nan Tan sa a Bondye te di Abraram,

(15) Sarayi, madanm ou, p’ap rele Sarayi ankò. Men depi jòdi a y’a rele l Sara. (16) M’ap beni madanm ou, m’a fè l ba ou yon pitit gason. M’ap beni l, m’ap fè l tounen manman anpil nasyon. Anpil nan pitit pitit li yo va wa. (17) Abraram mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Men, li tonbe ri lè l chonj jan l fin granmoun. Li t’ap di nan kè l: Eske yon nonm ki gen santan ka fè pitit ankò? Eske Sara, yon fanm ki gen katrevendizan, ka vin ansent? Jenèz 17:15-17.

Malgre se te difisil pou Abraram konprann kouman pwomès Bondye kapab akonpli, li te kwè Bondye e li te fidèl.

(1) Senyè a fè Sara favè, jan l te di l la. Li fè sa l te pwomèt li a rive vre. (2) Sara vin ansent. Atout li te fin vye granmoun lan, li fè yon pitit gason pou Abraram, nan dat Bondye te di l la. (3) Abraram rele pitit gason Sara te fè pou li a Izarak. (4) Ti gason an te gen wit jou lè Abraram sikonsi l, jan Bondye te ba li lòd la. (5) Abraram te gen santan sou tèt li lè Izarak, pitit li a te fèt. (6) Sara di konsa: Bondye fè m bagay ki fè m ri. Tout moun ki tande sa pral ri avè m tou. (7) Apre sa, li di ankò: Ki moun ki ta di Abraram yon jou Sara gen pou bay timoun tete? Men, atout li fin vye a, mwen fè yon pitit gason pou li” Detewonòm 21:1-7.

Pitit gason sa a se kòmansman akonplisman pwomès Bondye pou Abraram. Lafwa li pat dekouraje; Bondye te fidèl.

Lafwa Abraram te sibi eprèv plis pase esperyans li te fè nan tan pase. Li te mete konfyans nan Bondye e li te obeyi lè li te resevwa apèl pandan ke li te nan Our. Li te mete konfyans nan Senyè a ke desandan li va anpil tankou zetwal. Lè sa a Bondye te di li: “Pran Izarak, pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen a, pitit ou renmen anpil la. Ale nan peyi Morija, w’a moute sou tèt mòn mwen pral moutre ou la. Lè w’a rive la, w’a touye l. Apre sa, w’a boule l nèt pou mwen” Jenèz 22:2. Pitit sa a ke Bondye t’ap itilize pou akonpli pwomès li a, ta dwe ofri. Abraram pat genyen lòt pitit ke Bondye pwomèt, e nan laj li li pat genyen anpil espwa pou genyen lòt. Abraram te mete konfyans nan Bondye e li t’ale nan mòn nan pou ofri Izarak. Abraram te mare e mete li sou lotèl la. Ezkakteman, nan moman li te pran kouto pou touye pitit gason li a, zanj Senyè a parèt e li te di li: “ Pa leve men ou sou ti gason an. Pa fè l anyen. Kounyeya mwen konnen ou gen krentif pou Bondye vre, paske ou pat derefize touye sèl pitit gason ou lan pou mwen” (v.12).

Lè sa a Bondye te bay you belye mouton ki te genyen kòn li makònnen nan you lyann e Abraram te “pran mouton an, li touye l, li boule li nèt sou lotèl la pou Bondye nan plas pitit li a” (Jenèz 22:13). Apre Abraram te fin montre lafwa li nan dezi pou swiv lòd Bondye san kondisyon, Bondye te rekonfime pwomès ke li te fè li anvan sa: Gremesi tout pitit pitit ou yo, tou nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Wi, tout, paske ou te fè sa m te mande ou fè a” (v.18).

Bondye te repete bay Izarak pwomès ke li te fè bay Abraram lan (Jenèz 26:3, 4), Izarak te vin papa marasa yo, Ezaou ak Jakòb. Avan yo te fèt Bondye te fi Rebeka manman yo, “ou gen de nasyon nan vant ou. W’ap fè de pèp: chak ap pran bò pa yo. Yonn p’ap vle wè lòt. Yonn ap pi gran pase lòt. Pi gran an pral sou zòd pi piti a” (v.23).

Bondye te chwazi Jakòb pou resevwa pwomès li te fè Abraram lan. Ezaou, pi gran nan marasa yo, ta dwe eritye pwomès la. Se te dwa “kòm premye pitit”. Men Jakòb te genyen espirityalite e kalite kòm lidè nesesè pou akonpli pwomès la. Jakòb te vin achete dwa “premye pitit la” nan men Ezaou pou you plat bouyon pwa (Jenèz 25:29-34).

Malgre li te pran dwa “kom premye pitit la” nan men frè li, Jakòb te toujou bezwen benediksyon papa li, Izarak. Selon koutim epòk sa a, Izarak te vle bay pi gran pitit gason li a , Ezaou, benediksyon li. Li te mande Ezaou pou pote nouriti ki sòti nan bwa a, nan jaden ba li, “Ale chase jibye pote pou mwen, kwit li, m’a manje. Apre sa, m’a beni ou devan Senyè a anvan m mouri” (Jenèz 27:7). Lè Jakòb te aprann sa, li te pran benediksyon an avèk konkou manman li, pamwayen mansonj.

Paske Jakòb te pran dwa kòm premye pitit la ak benediksyon an, Ezaou t’ap chache touye li. Jakòb te pè Ezaou. Sou konsèy Izarak, Jakòb t’al lakay tonton li Laban (Jenèz 27:30-45). Anvan li te pati li te resevwa benediksyon Abraram lan (Jenèz 28:4). Laban te resevwa li e ofri li travay. La Jakòb te marye avèk pitit fi Laban yo, Leya ak Rachèl.

Jakòb te genyen 12 pitit gason, chak te vin tounen papa you tribi. Douz sa yo te vin fòme nasyon Izrayèl. Bondye te vin bay Jakòb non Izrayèl (Jènèz 32:28). Pwomès Bondye te fè Abraram ak Izarak la, li te repete li bay Jakòb (35:10-12). Bondye te kenbe pwomès li e li te devlope fanmi sa pou vin tounen nasyon Izarayèl.

Fanmi An Vin Tounen You Nasyon

Nan tout pitit gason li yo, Jakòb te pi renmen Jozèf. Frè Jozèf yo te rayi li paske rèv li yo te anonse ke li va gouvène yo. Lè okazyon an te vini, frè Jozèf yo te deside touye li, men nan dènye moman yo te vann li kòm esklav bay machann ki t’aprale nan peyi Lejip (Jenèz 37).

Nan peyi Lejip, Jozèf te soti nan pozisyon esklav pou rive nan pozisyon gouvènè gras a Bondye. Poutèt abilite Bondye te ba li pou entèprete rèv (Jenèz 41:16), yo te mete Jozèf anchaj depo manje peyi Lejip yo, se li ki te plen yo avèk manje nan preparasyon ke li te fè pou gwo grangou ki t’ap vini an.

