"For other foundation can no man lay than that is laid, which is Jesus Christ." (1 Cor. 3:11)

Home
Articles
Books
Confessions
Anabaptist History
Churches and Related ones
Our Mission

Other Languages
Russian Bibleviews
Romanian Bibleviews
Español Bibleviews
Haiti Bibleviews
Portuguese Bibleviews

More Information
About your InternetServant

Contact Us & Guestbook

"If any man will come after me, let him deny himself, and take up his cross daily, and follow me." (Luke 9:23)

Chapit 3

Aparans Redanmtè A

Nesans Redanmtè A

“Lè lè a rive” Bondye te prepare pou voye Pitit Gason Li a nan lemonn pou rachte lòm tonbe (Galat 4:4). Premye etap la te rive “ nan tan Ewòd te Wa nan peyi Jide” (Lik 1:5), te genyen you prèt ki te rele Zakari e madanm li te rele Elizabèt. “ Yo tou de te mache dwat devan Bondye, yo t’ap swiv kòmandman Mèt la ansanm ak tout lalwa a san okenn repwòch” (6).

Se te koutim pou fè tiraj osò pou konnen ki prèt ki “pou ofri lansan an” (Lik 1:9). Pandan Zakari t’ap sèvi nan tanp la, tiraj osò te chwazi li pou akonpli travay sa a. You prèt te genyen privilèj sa a you fwa. Diran sèvis sa a zanj Gabriyèl te parèt devan Zakari e di li ke malgre li menm ak madanm li te gran moun anpil, yo ta va genyen you pitit gason. Zakari ta dwe rele pitit gason sa a Jan. “L’ap yon grannèg devan Bondye, Mèt la. Li p’ap bwè ni diven, ni okenn alkòl. Depi nan vant manman li, l’ap anba pouvwa Sentespri.... L’ap mache devan Bondye nan menm lespri ak menm pouvwa pwofèt Eli te genyen an. L’ap fè papa vin byen ankò ak pitit. L’ap fè moun ki rebèl rive gen konprann tankou moun k’ap obeyi Bondye, l’ap pare yon pèp byen dispoze pou resevwa Mèt la” (vv.15-17). Ezayi te anonse ministè Jan: “Men m’ap voye mesaje m lan devan ou. L’a louvri chemen an pou ou. Se vwa yon nonm k’ap rele nan dezè a: Pare gran wout Senyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li” (Mak 1:2,3, Ezayi 40:3; konpare ak Matye 11:10; Lik 7:27).

Sis mwa apre Elizabèt te ansent, menm zanj Gabryèl la te parèt

kay yon jennfi ki te fyanse ak yon nonm yo rele Jozèf. Jozèf sa a, se te moun ras David. Yo te rele jennfi a Mari. Zanj lan antre lakay Mari, li di li: Bonjou, Mari, ou menm ki resevwa anpil favè. Mèt la avèk ou. Lè Mari tande pawòl sa yo, tèt li te boulvèse, li t’ap mande nan kè l kisa bonjou sa a te vle di. Men, zanj lan di li: Pa pè, Mari. Ou jwenn favè nan men Bondye. Ou pral vin ansent, ou va fè yon pitit gason. W’a rele li Jezi. L’ap vin grannèg, y’a rele li Pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Mèt la, Bondye nou, va fè l wa tankou David, gran papa li. L’a gouvènen pèp Izrayèl la pou tout tan, gouvènman l lan p’ap janm fini. Mari di zanj lan konsa: Ki jan sa pral fè rive? Ala mwen poko janm konn gason! Zanj lan reponn li: Sentespri a pral vin sou ou. Pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbray. Se pou sa tou tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y’a rele l Pitit Bondye. Lik 1:27-35.

Zanj la te parèt kot Jozèf tou e li te esplike li kisa ki t’ap pase: “Jozèf, pitit pitit David, ou pa bezwen pè pran Mari pou madanm ou. Paske, pitit l’ap pote a se travay Sentespri. Li pral fè yon pitit gason. W’a rele l Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l yo” (Matye 1:20-21).

Pwofèt la te anonse evènman sa yo: “Tou sa pase konsa pou pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te ka rive vre. Men sa l te di: Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. Y’a rele l Emannwèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou)” (Matye 1:22, 23; Ezayi 7:14). Jezi se te semans fanm lan (Jenèz 3:15) e pa semans nonm lan. Nesans estraòdinè Jezi se te chemen Bondye te chwazi pou mennen Pitit Gason li a, Sila ki Sen an ta sove pèp Li a anba peche, nan lemonn. Paske Mari vyèj la te ansent pamwayen Sentespri sa te mele ansanm nan You sèl nati Bondye a e nati lòm san peche (Jan 1:1,14). Bondye kondannen peche ki nan kò lèzòm lan, lè l voye pwòp Pitit pa l nan yon kò ki menm kò ak kò peche a” (Women 8:3) “ Li pran fòm yon moun, li vin tankou tout moun” (Filip 2:7). “ Moun li rele pitit li yo, se moun ki gen yon kò ki fèt ak chè ak san. Jezi vin tankou yo tou, menm chè ak yo, menm san ak yo” (Ebre 2:14). Lè Jezi te pran sou Li menm you kò moun e you nati moun, Li pat patisipe nan peche. Li te san peche (Ebre 4:15; 1 Pyè 2:22; 2 Korent 5:21). Remake tou ke Mari e Jozèf te soti nan ras David (Matye 1:16); Lik 3:23, 31), Pwofèt yo te anonse ke Mesi a tap parèt nan ras David.

“Jezi te fèt nan lavil Betleyèm nan peyi Jide, sou tan wa Ewòd” (Matye 2:1). Miche te anonse ke Jezi ta fèt nan lavil Betleyèm (Miche 5:2). Seza Ogis anperè Women an te pran you dekrè ki te mande tout moun pou retounen nan pwòp lavil yo pou yo enskri pou taks. Mari e Jozèf, paran Jezi, te abite Nazarèt e yo t’ale lavil David, ki te rele Betleyèm (Lik 2:1-7), paske yo te desandan David.

Malgre Li te Pitit Gason Bondye e li rete nan syèl la, Jezi te genyen you nesans enb. Yo pat jwenn plas pou li nan otèl Betleyèm pou manman Li lè moman te rive pou li te fèt. Se te sèlman you kote ke yo gade bèt, e bèso li se te kote bèt yo manje (Lik 2:7). Men nesans li te remakab. Zanj yo te anonse nesans li bay “Gadò mouton ki t’ap pase nwit la deyò ap veye mouton yo” (v.8). Yo te pote “bòn nouvèl ki pral fè tout pèp la kontan anpil. Jòdi a, nan lavil David la, nou gen yon Sovè ki fenk fèt: Se Kris la, Senyè a” (vv.10,11).

Nan nesans enb li, Jezi Kreyatè linivè a te mete sou kote kèk nan gran atribi li (kalite ki pou li menm menm) pou li te vin tounen you vrè moun. Pitit sa a ki te fèt nan Betlèyèm, te Pawòl la ki te fè tout bagay. Li te vini nan monn lan, poutan “moun ki nan lemonn pat rekonèt li. Li vin nan peyi li . Men tout moun nan peyi l pat resevwa li (Jwif yo). Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou.... li mennen you lavi ki konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. ( Jan 1:10, 14; gade 8:58; 17:5; e Filipyen 2:6-8 pou prèv ke li te ekziste anvan li fèt sou latè).

Tèm enkanasyon an itilize pou esplike Pitit Gason Bondye a ki vin tounen chè, se vle di you nonm. Se youn nan reyalite ke moun pi pa konprann nan listwa. Kouman Bondye avèk tout atribi li (kalite ki nan li menm menm) kapab ekziste ansanm nan Pitit Gason Bondye se bagay ki difisil pou konprann. Bib la anseye ke Pitit Gason an te genyen you nati Bondye (Ezayi 9:6; Jeremi 33:14-16; Malachi 3:1, 2; Jan 1:1-3, 14; 5:17, 18; Women 8:3, 4; Kolòs 1:19; Ebre 1:2, 3). Bib la anseye tou ke Li te genyen nati you moun (Matye 26:26, 28, 36; Lik 23:46; 24:39; Jan 1:14; 8:40; 11:33; Travay Apot 2:22; Women 5:15; 1 Korentyen 15:21; 1 Timote 2:5; 3:16; 1 Jan 4:2).

Kouman e Poukisa moun kapab konprann rezon Pitit Gason Bondye a soumèt dwa Li kòm Bondye sèlman lè yo wè sentete e lamou Bondye kòm repons pou lòm pechè. Se lè sa a sèlman nou kapab kòmanse apresye soufrans Jezi pou rachte lòm lan.

Enkanasyon an te nesesè nan plan Bondye pou rachte lòm anba peche. Lalwa pat la pou sove lòm. Bi li se te pou montre yo ke yo se pechè. Sèlman you Bondye-Lòm enkane te kapab rachte lòm pamwayen sakrifis tèt li. “Bagay lalwa Moyiz la pat kapab fè, paske kò lèzòm te rann li san fòs, se Bondye menm ki fè l: Bondye kondanen pechen ki nan kò lèzòm lan, lè l voye pwòp Pitit pa l nan yon kò ki menm kò ak kò peche a, pou l te ka fini nèt ak peche a. Bondye te fè sa pou nou pat viv dapre sa moun jwenn nan kò yo, men dapre Lespri Bondye a, pou n te ka satisfè tout egzijans lalwa a (Women 8:3,4). “ Pitit Gason Bondye a te vini pou “vin bay lavi l pou peye delivrans anpil moun” (Matye 20:28).

Uit jou apre nesans li, Jezi, Rachtè a, te sikonsi selon òdonans lalwa Moyiz e paske li te you nonm. Pitit Gason Bondye a te pran chè moun lè li te fèt nan you fanm. Paske li te viv anba lalwa e li te vin akonpli tout jistis. Sikonsizyon li se te premye etap nan lavi obyisans li anba lalwa. Sa te sèvi tou pou idantifye li avèk pwomès Bondye te fè Abraram ke “Gremesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Wi, you tout, paske ou te fè sa m te mande ou fè a” (Jenèz 22:18).

Lalwa te mande pou yo konsakre chak premye pitit bay Senyè a. Si premye pitit la se te you ti gason, yo te dwe prezante li bay Senyè a. “Dapre sa ki ekri nan lalwa Bondye a: Mete tout premye pitit gason yo apa pou Mèt la. Yo te ofri tou yon pè toutrèl osinon de jenn pijon pou yo touye pou Bondye, jan yo bay lòd fè sa nan lalwa Bondye a” (Lik 2:23, 24; konpare avèk Egzòd 13:2, 13; Nonb 18:15, 16).

Simeyon, you nonm jis e relijye t’ap tann jou e nwit pou li wè konsolasyon Izrayèl la. Sentespri te revele li ke li pa t’ap mouri san li pa wè Kris la. Lè Kris La Bebe te prezante nan tanp la, rapidman Simeyon te rekonèt Li: “Kounyeya, Mèt, ou kenbe pawòl ou. Ou mèt kite sèvitè ou la mouri ak kè poze. Paske mwen wè ak je mwen moun ou voye pou delivre nou an. Ou pare l mete devan tout pèp yo. Se yon limyè ki pou fè tout pèp yo konnen ou. Se va yon lwanj pou Izrayèl pèp ou a” (Lik 2:9-32).

Àn, you fanm vèv pwofetès e granmoun ki te rete nan tanp la jou e nwit ap jene e lapriyè, te rekonèt Jezi tou kòm Kris la. “Te gen yon fanm ki te pwofèt la a tou. Li te rele Àn, pitit fi Fanwèl, nan branch fanmi Asè. Li te fin vye granmoun. Li te viv sètan avèk nonm li te marye depi l te jennfi a. Apre sa, li te rete vèv. Lè sa a, li te gen katrevenkatran, li pat janm kite tanp lan. Li t’ap sèvi Bondye lajounen kou lannwit: tout tan li t’ap fè jèn, li t’ap lapriyè. Menm lè sa a tou, li vin rive, li t’ap di Bondye mèsi. Li t’ap pale sou Jezi bay tout moun ki t’ap tann Bondye vin delivre lavil Jerizalèm” (Lik 2:36-38).

You zanj te avèti Jozèf annegad rayisman Ewòd gen pou Pitit la, li te kouri ale nan peyi Lejip avèk tout fanmi li. “Se konsa Pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te rive vre. Li te di: Mwen rele pitit mwen, mwen fè l soti kite peyi Lejip” (Matye 2:13-15; Oze 11:1). Lè Jozèf, Mari e Pitit la te retounen nan peyi Izrayèl apre lanmò Ewòd, yo te jwenn ke pitit Ewòd la ki te rele Akelayis t’ap gouvènen. Kòm yo te pè Akelayis e paske Senyè a te avèti yo, jenn fanmi an t’al rete nan peyi Galile, yo te abite Nazarèt. Kòm pwofèt la te di, “Y’a rele l moun Nazarèt” (v.23).

Yo pa konnen anpil bagay sou lavi Jezi lè Li te timoun. Lik di ke Jezi te “grandi, li t’ap devlope. Li te gen kont lespri l, epi favè Bondye te avèk li” (Lik 2:40). Paske li te fèt nan you fanmi pòv se posib ke Jezi pat resevwa edikasyon nan gwo lekòl, li te sèlman resevwa antrennman nan men paran li yo selon jan lalwa mande e li te resevwa enstriksyon nan Sinagòg la. Li te etidye Bib la li menm e antrennman li ak devlopman li te laj. Rive nan laj douzan yo te mennen Jerizalèm e san yo pa fè espre paran li yo te kite li la (yo te panse ke li te avèk lòt manm fanmi an). Jezi te deja genyen you gran sajès. Lè paran li yo te jwenn li, li te “nan tanp lan, chita nan mitan dirèktè yo. Li t’ap koute yo, li t’ap poze yo kesyon tou. Tout moun ki t’ap tande l te sezi pou jan l te gen lespri, ak jan l t’ap reponn yo” (Lik 2:46,47). Lè yo te pale avèk li paske li te rete dèyè, li te di, “Poukisa pou n’ap chache m konsa? Nou pat konnen fòk mwen okipe zafè papa mwen?” (V.49). Nan premye laj li, li te deja konsyan sou misyon li kòm Bondye.

Jan Batis Prepare Chemen an

Pandan ke Jezi t’ap grandi nan lespri li, nan kò li e nan sajès, Jan Batis, ke you zanj te anonse nesans li te prepare pou ministè li. Jan “t’ap grandi, lespri l t’ap devlope. Li te rete nan dezè a jouk jou pou l te parèt an piblik devan pèp Izrayèl la” (Lik 1:80). Jan pat sèlman grandi fizikman, men li te grandi espirityèlman. Li te viv nan dezè a, lwen distraksyon ki te genyen nan mitan lèzòm, e la li te resevwa Pawòl Bondye. Jan pat resevwa edikasyon nòmal prèt yo. Nan finisman preparasyon sa a, se posib ke se nan laj trantan, “Bondye pale ak Jan...... Jan mache nan tout peyi bò larivyè Jouden an. Li t’ap bay mesay sa a: Tounen vin jwenn Bondye. Vin resevwa batèm: Bondye va padonnen peche nou yo” (Lik 3:2-4). Jezi te di sa pou sila yo ki ta resevwa li, Jan Batis se te Eli ke pwofèt Malachi te anonse a (Malachi 3:1; 4:5,6; Konpare ak Matye 11:13-15; Lik 1:17). Jan te pale selon fason pwofèt Ezayi te pwofetize a: “Se vwa yon nonm k’ap rele nan dezè a: Pare gran wout Senyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li” (Matyei 3:3). Anpil moun te reponn mesay Jan an, yo te konfese peche yo e yo te batize (v.6).

Anpil lidè gwoup jwif relijye, Farizyen ak Sadiseyen, te vin pou Jan batize yo tou. Sa te etone Jan paske li te konnen gwo opinyon yo e fason awogan yo te panse ke tout bagay te byen pou yo paske yo te kapab di, “Se pitit pitit Abraram nou ye” (Matye 3:9). Jan te fè fas avèk yo, “Bann vèmin! Ki moun ki fè nou konnen ke nou kapab chape anba kòlè Bondye k’ap vini an?”(v.7). Li te avèti yo pou yo pa sèlman vini pou batèm, men pou yo repanti menm jan avèk lòt moun yo. Repantans sa a te dwe plis pase pawòl: yo te dwe “Fè bagay ki pou fè wè lavi nou chanje tout bon....nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife” (Matye 3:8, 10; konpare avèk Ezayi 40:3; Mak 1:3; Lik 3:4-6; Jan 1:23).

Ministè li pat tout bagay. Li te konnen ke li t’ap prepare chemen pou Youn k’ap vini apre li: “Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, pou fè wè nou tounen vin jwenn Bondye. Men, moun k’ap vin apre mwen an gen plis pouvwa anpil pase m. Mwen pa bon ase menm pou m ta wete sapat ki nan pye li. Se Li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife” (Matye 3:11).

Jan Batize Jezi

Pandan ke Jan t’ap batize e preche mesay li, Jezi te kite Galile e li t’al jwenn li pou li te batize. “Se ou ki pou ta batize m, epi se ou menm ki vin jwenn mwen pou m batize ou?” (Matye 3:14). Jan te santi li endiy; li te bezwen Jezi. Jezi te reponn li, “ Kite sa fèt konsa kounyeya. Se konsa pou nou fè tou sa Bondye mande” (v.15). Jan te vle akonpli tout enstriksyon Bondye pou pèp jwif la, konsa Jezi te batize. Imedyatman “Fini Jan fin batize l, Jezi sòti nan dlo a. Menm lè a, syèl la louvri, Jezi wè Lespri Bondye a desann sou fòm yon ti pijon vin sou li” (v.16); konpare . Jan 1:29-34). Jezi te resevwa Sentespri e you vwa te soti nan syèl la e pale devan foul moun yo. Tout bagay s yo se te temwayaj ke ministè Jezi te kòmanse. Pa lontan apre sa, “Jan wè Jezi ki t’ap vin jwenn li, li di: Men ti mouton Bondye a k’ap wete peche moun sou tout latè” (Jan 1:29). Jan byen klèman te wè travay Kris kòm Sovè a, Sila a ki ta wete peche lemonn. Jan te rekonèt ke travay li kòm moun ki vini anvan Jezi ta akonpli anvan lontan e ke li ta disparèt pou ministè Jezi ogmante. Jan te di, “Li fèt pou li vin pi gran, pou mwen menm, mwen vin pi piti toujou” (Jan 3:30). Jan te rekonèt ke Jezi ki te “sòti anwo a pi gran pase nou tout..Papa renmen pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay. Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p’ap janm fini an” (vv.31, 34-36).

Tantasyon Jezi

Apre batèm Jezi, tout etandi ministè li te vin klè. Anvan lontan li t’ap fè fas avèk desizyon enpòtan sou lavi a. “Touswit apre sa, Lespri Bondye a pouse Jezi al nan dezè a” (Mak 1:12), kote li te pase karant jou poukont li nan lapriyè, meditasyon, jèn. Diran tan sa a li te fè fas ak tantasyon ki te soti nan dyab la (Matye 4:1-11; Mak1:12; Lik 4:1-13).

Apre jèn karant jou a, Jezi te vin grangou. Tantatè te pwoche kote li e li te kòmanse avèk menm metòd li te itilize kont Adan e Ev nan jaden Edenn lan (Jenèz 3:1), li t’ap kesyonnen pawòl Bondye. Satan te di, “Si ou se Pitit Bondye, bay wòch sa yo lòd pou yo tounen pen” (Matye 4:3). Jezi te konnen ke li te Pitit Bondye e li pat doute Papa Li; konsa li te refize obeyi demann Satan an pou prèv ke li se Pitit Bondye. Jezi te fè Papa li konfyans e li fè apèl pawòl Papa li pou defann li anba premye tantasyon Satan an, li te di, “Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye tou” (v.4).

Pawòl Jezi te pale a te fè pati diskou Moyiz te fè bay pèp Izrayèl la konsènan enpòtans kenbe kòmandman Bondye. Moyiz te di, “Se pou nou swiv pwen pa mwen tout kòmandman m’ap ban nou jòdi a pou nou ka viv” (Detewonòm 8:1). Li te di yo ke yo dwe sonje karant lane yo te pase nan dezè a pou Senyè a “te ka kraze lògèy nou, pou l te ka sonde nou, pou l te ka konnen kisa ki nan kè nou, si tout bon vre nou te sòti pou kenbe kòmandman l yo”(v.2). Bondye “fè tou sa pou li te fè nou konnen se pa pen ase moun bezwen pou yo viv. Yo bezwen tou pawòl ki soti nan bouch Senyè a tou pou yo viv”(v.3). Konsa defi Satan te bay Jezi a te sou move chemen. Jezi te kapab fè wòch tounen pen, men sa te pi enpòtan pou li swiv pawòl Papa Li. Jezi pat doute oubyen tante Bondye nan inyore okenn pati ladan. Jezi te rejte demann Satan an nan premye tantasyon an e pase premye defi a pou jwenn solisyon bezwen espirityèl ki pi enpòtan pou lòm (konpare Lik 4:1-4; Detewonòm 8:3).

Dyab la te konnen ke Jezi te asepte Pawòl la kòm verite, konsa pwochenn fwa a li te itilize Pawòl la you fason ki pa kòrèk pou tante Li. Li te mennen Jezi “lavil Jerizalèm. Li mete l kanpe sou pwent fetay tanp lan. Li di l konsa: Si ou se Pitit Bondye, lage kò ou anba. Paske, men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. Y’a pote ou nan men yo, pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch” (Matye 4:5-6; konpare Sòm 91:11-12). You fwa ankò dyab la te mande prèv ke Jezi se Pitit Bondye, e Jezi pa soumèt anba demann Satan an. Satan te konnen Jezi se Pitit Bondye. Pou Jezi ta obeyi okenn nan demann sa yo pa tap bon, menm demann pou plis prèv ke Jezi se Bondye. Pou konbat demann Satan an Jezi te fè apèl ankò Pawòl ki nan Bib la: “Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou”. Satan te mal itilize Pawòl ki nan Bib la, paske li te eseye mete plis fòs sou you pòsyon Ekriti pase yon lòt e li te meprize lòt pòsyon ki ta rann siyifikasyon li klè (Matye 4:7; konpare Lik 4:5-12).

Pwochenn fwa a dyab la te montre Jezi “tout peyi ki sou latè ansanm ak tout richès yo. Li di l konsa: M’ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete ajenou devan m pou ou adore m” (Matye 4:8). Dyab la te mande li chache you wayòm sou latè lè li ta adore li olye adore Bondye. Men Jezi te reponn avèk Ekriti, “Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore, se li menm sèl pou ou sèvi” (v.10; konpare Detewonòm 6:13; 1 Kwonik 21:1). Apre Jezi te reziste tantasyon sa yo, dyab la te kite li, men sèlman jistan li te jwenn yon pi bon okazyon pou tannte Li (Lik 4:13; konpare Matye 4:11).

Tantasyon Jezi yo te sèvi pou montre lòm ke tantasyon an limenm pa you peche, e ke lòm genyen you Sovè ki te “pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pat janm fè okenn peche” (Ebre 4:15). Li te “tankou frè l yo sou tou pwen, pou l te ka sèvi yo tankou yon granprèt ki gen anpil pitye pou yo, k’ap fè sèvis li byen devan Bondye, pou ofrann li fè a ka fè Bondye padonnen peche tout pèp la. Kounyeya, li ka pote sekou bay tout moun ki anba tantasyon, li menm tou li te soufri” (Ebre 2:17, 18). Lè li te reziste tantasyon, Jezi te kòmanse you seri evènman ki t’ap defèt pisans peche epi pote redanmsyon pou lòm.

Bib la prezante Jezi kòm “ti mouton Bondye a” (Jan 1:29), “ti mouton san defo ni okenn enfimite” (1 Pyè 1:19); konpare Ebre 9:14), e youn ki “pat janm fè okenn peche. Okenn manti pat janm sòti nan bouch li” (1 Pyè 2:22). Mo ti mouton pale sou sakrifis nan lespri Ebre a. Mouton san defo sa a se te sakrifis ki ta dwe ofri pou peche lòm.

Atravè lavi Li Jezi te fè fas ak tantasyon ki te soti nan dyab, e ki te vle anpeche Ti mouton an vin you sakrifis pou peche lemonn. Jezi, poutan, pat soumèt anba tansyon, men Li te rete konplètman san peche paske Li te obeyi volonte Bondye konplètman. Pita Li te defye lènmi li yo, “Kilès nan nou ki ka bay prèv mwen fè peche?” (Jan 8:46). Yo pat kapab montre okenn peche nan lavi li. Bondye te fè Jezi vin nan lemonn kòm you nonm ki bon nèt, “Kris la pa janm fè okenn peche, men Bondye fè l pran sò nou sou li, yo trete l tankou yon moun ki fè peche. Konsa lè nou fè you sèl kò ak Kris la, Bondye fè nou gras.” (2 Korentyen 5:21). Paske Jezi te san peche, Li te kalifye pou li te medyatè ant Bondye e lòm (1 Timote 2:5).

Ministè Jezi

Apre tantasyon yo Jezi te kontinye nan obeyisans konplèt pou volonte Bondye, li te temwaye ke “mwen toujou fè sa ki fè l plezi “(Jan 8:29). Li te you nonm ki bon nèt, dènye Adan a, lespri ki bay lavi a (1 Korentyen 15:45; konpare Jan 5:21; Women 8:2; Ebre 9:14). Pèfèksyon li te kontwole karaktè li ak kondwit li totalman.

You lè pita, Jezi te pwoche kote Jan e de nan disip li yo, e Jan te pote temwayaj pou li ankò: “Men Ti mouton Bondye a! De patizan yo tande sa Jan t’ap di a, yo pran swiv Jezi” (Jan 1:36, 37). Youn nan disip yo, Andre, t’ale e “Premye moun Andre te rankontre se te Simon, frè li. Li di li konsa: Nou jwenn Mesi a (ki vle di: Kris la)” (v.41). Jezi se te Sila a ki te konsakre a ke jwif yo t’ap chache a (Ezayi 61:1; Lik 4:18). Andre te mennen Simon bay Jezi, ki te di Simon ke li ta rele li Sefas. “Sefas” se mo arameyen ki siyifi “Pyè” e pita non sa a siyifi wòch (Jan 1:40-42), Pita nou va wè siyifikasyon chanjman non sa a.

Apre sa Jezi te rankontre Filip sou wout pou ale Galile li di li: “Swiv mwen” (Jan 1:43), Filip te swiv li. Anvan lontan Filip te jwenn Natanayèl e di li, “Nou jwenn moun Moyiz te pale nou nan liv lalwa a, moun pwofèt yo te pale a tou” (v.45). Natanayèl te dwe etidye Pawòl Bondye, paske li te konprann remak Filip la. Apre rankonte li avèk Jezi, Natanayèl te rekonèt ke Jezi se te “Pitit Bondye a....Wa pèp Izrayèl la” (v.49).

Jezi avèk manman li e disip li yo t’al nan you maryaj nan Kana nan Galile. Diran resepsyon maryaj la, diven an te fini. Paske Mari te konnen pitit gason li a te kapab fè mirak, li te pale avèk li sou sityayson an. Li te reponn demann lan konsa, “Nan kisa mwen ye avè ou, madanm? Lè pa m lan poko rive” (Jan 2:4). Pou nou menm, repons Jezi a te kapab sanble manke respè. Nan kilti jwif la repons la te konplètman apwopriye. Nan you sans Jezi t’ap di, “Kisa pou mwen fè pou diven ki manke?” Jezi te kapab pa kontan avèk sityasyon an, men li te reponn kanmenm, li te mande pou plen dlo sis kanari ki te kapab kenbe ven a trant galon. Apre sa li te mande sèvitè yo pou tire dlo a e pote li bay chèf kanbiz la. Moun ki t’ap sipèvize resepsyon an te twouve ke se te bon diven . Mirak sa a te manifeste glwa li (v.11), e sa te fè disip Jezi yo kwè nan li. Se te premye mirak Jezi, premye mirak ki te montre ke se Bondye li ye (konpare 20:30,31).

Pa twò lontan apre sa Jezi t’ale Jerizalèm pou Fèt Delivrans la. La li te choke pou wè kouman tanp lan, ki te konsakre pou Bondye, te tounen you plas kote moun k’ap chanje lajan yo t’ap vann bèf, mouton, pijon. You kòlè sen ak you endiyasyon te antre nan li e li te mete zannimo yo deyò nan lakou tanp lan. “Wete sa la pa fè kay papa m lan tounen yon boutik kote yo fè komès” (Jan 2:16).

Jwif yo te mande avèk ki otorite Jezi te netwaye tanp lan e yo te mande you siy tou. Li te reponn yo pandan ke li te pale sou you evènman ki t’ap vini: “Kraze tanp sa a kounyeya, Nan twa jou m’ap rebati l ban nou” (Jan 2:19). Malgre sa ta you siy ki konvenkan, jwif yo pat konprann siyifikasyon pawòl Li yo. Yo te panse sèlman sou karantsizan ki te nesesè pou bati tanp lan. Yo pat konprann ke Jezi t’ap pale yo sou kò li, ke li ta resiste nan twa jou apre li ta fin bay lavi li pou rekonsilye lòm avèk Bondye.

Se posib ke Nikodèm, you chèf jwif, te youn nan moun ki te kwè nan Jezi poutèt siy Li te fè (Jan 2:23). Lafwa Nikòdèm te fèb, konsa “Yon jou lannwit , li vin bò kote Jezi, li di l konsa: Mèt, nou konnen se Bondye ki voye ou moutre nou tout bagay sa yo. Paske pèsonn pa ka fè tout mirak w’ap fè yo si Bondye pa avèk li” (Jan 3:2). Jezi pase sou kote salitasyon nòmal la, li te pale ak Nikodèm sou delivrans. “Sa m’ap di ou la a, se vre wi: Pèsonn pa ka antre nan Peyi kote Bondye Wa a si li pa fèt nan dlo ak nan Sentespri” (v.5). Okenn moun pa kapab wè (oubyen konprann) Peyi kote Bondye Wa a si li pa genyen you kè ki chanje. Sa te difisil pou Nikodèm konprann. “Lachè sòti nan lachè, lespri sòti nan Lespri Bondye”. Nouvèl nesans, rejenerasyon lòm pechè a, pat you bagay natirèl, men you bagay espirityèl. Jezi te fè Nikodèm sonje ke li pa etone sou bagay natirèl ke li pa konprann ( tankou kote van sòti e kote van prale). Se konsa pou moun ki sòti nan Lespri Bondye. Nouvèl nesans la reyèl menm jan avèk efè van an sou lavi you moun, menm si li ka pa konprann kouman sa rive.

Nikodèm te mande you lòt enfòmasyon: “Ki jan sa ka fèt menm?” (Jan 3:9).

Jezi reponn li:

Ou Se yon gwo mèt k’ap moutre pèp Izrayèl la anpil bagay, epi ou pa konn bagay sa yo? Sa m’ap di ou la a, se vre wi: mwen menm, mwen pale sa m konnen, mwen di sa m te wè. Men nou menm, nou pa vle asepte sa m’ap di a. Nou pa kwè m lè m’ap pale nou bagay k’ap pase nan syèl la? Pèsonn pa janm moute nan syèl la, esepte Moun Bondye voye nan lachè a ki desann sòti nan syèl la. Menm jan Moyiz te leve sèpan an ki te fèt an bwonz lan byen wo sou yon poto nan mitan dezè a, konsa tou yo gen pou leve Moun Bondye nan lachè a byen wo tou. Tout moun ki mete konfyans yo nan li va gen lavi ki p’ap janm fini an. Jan 3: 10-15

Apre sa nou genyen you rezime santral levanjil la Paske,

Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p’ap pèdi lavi yo. Okontrè y’a gen lavi ki p’ap janm fini an. Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l te kapab delivre yo. Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a p’ap kondannen. Men, moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen, paske yo pat gen konfyans nan sèl Pitit Bondye a. Men ki bò kondannasyon an sòti pou yo: Limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y’ap fè mal. Lè yon moun ap fè sa ki mal, li pa vle wè limyè a, li p’ap vini kote limyè a ye, paske li pè pou move zak li yo pa parèt aklè. Men, moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l’ap vini, pou moun ka wè aklè se obeyi l’ap obeyi Bondye nan sa l’ap fè a. Jan 3:16-21.

Apre reyinyon li an avèk Nikodèm, Jezi t’ale nan Jide kote li te kontinye anseye sou wayòm Bondye. Jezi t’ale nan Galile an pasan pa Samari. Diran vwayaj sa a Li te repoze kote you pi ke Jakòb te fouye plizyè lane anvan. Pandan Jezi te la, you fanm Samari te tire dlo. Jezi te mande li enpe dlo pou li bwè. Sa te etone kèk nan moun ki t’ap swiv Li yo paske Jwif pat gen relasyon avèk Samariten. Yo te san melanje akoz you melanj fòse diran Wityèm syèk la anvan Jezikri nan moman Asiryen yo te okipe Izrayèl, e yo te devlope you relijyon you sèl Bondye tankou jwif yo.

Diran konvèsasyon li avèk Jezi, fanm Samariten an te soulve pwen ki te koze you gwo diskisyon ant jwif yo Samariten yo. Eske Mon Garizim oubyen Jerizalèm se kote moun t’al adore? Samariten yo te bati you tanp sou Mon Garizim lè jwif yo te refize èd yo nan rebati tanp lan apre jwif yo retounen soti nan ekzil Babilòn. Jezi te reponn, “Jezi reponn li: Madanm, ou mèt kwè mwen. Lè a pral rive, se pa ni sou mòn sa a, ni lavil Jerizalèm pou n sèvi Papa a. ...tout moun k’ap sèvi tout bon yo pral sèvi Papa a nan kè yo jan sa dwe fèt. Se moun konsa Bondye vle pou sèvi li. Bondye se Lespri li ye. Tout moun k’ap sèvi l, se pou yo sèvi l nan lespri yo jan sa dwe fèt la” (Jan 4:21-24). Jezi te fè konprann ke atitid sa a pi enpòtan pase kote moun ap adore a.