Laba nan peyi Kanaran, Jakòb avèk onz pitit gason li yo t’ap fè fas avèk gwo grangou. Istwa sou abondans ki genyen nan peyi Lejip te mennen frè Jozèf li yo la pou manje. Malgre sikonstans sa yo, Jakòb avèk fanmi li te sove anba gwo grangou nan peyi Kanaran. Pandan ke yo t’aprale nan peyi Lejip, Jakòb te resevwa asirans nan men Bondye ke desandan li yo va retounen ankò nan Peyi Pwomès la, Kanaran (Jenèz 46:3,4).

Lejip te vin tounen kay Izrayèl diran katsantrantan, e la fanmi Jakòb te pwospere. Ejipsyen yo te bay Izrayelit yo gran onè poutèt Jozèf te patisipe nan sove Lejip anba gwo grangou a. Izrayelit yo “te fè anpil pitit, yo te peple. Yo te vin anpil. Yo te vin fò, yo te toupatou nan peyi a” (Egzòd 1:7).

Apre sa yo te vire kont Izrayelit yo.

(8) Te vin gen yon lòt wa nan peyi Lejip la. Wa sa a pat konn anyen sou Jozèf. (9) Li di pèp la konsa: Gade. Pèp Izrayèl la vin pi plis pase nou. Yo pi fò pase nou. (10) Tande non! Fòk nou jwenn yon jan wi, pou n bat ak moun sa yo, pou yo pa vin plis toujou. Paske, si yon lagè pete la a, yo ka mete tèt ansanm ak lènmi nou yo pou yo bat nou. Apre sa, y’a pati kite peyi a. (11) Se konsa yo mete kèk chèf sou pèp Izrayèl la pou kraze kouray yo, pou fè yo fè kòve travo fòse san pran souf. Moun pèp Izrayèl yo bati lavil Piton ak Ramsès pou farawon an. Se nan lavil sa yo yo te fè depo manje. (12) Men, tank moun Lejip yo t’ap peze moun pèp Izrayèl yo, se tank yo t’ap fè plis pitit, se plis yo t’ap peple. Moun Lejip yo vin rayi moun pèp Izrayèl yo. (13) Se konsa, yo fè pèp Izrayèl la tounen esklav. (14) Yo rann yo lavi minab, yo fè yo travay rèd ap bat mòtye, ap fè brik, ap fè tout kalite kòve nan jaden. Yo bat yo, yo fòse yo fè tout kalite travay sa yo (Egzòd 1:8-14)

Kòm sa pat ase, wa peyi Lejip la vin pi mechan. Li te bay fanmchay yo lòd pou touye tout ti gason fanm Ebre yo akouche, men fanmchay yo pat swiv lòd wa a (Egzòd 1:15-22).

Moyiz Ak Egzòd La

Senyè a te konnen mizè Ebre yo t’apral pase, e li te prepare you liberatè, Moyiz. Bondye te itilize lòd yo te bay fanmchay yo pou mennen Moyiz nan palè farawon an pou dirije pèp la nan Peyi Pwomès la. Konsa lamou Bondye ak mizèrikòd li te manifeste pou pèp Li a.

Lontan apre sa, wa Lejip la mouri. Pèp la Izrayèl la t’ap plenn pi rèd anba esklavaj. Yo t’ap rele gras mizèrikòd. Bondye te tande jan yo t’ap rele, jan yo t’ap plenn anba esklavaj la. Bondye tande rèl yo, li vin chonje kontra li te pase ak Abraram ak Izarak epi ak Jakòb (Egzòd 2:23, 24).

Nan bon moman an, Bondye te rele Moyiz pou ale kote pèp Li a e pou delivre yo anba esklavaj nan peyi Lejip. Li te mande Moyiz rasanble ansyen yo, ale kote wa Lejip la, e mande l pou kite ebre yo ale fè you vwayaj twa jou pou fè you sakrifis bay Bondye. Moyiz te konnen ke farawon pa t’ap kite yo ale pou li pa pat pèdi otorite sou pèp la. Bondye te frape ejipsyen yo avèk dis fleo anvan farawon te kite ebre yo ale (Egzòd 3-12). Fleo yo te vini youn apre lòt, poutan farawon pat kite yo ale. Se te sèlman apre dizyèm fleo a, ki te genyen lanmò premye pitit ejipsyen yo, ke finalman farawon te chanje lespri li.

Bondye te tabli fèt Pak la pou senbolize Redanmsyon yo nan peyi Lejip. Chak fanmi Izrayelit ta dwe touye you ti mouton e mete san an you lento ak chanbrann pòt kay yo. San an te dwe distenge Izrayelit yo avèk ejipsyen yo.

San nou pase sou pòt yo va make kay kote nou ye a. lè n’a wè san , m’a sote kay nou. Konsa, lè m’ap frape peyi Lejip la, chatiman an p’ap tonbe sou nou tou. Jou sa a, se yon jou pou nou pa janm bliye. Se pou nou fete l tankou yon fèt pou Senyè a, chak lè lè a va rive. Se pou nou pase yon lwa pou nou toujou fete fèt sa a, nou menm ak tout pitit pitit nou yo “ (Egzòd 12:13,14).

Moyiz ak Izrayelit yo te fè jan Bondye te mande yo fè. Premye pitit nan fanmi farawon rive nan premye pitit sèvitè ki pi enb nan pèp Lejip la te mouri. Kalamite sa a te chanje kè farawon. Li te di Izrayelit yo, “Nou mèt pran mouton nou ak bèf nou yo, jan nou te di l la. Epi mande Bondye pou l beni mwen” (Egzòd 12:32).

“Te gen sisanmil (600000) moun konsa, san konte fanm ak timoun” ki te kite peyi Lejip (Egzòd 12:37). Tan pitit Izrayèl yo te pase nan peyi Lejip se te “katsantrantan” (v.40). Diran lane sa yo Bondye te miltipliye swasanndis Izrayelit pou yo rive sisanmil, san konte fanm avèk timoun.

Lè Bondye Te Bay Lalwa yo Sou Mòn Sinayi

“Moun Izrayèl yo te gen de mwa depi yo te sòti kite peyi Lejip la. Premye jou twazyèm mwa a, yo rive nan dezè Sinayi a” (Egzòd 19:1). Yo te kanpe nan pye mòn Sinayi a diran onz mwa. Nou jwenn rapò evènman pitit Izrayèl yo nan Egzòd 19 rive nan Nonb 9.

Nan Sinayi Bondye te rele Moyiz ankò epi Li te revele volonte Li pou Izrayèl, e yo te antre nan you alyans ki te mande you fidelite konplèt e total nan lavi yo. An retou Bondye ta genyen you relasyon sere avèk pèp Li a. Diran tan sa a, Moyiz te rankontre ak Bondye nan sèt okazyon. Nan premye rankont la Bondye te di Moyiz:

Men sa pou ou di moun fanmi Jakòb yo, men sa pou ou fè pèp Izaryèl la konnen: Senyè a pale, li voye di nou konsa: Nou wè sa mwen te fè moun peyi Lejip yo. Nou wè ki jan mwen te pote nou tankou malfini pote pitit li yo sou do li, mwen fè nou vin jwenn mwen. Kounyeya menm, si nou fè sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m’ap chwazi pou moun pa m nan mitan tout pèp sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre. Men nou menm, n’ap vini yon nasyon moun k’ap sèvi m tankou prèt, yon pèp k’ap viv apa pou mwen. Wi, se sa pou ou di moun Izrayèl yo. Egzòd 19:3-6.