An pasan pa Samari, “Jezi ale nan Galile pou l te fè konnen Bòn Nouvèl Bondye voye a. Li t’ap di yo konsa: Jou a rive. Kounyeya, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. Tounen vin jwenn Bondye. Asepte Bòn Nouvèl la” (Mak 1:14, 15; gade Matye 4:23-25). Jezi imedyatman te atire sipò pèp la. Pèp la “te sezi tande sa l t’ap moutre yo. Se pat menm jan avèk direktè lalwa yo, paske li te pale ak yo tankou yon moun ki otorize” (v.22). Li pat swiv pratik direktè lalwa jwif yo nan site divès otorite pou deklarasyon Li. Okontrè, li te pale verite ki te kanpe sou pwòp fòs yo; yo pat bezwen okenn otorite pou sipòte li.

Byen bonè nan ministè Li nan Galile, Jezi te retounen lavil “Nazarèt kote l te grandi a” (Lik 4:16). Diran tan li te rete la Li te asiste sèvis adorasyon jou Saba nan sinagòg la e li te pale avèk kongragasyon an. Li

Leve kanpe pou l li pou yo. Yo renmèt li liv pwofèt Ezayi a. Lè li louvri l, li jwenn kote ki te ekri: Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m pou m anonse bòn nouvèl la bay pòv yo. Li voye m pou m fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m delivre moun y’ap maltrete yo, pou m fè yo konnen lè a rive pou Bondye vin delivre pèp li a, Apre sa, Jezi fèmen Liv la, li renmèt li bay moun ki t’ap ede nan sèvis la. L’al chita. Tout moun ki te nan sinagòg la te gen je yo fikse sou li. vv.16-20; konpare Ezayi 61:1

Apre sa li te deklare, “ Lè sa a li konmanse di yo: Jòdi a, pandan n’ap tande pawòl ki ekri la a, li rive vre” (Lik 4:21). Premyèman jwif yo te pale byen sou li “Yo te sezi tande bèl pawòl ki t’ap sòti nan bouch li”, men lè yo sonje ke li te pitit Jozèf, yo te rejte Li. Li te di yo, “Sa m’ap di nou la a, se vre wi: Yo pa janm resevwa yon pwofèt byen nan pwòp peyi li” (v.24). Yo “te byen ankòlè” annegad li e “yo mennen l sou tèt ti mòn kote lavil la te bati a, yo t’ap pare pou yo te jete l anba nan falèz la” (vv. 28, 29). “Men, Jezi pase nan mitan yo, li chape kò li” (v.30). Apre ke jwif Nazarèt yo te rejte Li, Jezi te kite lavil yo a e yo t’ale Kapènawòm, ke li te fè katye jeneral li diran anviwon dizwit mwa.

Wayòm Bondye a

Liv Levanjil yo mete anfaz sou Jezi kòm you mèt oubyen pwofesè (Matye 4:23; 7:29; 9:35; 11:1; 12:38; Mak 5:35; Lik 18:18; Jan 1:38; 3:2; 13:13), e kòm you predikatè (Matye 4:17, 23; 9:35; 11:1; Mak 1:4, 38, 39; Lik 4:44; 8:1), e anrejistre anpil nan ansèyman li yo. Plizyè nan yo bay limyè sou plan redanmsyon. You deklarasyon santral nan ministè Jezi se ke “Jou a rive. Kounyeya, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. Tounen vin jwenn Bondye. Asepte Bòn Nouvèl la” (Mak 1:15) (Bib anglè e Bib fransè di: Wayòm Bondye a. Mak e Lik itilize tèm “wayòm Bondye” selon Bib fransè a e anglè a, tandiske Matye itilize tèm “wayòm syèl la”, se posib ke se paske li t’ap ekri pou jwif yo ki te lant pou pale non Bondye).

Lide wayòm nan pat nouvo nan zòrèy moun ki t’ap koute Jezi yo. Jwif yo depi lontan te pale sou Bondye kòm Youn ki genyen tout pouvwa sou lòm e sou kreyati Li yo. Diran tan pase yo sa te genyen tou gouvènman Bondye sou Izrayèl, men gouvènman politik la te sispann lè Babilonyen yo te detwi lavil Jerizalèm. Men lide wayòm nan te rete avèk jwif yo. Diran plizyè lane yo te kenbe lespwa pou yo te vin you wayòm ankò kote Bondye ta gouvène sou yo kòm pèp Li. Lespwa sa a te fè anpil jwif panse sèlman nan tèm politik. Anpil jwif pat kapab bliye ke you lè Izrayèl te you teokrasi ke Bondye t’ap dirije pamwayen wa yo. Plizyè santèn lane pase depi Izrayèl t’ale nan lekzil nan peyi Babilòn; poutan kèk jwif te kwè dominasyon women yo sou yo te kraze e Izrayèl ta tounen genyen retabli ankò kòm you wayòm politik.

Te genyen de aspè nan wayòm nan: you wayòm espirityèl prezan e you wayòm literal nan lavni. Wayòm literal nan lavni an va genyen ni jwif, ni moun ki pa jwif e se Kris ki va dirije kòm Wa. Men sa ki ta rive wayòm politik ke jwif yo t’ap tann lan :“Pou lavil Jerizalèm lan menm, moun lòt nasyon yo gen pou yo foule l anba pye yo, jouk tan dèle yo ba yo a va bout” (Lik 21:24; konpare Women 11:25). Se sijè dènye chapit liv sa a.

Pandan ke wayòm politik la poko rive va genyen you wayòm espirityèl kote Bondye gouvènen nan kè moun ki swiv plan redanmsyon ke Jezi te pote a. Jezi te itilize tèm wayòm kòm you konparezon gouvènman espirityèl Bondye sou lezòm nan epòk sa a. Li pat janm bay you esplikasyon sou wayòm nan, men li te anseye kouman li va ye pamwayen parabòl. Li te anseye ke Wayòm Bondye a tankou semans ki simen e ki te pote ale, ke zèb te toufe, oubyen ki te grandi pou rive nan matirite e donnen rekòt (Matye 13:3-9, 18-30, 36-43; konpare. Mak 4:1-20; Lik 8:4-15). Wayòm Bondye a va abite avèk mal la e fè fas avèk opozisyon ki va soti nan mal, dyab la. Wayòm Bondye a tankou grenn moutab (Matye 13:31, 32; konpare Mak 4:30-32) tankou ledven ki grandi pou rive nan you gwo bagay ki soti nan you ti bagay e ki travay nan lemonn antye (Matye 13:33; konpare. Lik 13:20). Parabòl sa yo montre ke wayòm nan va grandi epi gaye atravè lemonn.

Wayòm nan tankou you trezò kache nan you jaden (Matye 13:44) e tankou you bèl grenn pèl (v.45), e lè nou jwenn li nou fè tout efò pou genyen li. Wayòm Bondye diy tout efò ke nou fè pou nou antre ladan. Sa pa vle di ke nou kapab antre ladan gras ak zèv lalwa, men moun k’ap chache li a dwe repanti, kwè epi swiv Jezi san rezèv. Wayòm nan sanble avèk filè yo voye pou pran pwason, nan filè a yo pran ni bon pwason ni move pwason, men alafen yo separe yo, e yo jete sa ki pa bon yo (vv.47-50). Se sèlman nan finisman an ke moun k’ap sèvi Kris tout bon yo va separe avèk moun ki p’ap sèvi Bondye yo. Kòm rezime, parabòl sa yo montre ke Wayòm Bondye a avèk wayòm satan an va ekziste kotakòt. Nan finisman an va genyen separasyon byen ak mal, e pitit Wa a va viv nan you bèl wayòm.

Wayòm espirityèl la ta etabli selon gras Bondye e travay Sentespri, sa rann posib pou chak moun soumèt tèt yo devan Bondye. Lòm ta dwe bliye grandè li e vin tankou timoun piti pou antre nan wayòm sa a. Jezi te di, “Sa m’ap di nou la a se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p’ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la” (Matye 18:3). Sa vle di ke lòm dwe fèt you dezyèm fwa (gade 3:3-7), sa ba yo you nouvo relasyon avèk avèk Bondye. Wayòm Bondye a genyen rapò senpleman ak retablisman prensip Bondye nan kè lèzòm. Lèzòm ta retounen nan you relasyon avèk Bondye apeprè sa ke yo te genyen anvan Adan te peche. Yo ta dwe repanti, abandone rebelyon yo kont Bondye, mete konfyans yo nan Li epi obeyi Li. Chak “moun ki va soumèt tèt li devan Bondye, ki va tounen tankou timoun sa a” (v.4). Timoun piti montre limilite lè yo mete konfyans e depann sou lòt moun. Nan ka sa a moun ki te peche a nan limilite dwe depann li sèlman sou Jezi pou li jwenn konvèsyon nesesè a. Sa se bon nouvèl pou sila yo ki repanti e ki kwè. Tèm bon nouvèl la tradwi tèm Grèk euaggelion, ke yo tradwi òdinèman levanjil.

Wayòm Bondye separe e opoze ak wayòm monn sa a, wayòm monn sa a fòme ak pitit Satan (Matye 13:38; Jan 8:44) e se Satan ki gouvène li (Efèz 2:2). Bi wayòm Bondye a se ranvèse wayòm fènwa a lè Li detwi pisans Satan sou lòm (Matye 12:22-30; Women 13:12) e ba li you nouvo nati pamwayen nouvèl nesans (Jan 3:3; Efèzyen 4:22,23; Kolòsyen 3:9,10; 1 Pyè 1:23; 2:2). Nouvo moun sa a pa moun lemonn “men chwazi...wete anba pouvwa lemonn” (Jan 15:19; 17:14). Papa a mete yo “apa nan lemonn” pou Jezi (Jan 17:6). Pidevan Jezi esplike “Yo pa moun lemonn, menm jan mwen pa moun lemonn” (v.16).

Gwoup mo “Wayòm Bondye oubyen Peyi kote Bondye Wa a” pote temwayaj tou pou nati espirityèl wayòm nan, ki jwenn orijin ak sous li nan Bondye. Jezi te reponn Farizyen yo ki te poze li kesyon sou wayòm Li an k’ap vini, Li te reponn, “Bondye ap vin tabli gouvènman l lan yon jan pou tout moun wè li. Men, yo p’ap di: Men l bò isit, osinon: Men l bò laba. Paske konnen sa byen, gouvènman Bondye a la nan mitan nou” (Lik 17:20, 21). Se pat you wayòm ki te selon modèl Izrayèl avèk “siy pou moun wè” ki se seremoni rityèl,, regleman pou moun obsève, you eta politik, elatriye. Tèm grèk la entos ke yo tradwi “nan andedan nou, oubyen nan kè nou” e kèkfwa li tradwi “nan mitan nou, oubyen nan mitan”. Konsa(v.20 RSV) tradwi vèsè sa a: “Wayòm Bondye a nan mitan nou”, oubyen kòm nòt anba paj la tradwi, “andedan ou” (17:21 RSV).[1] Antre nan wayòm spirityèl sa a mande konvèsyon oubyen nouvèl nesans. San sa moun ki pa fèt you dezyèm fwa a oubyen ki pa eklere a pa kapab wè oubyen antre nan wayòm Bondye (Jan 3:3, 5).

Lide wayòm Bondye a, kote lòm tounen ankò anba gouvènman Bondye, bay moun ki antre nan wayòm nan you nouvo gwoup valè. Ansèyman sou Mòn nan (Matye 5-7), se you ekzanp byen klè nouvo modèl sa yo. Yo genyen rapò avèk relasyon lòm avèk frè li (5:21-26), avèk adiltè (v.28), avèk divòs (vv.31, 32), avèk sèman (vv.33-37), avèk rezistans kont dyab la (vv. 38-42), avèk lènmi nou yo (vv. 43-48), avèk lacharite (6:1-4), avèk lapriyè (vv.5-13), avèk padon (vv.14, 15), avèk fè jèn (vv.16-18), avèk anpile richès sou latè (vv.19-21), avèk fidelite (v.24), avèk enkyetid (vv.25-34), avèk jije (7:1-5), avèk mande Papa nou ki nan syèl la pou ban nou sa nou bezwen (vv.7-12).

Ansèyman an fini avèk ekzòtasyon pou “Antre nan pòt jis la. Paske, pòt ki laj la, chemen ki fasil la ap mennen nou tou dwat nan lanmò. Gen anpil moun ki pase ladan li. Men, pòt ki jis la, chemen ki difisil la la ap mennen nou tou dwat nan lavi. Pa gen anpil moun ki jwenn li” (Matye 7:13, 14). Disip Jezi yo dwe pran prekosyon ak fo pwofèt yo ki tankou chen mawon devoran (vv.7:15ff) and yo dwe konnen ke

Se pa tout moun k’ap plede di m: Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m ki nan syèl la. Lè jou sa a va rive, anpil moun va di m: Mèt, Mèt, se sou non ou nou t’ap bay mesay ki sòti nan Bondye a. Se sou non ou nou te fè anpil mirak. Lè sa a, m’a di yo: Mwen pat janm konnen nou. Wete kò nou sou mwen, nou menm k’ap fè sa ki mal. Konsa, Moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki fè sa mwen mande li fè a, ap tankou yon moun lespri ki bati kay li sou wòch. Lapli tonbe, dlo desann, gwo van soufle sou kay la ak tout fòs. Kay la pa tonbe, paske yo te moute fondasyon kay la sou wòch. Men, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki pa fè sa mwen mande li fè a, l’ap tankou yon moun fou ki bati kay li sou sab. Lapli tonbe, dlo desann, gwo van soufle sou kay la ak tout fòs: kay la tonbe, li fini nèt ale 7:21-27.

Apati sa nou sot li la a se byen klè ke Ansèyman Sou Mòn lan prezante you nouvo gwoup modèl ki diferan anpil avèk ansèyman lalwa e doktè lalwa yo. Ansèyman Sou Mòn nan montre Jezi te enterese anpil sou kesyon moral. Ansèyman Jezi te pi fon pase fason jwif yo te obsève lalwa. “Paske m’ap di nou sa: Si nou pa obeyi Lalwa Bondye a pi byen pase farizyen yo ak direktè lalwa yo, si nou pa viv byen pase yo, nou p’ap kapab antre nan Peyi Wa ki nan syèl la” (Matye 5:20). Moun lespri “va tande bagay sa yo.... e mete yo nan pratik” men li va fè yo non sèlman you fason pou moun wè tankou farizyen yo, men wè e swiv siyifikasyon ki pi pwofon an. Li va pran prekosyon sou avètisman konsènan konsekans ki genyen lè yo pa swiv yo. Rezilta ki ekziste lè yo pa swiv ansèyman Jezi serye anpil. Se tankou bati you kay sou sab ki pa va reziste devan tanpèt.

Fè Disip

Diran ministè Li, Jezi te rele moun pou swiv Li e pou vin disip Li. Sila yo ki te asepte apèl sa a ta dwe konsidere pri ke yo dwe peye. “Pandan yo t’ap mache, you nonm di Jezi konsa: M’ap swiv ou tout kote ou prale” (Lik 9:57). Jezi te fè li chonje ke “chat mawon gen twou yo, zwazo nan syèl la gen nich yo tou. Men, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa gen kote pou m poze tèt mwen” (v.58). Swiv Jezi koute you pri, e lèzòm dwe byen konsidere pri a anvan yo kòmanse mache.

Nan menm moman sa a you lòt nonm te asepte apèl pou swiv Jezi, men li te genyen you swadizan bagay rezonab pou fè anvan: “Jezi di yon lòt: Swiv mwen. Men, nonm lan reponn li: Mèt, pèmèt mwen al antere papa m anvan” (Lik 9:59). Lè you moun ki ta vle vin disip tande “Swiv mwen”, anyen pa ta dwe anpeche li swiv – menm si sa ta siyifi pou kite mò yo antere pwòp mò yo. “ Yon lòt di ankò: M’ap swiv ou wi, Mèt. Men, kite m al di moun lakay mwen yo orevwa.” (V.61). Men Jezi te fè li sonje: “Moun ki mete men nan yon travay, epi k’ap vire tèt gade dèyè, moun konsa pa ka sèvi nan peyi kote Bondye Wa a” (v.62). Ankò moun ki vle vin disip la jwenn rapèl ke anyen pa dwe ant limenm e desizyon li pou swiv Senyè a.

Matye te bay ekzanp repons Jezi t’ap chache a. You pèseptè kontribisyon te chita bò tab li ap ranmase taks lè Jezi te mande li swiv Li, “Swiv mwen. Matye annik leve, li swiv Jezi” (Matye 9:9). Farizyen yo te kritike Jezi paske Li te rele you pèseptè kontribisyon pou vin disip Li. “Poukisa Mèt nou an ap manje konsa ak pèseptè kontribisyon ansanm ak moun k’ap fè sa ki mal yo?” (V.11). Pou farizyen yo, Matye te you trèt paske li te travay pou gouvènman women an. Jezi te dwe fè lidè relijye sa yo chonje ke “ si yon moun ansante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè. Ale non, chache konprann sans pawòl sa yo ki nan liv la” Mwen vle pou nou gen kè sansib. Mwen pa bezwen bèt n’ap ofri pou touye pou mwen yo. Paske, mwen pa vin rele moun k’ap mache dwat devan Bondye, men moun k’ap fè sa ki mal yo” (Vv.12, 13). Matye repanti, chanje lavi li e vin tounen you disip ki diy.