Premyèman Moyiz te di lidè yo pawòl sa yo, apre li te di pèp la yo tou, e yo tout te reponn, “N’a fè tou sa Senyè a di nou fè” (Egzòd 19:8). Paske pèp la te asepte pawòl Bondye a, sa te konfime kontra ant yo menm ak Bondye. Bagay yo va diferan koulye a. Izrayelit yo se te pèp chwazi Bondye, yo te dwe obeyi Li tout tan, yo ta dwe ekzanp pou lòt moun yo, konsa yo menm tou ta konnen Bondye. Lè pèp asepte pawòl Bondye sa te enpòtan pou fè li vin you gran nasyon kote Bondye ta beni tout moun ki sou latè.

Sou Mòn Sinayi Bondye te revele volonte Li, ki genyen dis kòmandman yo. Dis kòmandman sa yo, ke nou jwenn nan Egzòd 20:3-17, se te sant lalwa Bondye. Kat premye yo pale sou relasyon lòm avèk Bondye, e sis lòt yo pale sou relasyon lòm avèk lòm:

  • 1. Piga ou genyen lòt bondye pase mwen menm sèlman.
  • 2. Piga nou janm fè okenn estati ni okenn pòtre...Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo.
  • 3. Piga nou sèvi mal ak non Senyè Bondye nou an.
  • 4. Toujou sonje jou repo a pou nou mete l apa pou mwen.
  • 5. Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ban nou an.
  • 6. Piga nou touye moun.
  • 7. Piga nou fè adiltè.
  • 8. Piga nou pran sa ki pa pou nou.
  • 9. Piga nou bay manti sou frè parèy nou.
  • 10. Piga nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou.

Diran onz mwa nan Sinayi a, Bondye te revele lòt lòd ki te fòme baz lwa sivil nan Izrayèl (Egzòd 21-23).

Moyiz te di pèp la “tou sa Senyè a te di l yo ansanm ak tout lòd li te bay yo. Tout pèp la reponn ansanm: N’a fè tou sa Senyè a di nou fè” (Egzòd 24:3). Moyiz te ekri pawòl yo nan liv kontra a. Apre li te fin reli yo bay pèp la, yo te reponn ankò, “N’a fè tou sa Senyè a mande nou fè, n’a obeyi l” (v.7). Li te pran san bèf sakrifye a li te voye sou pèp la e li te di, “San sa a sèvi pou siyen kontra Senyè a pase ak nou, dapre pawòl li di yo” (v.8). Nan kontra sa a Senyè a te etabli règ li pou Izrayèl.

Nan moman sa a Senyè a te bay Izarayèl enstriksyon pou tabènak la. Tant sa a te dwe sèvi kòm you sanktyè e you plas adorasyon epi ofri sakrifis. Sanktyè a ta dwe plas kote Bondye rete nan mitan pèp Li a e plas kote yo ta kenbe ti tab lalwa yo.

Bondye te revele chak ti detay tabènak la; lòm pat deside okenn pati (Egzòd 25-27). Tabènak la te sitye nan you lakou ke yo kapab antre pamwayen you sèl pòt sou bò lès. You moun premye antre pre lotèl lofrann boule yo, kote yo te ofri sakrifis. Pi lwen te genyen lavwa a, you gwo bòl won ke prèt yo te itilize seremoni lavaj ak netwayaj anvan yo antre nan tabènak la.

Tabènak la, limenm, se te konparativman you ti kay sou fòm retang, ki te genyen 45 pye longè sou 15 pye lajè, li te kanpe nan bout lwès lakou a. Li te divize nan de chanm. Premye chanm nan oubyen chanm devan an te genyen you chandelye an lò, tab pou espoze pen yo, lotèl lansan an. Dezyèm chanm lan oubyen chanm ki te nan fon an, Kote Ki PI Sen an, te separe avèk Plas Sen an pamwayen you rido lou oubyen vwal. Pwen santral tabènak la, bwat kontra a, ki te plas nan Kote Pi Ki Sen an. Sou kouvèti bwat la, ke yo te rele tou chèz mizèrikòd, te genyen de zanj cheriben an lò. Zèl yo te louvri nan direksyon lòt e zye yo te fikse sou chèz mizèrikòd la.

Bondye rete kòm Wa nan mitan pèp Li a nan Kote Ki Pi Sen an. Gran Prèt la te kapab antre nan prezans li sèlman you fwa chak lane, Jou Reparasyon an. Jou sa a gran prèt la antoure avèk you nyaj lansan, te antre avèk san sakrifis la pou fè reparasyon pou peche li ak pou peche pèp la (Levitik 16:11-17; Ebre 9:7).

Arawon te premye gran prèt la. Kat pitit gason li yo te vin prèt tou. De nan pitit gason sa yo t’al boule lansan nan fason ke lalwa pa rekòmande e yo te mouri poutèt peche yo (Levitik 10:1-5). Travay prèt la te kontinye avèk de lòt pitit gason yo. Yo te dwe “moutre pèp Izrayèl la tout regleman mwen menm Senyè a, mwen te bay Moyiz pou nou” (Levitik 10:11; konpare 10:6-20). Travay prèt la te esplike nan Egzòd 28 e 29.

Pita yo te bay tribi Levi a travay kòm prèt paske yo te rete fidèl lè Izrayèl te fè rebèl e fè you ti bèf an lò (Egzòd 32:25-29). Tribi Levi a te resevwa apèl pou sèvi nan tabènak la.

Se lè sa a Senyè a te mete moun branch fanmi Levi yo apa pou yo responsab pote Bwat Kontra Senyè a, pou yo ka kanpe devan l fè sèvis pou li, pou yo ka beni pèp la nan non l, jan y’ap fè l jouk kounyeya. Se poutèt sa, moun branch fanmi Levi yo pat resevwa okenn pòsyon tè pou rele yo pa yo menm jan ak moun lòt branch fanmi yo paske se Senyè a ki tout byen yo, jan Senyè a, Bondye nou an, te di l la. (Detewonòm 10:8,9).

Yo te konsakre pou sèvis sa a nan you seremoni espesyal (Egzòd 29; Levitik 8).

Prèt yo te prezante twa kalite ofrann nan tabènak la: you ofrann bwason, you ofrann repa, se you ofrann animal oubyen sakrifis. Ofrann animal la te nan sant. Sa depann sou resous moun nan, you towo, you kabrit, oubyen pijon – san okenn defo – te sakrifye. San an ki te fè reparasyon an pou peche yo (Levitik 1:4; 17:11), te voye sou lotèl la. Dife lotèl la te boule rès animal la.