Lè Jezi te fèt zanj yo te fè lwanj Li, “ Lwanj pou Bondye anwo nan syèl la, kè poze sou latè pou tout moun Li renmen” ( Lik 2:14). Prezans lapè oubyen kè poze depann sou repons lòm bay Bon Nouvèl la. Apèl pou swiv Kris kapab koze divizyon ant sila yo ki ap swiv Kris e manm nan fanmi yo e zanmi yo ki p’ap swiv Kris. Jezi te di disip li yo pawòl sa yo

“Pa mete nan tèt nou ke se lapè mwen vin mete sou latè. Mwen pa vin mete lapè, men mwen vin mete divizyon. Mwen vin mete divizyon ant pitit gason ak papa o, ant pitit fi ak manman yo, ant bèlfi ak bèlmè yo. Se pwòp fanmi nou ki va pi gwo lènmi nou. Moun ki renmen papa l osinon manman l plis pase m pa kapab moun pa m. Moun ki renmen pitit gason l osinon pitit fi l plis pase m pa kapab moun moun pa m. Moun ki pa pran kwa l pou l swiv mwen, li pa kapab moun pa m nonplis. Moun k’ap chache asire lavi l va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen va jwenn li ankò” (Matye 10:34-39).

Apre ke Jezi te di disip Li yo ke Li dwe soufri e ke yo dwe touye Li nan Jerizalèm, Jezi te di yo, “si yon moun vle mache dèyè m, se pou li bliye tèt li. Se pou l chaje kwa l sou zepòl li, epi swiv mwen. Paske, moun ki ta vle sove lavi l va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi li poutèt mwen, li va jwenn li ankò” (Matye 16:24, 25; konpare Mak 8:34-9:1; Lik 9:23-27; 14:27; 17:33). Bliye tèt li siyifi nye pwòp pèsonalite li, dezi e soumèt konplètman devan Senyè a. Pòl te ekri moun Filip yo ke yo dwe genyen santiman ki te nan Kris la lè Li te vide e imilye tèt Li, e “Li te obeyi Bondye jouk Li rive asepte mouri, wi jouk Li asepte mouri sou kwa a” (Filip 2:5-8). Lakwa senbolize soufrans – e si nesesè menm lanmò – ke disip la asepte lè li swiv Senyè li. Senyè a pa va sèl moun ki va soufri; disip Li yo ta soufri tou. Lakwa senbolize kloure sou kwa, you tèm Pòl te itilize pou montre kretyen an: “Moun ki moun Jezikri, yo fè kò a mouri ansanm ak tout egzijans li yo, ak tout lanvi li yo” (Galat 5:24). Sila yo ki pèdi lavi lachè yo va rekonpanse avèk lavi ki p’ap janm fini an.

Lik te rapòte kote Jezi t’ap pale avèk you foul moun ki te enterese vin disip. Nan kòmantè sou disip, premyèman Jezi te pale sou nesesite pou you disip “rayi” manm fanmi li e menm pwòp lavi li: “Yon moun ki vin jwenn mwen, si li pa rayi papa l, manman l, pitit li, frè l, sè l, menm pwòp tèt pa l, li pa kapab disip mwen” (Lik 14:26; konpare 12:51-53). Pawòl sa yo fò. Pwen an se ke disip la dwe mete sou kote tout enterè ki anpeche li soumèt konplètman e fidèl konplètman pou Kris. Ou kapab konprann lamou sa a lè ou konpare li avèk lamou ke Jezi mande. Li te di disip li yo, “Se pwòp fanmi nou ki va pi gran lènmi nou. Moun ki renmen papa l osinon manman l plis pase m pa kapab moun pa m. moun ki renmen pitit gason l osinon pitit fi l plis pase m pa kapab moun pa m” (Matye 10:36, 37). Disip yo dwe renmen Jezi plis pase tout lòt moun. Sa bay rezilta fidelite pou Kris ki pi fò pase relasyon fanmi e pwòp dezi you moun. Anyen pa dwe jennen wout swiv Kris la. Jezi te di “Moun ki pa pote kwa l epi ki pa swiv mwen, li pa kapab disip mwen nonplis” (Lik 14:27). Apre sa li te di ke you nonm ki genyen entansyon bati you tou (you gwo kay ki wo anpil) va konsidere anvan pri ke sa va koute li pou li kapab fini li, e ke okenn wa pa ale nan lagè san konsidere si li va genyen lagè a. “Konsa tou, nou yonn la a pa kab disip mwen, si l pa detache kè l sou tou sa l genyen” (v.33). Lavi you disip e delivrans se bagay ki serye e sa mande you soumisyon ki konplèt nan kòmansman e nan mete tout lòt bagay nand dezyèm plas diran lavi li. Jezikri dwe nan premye plas nan lavi disip la.

Pou moun pa panse ke lavi you disip se you chay, Jezi te di, “Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m’a soulaje nou. Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou. Mwen toujou soumèt tout bon devan Bondye. Konsa, n’a viv ak kè poze. Paske, jouk m’ap ban nou an fasil pou pote, chay m’ap ban nou an pa lou” (Matye 11:28-30). Kouman lavi you disip kapab fasil? Repons la rete nan esperyans nouvèl nesans la (fèt you dezyèm fwa a). Nati enteryè (nati andedan) disip la chanje pou li kapab vle fè volonte Bondye e konsa jwenn jistis, lapè, e lajwa ( Jan 14:27; 16:33; Women 14:17; 15:13; Galat 5:22). Chanjman enteryè a retire chay la, malgre disip la kapab soufri pou koz Kris ( Matye 10:16-25; Lik 10:3; 21:5-19; Women 8:17; Filipyen 1:29, 30; 3:10; 2 Timote 2:12; 1 Pyè 4:12-14; 5:10).

Sèl Chemen An

Apèl Jezi te fè pou moun vin disip la te you apèl pou swiv sèl chemen redanmsyon an. Jezi te di,

Se mwen menm pen ki bay lavi a. Moun ki vin jwenn mwen p’ap janm grangou. Moun ki kwè nan mwen p’ap janm swaf dlo. Men sa Papa m vle: Tout moun ki wè Pitit la, ki kwè nan li, se pou yo gen lavi ki p’ap janm fini an. Mwen gen pou m fè yo leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a. Se sa ki ekri nan liv pwofèt yo: Bondye menm ap moutre yo tout bagay. Tout moun ki koute Papa a, ki asepte tou sa l moutre yo, y’ap vin jwenn mwen. Sa pa vle di gen pèsonn ki janm wè Papa a. Sèl moun ki wè Papa a, se moun ki sòti bò kote Bondye ye a. Sa m’ap di ou la a, se vre wi: moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo ki gen lavi k p’ap janm fini an. Se mwen menm pen ki bay lavi a. Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, atousa yo mouri. Men, moun ki manje pen ki desann sòt nan syèl la, yo p’ap janm mouri. Se mwen menm pen ki bay lavi a, pen ki desann sot nan syèl la. Si yon moun manje nan pen sa a, l’ap viv pou tout tan. Pen mwen gen pou m bay la, se kò mwen. M’ap bay li pou tout moun ki sou latè ka jwenn lavi. Jan 6:35, 40, 45-51.

Jezi te di, “Se mwen menm ki limyè k’ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p’ap janm mache nan fènwa” (Jan 8:12; konpare 9:5; 12:35, 36). Jezi se sila a ki libere lòm anba peche pou li pa kontinye mache nan fènwa men li va mache nan limyè.

Jezi te di jwif yo ki te kwè nan Li: “Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre. N’a konnen verite a, lè sa a verite a va ban nou libète nou” (Jan 8:31, 32). Li te esplike ke “tout moun ki fè peche, se esklav peche yo ye” (v. 34). Moun ki se you “esklav pa fè pati moun kay la pou tout tan. Men, yon pitit fè pati moun kay la pou tout tan. Si Pitit Bondye a ban nou libète, n’a lib tout bon” (vv.35, 36). Lib siyifi libere anba pisans e anba konsekans etènèl peche. “Moun ki fè tou sa mwen di l fè, li p’ap janm mouri” (51).

Moun k’ap chache lavi etènèl dwe antre nan Pòt la. Jezi te itilize konparezon sa a pou esplike bi egzistans li. “Sa m’ap di nou la a, se vre wi: Moun ki pa pase nan pòt la pou antre nan pak mouton an, men ki eskalade lantouray la pou antre nan pak la yon lòt kote, moun sa a se yon vòlè, yon piyajè. Men, moun ki pase nan pòt la, se gadò mouton yo li ye” (Jan 10:1, 2). Pak la se te you lantouray ki te genyen you pòt pou antre; Jezi te antre pou lòt yo kapab genyen lavi. Konsa li te vin tounen Pòt la pou lòt yo antre. Li te di, “Se mwen menm ki pòt la. Moun ki pase nan mwen pou antre, l’a sove...Mwen menm, mwen vin pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l an kantite. Se mwen menm ki bon gadò mouton yo. Bon gadò a ap bay lavi l pou mouton l yo. Papa a renmen m, paske m’ap bay lavi m pou m ka resevwa l ankò” (v.9-11, 17; konpare 15). Nan wayòm nan Jezi se sèl pòt la paske se li menm ki bay lavi li pou moun ki repanti a kapab sove.

Lè youn nan zanmi pre Li yo te mouri, Jezi te resisite li. Diran evènman sa a Jezi te esplike, “Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri. Moun k’ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p’ap janm mouri. Eske ou kwè sa?” (Jan 11:25, 26). Jezi se sous lavi a e rezirèksyon an. Ni lavi ni rezirèksyon pa egkziste san Li. Viktwa sou lanmò posib sèlman pou sila yo ki kwè nan Li.

Jezi te di byen klè ke rezilta lè moun koute Li se lavi etènèl:

Lè yon moun tande pawòl mwen yo, si l pa kenbe yo, se pa mwen k’ap kondannen li. Paske, mwen vin pou delivre yo. Men, moun ki refize kwè nan mwen, ki pa asepte pawòl mwen yo, li jwenn ak sa k’ap kondannen l lan: Pawòl mwen te di yo, se yo menm k’ap kondannen l lè dènye jou a va rive. Se pa pawòl pa m m’ap pale la a. Men, Papa ki voye m lan, se li menm ki ban m lòd sa pou m di ak sa pou m pale. Mwen menm, mwen konnen tout kòmandman l yo bay lavi ki p’ap janm fini an. se sa k fè sa m’ap di a, m’ap di l jan Papa m te ban m lòd la” (Jan 12:47-50).

Bi Jezi se te pou sove pechè a, men si pechè a rejte Li, pa genyen okenn lòt fason. Sa ke pechè a rejte a – Pawòl Jezi te pote a – va jije pechè a. Jijman an va rive sou baz otorite Bondye. Li bay Jezi pisans pou padone peche, selon jan li te bay temwayaj nan kòmansman ministè li (Mak 2:10-; Lik 7:48).

Moun ki kwè nan Jezi e konprann lamou ke Li genyen pou yo va renmen Li. Jezi te di, “ Si nou renmen m, se pou n obeyi kòmandman m yo” (Jan 14:15). Li te pwomèt ke Li ta voye you konsolatè ba yo, Sentespri a, pou gide e pou anseye yo. Jezi te esplike,

Moun ki asepte kòmandman m yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m’a renmen l, epi m’a fè l wè mwen...Moun ki renmen m, se li menm ki va fè tou sa m di l fè. Papa m va renmen l tou. Papa m va vin jwenn li ansanm avè m, n’a viv nan li. Moun ki pa renmen m, li p’ap fè tou sa m di l fè. Tou sa nou tande m’ap di a, se pa nan mwen yo sòti, men se nan Papa m ki voye m lan yo sòti. Jan 14:21-24.

Jezi espere pou sila yo ki renmen Li kenbe pawòl Li. Sila yo ki kwè nan Li e ki kenbe pawòl Li va pote fwi. “ Mwen se pye rezen tout bon an. Papa m se moun k’ap okipe pye rezen an.... Mwen di nou tou sa pou kè kontan m lan ka nan nou, pou nou ka kontan nèt ale” (Jan 15:1, 11). Fwi obeyisans parèt nan lavi kwayan an nan Kris e pote glwa pou Bondye e jwa pou Kris e pou kwayan an.

Gwo Travay Li

Liv Levanjil yo rakonte anpil nan gwo travay Jezi te fè yo. Kòm egzanp, Matye pale sou dis (10) gerizon espesyal e li rakonte youn ki te montre pisans Jezi sou fòs natirèl yo nan chapit 8 e 9 nan levanjil li a. Jezi te geri moun ki te genyen maladi lalèp (Matye 8:2-4), li te geri sèvitè kaptenn nan ki te paralize (vv.5-13), li te geri bèlmè Pyè ki te genyen lafyèv (vv.14), li te geri anpil moun ki te gen demon (v.16), li te kalme tanpèt la (vv.23-27), li te geri de (2) moun ki te genyen demon (vv.28-34), li te geri you moun ki te paralize (9:1-8), li te geri fanm ki te genyen emoraji a (v.20), li resiste pitit fi chèf la ki te mouri (vv. 18-26), li te geri de moun avèg (vv.27-30), e li te geri you nonm demonyak ki bèbè (vv.32-34).

Sa yo se kèk nan mirak ki ekri nan liv Levanjil yo. Matye te ekri sa diferan kote, pandan Jezi t’ale anseye e preche levanjil, “Li t’ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite” (Matye 9:35). Jan te ekri tou ke Jezi te fè anpil lòt siy ki pa rapòte paske sa ta pran twòp espas pou ekri yo (Jan 20:30; 21:25). Travay sa yo temwaye pou Li, ba li gran repitasyon (Matye 9:8, 26, 31, 33), e kòm rezilta anpil moun te kwè nan li (Jan 21:11, 23; 3:2; 6:2, 14; 7:31; 9:16, 31-33; 12:18).

Malgre Jezi te fè anpil mirak, bagay sa yo pat pwen pi enpòtan nan ministè Li. An reyalite, souvan Li te eseye dekouraje moun ba yo twòp atansyon lè Li te mande moun Li geri yo pou yo pa pale ak lòt moun sou sa (Matye 8:1-4; Mak 3:12; 5:43; 7:36; 8:22-26, 30; 9:9). Souvan li te ajoute you leson espirityèl avèk mirak la pou moun kapab wè pi lwen pase mirak la. Pi gran ministè Jezi te espirityèl. Li te fè mirak pou sipòte ministè sa a, pa pou jennen li. Jwenn you solisyon pou pwoblèm fizik pa dwe jennen avèk chache solisyon rasin pwoblèm lòm, sila yo ki espirityèl.

Douz Dsip Yo

Ministè Jezi pat fèmen nan pwòp travay Li. Li te nonmen douz disip oubyen apòt pou reprezante Li nan ministè Li. Yo te genyen “ pouvwa pou chase move lespri ak pouvwa pou geri tout kalite maladi ak enfimite” (Matye 10:1). Jezi te voye yo preche ke” Gouvènman Wa ki nan syèl prèt pou rive” (Matye 10:7).

Jezi te avèti disip Li yo “Gade, mesye! M’ap voye nou tankou mouton nan mitan chen mawon. Se sa k fè, se pou nou sou prigad nou tankou pentad, se pou nou inonsan tankou pijon. Pran prekosyon nou ak tout moun. Paske y’a trennen nou devan tribinal, y’a bat nou ak kout fwèt nan sinagòg. Y’a fè nou konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou kapab sèvi m temwen devan yo ak devan moun lòt nasyon yo” (Matye 10:16-18); konpare Mak 13:9; Lik 21:12). Lè yo te mennen yo devan otorite, Jezi te pwomèt pou gide yo pamwayen Sentespri. “Lè y’a mennen nou nan tribinal, pa bat kò nou chache sa n’a gen pou n di, ni jan n’a gen pou n pale. Lè lè a va rive, Bondye va mete nan bouch nou sa n’a gen pou n di. Paske, se pa nou menm ki va pale, men se Lespri Papa nou an ki va mete pawòl nan bouch nou” (vv.19, 20; konpare. Mak 13:11; Lik 21:14, 15). Nan ministè yo, disip yo kapab espere pou moun rayi yo e pèsekite yo (konpare Lik 10:3; 21:12-19).

Yo te resevwa pwomès “Sentespri sa a va moutre nou tout bagay, l’a fè nou chonje tou sa m te di nou” (Jan 14:26). “Li menm Lespri k’ap moutre verite a, lè l’a vini, l’a mennen nou nan tout verite a. Paske li p’ap pale pawòl pa li. Men, tou sa l’a tande, se sa l’a di nou: l’a fè nou konnen bagay ki gen pou rive” (Jan 16:13; konpare vv. 14,15; 14:16, 17; 15:26, 27; 17:7, 8, 17, 20; Travay Apòt 1:8). Reyalite pwomès sa a rann disip yo kapab sonje e anseye tout bagay Jezi te aprann yo, fè li posib pou sonje pawòl Li e pou konnen ansèyman Li e plan delivrans.

Pèsekisyon disip yo te resevwa te you pòtre kouman anpil moun t’ap rejte Jezi toujou pi plis. “You elèv pa pi fò pase mèt li. Nitou, yon domestik pa pi grannèg pase patwon li. Si yon elèv rive fò tankou mèt li, sa kont pou li. Si yon domestik rive tankou patwon li, sa kont pou li. Si yo rele mèt kay la Bèlzeboul, se pa lòt moun nan kay la yo p’ap bay pi move non toujou!” (Matye 10:24, 25). Disip yo te kapab espere menm trètman ke Mèt yo te resevwa e espere yo ke yo rele yo menm jan an. Men sa pat dwe dekouraje yo. Yo te dwe anseye sa ke yo te aprann nan men Mèt Yo e “mache bay li nan tout kalfou. Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè (vv. 27-28).

Jan Batis

Apre li te fin akonpli bi li, ministè Janbatis te fini nan you fason tris. Wa Ewòd te fè arete Jan e e mete li nan prizon paske li te denonse lavi Ewòd avèk Ewodyad, madanm frè li. Ewòd te vle touye Jan, men “ li te pè jwif yo, paske yo tout te pran Jan Batis pou yon pwofèt” (Matye 14:5). Nan you fèt anivèsè nesans, pitit fi Ewodyad te danse e fè Ewòd plezi. “Lè sa a, Ewòd sèmante l’ap ba li nenpòt kisa li ta mande li” (v.7). Sou demann manman li, ti fi a te mande pou tèt Jan Batis. “Kè wa a kase. Men, akòz gwo sèman li te fè devan tout envite yo, li bay lòd pou yo bay fi a sa l te mande a” (v.9), Ewòd te akonpli demann ti fi (Matye 14:1-12; konpare Mak 6:14-29; Lik 9:7-9).

Lè Li te tande Jan mouri, Jezi t’ale you kote ki dezè pou Li pran repo. Lanmò Jan te montre Jezi ki kalite opozisyon Li ta kontre ki nan you lane ta lakoz Li bay lavi Li pou sove lòm. Jezi ak disip Li yo te bezwen repo anvan yo te kontinye ministè fatigan yo (Mak 6:31). Disip yo te fèk retounen soti nan you ansèyman ki te fatigan e nan you jounen predikasyon ki te atire gwo foul moun, e konsa yo te bezwen you tan pou manje e pou repoze.

Malgre dezi Jezi pou repoze, moun yo te kontinye swiv Li (Matye 14:13; Mak 6:32, 33). Konpasyon Li pouse Li geri malad yo e nouri moun ki grangou yo (Matye 14:13-21); Mak 6:35-44). Apre ke Jezi te voye disip Li yo lòt kote lanmè Galile a nan bato, li te voye pèp la ale. Apre sa Jezi te monte you mòn pou lapriyè, avèk konesans Li sou lanmò Jan Batis anvan lontan Li montre lamou Li pou tout moun nan you dènye aksyon – lanmò sou kwa a. Lè nwit te rive, li t’al jwenn disip Li yo nan bato a, Li te mache sou lanmè a (Matye 14:22-36), ankò nan you mirak Li te montre ke Li se Bondye.

Plis Opozisyon

Farizyen yo ak direktè lalwa yo t’ap montre plis opozisyon kont Jezi. Yo t’ap chache chak okazyon pou jwenn fot nan Li. You fwa yo te akize disip yo pou di ke yo t’ap vyole tradisyon ansyen yo paske disip yo pat lave men yo anvan yo manje. Jezi te blame farizyen yo paske yo te fè Pawòl la nil avèk pwòp lalwa yo, konsa li te di yo “Poukisa n’ap plede dezobeyi kòmandman Bondye yo pou nou swiv koutim pa nou yo?” (Matye 15:3). Yo te devlope you metòd pou rann nil kòmandman ki mande pou onore papa e manman yo. Jezi te di yo, “Bann ipokrit! Ezayi te gen rezon lè l t’ap pale sou nou, jan sa ekri a: Se nan bouch pèp sa a respekte mwen. Men, kè yo byen lwen mwen. Se tan yo y’ap pèdi, lè y’ap fè sèvis pou mwen. Paske, nan sa y’ap di, se pawòl lèzòm y’ap moutre moun.” (Vv.7-9; konpare Mak 7:1-13).

Jezi te esplike pèp la ke se pa sa you moun manje avèk men san lave ki sal you moun, sa vle ki fè l’ pa nan kondisyon pou sèvi Bondye “men se sa k sòti nan bouch li ki ka mete l nan kondisyon sa a” (Matye 15:11; Mak 7:15). Sa k soti nan kè, Jezi te di, se sa ki sal you moun. “Se nan kè l tout move lide sòti, lide touye moun, lide fè adiltè ak tout lòt bagay ki pa dakò ak volonte Bondye tankou lide vòlò, lide fè manti sou moun, lide bay manti” (Matye 15:19; konpare Mak 7:14-23). Disip yo te remake ke deklarasyon sa a te ofanse Farizyen yo. Jezi te di yo, “Si se pa Papa m nan syèl la ki plante yon plant, yo gen pou yo derasinen li. Pa okipe yo! Se yon bann avèg k’ap mennen avèg parèy yo, tou de gen pou tonbe nan menm twou a” (Matye 15:13, 14).

Farizyen yo pat bliye Jezi, paske anvan lontan yo te mande pou you siy. Li te blame yo ankò lè Li te di yo ke yo konnen ki jan pou etidye tan pou di si tan an ap bèl oubyen si l’ap fè lapli lè yo gade syèl la. Li te di yo, “Nou konn ki sans pou nou bay bagay k’ap pase nan syèl la. Poukisa atò, nou pa konn ki sans pou nou bay bagay k’ap pase sou latè kounyeya? (Matye 16:3). Li te di, “Moun alèkile yo, atout yo mechan, atout yo vire do bay Bondye, men y’ap mande mirak! Men tou, yo p’ap jwenn lòt mirak pase mirak Jonas la” (v.4; konpare Mak 8:10-12).

Se de ekzanp lit ant Jezi e farizyen yo. Pi bonè anvan sa yo te kreye diskisyon sou afè jèn (Matye 9:14-17; Mak 2:18-28; Lik 5:33-38), sou afè keyi grenn ble e sou gerizon jou Saba (Matye 12:1-14; Mak 2:23-3-5; Lik 6:1-11), sou afè you fanm imoral ki te vide lwil sou pye Jezi pandan Li te lakay you farizyen (Lik 7:36-50), sou afè geri you moun enfim bò basen Betesda a (Jan 5:1-18), e kisa pou fè avèk you fanm yo te kenbe nan adiltè (Jan 8:1-11).

Opinyon Jezi Sou Ekriti yo

Depi you diskisyon te leve ant Jezi e lidè Jwif yo sou Ekriti yo, se byen pou nou konprann atitid Jezi konsènan Ekriti yo. Li te trete Ekriti yo kòm Pawòl Bondye, revelasyon Bondye pou pèp Izrayèl. You fwa Jezi te deklare ke “Sa Liv la di, li di l nèt” (Jan 10:35) e ke li pat vini pou L detwi Lalwa oubyen pwofèt yo men pou akonpli yo (Matye 5:17). Li te avèti ke

Se sa ki fè, moun ki va dezobeyi yonn nan pi piti nan kòmandman sa yo, epi ki va montre lòt moun pou yo fè menm jan an tou, moun sa a va pase pou pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la. Konsa tou, moun ki obeyi kòmandman sa yo k’ap moutre lòt moun jan pou yo fè l tou, moun sa a va pase pou pi gran nan Peyi Wa ki nan syèl la Paske m’ap di nou sa: si nou pa obeyi Lalwa Bondye a pi byen pase farizyen ak direkè lalwa yo, si nou pa viv pi byen pase yo, nou p’ap kapab antre nan Peyi Wa ki nan syèl la. Matye 5:19-20.

Lè Jezi te blame dirèktè lalwa yo e farizyen yo, Li te fè sa poutèt pozisyon legalis yo annegad Ekriti yo (oubyen Liv la) souvan te rann Pawòl la vid. Yo te bati you sistèm tradisyon ki pa baze sou Ekriti yo (Liv la). Jezi pat kont moun sa yo paske yo te vle swiv volonte Bondye, men paske yo te mal konprann volonte Li e yo te refize korije. Paske Li te vle tout moun fè volonte Bondye, Jezi te pran pozisyon pou esplike pi klèman kòmandman Saba, jene, fè lacharite, lapriyè e lòt lwa Bondye.

Nan anpil ka Jezi te retabli premye bi lalwa (bi orijinal lalwa). Kòm ekzanp, li te retabli pèmanans angajman maryaj la. Lalwa Moyiz te pèmèt divòs paske kè lòm di. Jezi pat pèmèt okenn rezon pou divòs. Esepsyon ke nou jwenn nan Matye sanble pèmèt kase you angajman poutèt fònikasyon. Levanjil Matye te ekri pou lektè jwif ki te genyen you gran pozisyon sou peryòd fiyansay, sa te mande you divòs fòmèl pou kase li (Matye 1:18-22; 19:1-12).

Diran youn nan diskisyon Jezi avèk jwif yo, Jezi te di ke “Abaram papa nou te kontan, paske li te anvi wè jou m lan rive. Li wè li. Sa te fè kè l kontan nèt” (Jan 8:56). Sen nan Ansyen Testaman yo t’ap tann Li nan lafwa nan Li, men “Tout moun sa yo mouri ak konfyans pou Bondye nan kè yo. Yo pat gentan resevwa benediksyon Bondye te pwomèt yo, men yo wè benediksyon yo byen lwen, yo salwe yo delwen” (Ebre 11:13; gade tou 11:39, 40). Jezi te di disip Li yo, “Men pou nou menm, benediksyon pou nou: paske nou wè ak je nou, nou tande ak zòrèy nou. Sa m’adi nou la a, se vre wi: Anpil pwofèt ak anpil moun ki mache dwat devan Bondye te anvi wè sa n’ap wè la a, men yo pat wè li. Yo te anvi tande sa n’ap tande la a, men yo pat tande li” (Matye 13:16, 17; konpare Lik 10:23, 24). Pita Pyè te ekri, “Pwofèt yo te chache anpil, yo te fouye anpil pou yo te ka konnen ki jan Bondye t’ap delivre nou. Yo te di davans ki kalite favè Bondye ta pral fè nou. Lespri Kris la ki te nan yo te fè yo konnen davans tou sa Kris la ta pral soufri, ansanm ak lwanj ki t’ap tann li apre sa. Men, yo t’ap chache konnen tou kilè ak nan ki sikonstans sa ta pral rive” (1 Pyè 1:10,11). Jezi byen klè te pale ak disip Li yo sou reyalite ke Li se Sila a ke Ekriti yo te pale a (Lik 24:27, 44).

Konfesyon Pyè

Nan kòmansman apòt yo pat konprann totalman misyon Jezi a. Siyifikasyon li te devlope lantman nan ministè Li. Nou kapab wè you ekzanp nan sa nan Pyè. Se Andre frè Li ki te prezante li bay Jezi, lè sa a li te di li ke yo te jwenn “Mesi a ki vle di Kris la” (Jan 1:41). Se te jis twazan pita ke Pyè te konprann pawòl sa yo konplètman.

Kòm Jezi ak disip Li yo te rive Sezare Filip, Li te mande yo, “Ki moun yo di mwen ye, mwen menm Moun Bondye voye nan lachè a?” (Matye 16:13). Apre ke disip yo fin di kèk opinyon popilè konsènan ki moun Jezi ye. Li te mande yo, “Bon nou menm, ki moun nou di mwen ye?” (V.15). Pyè te pale anvan, kòm souvan li te abitye fè, li te fè you konfesyon, “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an” (v.16). Pyè te resevwa felisitasyon Jezi pou repons li a. Siyifikasyon ministè Jezi te senpleman kòmanse vini klè pou disip Li yo. Jezi te di Pyè ke konpreyansyon li pat rezilta entèlijans lòm; men se Papa a ki te revele Pyè sa a. Jezi te di Pyè, “Mwen menm, men sa m’ap di ou: Ou se yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m’ap bati legliz mwen. Ata lanmò p’ap kapab fè l anyen. M’ap ba ou kle Peyi Wa ki nan syèl la. Tou sa ou va defann moun fè sou latè, yo p’ap kapab fè l nan syèl la nonplis. Tou sa ou va pèmèt moun fè sou latè, y’a kapab fè l nan syèl la tou” (vv.18-20; konpare Mak 8:27-30); Lik 9:18-21).

Genyen anpil konfizyon sou “defann” e “pèmèt”. De fwa Jezi te pale sou lide sa a, you fwa nan sans ansèyman e you fwa nan sans disiplin.

“Defann” e “pèmèt” ke Jezi te pale Pyè a te ilize nan you sans ansèyman. Konsa defan e pèmèt vin you metòd ansèyman sou wayòm nan kote siyifikasyon pawòl Bondye a ta louvri pou lòm kapab konprann e sove. Imedyatman disip yo te konpran sa kòm you lide ansèyman paske kle se te senbòl eskrib yo, pwofesèl lalwa yo[2] Konsa kle yo se te kle pou rive nan konpreyansyon. Baz pou sove e pou kondane te deja deside nan tribinal syèl la. Sila yo ki te kwè ke Jezi se te Kris la e ki te swiv Li ta jwenn pòt syèl la louvri pou yo. Sila yo ki te rejte e refize Kris la ta jwenn pòt syèl fèmen byen di pou yo. Konsa kòm you metòd ansèyman, ki rann mesaj Levanjil la klè, li ta genyen you efè defann oubyen pèmèt moun ki tande.

Nan kòmansman, Pyè te genyen kle sa yo (Travay Apòt 2), men Travay Apòt montre ke apot yo an jeneral te resevwa kle sa yo. Yo te reyi ansanm nan you konferans nan Jerizalem pou konsidere kesyon kouman lalwa Moyiz la genyen rapò avèk moun ki pa jwif yo. Pyè pat pran desizyon sa a poukont li kòm si li menm sèl te genyen kle wayòm lan.

Jezi te te pwomèt “moun ki pou vin ankouraje nou an, se Sentespri. Se Papa m k’ap voye l nan non mwen. Sentespri sa a va montre nou tout bagay. L’a fè nou chonje tou sa m te di nou” Jan 14:26. Pwomès sa a genyen anpil siyifikasyon; li mare sa apot yo sonje sou pawòl Jezi ak Jezikri Limenm. Li te pwomèt Sentespri a ta gide apot yo nan ansèyman yo e nan sa ke yo t’ap ekri, Li te rann yo kapab sonje e anseye tout bagay ke Li te anseye yo. Pwomès sa a te fèt ankò anvan li monte nan syèl (Travay Apot 1:8).

Nan dènye lèt ke li te ekri moun Efèz yo, Pòl te pale sou anseèyman Jezi lè li te ekri “nou se kay Bondye ap bati sou fondasyon apot yo ak pwofèt yo te poze a, men se Jezikri menm ki gwo wòch ki kenbe kay la kanpe” (Efèz 2:19, 20). Se apòt yo ki te genyen kle yo, ki te bati legliz la kòm you gwoup. Kle sa yo te rann yo kapab bati legliz Kris la e mete pawòl Bondye nan ekriti apre Kris te leve soti nan lanmò. Sa te rann kretyen yo kapab konnen sou evènman ki rachte e sou volonte Bondye pou lavi yo.

Transfigirasyon an

Avan lontan apre konfesyon Pyè a, transfigirasyon an te apiye ke Jezi se pitit Bondye. Jezi te pran Pyè, Jak, Jan e yo t’ale sou tèt you mòn byen wo, e la “Antan Jezi te la, li pran chanje devan yo. Figi l vin klere tankou solèy la. Rad li vin blan tankou yon limyè. Twa disip yo te wè Moyiz ak Eli parèt, yo t’ap pale ak Jezi” (Matye 17:2, 3). Sa se te you nouvo esperyans pou disip sa yo. Yo te reyaji avèk dezi pou bati twa tant pou twa moun. Nan pwen sa a “ yon nyaj byen klere vin kouvri yo. Yo tande yon vwa sòti nan nyaj la, li di: Sa a se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil. Koute li” (v.5). Disip yo te pè anpil.

Transfigirasyon an te fini briskeman. Lè Li retounen desann soti sou tèt mòn lan, Jezi te di disip li yo, “Pa pale ak pèsonn sou sa nou sot wè a, jouk mwen menm, Moun Bondye nan lachè a, m’a leve sòti vivan nan lanmò” (Matye 17:9). Lè sa a disip yo te poze kesyon sou Eli ki ta dwe retounen anvan Mesi a vini. Jezi te esplike yo ke Eli te vini, men “Yo pat rekonèt li, yo fè l tou sa yo te vle. Se konsa tou, yo gen pou yo maltrete Moun Bondye voye nan lachè a” (V.12). Disip yo te konprann ke Li t’ap pale yo sou Jan Batis (v.13; konpare Mak 9:2-13; Lik 9:28-36). Pyè te fè sonje transfigirasyon an nan dezyèm lèt li a: “Paske, lè m t’ap fè nou konnen jan Jezikri, Senyè nou an, te vini avèk pouvwa li, se pat istwa moun envante nan tèt yo mwen t’ap rakonte nou, Men, se paske mwen menm, mwen te wè Senyè a nan tout pouvwa li ak je pa mwen. Mwen te la lè Bondye Papa te ba li respè ak lwanj, lè nan mitan tout pouvwa a, vwa Bondye te pale, li te di konsa: Ou se pitit Bondye mwen renmen anpil la, ou fè kè m kontan anpil. Nou te tande vwa ki te sòti nan syèl la, lè nou te la ansanm avè l sou mòn kote Bondye te pale ak nou an” (2 Pyè 1:16-18). Transfigirasyon an se youn nan twa evènman ki genyen temwayaj kote Bondye fè tande vwa li (konpare 3:17; Jan 12:28).