Fonksyon Edikatif Lalwa a

Izrayèl pat kapab wè bi lalwa a, tabènak la, e ofrann sakrifis yo. Nasyon Izrayèl la se te akonplisman pwomès Bondye te fè Abraram ke desandan li yo ta you gran nasyon e you benediksyon pou tout nasyon. Enstitisyon relijye yo nan Izrayèl te sèvi you bi pou pèp jwif la nan tan an e yo te lonbray evènman ki ta gen pou vini (Kolòs 2:16, 17; Ebre 8:5; 10:1).

Lalwa, tabènak la, e ofrann yo oubyen sakrifis yo te genyen you fonksyon edikatif. Pamwayen yomenm pèp jwif la – e pita tout limanite – ta dwe aprann volonte Bondye e konsa vin gen konesans peche ak nesesite pou you redanmsyon (delivrans anba lesklavaj avèk konsekans peche). Pòl you apòt Jezikri, te di ke jwif yo te konnen volonte Bondye “ Ou mete tou sa nan tèt ou paske ou sèten ou jwenn tout konesans ak tout verite nan lalwa a” (Women 2:20) e “ paske lalwa annik fè nou konnen ke sa nou fè a pa bon” (Women 3:20). Bondye te mande you obeyisans ki bon nèt pou lalwa. “Se pou nou swiv lòd mwen ban nou. Se pou nou fè sa mwen di nou fè. Se pou nou mache dapre prensip mwen ban nou. Se mwen ki Senyè a Bondye nou. Se pou nou swiv regeleman ak lòd mwen ban nou yo. Gremesi sa m di nou fè a, tout moun ki koute m va jwenn lavi. Se mwen menm ki Senyè a!” (Levitik 18:4,5). Apèl pou obeyisans sa a kapab pote you “Benediksyon ak madichon devan nou; Se nou ki pou chwazi. Se va benediksyon pou nou si nou swiv tout kòmandman Senyè a, Bondye nou an, kòmandman mwen ban nou jòdi a. Men, se va madichon pou nou si nou pa vle mache dapre kòmandman Senyè a” (Detewonòm 11:26-28). Madichon peche pote lanmò: “moun ki fè peche a se li menm k’ap mouri”(Ezekyèl 18:4,20).

Fason tabènak la te fèt la te revele lòm reyalite peche, efè li sou relasyon lòm ak Bondye, e fason pou lòm vini nan prezans Bondye. Tabènak la, kote Bondye rete a, moun te kapab antre ladan pamwayen you sèl pòt nan mi ki te antoure lakou a e sèlman lè ou pase kote lotèl la ak lavwa a. Bagay sa yo endike lòm etap ki dwe fèt anvan ke li kapab antre nan prezans Bondye.

Atravè tabènak la Izrayèl te aprann peche anpeche yo antre nan prezans Bondye e sentete Bondye, ladwati, lajistis te mande pou pechè a mouri. Tabènak la te aprann ke lamò you ranplasan ki pwòp nèt ta kapab satisfè jistis Bondye. Lotèl la te pale sou lamò ranplasan an. San sakrifis la, ki te reprezante lavi, te sèvi bi sa a. “Nanm tout bèt vivan se nan san an li ye. Se poutèt mwen menm Senyè a, Mwen mande pou yo vide tout san an sou lotèl la pou li ka wete peche pèp la. Nou bay san an pou nanm nou” (Levitik 17:11). Ekriven liv Ebre a te rezime sa a: “Dapre lalwa, san an mete preske tout bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Si san pa koule, nanpwen padon pou peche yo” (Ebre 9:22). Tout siyifikasyon sakrifis ak san an te revele piti piti bay Jwif yo.

Lavwa a oubyen basen pou lave te plase mwatye chemen ant lotèl ak tabènak la. Se sèl prèt yo ki te kapab antre nan tabènak la e sèlman apre yo te fin fè seremoni netwayaj la nan basen an. Seremon lave sa a te anseye ke genyen plis bagay ki bezwen fèt pase sakrifis nan lotèl la anvan lòm kapab antre nan prezans Bondye. Te genyen “lavaj rejenerasyon an” ki netwaye moun nan e fè li vin you “moun nouvo” (Jan 3:3-7; Tit 3:5; 2 Korent 5:17).

Apre sakrifis nan lotèl la e lavaj nan basen an, prèt la te kapab antre nan premye chanm tabènak la. Sou bò dwat la te kanpe tab la avèk douz pen ki espoze, “Pen prezans” oubyen “pen kontinyèl”. Pen sa a te la devan Senyè a kontinyèlman (Levitik 24:8), sa te siyifi kominyon an pèmanans Bondye avèk pèp Li a. Sou bò goch chandèlye an lò a te kanpe, sa te bay limyè nan prezans Sen an. Avèk limyè sa a prèt yo te kapab sèvi Bondye. Lotèl lansan an te kanpe devan vwal la ki separe Kote ki apa ak Kote ki apa nèt la. La yo te boule lansan pou siyifi lapriyè ak adorasyon.

Bwat kontra ak chèz mizèrikòd la (kouvèti bwat kontra a) te kanpe nan Kote ki apa nèt la, ke prèt la te antre you sèl chak lane nan jou . Jou sa a yo te pote de kabrit devan Bondye, e yo te fè tiraj osò pou konnen ki kabrit ke yo va sakrifye e ki kapab ke yo va lage. San kabrit ke yo te sakrifye a te simen devan ak sou chèz mizèrikòd la. Yo te fè you reparasyon kote ki apa a, pou bagay ki te mete Izrayèl nan kondisyon ki fè pa ka sèvi Bondye e poutèt tout peche yo (v.16). Arawon te dwe mete men li sou tèt kabrit vivan an, konfese sou li tout peche pèp Izrayèl yo, e voye li nan dezè a (v.21). Premye kabrit la te senbolize peche a ki te kouvri nan chèz mizèrikòd la, e dezyèm nan te senbolize ke peche a wete gras a sakrifis Kris ki t’ap vini an.

Tè Pwomès ak Leson Li yo

Pèp jwif la te pase anviwon ennan kanpe nan Mòn Sinayi. Apre yo te resevwa lalwa epi bati tabènak la, Bondye te parèt devan yo nan you poto nyaj e gide yo; 33:9, 10; 40:34-47) pou ale nan tè Pwomès la. Lè Izrayelit yo te preske rive bò tè pwomès la, yo te voye douz moun pou espyonnen peyi Kanaran. Moun sa yo te pote rapò ke tè sa a “Se yon peyi ki rich anpil, kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo..... Men moun ki rete nan peyi a grannèg anpil. Lavil yo gran e byen pwoteje. Sa ki pi rèd la nou wè you kalite ras moun bèl wotè”. Se sèl de (2) moun ki te di, “Ann moute kounyeya. Ann al pran peyi a pou nou. Pa gen anyen la a nou pa ka fè!” (Nonb 13:27-30). Pèp la te doute e bougonnen kont Moyiz ak Arawon. “Yo vin di yo konsa: Pito nou te mouri nan peyi Lejip osinon nan dezè a! Poukisa Senyè a mennen nou nan peyi sa a? Kounyeya, yo pral touye nou nan lagè..... pa pito nou tounen nan peyi Lejip?” (14:3,4). Poutèt rebelyon e mank konfyans sa a, moun sa yo “soti laj ventan e plis” ki te bougonnen kont Bondye te mouri nan dezè a.

Diran karant lane Izrayelit yo te flannen nan dezè a paske yo te refize antre nan peyi Kanaran. Nan finisman peryòd la, lè pèp la te rive Kadès, te genyen you mankman dlo; e pèp la te bougonnen kont Moyiz ak Arawon. Senyè a te parèt devan Moyiz e mande yo rasanble pèp la “Epi devan yo tout, w’a pale ak wòch ki bò laba a, wòch la va bay dlo” (Nonb 20:8). Moyiz olye pale ak wòch la, te frape li avèk baton li a. Poutèt dezobeyisans sa a, Moyiz pat kapab mennen pèp Izrayèl antre nan Tè Pwomès la.

Nan karantyèm lane flannen nan dezè a, Moyiz te pale ak pèp la pou prepare yo pou yo antre nan Tè Pwomès la. Li te di ke Bondye yo a jalou e poutan Li fè gras. Yo ta dwe swiv plan Li pou pran Tè Pwomès la e detwi konpètman abitan yo (Detewonòm 2:34; 7:2). Yo te resevwa avètisman ke si yo te fè imaj taye, yo ta mouri nan tè sa a, e se sèlman kèk moun ki ta rete gaye nan mitan nasyon yo (chapit 4). Izrayelit yo ta dwe kenbe lalwa ak kòmandman Bondye. Yo ta dwe sonje ke se Bondye “ki te fè nou sòti kite peyi Lejip kote nou te esklav” e “Se pou Senyè a, Bondye nou ase pou nou gen krentif. Se limenm ase pou nou sèvi” (6:12, 13). Apre sa Moyiz te di pèp la “Se pou nou konnen se pa paske nou merite anyen kifè Senyè a, Bondye nou an, ap ban nou bon peyi sa a pou rele nou pa nou” (9:6). Yo te chase mete deyò pèp Kanaran ki te genyen peyi sa a poutèt gwo mechanste yo. Yo te bay Izrayelit yo peyi sa a pou akonpli pwomès Bondye te fè bay Abraram, Izarak ak Jakòb (chapit 9).

Sou lòd Senyè a Moyiz te nome Jozye pou ranplase li (Nonb 27:18-27). Apre lanmò Moyiz, Jozye te pran kòmandman an. Senyè te di li “janbe lòt bò larivyè Jouden an pou nou ka antre nan peyi m’ap ban nou an”. Li te pwomèt ke “pèsonn p’ap ka kenbe tèt ak (yo)” (Jozye 1:2,5).

Jozye te frape Jeriko you gwo lavil fòtifye avèk gwo miray e ki te sitye nan mitan Kanaran. Se te sèlman avèk lòd dirèk Bondye ke Izrayelit yo te kapab pran lavil sa a. Senyè a te parèt devan Jozye e ba li asirans prezans Li ak laviktwa, apre sa li bay Jozye enstriksyon ekzakt sou fason pou pran lavil la. Jozye te dwe fè lame li a mache an silans otou lavil la chak jou diran sis jou, sèt prèt k’ap sonnen sèt twonpèt, bwat kontra a, avèk you kòm lame ki mache dèyè. Sou setyèm jou a pèp la ta dwe mache otou lavil la sèt fwa avèk prèt yo ap sonnen twonpèt. Apre setyèm vwayaj la, prèt yo ta dwe sonnen you son twonpèt ki fò e long, e pèp la ta pouse you gwo rèl. Bondye ta fè you mirak pou miray lavil la tonbe plat. Pèp la te swiv enstriksyon sa yo, e miray yo te tonbe, e pèp la te pran lavil la (Jozye 6).

Apre Jeriko te tonbe, pwochen etap la te rankontre dezas. Defèt sa a ki te rive paske yo te dezobeyi kòmandman Bondye, te aprann yo you leson ke Bondye mande you obeyisans total (Jozye 7,8). Pwochen batay Izrayelit yo se siksè, paske Bondye te avèk yo. Lè Izrayèl te fè fas avèk senk wa Kanaran nan batay, Bondye te fè solèy la rete kanpe pou pèmèt Jozye jwenn tan pou laviktwa konplèt (chapit 9,10). Apre batay sa a Jozye te venk you linyon wa nan nò, sa te ba li kontwòl tout tè a nèt (chapit 11, 12). Tè Kanaran an te divize nan onz tribi Izrayèl. Tribi Levi pat resevwa tè apa (14:4; konpare chapit 13-20). Paske yo te rete fidèl lè pèp la te fè ti towo bèf an lò a nan Mòn Orèb, yo te sèvi nan tabènak la (Egzòd 32).

Lè Jozye te vin vye granmoun, li te rele lidè Izrayèl yo, jij yo e pale avèk yo. Li te mande yo pou yo obèseve tou sa ki ekri nan lalwa Moyiz, pou mennen you lavi separe nan mitan tout nasyon ki antoure yo, e pou renmen Senyè a Bondye yo. Jozye te avèti lidè yo ke Senyè a pa va kontinye chase rès nasyon yo nan peyi a si Izrayelit yo retounen e fè linyon avèk rès nasyon ki antoure yo. Izrayelit yo ta peri nan bon tè ke Senyè a ba yo a (Jozye 23, 24).

Apre Jozye te mouri, pèp la te antre nan peryòd fè sa ki byen e fè sa ki mal: “Moun pèp Izrayèl yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Senyè a. Y’al sèvi Baal. Yo vire do bay Senyè a, Bondye zansèt yo a, ..Yo tonbe mache dèyè lòt bondye” (Jij 2:11,12). Nenpòt lè kolè Senyè a te limen kont pèp Li a poutèt peche yo e ke yo te tonbe anba pisans nasyon ki antoure yo, Izrayelit yo ta kriye devan Senyè a e Li ta voye you jij pou delivre yo. E apre you kout tan pèp la te repete peryòd sa a. Liv Jij rakonte nou plizyè peryòd. Se difisil pou Izrayelit yo te aprann ke Bondye te sen e jis e ke Li te vle pou yo obeyi Li.

Jij E Wa

Liv Jij fini avèk you obsèvasyon ki genyen siyifikasyon: “Nan tan sa a pat gen wa nan peyi Izayèl la. Chak moun te fè sa yo pito” (21:25). Izrayèl te san you wa, li te diferan avèk nasyon ki te antoure li yo. Gouvènman Izrayèl la te sipoze you teokrasi: Bondye se te chèf sou yo pamwayen Pawòl Li ak Jij Li yo. Poutan Izrayèl te refize koute yo ni obeyi yo, men yo te fè sa ke yo te pito.