Jezi anonse lanmò ak rezirèksyon li

Apre ke Jezi te anonse Pyè ke Li ta bati legliz Li e anvan transfigirasyon an, “Jezi konmanse pale aklè ak disip li yo, li di: Fòk mwen moute lavil Jerizalèm. Fòk mwen soufri anpil nan men chèf fanmi yo, nan men chèf prèt yo, nan men dirèktè lalwa yo. Y’ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou mwen gen pou m leve sòti vivan nan lanmò” (Matye 16:21). Pyè pat kwè ke sa te dwe rive e li te blame Jezi pou you deklarasyon konsa. Jezi te di Pyè , “ Wete kò ou sou mwen, Satan. W’ap chache fè m tonbe. Lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm ta vle” (v.23; gade tou 17:22, 23; konpare Mak 9:31, 32; Lik 9:44, 45).

Jezi te fè pwojè pou ale Jerizalèm pou fèt Delivrans la, men kèk farizyen te avèti ke Ewòd te fè plan pou touye Li. Li te di yo,

Men, fòk mwen kontinye mache jòdi a, denmen ak apre denmen tou, paske sa pa bon pou yo touye yon pwofèt lòt kote pase nan lavil Jerizalèm. Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm k’ap touye pwofèt yo, k’ap touye moun Bondye voye ba ou yo ak kout wòch, depi lontan mwen te vle sanble moun ou yo tankou yon manman poul sanble ti pitit li yo anba zèl li, men ou pat vle! Enben, kay ou yo va rete san moun. M’ap di ou sa: nou p’ap wè m ankò, jouk lè a va rive pou nou di: Benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la. Lik 13:33-35; konpare Matye 23:37-39.

Sou wout pou ale lavil la, Jezi te esplike plan Li plis: Tande. Men m’ap monte Jerizalèm kote yo pral lage m, mwen menm Moun Bondye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m amò, y’ap lage m bay moun lòt nasyon yo. Etranje sa yo pral pase m nan rizib, yo pral bat mwen ak kout fwèt, apre sa yo pral kloure m sou yon kwa. Men, sou twa jou, m’a leve sòti vivan nan lanmò” (Matye 20:18, 19; konpare Mak 10:32-34; Lik 18:31-33). Pi lwen li te esplike sa lè Li te reponn kesyon Madan Zebede sou pèmèt de pitit gason li yo chita adwat Li e agoch Li nan wayòm Li:

Nou konnen ki jan chèf nasyon yo trete pèp la tankou esklav. Grannèg yo renmen fè moun santi jan yo gen pouvwa. Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin grannèg, se pou l sèvi nou tout. Si yonn nan nou ta vle chèf, se pou l esklav nou tout. Se konsa, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou m rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m pou peye delivrans anpil moun. Matye 20:25-28; konpare Mak 10:42-45.

Bi vini Jezi sou latè se te pou sove lemonn (Jan 12:47; konpare 3:17). Li te Bon Gadò ki te vin “pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l an kantite... Bon gadò a ap bay lavi l pou mouton l yo....m’ap bay lavi m pou m ka resevwa l ankò. Pèsonnn pa ka wete lavi m, se mwen menm ki bay li paske mwen vle. Mwen gen pouvwa pou m bay li, mwen gen pouvwa pou m resevwa l ankò. Se sa menm Papa a te ban m lòd fè” (Jan 10:10-18). Jezi ta dwe bay lavi li volontèman pou rachte lòm anba konsekans etènèl e anba pisans peche.

Dènye Fèt Pak la (Dènye Fèt Delivrans la).

Lè Jezi te pwoche Jerizalèm, Li te voye de nan disip Li yo pou jwenn you manman bourik ak you jenn ti bourik. Sa te akonpli pwofesi konsènan antre Li: “Ale di moun lavil Siyon yo: Gade, men wa nou an ap vin jwenn nou. Li san ògèy, li moute yon bourik yon ti bourik dèyè manman” (Matye 21:5; konpare Zakari 9:9). Yo

Mennen manman bourik la ak jenn ti bourik la, yo mete rad yo sou bèt yo, epi Jezi moute chita. Yon foul moun te tann rad yo atè sou tout chemen an. Gen lòt menm ki te koupe branch bwa, yo mete yo atè nan chemen an. Ni foul moun ki t’ap mache devan Jezi a, ni moun ki t’ap mache dèyè l yo, yo tout t’ap rele: Lwanj pou Pitit David la! Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la! Lè Jezi antre lavil Jerizalèm, tout lavil la te tèt anba. Moun yo t’ap mande: ki moun nonm sa a ye menm? Foul moun yo menm t’ap reponn yo: Se pwofèt Jezi, moun Nazarèt nan peyi Galile a. Matye 21:7-11; konpare Mak 11:1-10; Lik 19:28-40; Jan 12:12-19.

Wa a, nan feblès e nan povrete, te antre Jerizalèm. Se te you antre tryonfal, avèk you wa monte sou you bèt ki te pou pote chay ke okenn wa “politik” ta janm monte, abiye nan you rad ki te fèt lakay, san kouti, sou wout ki te kouvri avèk branch bwa – you moun Nazarèt ke Pilat e Women yo te inyore. Sèlman pèp òdinè a te twouble, e asireman kèk lidè jwif te fache paske yo pat nan mitan atansyon an. Ala you antre tryonfal pou WA TOUT WA YO!

Menm pandan antre tryonfal la t’ap pwogrese, kèk moun te kont sa ki t’ap fèt la. “te gen kèk farizyen nan mitan foul la. Yo di Jezi: Mèt, manyè fè disip ou yo pe bouch yo non. Jezi reponn: M’ap di nou sa: si yo pe bouch yo, wòch yo va pran rele” Lik 19:39, 40; konpare Matye 21:15, 16). Kèk farizyen te kont antre tryonfal Jezi - yo pat vle moun konnen Mesi a. Jezi pat blame disip Li yo, paske te genyen you bagay ki te genyen gran enpòtans ki t’ap fèt, e si yo pat rele wòch yo ta rele.

Pandan ke Jezi t’ap pwoche bò lavil la, Li te kapab wè bèlte tanp la, kouvri avèk avèk plak lò briyan, kanpe nan you gwo kare, ansanm avèk anpil mab blan. Lavil la, you senbòl estabilite e povrete, te anviwonnen avèk gwo mi. Jezi te wè plis,e Li te kriye sou lavil la,

Lè Jezi rive toupre lavil la, li wè l, li pran kriye sou li, li di: Si sèlman, jòdi a ou te kapab konprann, ou menm tou, bagay ki pou fè kè ou poze? Men, kounyeya, yo kache. Ou pa kapab wè yo! Gen yon tan k’ap vin sou ou: lè sa a, lènmi ou yo va sènen ou toupatou, y’a fèmen ou nèt, y’a kwense ou sou tout bò. Y’a detwi ou nèt ansanm ak tout moun ki nan mitan ou yo. Yo p’ap kite yon wòch kanpe sou yon lòt, paske ou pat rekonèt jou Bondye te vin pote ou sekou a. Lik 19:41-44; konpare Matye 24:2; Mak 13:2

Menm lè Li t’ap tande Ozana yo, Jezi te reyalize ki rezilta ki ta genyen pou lavni lavil la paske jwif yo te rejte li.

Jerizalèm nòmalman te genyen anpil vizitè diran Fèt Pak la (Fèt Delivrans la), men sezon sa a te genyen you evènman espesyal. Paske ministè Jezi te kapte atansyon anpil moun, tout lavil la te soulve avèk antre li. Men foul la ki te gaye branch palmis epi rele Ozana, yo menm tou pat reyalize ke yo t’ap akonpli pwofesi Zakari e konsa idantifye Jezi kòm Mesi a.

Jis anvan li t’ale Jerizalèm, Jezi te leve Laza nan lanmò. “Se konsa, foul moun yo te vin konnen li te fè mirak sa a. Se poutèt sa yo te vin kontre li” (Jan 12:18). Lidè jwif yo pat kontan popilarite Jezi e moun ki te konvèti paske Laza te leve soti nan lanmò, konsa Konsèy Sanedren an (Gran Konsèy la) te poze kesyon,

Farizyen yo menm ansanm ak chèf prèt yo reyini Gran Konsèy la. Yo mande: Kisa n’ap fè? Nonm sa a fè anpil mirak. Si nou pa fè l sispann, tout moun pral kwè nan li. Talè konsa, otorite women yo va antre nan koze a, y’a detwi ni tanp nou an ni peyi nou an. Te gen yonn ladan yo ki te rele Kayif. Se li menm ki te granrèt pou lanne a. Li di yo: Gen lè nou pa konprann anyen! Nou pa wè li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou pèp la. Konsa tout peyi a va sove. (Kayif pa te di sa konsa non. Men, li te granprèt pou lanne a, konsa li t’ap fè konnen davans ki jan Jezi te dwe mouri pou tout jwif ki nan peyi a. Epi, pa sèlman pou jwif yo non, men tou pou l te ka sanble tout pitit Bondye ki gaye yo nan yon sèl kò) Jan 11: 47-52.

Apati jou sa a pwoblèm Jezi a te deside pou lidè jwif yo; yo ta chache you fason pou touye li (Jan 11:53). Yo te sanble pi enterese sou konsève enstitisyon yo paske konprann kisa siy Jezi yo vle di. Konsa kòm antre Jezi nan Jerizalèm te atire eksitasyon konsa, lidè yo te vin pè pou tout moun pat kwè nan li. Yo te santi yo san sekou e youn t’ap di lòt, “Nou wè. Nou pa ka fè anyen pou anpeche sa. Gade jan tout moun ap swiv li!” (Jan 12:19).

Evènman Nan Jerizalèm

Nan demen Jezi t’ale nan tanp la, e pou dezyèm fwa a Li te mete deyò tout moun ki t’ap vann e achte nan tanp la. “Li te chavire tab moun ki t’ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t’ap vann pijon yo. Apre sa, li di yo. – Men sa ki ekri: Y’a rele kay mwen an kay kote pou moun vin lapriyè nan pye m. Men nou menm, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè” (Matye 21:12, 13; konpare Mak 11:15-17; Lik 19:45, 46). Twazan anvan sa, nan kòmansman ministè Li, Li te netwaye tanp la. Chanje lajan ak vann bèf pou fè sakrifis te tèlman pwofitab ke mechan yo te retounen ankò. Dezyèm netwayaj la pi idantifye Jezi kòm Mesi a, paske Li te montre ke Li te resevwa otorite nan men Bondye pou pran chaj tanp la. Dezyèm netwayaj sa a tou, te atire you gwo repons nan men chèf prèt yo ak direktè lalwa yo lè yo te tande sa ki te pase. “Yo t’ap chache you jan pou yo fè touye l. Paske yo te vin pè l, lèfini, pawòl li t’ap moutre moun yo te aji anpil sou foul moun yo” (Mak 11:18).

Nan demen chèf prèt yo ak chèf fanmi ki t’ap dirije pèp la te lanse you defi bay otorite Jezi nan lespwa pou bloke pwogrè Li. Jezi te esplike misyon Li byen klè avan Li te vini Jerizalèm. Kounyeya, avèk antre tryonfal Li e avèk netwayaj tanp la, se te byen klè pou tou sa ki t’ap rive; men lidè yo e anpil moun nan pèp la te genyen tètdi e yo te refize kwè. Lè Jezi te retounen nan tanp la pwochen jou a, pandan ke Li t’ap anseye “Chèf prèt yo ak chèf fanmi ki t’ap dirije pèp jwif la vin di li: Ki dwa ou genyen pou w’ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite sa a?” (Matye 21:23). Se te you bon kesyon; poutan yo pat poze kesyon sa a pou jwenn you repons. Lidè jwif yo te konnen kisa Li t’ap anseye e Ki moun Li te deklare ke Li ye, men yo pat enterese nan you repons. Yo te vle ba li you defi. Jezi te reponn, “M’ap poze nou you kesyon mwen menm tou. Si nou reponn mwen, m’a di nou ki dwa mwen genyen pou m fè bagay sa yo. Ki moun ki te voye Jan batize moun? Bondye osinon moun?” (Vv.24,25). Yo pat reponn paske yo te reyalize ke si yo te di batèm Jan Batis la te soti nan Bondye, Li ta mande yo, “Poukisa nou pat kwè l” (V.25). Si yo te di: “Se moun ki te voye l”, yo te konnen pèp la ta reyaji, paske tout moun te konsidre Jan kòm yon pwofèt. Konsa yo pat reponn, e Jezi nonplis pat reponn yo (Konapre Mak 11:27-33; Lik 20:1-8).

Pou reponn defi jwif yo, Jezi te rakonte twa parabòl pou avèti pèp la sou tètdi e avegleman lidè jwif yo. Premye a, you parabòl sou de pitit gason, te montre ke lidè jwif yo pat prepare pou resevwa Li. You “pèp pi ba”, se pa pèp chwazi a, te pare. Dezyèm nan, you parabòl sou jaden rezen, te montre ke plizyè fwa jwif yo te touye pwofèt Bondye yo e yo te pare pou touye Pitit Gason Li a. Eske yote li nan Liv la, “ Wòch moun ki t’ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Sa se travay Mèt la. Se bèl bagay pou nou wè sa”. (Matye 21:42). Fwa sa rejete yo ta rejete l la ta siyifi “Y’a wete Peyi kote Bondye a nan men nou, y’a pran l bay moun yon lòt nasyon ki va bay rannman pou Peyi Wa a” (v.43). Twazyèm parabòl la, sou fèt maryaj la, montre kouman you envitasyon te refize, e kouman yo te bay lòt moun envitasyon sa a. Se menm jan an tou, Jezi te envite jwif yo swiv Li, men paske yo te refize, kounyeya Li te envite lòt moun (Matye 21:28-22:14; konpare Mak 12:1-11; Lik 20:9-18).

Men pwen enpòtan parabòl sa yo, “Yo envite anpil moun, men se de twa ase y’a chwazi” (Matye 22:14). Lè yo tande sa, lidè jwif yo asireman sonje kòmante Jezi te fè anvan an: “Y’a wete Peyi kote Bondye a nan men nou (jwif), y’a pran l bay moun yon lòt nasyon ki va bay rannman pou Peyi Wa a” (Matyen 21:43). Chèf prèt yo ak farizyen yo te konprann ke Jezi t’ap pale konsènan yo. Depi lè sa a yo te eseye arete Li men yo te pè foul la ki te wè Li kòm you pwofèt. Lidè yo ta bezwen vire pèp la kont Li anvan pou yo ta kapab arete Li (Matye 21:45, 46; Mak 12:12; Lik 20:19, 20).

“Lè sa a, farizyen yo ale, yo mete tèt yo ansanm pou wè ki jan yo ta ka pran pawòl nan bouch Jezi pou akize li” (Matye 22:15). Yo te deside sou twa kesyon. Premye a te konsènan taks. “Eske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non?”(v.17). Jezi te konnen move entansyon yo, Li te di yo kareman, “Poukisa n’ap chache pran m nan pèlen konsa, bann ipokrit?”(v.18). Jezi te pran you pyès lajan ki te genyen foto Seza sou li, Li te bay you repons ki senp. “Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye” (V.21; Konpare Mak 12:13-17; Lik 20:21-26).

Dezyèm kesyon Sadiseyen yo te sou rezirèksyon e maryaj nan syèl la. Efè kesyon sa a (e repons Jezi a) sou pèp la se te kontrè avèk sa ke Sadiseyen te vle. “Tout moun ki t’ap koute l yo te sezi tande sa l t’ap di yo” (Matye 22:33; Mak 12:18-27; Lik 20:27-40).

Twazyèm kesyon an te soti nan men Farizyen yo: “Mèt, ki kòmandman ki pi konsekan nan tout lalwa a?”(Matye 22:36). Kesyon sa a te vin you kesyon prefere pou gwoup sa a ki te diskite lalwa souvan. Li te reponn rapidman, “Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou. Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan. Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. De kòmandman sa yo, se yo ki fondasyon tou sa ki nan lalwa Moyiz la ak tou sa pwofèt yo te moutre”(Vv.37-40; konpare Mak 12:28-34).

Apre li te fin reponn twa kesyon sa yo, pandan ke Farizyen yo te toujou rasanble ansanm, Jezi te mande yo, “Dapre nou kisa Kris la ye? Pitit kilès li ye?”(Matye 22:42). Rapidman yo te reponn ke li se pitit gason David. Apre sa Jezi te di yo, “Bon, kouman David fè rele l Senyè? Paske se Lespri Bondye a menm ki fè l di: Bondye te di Senyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen mete lènmi ou anba pye ou. Si David rele Kris la Senyè, ki jan pou Kris la ka pitit pitit David?” Okenn moun pat kapab reponn li you mo. Depi jou sa a pèsonn pat gen odas poze l kesyon ankò (vv.43-45; konpare Mak 12:35-37; Lik 20:41-44).