Lè Samyèl, dènye jij la, te vin granmoun, li te mete pitit gason li yo kòm jij. Men “ yo pat swiv ekzanp papa yo. Yon sèl bagay ki te enterese yo se te fè lajan. Yo te konn pran lajan nan men moun pou regle zafè pou yo. Yo t’ap fè patipri” (1 Samyèl 8:1-3).

Lidè Izrayèl twouble, poutèt kondwi konwonpi pitit gason Samyèl yo, te mande li pou li ba yo you “wa pou gouvènen nou, jan sa fèt nan tout lòt peyi yo” ( 1Samyèl 8:5). Sa pat fè Samyèl kontan. Senyè a te di li ke moun yo te mande you wa paske yo rejte Li. Samyèl te avèti pèp la sou danje ki genyen lè yo genyen you wa, men yo te refize koute li. Yo te kontinye ensiste pou genyen you wa, e finalman Bondye te pèmèt yo genyen you wa. Poutan olye pou wa yo te pote jistis ak ladwati nan nasyon an, souvan yo te lakoz pèp la rejte Bondye e tonbe nan peche.

Premye wa Izrayèl se te Sayil (1 Samyèl 9:16, 17). Samyèl te pale pèp la sou dezi yo pou genyen you wa. Li te fè yo sonje ke “lè nou wè Nakach, wa moun peyi Amon yo, te pare pou l atake nou atout nou te konnen se Senyè a, Bondye nou an, ki wa nou, nou di m: Non! Nou pa vle sa ankò. Se you wa nou vle pou gouvènen nou. Kounyeya, men wa nou te chwazi a. Nou te mande you wa, Senyè a ban nou li” (1 Samyèl 12:12-13). Apre sa li te di yo, “Tansèlman Senyè a Bondye nou an va kanpe avèk nou si nou gen krentif pou li, si nou sèvi l, si nou koute sa li di nou, si nou fè tou sa li mande nou fè, si nou menm ansanm ak wa k’ap gouvènen nou an nou fè volonte li nan tou sa n’ap fè. Men, si nou pa fè tou sa li mande nou fè, l’ap leve dèyè nou ansanm ak tout wa nou an” (1 Samyèl 12:14-15).

Kisa wa yo te fè? Malgre se Bondye ki te chwazi Sayil, li te genyen feblès. Feblès sa yo te parèt byen klè lè li te chwazi twa mil gason pou al goumen kont Filisten yo e li te rankontre avèk you pi gran fòs e li te kouri. Li pat tann Samyèl e li te ofri you ofrann bèt boule nèt pou kont li. Samyèl te di Sayil, “Se bagay moun fou ou fè la a! Ou pa swiv lòd Senyè a, Bondye ou la, te ba ou.” (1 Samyèl 13:13). Paske Sayil te aprann ke “reny ou pa la pou lontan” (v.14). Sa pat anpeche Sayil kontinye aji tankou moun fou. Li te fè you dezyèm fot. Li te eseye touye pwòp pitit li Jonatan paske li te manje san konnen ke papa li te kòmande pou moun pa manje pandan ke yo nan batay (12:24, 27, 39). Sayil pat obeyi Senyè a konplètman lè li pat detwi tout moun Amalèk yo. Poutèt rebelyon sa a, tètdi li, e paske li te rejte pawòl Senyè a, “Senyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Li pa gen anyen pou lè wè avè ou ankò!" (15:23). Esperyans sa yo montre ke genyen you wa pat bay solisyon tout pwoblèm Izrayèl.

Dezyèm wa Izrayèl, David, te devwe pou Bondye e li te swiv ansèyman Li yo, malgre li pat san peche. Bondye te itilize David pou ini douz tribi yo nan you wayòm solid. Li te vin figi santral nan istwa Ansyen Testaman an. Bondye te rekonpanse sèvis David avèk you pwomès ke Li ta etabli kay David pou tout tan (2 Samyèl 7). Kòm Bondye te itilize Abraram pou fonde you nasyon Mesyanik, Li te itilize David pou beni lemonn lè li fè tèt you fanmi Mesyanik. Plan pou YOU GRAN WA vini soti nan fanmi David pou rachte lòm te kòmanse devlope piti piti.

Laj lò Izrayèl (pi bèl epòk Izrayèl) te rive diran reny Salomon, Dezyèm pitit gason David e wa ki te ranplase li. Laj lò sa a pat dire lontan. San ven lane apre kòmansman li, wayòm lan te divize an de pati. Divizyon an te rive poutèt apostazi Salomon ki te fè kay zidòl payen pou anpil nan madanm etranje li yo. Wayòm Nò a te fòme avèk dis tribi, e li te rele wayòm Izrayèl; wayòm sid la te fòme avèk de tribi e li te rele Jida.

Wayòm Nò a te vire do bay Bondye e li te tonbe nan lidolatri. Okenn nan wa li yo pat mennen pèp la tounen vin jwenn Bondye. Bondye te voye pwofèt pou avèti pèp la pou tounen vin jwenn li, pou abandone move chemen yo e pou kenbe kòmandman li yo. “Men, yo pa koute l, yo fè tèt di” (2 Wa 17:14). Konsa desan lane apre divizyon an, Bondye te pèmèt wa Asiri a bat Wayòm Nò a. Dis tribi sa yo te ale nan ekzil, e yo pa janm retounen kòm you nasyon.

Wayòm Sid la, Jida, te sove anba destriksyon wa Asiri a paske li te koute mesay pwofèt Ezayi a (2 Wa 19). Bondye te defann Jerizalèm poutèt Pwomès li te fè David. Poutan nan tan sa a Ezayi te pwofetize ke “Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y’ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile depi nan tan lontan jouk jòdi a, y’ap pote yo ale nan peyi Babilòn” (2 Wa 20:17). Wayòm Sid la te antre nan you peryòd adorasyon zidòl e refòm. Finalman pèp la te depase pwen ke li pa retounen. Jeremi te pote mesay ke Jida te vin menm pi mechan pase Izrayèl. Pèp Jida a pat reyalize siyifikasyon ekzanp Izrayèl pou yo e yo te ale nan ekzil nan peyi Babilòn jan Ezayi te pwofetize a.

Apre swasann dis lane nan ekzil nan peyi Babilòn, moun Pès yo te ranvèse Wayòm Babilòn e Jwif yo te retounen nan Palestin. Ekzil la te geri maladi idolatri a pou yo. Apre retou a, Esdras te li lalwa pou pèp la e avèk èd levit yo, “pèp la leve kanpe epi kèk moun Levi pran esplike lalwa” (Neyemi 8:7). Sa te pote you gran revèy nan rès kwayan yo. “Tout moun Izrayèl yo mete tèt yo ansanm. Yo pa kite okenn moun lòt nasyon mele ak yo. Epi se konsa yo kanpe, yo konmanse di tou sa menm yo fè ki mal ansanm ak tout pechè zansèt yo te fè” (9:2; gade Chapit 8, 9).

Pwofèt E Mesay Mesyanik

Atravè listwa Izrayèl Pwofèt yo leve avèk esplikasyon Bondye sou sa ki t’ap pase e avèk asirans ke echèk pèp la pat fini plan redanmsyon Bondye. Echèk la kapab parèt ralanti Plan Bondye, men lè tan an konplèt li va toujou akonpli.

Bondye pat abandone pèp Li a. Li te voye sèz pwofèt ki te bay ta bay disèt liv Ansyen Testaman soti nan Ezayi rive nan Malachi. Peryòd pwofetik sa a kòmanse te kòmanse nan reny wa Salomon, lè apostazi dis tribi yo te rive. Pi gran peryòd aktivite a te rive jis anvan ranvèsman Jida, lè Nebikadneza, wa Babilòn nan te pran Jerizalèm. Trèz pwofèt te asosye avèk tan desriksyon (606-586 B.C) and twa avèk tan restorasyon an (536-444 B.C).

Anplis anons jijman sou Izrayèl, pwofèt yo te gen anpil pou di konsènan idolatri Izrayèl, koripsyon politik, imoralite. Pwofèt yo te dwe mesay konsènan Semans ki te pwomèt nan Jenèz 3:15, malgre yo pat konprann tout detay plan redanmsyon Bondye a. “Pwofèt te chache anpil, yo te fouye pou yo te ka konnen ki jan Bondye t’ap delivre yo. Yo te di davans ki kalite favè Bondye t’apral fè nou. Lespri Kris la ki te nan yo te fè yo konnen davans tou sa Kris la t’apral soufri, ansanm ak lwanj ki t’ap tann li apre sa. Men, yo t’ap chache konnen tou kilè ak nan ki sikonstans sa ta pral rive” (1 Pyè 1:10, 11).

Ezayi ki te pwofetize nan tan Asiryen yo te detwi Wayòm Nò a, te ekri premye e pi gran liv pwofesi. Pwofesi li yo genyen kèk nan pasaj Mesyanik ki pi klè nan Ansyen Testaman an. “Ezayi te di sa paske li te wè pouvwa Jezi, epi li pale sou li” (Jan 12:41). Kèk nan pwofesi Ezayi yo te konsènan Kris:

Enben! Se Senyè a menm ki pral ban nou yon siy. Men li: Jenn tifi ki ansent lan pral fè yon pitit gason, la rele l Emannwèl (Ezayi 7:14) ki vle di: Bondye avèk nou. Matye 1:23.

Va rive yon lè tout rejyon an, pran depi lanmè Mediterane rive bò larivyè Jouden, moute peyi Galile kote moun lòt nasyon yo rete a, tou rejyon an va kanpe ankò. Pèp ki t’ap mache nan fènwa a wè yon gwo limyè. Yo te rete nan yon peyi kouvri ak fènwa (Ezayi 9:1,2), sa pale tou nan Matye 4:15, 16 – sa a se you pwofesi tou konsènan Ministè Jezi pou moun lòt nasyon yo.

Nou gen yon pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se limenm ki pral chèf nou. Y’a rele l: Bon konseye k’ap fè bèl bagay la, Bondye ki genyen tout pouvwa, Papa ki la pou tout tan an, w’a k’ap bagay kè poze a! (Ezayi 9:2).

Tande vwa yon moun k’ap rele byen fò: Pare chemen Senyè a nan dezè a. Louvri wout nan savann lan pou Bondye nou an!Ezayi 40:3 – sa te montre you moun ki te dwe vini anvan; gade Matye 3:3.

(3) Nou pat gade l menm, tout moun te vire do ba li. Li te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn. Tout moun te vire tèt yo pou yo pa wè l. Nou pat okipe l, nou pat pran ka l menm. (4) Men se soufrans nou ta gen pou nou soufri a li t’ap soufri pou nou. Se doulè nou ta gen pou santi nan kò pa nou li te pran sou do l. Nou menm menm, nou te konprann se pini Bondye t’ap pini l. Nou te konprann se frape Bondye t’ap frape l, se kraze Bondye t’ap kraze l anba men l. (5) Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li te tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon. (6) Nou te tankou mouton ki te pèdi bann, chak moun bò pa yo. Men, chatiman ki pou te tonbe sou nou an, Senyè a fè l tonbe sou li. (7)Yo maltrete l, men li menm se bese li bese tèt li ase. Tankou yon ti mouton y’ap mennen labatwa, li pat janm louvri bouch li di krik. Wi, tankou yon manman mouton ki pa ki krik pandan y’ap taye lenn sou do l, li pat janm louvri bouch li di anyen. (8) Yo pran l, yo mete l nan prizon, yo trennen l tribinal. Pat gen pèsonn pou te pran ka l, lè yo wete l nan mitan moun k’ap viv sou tè a. Se pou peche pèp mwen an yo te touye l. (9)Atout li pat janm fè okenn krim, yo antere l menm kote ak mechan yo. Atout li pat janm kite manti sòti nan bouch li, yo mete l nan yon kavo nan mitan tonm moun rich yo. (10) Men se te volonte Bondye pou yo te kraze l anba soufrans konsa pou l te bay lavi li pou Bondye te kapadonnen peche nou yo. L’a wè pitit pitit li yo. L’a viv pi lontan toujou. Se konsa travay Senyè a va mache byen nan men l. (11) Apre tout soufrans sa yo, l’a jwenn kè kontan ankò. L’a konnen li pat soufri pou gremesi. Li sèvi Bondye yo jan ki kòrèk nèt. Li te pran chatiman anpil moun sou do l. L’a fè Bondye fè yo gras. (12) Se poutèt sa, m’ap pran l mete l chèf. M’ap ba li plas li nan mitan grannèg yo. L’ap gen menm pouvwa ak gwo chèf yo. Paske se li menm menm ki te bay tèt li pou l mouri konsa. Li kite yo mete l ansanm ak kriminèl yo. Li pran plas anpil moun ki t’ap fè sa ki mal. Li mande padon pou moun ki te fè mal.

Tout wa yo pral wè pouvwa ou. Y’a ba ou yon lòt non, non Senyè a menm va chwazi pou ou a (Ezayi 62:2).

Se pou Senyè a touye ou tankou l touye moun sa yo! Men, m’a bay sèvitè m yo yon bon repitasyon (Ezayi 65:15).

Jeremi santan pita apre Ezayi e li te pwofetize pou Jida anvan nasyon an t’ale Babilòn. Apre chit la, li te pote espwa you nouvo alyans ki ta mete lalwa Bondye nan kè yo:

(31) Senyè a di ankò: Lè a pral rive, mwen pral pase yon lòt kontra avèk moun peyi Izrayèl ansanm ak moun peyi Jida yo. (32) Se p’ap tankou kontra mwen te pase avèk zansèt yo a lè m te pran men yo pou m te fè yo sòti kite peyi Lejip. Atout se mwen ki te mèt yo, yo pat kenbe kontra mwen an. Se mwen menm Senyè a ki di sa! (33) Men kontra mwen pral pase ak pèp Izrayèl la. Se Senyè a menm ki di sa. Lè sa a, m’ap mete prensip yo andedan kè yo, m’ap make lòd mwen yo nan lespri yo. M’a tounen Bondye pou yo, y’a tounen yon pèp pou mwen. (34) Pèsonn p’ap bezwen moutre lòt moun nan peyi a kouman pou yo chache konnen Senyè a, paske yo tout ap konnen m, depi sa ki piti a jouk sa ki gran an. Se mwen menm Senyè a ki di sa. M’a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p’ap chonje peche yo ankò. Se mwen men Senyè a ki di sa. Jeremi 31:31-34. gade tou Ebre 8:8-12

Men lòt pwofesi Mesyanik:

Apre sa , m’a vide lespri mwen sou tout moun (Jowèl 2:28) – vide lespri sa a te fèt jou Lapannkòt la; gade Travay Apòt 2.