Apre sa Jezi te pale ak foul yo sou fo lidè e sou ipokrizi direktè lwa e farizyen yo. Yo se moun ki “di e ki pa fè” (Matye 23:3), ki mare gwo chay lou yo mete sou zepòl lòt moun. Men, yo menm yo p’ap leve yon ti pwent dwèt pou ede moun yo pote chay la (v.4). Yo “fèmen pòt ki mennen nan Peyi Wa ki nan syèl la pou pèsonnn pa antre” (v13). Paske yo pa ni antre ni pèmèt lòt moun antre. Jezi te pale malè sou yo, li te montre ki jan yo menm k’ap kondi pèp la, yo se you bann avèg, ki pase lèt la nan paswa pou wete you ti mouch, men yo vale you chwal... yo vòlò e yo fè eksè.... yo sanble tonm blanchi..... (Vv.24, 25, 27). Yo te tankou papa yo ki te vèse san pwofèt yo. “Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm ki touye pwofèt yo, ou menm k’ap touye moun Bondye voye ba ou yo ak kout wòch, depi lontan mwen te vle sanble moun ou yo tankou manman poul k’ap sanble pitit li anba zèl li, men ou pat vle! Enben, tout kay ou yo pral rete san yon moun ladan yo. Paske, m’ap di ou sa: Depi jòdi a, nou p’ap wè m ankò jou lè a va rive pou nou di: Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la” (vv. 37-39); Mak 12:38-40; Lik 20:45-47).

Pawòl Jezi yo te fò e sensè. Pat genyen lòt nesesite pou evite ofanse lidè jwif relijye yo. Yo te montre vrè koulè yo avèk esè pèmanan pou pran Jezi nan pyèj nan pawòl Li yo.

Jwif yo te rejte Jezi “Atout li te fè tout mirak sa yo devan yo, yo pat kwè nan li” (Jan 12:37). Rejete yo rejte Jezi a sa te akonpli pwofesi (Ezayi 53:3). Rejè jwif yo pat total, paske te genyen moun ki te kwè; “Malgre sa, menm pami chèf jwif yo, anpil moun te kwè nan Jezi. Men, akòz farizyen yo, yo pat kite moun wè sa pou yo pat mete yo deyò nan sinagòg la. Yo te pito lwanj ki sòti nan men lèzòm pase lwanj ki sòti nan men Bondye” (Jan 12:42, 43).

Jezi te vini nan lemonn kòm you limyè. Moun ki tande epi obeyi pawòl li yo, Li pa va jije yo. “Mwen vin pou delivre moun, mwen pa vin pou kondane yo” (Jan 12:47). Men sila yo ki te rejte li deja kondane. “ Pawòl mwen te di yo, se yo menm k’ap kondane l lè dènye jou a va rive”(v.48). Misyon Jezi ke Bondye te voye pou pote lavi etènèl bay sila yo ki resevwa Li kòm Senyè e Sovè, te pre kounyeya pou akonpli.

Apre Jezi te fin anseye disip li yo sou destriksyon Jerizalèm e sou finisman lemonn (Matye 24 e 25), li te vire kote disip li yo e li te di yo. “Nou konnen nan de jou jwif yo pral fete fèt Delivrans lan. Yo pral lage Moun Bondye voye nan lachè a nan men moun ki pou kloure l sou kwa a”. Opozisyon kont Jezi a te rive nan pwen kote “Chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi yo ki t’ap dirije pèp la reyini nan palè granprèt yo te rele Kayif la. Mesye yo te mete tèt yo ansanm pou fè plan pou yo te ka arete Jezi pou yo fè touye li” (Matye 26:1-5; Konpare Mak 14:1, 2; Lik 22:1,2). Yo te dakò avèk youn nan disip yo pou livre Jezi pou trant pyès lajan (Matye 26:15).

Soupe Senyè a

Jezi te di disip li yo prepare fèt Delivrans la, paske tan Li te preske rive. Diran soupe sa a, Li te etabli de (2) òdonans pou disip li yo obsève: Kominyon e lave pye. “Antan yo t’ap manje, Jezi pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l, li bay disip li yo, li di: – Pran, manje. Sa a se kò mwen. Apre sa, li pran yon gode diven, li di Bondye mèsi. Li pase l ba yo, li di: – Se pou nou tout nou bwè ladan li. Paske, sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye fè a, san ki koule pou anpil moun jwenn padon pou peche yo”(Matye 26:26-28; konpare Mak 14:22-25; Lik 22:17-20; I Korentyen 11:23-26). Yo pran pen an pou fè sonje kò Kris ki te brize. Gode a fè sonje san Kris ki te koule. Kominyon an senbolize nouvo kontra ke san Kris la sele.

“Apre sa, li vide dlo nan yon kivèt. Epi li konmanse lave pye disip li yo. Li t’ap siye yo ak sèvyèt li te mare nan ren l lan” (Jan 13:5). Apre li te fin lave pye yo, li te esplike yo kisa li te fè. Li te di yo, “ Nou rele m Mèt, nou rele m Senyè. Nou gen rezon, se sa m ye vre. Si mwen menm ki Senyè, mwen menm ki Mèt, mwen lave pye nou, konsa tou, nou menm, se pou nou yonn lave pye lòt. Mwen ban nou yon egzanp pou nou ka fè menm bagay mwen te fè pou nou an.... Kounyeya nou konnen bagay sa yo. Benediksyon pou nou si nou fè menm jan an tou” (Jan 13:13-15, 17). Jezi te itilize okazyon Soupe Senyè a pou entwodwi you nouvo doktrin ki fè disip yo sonje sèvis fratènèl. Sa a se you egzanp tout kretyen dwe pratike, e yo va resevwa you benediksyon nan obeyisans.

Apre Soupe Senyè a, Jezi ak disip li yo t’ale sou Mòn Olive. La Jezi te avèti disip li yo: “ Paske men sa ki ekri nan Liv la: M’ap frape gadò mouton yo, epi tout bann mouton yo pral gaye nan bwa” (Matye 26:31). Yo tout pral kouri kite Li, yo va kloure Li sou kwa a sèl (Konpare Mak 14:26-31; Lik 22:31-38).

Jezi t’ale you kote ki rele Jetsemane. Li te di twa disip ki te avèk Li ke nanm Li te tris anpil, menm jis nan lanmò e ke yo dwe rete pre pandan ke Li t’ale lapriyè.

39 L’al yon ti kras pi lwen, li lage kò l fas atè, li lapriyè konsa: - O Papa mwen. Si se posib, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se sa ou vle a ki pou fèt, pa sa mwen vle a. 40 Jezi tounen bò kote twa disip yo, li jwenn yo ap dòmi. Li di Pyè konsa: Kouman? Nou pat kapab rete je klè yon ti kadè avèk mwen! 41 Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb. 42 Li kite yo, l’ale yon dezyèm fwa. Li lapriyè konsa: – O Papa m, si se pou m bwè gode soufrans sa a anvan pou ou wete l devan je m, ou mèt fè l jan ou vle a. 43 Li tounen, li jwenn disip yo ap dòmi ankò, paske dòmi t’ap kale yo. 44 Li kite yo, l’ale, li lapriyè yon twazyèm fwa. Li t’ap repete menm pawòl yo. 45 Apre sa, li tounen bò kote disip li yo, li di: - N’ap dòmi toujou? N’ap poze kò nou? Epi gade, men lè a rive, yo pral lage m, mwen menm Moun Bondye voye nan lachè a, nan men mechan yo. 46 Leve non, ann ale. Men moun k’ap trayi m lan ap vini. Matye 26:39-46; konpare Mak 14:32-42; Lik 22:39-46.

Nan moman sa a, Jida yonn nan douz yo, te mennen solda e you foul moun pou arete Jezi. Pou idantifye Jezi, Jida te salye Jezi avèk you bo. Solda yo ke chèf prèt yo e lidè yo te voye a te pran Jezi. Li te kapab rele plizyè lejyon zanj pou pwoteje Li; poutan, Li te konnen ke moman pou Li soufri te rive. Olye evite lènmi Li yo tankou Li te fè deja, Li te soumèt Li, konsa Li te akonpli sa ki ekri nan Liv la (Gade Matye 26:47-56; Mak 14:43-50; Lik 22:47-53; Jan 18:3-11).

Jijman an

Evènman yo ki te vini apre te mennen Jezi devan gran prèt la (Kayif), direktè lalwa yo ak lidè yo pou jijman. Lidè sa yo “t’ap chache yon manti pou yo te fè sou Jezi, pou yo te ka kondane l amò. Men, yo pat kapab jwenn anyen malgre anpil moun te vin fè anpil manti sou li” (Matye 26:59, 60). Nan lalwa jwif yo you minimòm de temwen te nesesè pou sipòte you akizasyon. Sanble ke temwen sa yo te bay temwayaj izole e pat genyen de ki te tonbe dakò (Detewonòm 19:15). Yo te rele toujou plis temwen jistan finalman de te vini avèk menm chay: yo di ke Jezi te di: “ Mwen kapab kraze tanp Bondye a, epi nan twa jou m’a rabati l ban nou” (Matye 26:61). Depi nenpòt menas kont tanp la ta bay rezilta kondanasyon lanmò, rapidman yo te kontinye avèk chay sa a.

Gran prèt la te mande pou Jezi bay repons sou akizasyon sa a, men Li te rete an silans paske yo pat kapab bay okenn prèv. Apre sa gran prèt la te poze you lòt kesyon: “Nan non Bondye vivan an, m’ap mande ou pou di nou verite a: Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye a?” (Matye 26:63). Paske kesyon sa a te mache avèk sèman kontra a, Jezi te dwe reponn. Rete an silans ta fè li you kriminèl. Reponn avèk you manti ta enposib pou Li. Se te moman pou Jezi pale verite a; konsa Li te deklare ke Li se Kris la. “ Jezi reponn li: se ou ki di li. Men, m’ap di nou sa, depi jòdi a n’a wè, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè, chita bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n’a wè m ap vini sou nyaj yo nan syèl la” (v.64).

Moman an te rive pou misyon Jezi te akonpli; kloure Li sou kwa a ta rezilta pwòp temwayaj Li. Rapidman gran prèt la te kriye, “L’ap pale mal sou Bondye. Sa nou bezwen lòt moun fè: Nou fenk tande ak zòrèy nou jan l pale mal sou Bondye” (Matye 26:65). Olye rekonèt deklarasyon Jezi a, jwif yo te itilize li pou kondane Li pou mouri. Pat genyen nesesite pou temwen paske tout moun te tande Li. “Kisa nou di nan sa?. Yo reponn: – Li antò se pou yo touye li”(v.66). Lidè relijye yo rapidman te trete Jezi kòm you kondane kriminèl, yo te krache sou Li e yo te bat Li (vv. 67, 68; konpare. Mak 14:53-65; Lik 22:66-71; Jan 18:12-24).

“Nan granmten, tout chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi k’ap dirije pèp la, yo mete tèt yo ansanm sou do Jezi. Yo pran desizyon pou fè touye li. Apre yo fin mare l, yo mennen l ale, yo renmèt li bay Pons Pilat, gouvènè peyi a” (Matye 27:1, 2; Mak 15:1; Lik 23:1; Jan 18:31). Evènman sa yo te akonpli pwofesi ke Jezi te fè anvan sa (Matye 20:18).

Apre li te fin pale avèk jwif yo konsènan akizazyon yo genyen kont Jezi, e apre li te fin pale avèk Jezi pèsonèlman, Pilat te di, “Mwen pa wè okenn rezon pou m kondane nonm sa a..... Men, yo (chèf prèt yo ak foul moun yo) kenbe la avèl l, yo di: – L’ap monte tèt pèp la ak pawòl l’ap di yo. Li konmanse travay sa a depi nan peyi Galile, li pase nan tout peyi Jide a, li rive jouk isit la”(Lik 23:4,5).

Lè li te tande ke Jezi te you moun Galile e konsa Li te anba jiridiksyon Ewòd, Pilate te voye Li kote Ewòd. Ewòd te kontan wè yo voye Jezi ba Li, li te poze Jezi kesyon, men “Jezi pa reponn li anyen” (Lik 23:9). Ewòd ak solda li yo te “pase Jezi nan rizib. Yo mete l nan yon wonn tenten. Yo mete yon bèl rad sou li. Epi yo voye l tounen bay Pilat”(V.11).

Pilat te di chèf prèt yo, chèf yo e pèp la: “Mwen menm, mwen poze l kesyon devan nou, mwen pa janm jwenn li koupab. Li pa fè okenn nan move zak n’ap plede di l fè yo. Ewòd pa jwenn li koupab nonplis. Men li voye l tounen ban mwen. Nonm sa a pa fè anyen ki merite lanmò. Mwen pral fè yo bat li byen bat, apre sa m’a lage li” (Lik 23:14-16).

Pilat te vle lage Jezi paske li te reyalize ke “se jalouzi ki te fè yo mennen Jezi ba li” (Matye 27:18). Pilat te chache libere Jezi selon koutim pou libere you prizonye popilè nan sezon Fèt Delivrans la. Li te ofri pou libere bay jwif yo you asasen e you vòlè ki te rele Barabas oubyen pou libere Jezi. Pilat pat ofri pou libere Jezi dirèkteman paske si li te fè sa, jwif yo ta rele ke li pa zanmi Seza (Jan 19:12).

Nan esè pou fè pèp la mande lanmò Barabas, Pilat te fè wè ke ni limenm ni Ewòd pat jwenn okenn krim kont Jezi, men li ta bay Jezi pou resevwa bastonab e pinisyon. Si yo ta chwazi Jezi, jwif yo ta anpeche liberasyon gwo kriminèl ki rele Barabas la. Nan menm tan an vanjans yo kont Jezi ta satisfè. Lidè jwif yo te konvenk pèp la pou bliye tout bon santiman yo te genyen pou Jezi e pou mande liberasyon asasen Barabas. Sanble okenn nan disip Jezi yo pat la, oubyen si yo te la, yo pat reyisi chanje opinyon foul la. Pilat te libere Barabas e Jezi te fè fas ak lanmò.

Apre sa Pilat te mande, “ – Bon. Kisa pou m fè ak Jezi yo rele Kris la?” (Matye 27:22). Rapidman pèp la te mete devan opinyon lidè yo e yo te kriye, “Kloure l sou yon kwa!” (V.22). Pilat te reponn, “Ki movezak li fè konsa?” (V.23). Pa genyen rezonnman ankò, pèp la te sèlman kapab kontinye kriye, “Kloure l sou you kwa! Lè Pilat wè li pat kapab fè anyen ankò, paske pèp la te sòti pou l fè plis dezòd toujou” (V.23,24), li te itilize you senbòl jwif yo lè yo te lave men yo pou montre ke yo pa koupab nan desizyon an. Apre sa li di foul la, “Men men m, mwen pa reskonsab lanmò nonm sa a. Sa, se sou kont nou li ye. Tout pèp la reponn: – Se pou reskonsabilite lanmò l tonbe sou nou ak sou tout pitit nou yo” (vv. 24, 25). Apre sa yo te livre Jezi pou yo kloure l (Konpare Mak 15:7-15; Lik 23:13-25; Jan 18:38-19:16).

Krisifiksyon an

Rapidman yo te prepare Jezi pou kloure l sou you kwa. Solda yo te montre mepri yo e rizib yo lè yo te mete you wòb wouj e you kouwòn pikan sou Li e yo te kriye, “Bonjou wa jwif yo!” (Matye 27:29). Aksyon sa yo te pase ni Jezi ni jwif yo nan rizib paske li te rabese espwa nasyonal yo konsènan Mesi a. Solda yo te bat Jezi, krache sou Li, e finalman dezabiye Li e reabiye li avèk pwòp rad Li. Yo te mennen Li you kote ki rele Golgota, ki siyifi “plas zo bwa tèt la”, yo te kloure li sou kwa a (v.33). Yo te mete anwo tèt Li akizasyon yo te genyen kont Li, yo te ekri nan lang Ebre, Grèk, Laten: “Jezi, moun Nazarèt la, wa jwif yo” (Jan 19:19). Anpil nan jwif yo te pwoteste kont pawòl sa yo. Yo te vle li li konsa: “Nonm sa a di se wa jwif yo li ye” (v21). Pilat pat pèmèt yo chanje siy lan: “Sa m ekri a, m ekri l nèt”. San konnen, li te kite you siy ki te esplike Jezi egzakteman (v.22; konpare Matye 27:27-37; Mak 15:16-26; Lik 23:27-38).

Pandan Jezi te pann sou kwa a, Li te fè fas avèk plis rayri nan men pèp ki te genyen espwa yo repoze nan li. Moun ki t’ap pase yo t’ap kriye, “Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou te rebati l nan twa jou, sove tèt ou non! Si ou se pitit Bondye a, desann sou kwa a!” (Matye 27:40). Lidè jwif yo te pase Li nan rizib tou: “Gade! Li sove lòt moun, Li pa kapab sove tèt pa Li. Si L se wa pèp Izrayèl la, se pou L desann sou kwa a kounyeya. Lè sa a, n’a kwè nan Li. Li te mete konfyans Li nan Bondye, Li te di se pitit Bondye Li ye. Ann wè kounyeya si Bondye va vin delivre Li” (vv.42, 43; konpare. Mak 15:29-32; Lik 23:35-37).

Kloure sou kwa a se te fòm lanmò ki te pi mechan ki te janm envante. Li te prepare pou fè lanmò a lant ak anpil soufrans pou kò a sipòte, kloure sou kwa te konsidere kòm pinisyon ki te pi avilisan posib. Jezi – Inosan an, Pitit Gason Bondye a, Kreyatè a — lè Li te sibi krisifiksyon an te mouri you lanmò fizik e you soufrans mantal ki pa kapab esplike. Soufrans fizik la sanble ase, men soufrans mantal la dwe depase pawòl lè you moun reyalize kilès Jezi te ye e kisa Li te soufri lè lèzòm te rejte L, pandan Li t’ap soufri pou peche yo. Li te refize gwo melanj diven ak lamir ki te fèt pou touye soufrans la. Li te vini nan lemonn pou mouri pou peche lèzòm, e Li te pote tout soufrans la. Paske lanmò Li te you sakrifis volontè, Li te lapriyè, “Papa, padonen yo. Yo pa konnen sa y’ap fè” (Lik 23:34). Li te vle padon pou sila yo ki te touye Li.

Fènwa te kouvri tout tè a diran twa dènye zè Jezi te pandye sou kwa a (Matye 27:45; Lik 23:44). Yo pa rakonte nou koz ni siyifikasyon fènwa a. Nou pa konnen evènman sa a se te you temwayaj ke Li te limyè lemonn. Tankou nou va wè pita se youn nan evènman ki te lakoz kaptenn lame a e lòt solda ki tekrisifye Jezi yo deklare, “Se vre wi, nonm sa a te pitit Bondye” (v.54)

Fènwa te pote you gwo sans solitid pou Kris. Vè nevyèm è a (twa zè apremidi), Jezi te kriye byen fò, “Eli, Eli lema sabaktani? (Ki vle di: Bondye, Bondye, Poukisa ou lage m konsa?” (V.46; konpare Mak 15:33-35). Yo te tradwi li konsa tou, “Bondye, Bondye, nan men ki kalite moun ou kite mwen?” [3] Sa bay lide ke Bondye lè Li te retire men pwotektè Li sou Pitit gason Li a, te kite Li soufri anba men lènmi Li yo san espwa you delivrans fizik.

Jezi te konnen moman Li te prèske mouri. Jan te ekri, “Jezi te konnen tout bagay ki te pou fèt te fin fèt. Pou fè sa ki te ekri nan Liv la rive, li di: Mwen Swaf.” (Jan 19:28). Pandan Li t’ap soufri swaf dlo, Li te bezwen bwè pou rafrechi Gòj Li pou dènye kri a. Nan moman yo t’ap touye mouton Fèt Delivrans la, Jezi te kriye avèk you gwo vwa, “Tou sa ki pou te rive rive”, Apre sa Li te bese tèt Li, Li mouri (Jan 19:30; Lik 23:46). Lanmò Jezi te fini travay redanmsyon Li. Lè Li te bay san Li, lavi kò Li, Li te mouri you fwa pou tout pou peche lèzòm (Ebre 9:12, 14, 26; konpare Women 6:10).

Nan moman lanmò Jezi, vwal tanp la, ki te separe Kote Ki Sen an e Kote Ki Pi Sen an, te chire an de moso soti anwo rive anba. Vwal la ki te chire a te senbolize finisman sistèm adorasyon e sistèm sakrifis ansyen kontra a. Yo pat bezwen tanp la ankò apre Kris te fin akonpli travay Li sou lakwa.[4] Vwal la ki te chire te sèvi pou prepare lòm pou Kris. Vwal la pi devan te genyen plis sans , li te siyifi ke wout pou ale kote Bondye a lib pou tout moun ki antre nan Pòt la e Pen Lavi a. Pa genyen nesesite pou plis sakrifis oubyen pou you gran prèt depi Kris te ofri “yon sèl ofrann san ki bon pou tout tan” (Ebre 10:12; Konpare 7:26-28). Pita nou va diskite sa nan detay.

Lòt evènman, tankou tranbleman tè e tonm ki te louvri, te rive tou nan lanmò Jezi. Kèk moun mouri te leve soti nan lanmò. Kèk moun ki te mouri leve apre rezirèksyon Jezi e parèt nan Jerizalèm (Matye 27:51-54; Mak 15:38). Yon kaptenn, lè li te wè bagay sa yo, te pè anpil. Li te di: “Se vre wi, nonm sa a se Pitit Bondye” (Matye 27:54; konpare Mak 15:59; Lik 23:47). “Tout moun ki te vini wè espektak sa a te wè sa k te rive. You tounen lakay yo, yo t’ap bat lestonmak yo” (Lik 23:48).

Depi li te pandye sou kwa a pou you tan ki te relativman kout, Jezi pat mouri poutèt pinisyon fizik kò Li te resevwa. Volontèman Li te bay Lespri Li anvan kò Li ta mouri nòmalman (Konpare Jan 10:17). Konsa Li te bay lavi Li kòm you ranson pou lòm, e kòm you sakrifis ki ta finalman retabli lòm nan pozisyon orijinal li devan Bondye. Lamò li nan nevyèm è a te rive nan moman sakrifis sware a; Li te vin tounen “Ti mouton Bondye a k’ap wete peche moun sou tout latè” (Jan 1:29).

Kòm Saba te pwoche, Jwif yo t’ale kote Pilat pou mande pou kase janm Jezi e janm lòt moun ki kloure avèk Li yo, konsa viktim yo ta mouri. Yo ta retire kò yo anvan Saba a. Lalwa te mande pou you kadav pa rete pandye diran sware a (Detewonòm 21:23). Depi Saba ki t’ap vini an se te you “gran jou” (Se te you jou Saba e dezyèm jou Fèt Delivrans la), jwif yo te santi yo menm pi fò sou sijè sa a; Pilat te akòde demann yo. Lè solda yo te vin kote Jezi, yo te jwenn Li deja mouri, konsa, yo pat kase janm Li yo. Lè yonn nan solda yo te pèse kote Jezi avèk you lans, dlo e san te koule, prèv ke Li te mouri. “Tou sa pase konsa pou pawòl ki te ekri nan Liv la te ka rive vre: Yo pa kraze yon sèl zo nan kò Li. Gen yon pawòl yo te ekri ankò ki di: Y’a leve je yo gade, y’a wè moun yo te pèse a” (Jan 19:36, 37). Konsa sa ki te ekri konsènan Mouton Fèt Delivrans la (Egzòd 12:46: Nonm 9:12) e sèvitè jis la ki t’ap soufri a (Sòm 34:19-22) te akonpli.

Antèman Jezi

Avèk Saba a ki t’ap pwoche rapidman youn nan disip Jezi yo, you nonm rich ke yo te rele Jozèf, te mande Pilat kò Jezi. Apre Jozèf te resevwa pèmisyon pou antere Li, li menm avèk Nikodèm te vlope kò Li avèk twal len e epis selon koutim antèman jwif yo e mete li nan you nouvo tonm pre plas kote Li te krisifye a. Yo te woule you gwo wòch pou bouche tonm lan (Matye 27:57-61; Mak 15:42-47; Lik 23:50-56; Jan 19:31-42).

Nan demen jwif yo te sonje ke Jezi te di ke Li ta leve sou twa jou apre, yo te mande Pilat pou fè sele tonm lan e pou mete solda veye li. Jwif yo te pè pou disip Jezi yo pat “vin pran kò a pou yo di pèp la apre sa msye leve sòti vivan nan lanmò. Dènye kout manti sa a ta pi rèd pase premye a” (Matye 27:64). Pilat te enstwi solda yo pou “veye kavo a jan nou vle a” (v.65). Pa ta genyen okenn fason pou disip yo pran kò a soti nan tonm lan.

Rezirèksyon Jezi

Nan lespri Disip yo dènye semenn lavi Jezi a te kòmanse sou you nòt triyonfan avèk antre Li nan Jerizalèm, men Li te fini nan dezespwa avèk lanmò Li sou kwa a. Chak bagay ki te sanble genyen anpil espwa te parèt kounyeya san espwa. Krisifiksyon an te tèlman reyèl ke disip yo te bliye deklarasyon ke Li ta leve soti nan lanmò apre twa jou. Se byen klè ke yo pat konprann tout siyifikasyon ansèyman Li, paske”disip yo pat ankò konprann sa ki te ekri nan Liv la kote yo te di Jezi te gen pou l te leve sòti vivan pami mò yo” (Jan 20:9).

Depi Jezi te mouri jis anvan Saba, pat genyen ase tan pou antèman Li. Konsa disip yo te deside retounen apre Saba pou konplete antèman an.

Lè jou repo a te fin pase, dimanch maten byen bonè, Mari, moun lavil Magdala, ak lòt Mari a te al vizite kavo a. Yo te rete konsa, epi tè a te pran tranble byen fò. Yon zanj Bondye desann sòti nan syèl la, li vini, li woule wòch la sou kote, lèfini li chita sou li. Li te klere tankou yon zèklè, rad li te blan kou lanèj. Gad yo te sitèlman pè, yo pran tranble, yo tonbe atè tankou moun ki mouri. Men, zanj lan pran pale, li di fanm yo: Nou menm, nou pa bezwen pè. Mwen konnen se Jezi n’ap chache, nonm yo te koure sou kwa. Enben, li pa isit la. Li leve vivan jan l te di a. Vini wè kote l te kouche a. Matye 28:1-6; konpare Mak 16:1-6; Lik 24:1-7.

Paske lamò pat kapab kenbe pisans li sou Li, pwofesi te akonpli konsènan Kris ke Bondye “Ou p’ap kite nanm mwen nan lanfè (Sheol)”: tradiksyon anglè ( Sòm 16:10; konpare avèk Travay 2:27, 31). Tèm Sheol Ansyen Testaman an genyen rapò avèk plas kote mò yo ye a, se pa plas pinisyon etènèl la: “Ou p’ap pèmèt moun k’ap sèvi ou la pouri anba tè” (Sòm 16:10). Tankou Li te anonse plizyè fwa, Jezi te leve sòti pami mò yo. Sa bay prèv ke Li se Kris la, prèv ke moun pa kapab diskite (Women 1:4) e Li te rann posib akonplisman travay redanmsyon an. Li te “leve ankò pou jisifikasyon nou” (tradiksyon anglè. Women 4:25), sa te konplete lè Li te “kanpe kounyeya devan Bondye pou nou.......... pou wete tout peche, epi li fini” (Ebre 9:24, 26).

Ni medam yo ni disip yo pat konprann sa ki t’ap pase nan tonm vid la. Medam yo t’al rakonte disip yo sou tonm vid la. “Men apot yo te pran sa medam yo t’ap di a pou istwa san sans, yo pat kwè yo” (Lik 24:11).

Pita de disip ki t’ap vwayaj pou ale nan vilaj Emayis “t’ap koze sou tou sa ki te pase. Yo t’ap pale, yo t’ap diskite yonn ak lòt. Lè sa a, Jezi pwoche bò kote yo, li tanmen fè wout ak yo. Yo te wè l, men te gen kichòy ki te anpeche yo rekonèt li” (Lik 24:14-16). Jezi te pran enfòmasyon sou konvèzasyon yo. Yo te mande avèk tristès:

Gen lè ou se sèl moun k’ap viv lavil Jerizalèm lan ki pa konn sa k te rive nan senmenn ki sot pase a? Li di yo: Kisa k te rive konsa? Yo reponn li: Tou sa k te rive Jezi, moun Nazarèt la. Nonm sa a te yon gwo pwofèt devan Bondye ak devan tout pèp la: li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen. Enben, chèf prèt yo ak otorite nou yo fè yo kondane l amò, epi yo kloure l sou yon kwa. Nou te gen espwa se li menm ki t’ap vin delivre pèp Izrayèl la. Men, jòdi a fè twa jou depi bagay sa yo pase. Fòk nou di ou tou gen kèk fanm nan gwoup nou an ki fè nou byen sezi. Yo te al nan kavo a granmaten jòdi a. Men, yo pa jwenn kò a. Yo tounen vin rakonte te gen zanj Bondye ki te parèt devan yo, ki te di yo li vivan. Gen kèk zanmi nou yo k’al nan kavo a tou. Yo jwenn tout bagay jan medam yo te di l. Men li menm, yo pa wè li. Lè sa a Jezi di yo: Ala moun san konprann! Ki jan lespri nou fè lou pou konprann tou sa pwofèt yo te di konsa! Eske se pa pou Kris la te soufri bagay sa yo anvan pou l te resevwa lwanj li? Epi li pran esplike yo tou sa ki te ekri sou li nan Liv yo. Li konmanse ak Liv Moyiz yo, li pase nan tout Liv pwofèt yo. (Lik 24:18-27).

Pita, lè Jezi te avèk de disip li yo nan soupe “je yo louvri, yo rekonèt li” (Lik 24:31), men lè sa a li te disparèt lamenm devan yo. Rapidman, de disip yo te retounen Jerizalèm e jwenn onz apòt yo. Yo te di avèk eksitasyon, “ Se vre wi, Senyè a leve vivan. Simon wè li” (v.34). Pandan de vwayajè yo t’ap rakonte sa ki te pase, Jezi limenm te vin kanpe nan mitan yo. Paske yo te pè e ke yo t’ap tranble, Jezi te mande yo, “Poukisa nou pè konsa? Poukisa tout lide sa yo nan tèt nou? Gade men m. Gade m byen: yon revenan pa gen vyann ak zo jan nou wè m genyen an” (vv.38, 39); konpare Matye 28:16, 17; Mak 16:14).

Jezi te esplike bann disip li yo:

Men sa m t’ap di nou an lè m te la avèk nou toujou a. Tou sa ki te ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan Liv pwofèt yo, menm nan sòm yo, fòk tou sa te rive. Lè sa a, li louvri lespri yo pou yo te ka konprann tou sa ki te ekri nan Liv yo. Li di yo: Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l soufri jouk li mouri, men sou twa jou li gen pou l sòti vivan nan lanmò. Y’a pran non l pou yo mache fè konnen mesay la nan tout peyi, konmanse lavil Jerizalèm, pou mande tout moun pou yo tounen vin jwenn Bondye pou yo ka resevwa padon peche yo. Nou temwen tout bagay sa yo. Mwen menm, mapral voye ban nou sa Papa m te pwomèt la. Nou menm, rete lavil Jerizalèm jouk pouvwa k’ap sòti anwo nan syèl la va desann sou nou. Lik 24:44-49.

Tankou Jezi te deklare, “Kris la gen pou l soufri jouk li mouri, men sou twa jou li gen pou l sòti vivan nan lanmò” (Lik 24:46). Sou kwa a Jezi te kriye nan finisman soufrans li, “Tou sa ki te pou rive rive!” (Jan 19:30). Lanmò li te fini travay redanmsyon an. Li te Timouton Bondye a , “San defo” (Ebre 9:14), ki te vide pwòp san Li pou rachte lòm pechè. Tankou otè Ebre a te ekri, “. Se san pa l menm li te ofri. Se sa k fè li antre yon sèl fwa devan Bondye, li tou peye pou l te ka delivre nou pou tout tan” (Ebre 9:12; konpare vv. 26, 28). Te genyen you lòt pati nan lanmò Jezi a, se rezirèksyon li. Tankou Pòl te ekri, “Se Jezi sa a ki te mouri pou peche nou yo epi ki leve sòti vivan ankò pou fè Bondye fè nou gras” (Women 4:25; konpare 2 Korentyen 5:21). Rezirèksyon li enpòtan: “Si Kris la pa te leve sòti vivan nan lanmò, sa nou te kwè a pa te vo anyen, paske nou ta toujou ap viv nan peche nou yo” (1 Korentyen 15:17; konpare v.14).

Jezi Monte Nan Syèl

Jezi te parèt plizyè lòt fwa ankò devan disip Li yo diran karant jou apre rezirèksyon li (Travay Apòt 1:3). Finalman pandan ke li menm ak apot yo te reyini ansanm sou mòn Oliv la pre Betani, moman te pwoche pou li te monte nan syèl. Li te esplike ke Sentespri ta ba yo pisans pou yo temwaye nan Jerizalèm, nan Jide, nan Samari, e nan dènye bout latè.

Apre li fin di yo sa, li moute nan syèl. Antan yo t’ap gade li, yon nyaj vin bouche l devan je yo. Yo te gen je yo fikse nan syèl la kote Jezi t’ap moute a, lè de zòm, abiye tout an blan, parèt konsa bò kote yo. Dezòm yo di yo: Nou menm, moun Galile, poukisa nou rete la ap gade syèl la konsa? Jezi sa a ki fenk sot nan mitan nou an pou moute nan syèl la, li gen pou l tounen menm jan nou wè l moute nan syèl la. Travay Apòt yo 1:8-11)

---------------

Chapit 3 REDANMSYON REYALIZE NAN KRIS
YOU ETID BIBLIK SOU REDANMSYON
Leland M. Haines

Life Ministries
250 Meadow Lane
Conestoga , PA 17516 USA

Copyright © 2002
Leland M. Haines
Goshen, Indiana USA
All rights reserved.
Avèk pèmisyon

Tradiktè
Josué Michel

Pou

International Faith Missions
Jonesville , Michigan USA  

Emprimè avèk

Life Ministries
250 Meadow Lane
Conestoga Pennsylvania17516US