Men ou menm, lavil Betleyèm, Efrata, ou se yonn nan pi piti nan tout lavil peyi Jida yo, se vre! Men se nan mitan ou m’ap fè sòti pou mwen yon chèf pou pèp Izrayèl la, yon chèf k’ap sòti nan yon fanmi ki la depi lontan lontan. Miche 5:2 – Sa pale sou kote Mesi t’ap fèt la; Matye 2.

M’ap fè sèvitè m lan, sa yo rele BOUJON AN, vini... M’ap pran yon sèl jou pou m wete tout peche ki nan peyi a. (Zakari 3:8,9).

Gade! Men wa nou an ap vin jwenn nou! Li rann jistis san patipri. Li genyen batay la. Li san lògèy. Li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman (Zakari 9:9; gade Jan 12:15).

Pwofesi sa yo ansanm avèk lòt (trant pyès lajan, Zakari 11:12 – gade Matye 27:3; men pèse Li yo, Zakari 12:10; 13:6; konpare Jan 19:37; Bèje Frape a, Zakari 13:7; konpare Matye 26:31; Mak 14:27), bay detay lavi Kris ki te literalman akonpli nan premye Vini Li.

Malachi, dènye liv Ansyen Testaman an, esplike preparasyon final pou Mesi a. “Men m’a voye mesaje mwen devan pou l prepare yon chemen pou mwen” (Malachi 3:1). “Jou m lan pral yon gwo jou, yon jou ki pral fè moun tranble. Men, anvan li rive, mwen gen pou m voye pwofèt Eli. Li gen pou l fè papa byen ankò ak pitit, pitit vin byen ankò ak papa. Si se pa sa, m’ap vini, m’ap detwi peyi nou an nèt ale” (Malachi 4:5,6). Pwofesi Eli te akonpli nan ministè Janbatis (gade Matye 3; 17:11-13).

Apre yo fin bay pwomès e plan pou vini Kris la, moun pat tande okenn vwa pwofesi diran kat san lane. Se te you peryòd pou etidye detay Pawòl ekri Bondye a konsènan plan sa a. Gran respè pou Ekriti te ekziste nan mitan jwif yo. Sinagòg la, ki te vin okipe gran pozisyon diran lekzil nan Babilòn nan, te vin enpòtan tankou you sant adorasyon Saba e you kote pou reyinyon. Levanjil la te montre ke anpil sinagòg te ekziste atravè Palestin, e Liv Travay Apot montre ke anpil te ekziste nan anpil pati nan monn Women yo. La yo te li Ekriti yo (Bib la) e yo te diskite. Lidè ak ansyen yo te ekzèse disiplin e sipèvize moral pèp la.

Diran peryòd katsan lane sa a, Jwif yo te gaye nan lemonn ki te koni nan tan sa a. Sa te preare yo pou akonplisman misyon yo pou fè konnen Espwa Izrayèl.

Lè lè a Rive

Finalman, “Lè lè a rive, Bondye te voye pwòp pitit li. Li sòti nan vant yon fanm, li viv anba lalwa jwif yo, pou l te ka delivre tout moun ki te anba lalwa pou n te kapab vin pitit Bondye” (Galat 4:4,5). Plan redanmsyon an te akonpli lè tout kondisyon yo te bon – lè bon jan kondisyon politik, ekonomik, moral e relijye te reyini. Tan sa a te bon pou gaye rapidman Bon Nouvèl pwovizyon Bondye a pou rachte lòm pèdi anba kondisyon peche. Kèk nan kondisyon ki te reyini pou “Lè a rive” se te:

1. Politikman, lemonn te ini anba gouvènman women an. Se te you tan lapè, lè fwontyè nasyon yo te louvri pou pèmèt Bon Nouvèl la vwayaj byen lib. Pèp la pat enkyete avèk lapèrèz lagè e yo te genyen tan pou koute nouvèl redanmsyon Bondye. Wayòm women an te genyen bon wout, ki te fè li posib pou misyonè vwayaje alèz. Baryè lang te kraze. Nan tout wayòm women an pi fò pèp yo te pale de lang, avèk lang grèk la ki te lang komèsyal komen. Sa te fè li posib pou yo li liv Nouvo Testaman yo nan tou Wayòm women yo. Misyonè yo te kapab rakonte istwa toupatou e konnen ke yo kapab konprann.

2. Ekonimikman, lemonn pat pwospè, pat rich. Povrete te toupatou. De sou chak twa moun te esklav. Tout bagay sa yo te travay ansanm pou rann lavi a dekourajan. Kontrè avèk sa, bon nouvèl la parèt kòm you limyè briyan, e anpil moun te pare pou koute li. Se toujou pi fasil pou lòm vire nan direksyon relijyon nan tan depresyon ekonomik e nan tan povrete pase nan tan pwosperite, pase nan tan abondans.

3. Moralman, pèp la te fè fayit. Premye chapit liv Women esplike kondisyaon tan sa a. Depravasyon moral te lakoz lòm ki te nan move kondisyon chache you bagay ki pi bon.

4. Relijyezman, dye ak zidòl ke lòm te fè pat satisfè bezwen kè lòm pou yo kòrèk avèk Kreyatè a. Yo te rejte relijyon tan sa a. Adorasyon Seza te fòse sou anpil moun, men dye lòm te fè pat satisfè. Espirityèlman e moralman te genyen you gwo vid ke lòm te anvi plen.

Nan rezime, sityasyon politik, ekonomik, moral e klima relijye te mele ansanm pou fè bagay yo dwat pou revelasyon pwogram redanmsyon Bondye. Bon Nouvèl sou vini Pitit Gason Bondye a pou rachte lòm anba kondisyon peche, te gaye rapidman.

Chapit 2 REDANMSYON REYALIZE NAN KRIS
YOU ETID BIBLIK SOU REDANMSYON
Leland M. Haines

Life Ministries
250 Meadow Lane
Conestoga , PA 17516 USA

Copyright © 2002
Leland M. Haines
Goshen, Indiana USA
All rights reserved.
Avèk pèmisyon

Tradiktè
Josué Michel

Pou

International Faith Missions
Jonesville , Michigan USA  

Emprimè avèk

Life Ministries
250 Meadow Lane
Conestoga Pennsylvania17516US