"For other foundation can no man lay than that is laid, which is Jesus Christ." (1 Cor. 3:11)

Home
Articles
Books
Confessions
Anabaptist History
Churches and Related ones
Our Mission

Other Languages
Russian Bibleviews
Romanian Bibleviews
Español Bibleviews
Haiti Bibleviews
Portuguese Bibleviews

More Information
About your InternetServant

Contact Us & Guestbook

"If any man will come after me, let him deny himself, and take up his cross daily, and follow me." (Luke 9:23)

Chapit 4

Redanmsyon Entèprete

Entwodiksyon

Lè Jezikri “moute nan syèl la... e yon nyaj vin bouche l devan je yo” (Travay Apòt 1:9), ministè pèsonèl Jezi sou latè te fini apre anviwon twazan. Sa te make kòmansman wayòm nan e legliz la. Disip yo te resevwa Gran Komisyon an nan men Jezi. Li te di yo, “Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a. Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: Mwen la avèk nou toulejou jouk sa kaba” (Matye 28: 18-20).

Jezi pat kite disip li yo poukont yo devan gwo travay evanjelizasyon lemonn. Anvan sa li te pwomèt yo Konseye a, “Sentespri a. Se Papa m k’ap voye l nan non mwen. Sentespri sa a va moutre nou tout bagay, l’a fè nou chonje tou m te di nou” (Jan 14:26). Li te repete pwomès sa a anvan li te monte nan syèl la. “Men, Sentespri a va desann sou nou, n’a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n’a sèvi temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè” (Travay Apot 1:8). Annou gade enpe nan mesay apot yo.

Mesay Pannkòt la

Apre disip yo te resevwa Sentespri jou Pannkòt la, yo te pale nan plizyè lang selon Sentespri te dirije yo. Sa te boulvèse jwif yo ki t’ap vizite Jerizalèm, jwif sa yo ki te soti nan divès nasyon, paske yo te tande disip yo pale nan pwòp lang yo. Kèk te etone e te mande, “Sa sa vle di?” (Travay Apot 2:12; konpare Jowèl 2:28-32). Lòt te reyaji avèk panse ke disip yo te sou.

Pyè te preche premye mesay li pou esplike sa ki t’ap pase. Disip yo pat sou, tankou kèk moun te panse, men yo te resevwa sa ke pwofèt Jowèl t’ap pale a (Travay Apot 2:16-21). Pyè te pale sou lavi, soufrans e lanmò Jezi, e li te pale tou sou responsabilite pèp jwif la nan lanmò Li. Li te pale tou sou rezirèsyon e sou glwa Jezi resevwa, li te montre sa ki te rive li selon Liv la. Pyè te fini mesay li a avèk pawòl sa yo: “Tout pèp Izrayèl la fèt pou konnen sa byen: Jezi nonm nou te kloure sou kwa a, se li menm Bondye fè Senyè, se li menm Bondye fè Kris la” (v.36). Jezi se Mesi Izrayèl t’ap tann depi lontan an, sa vle di, Kris (Kris se tèm grèk pou Ebre Mesi).

Mesay Pyè a te pote gran konviksyon nan kè jwif ki t’ap tande yo. Nan detrès yo yo te reponn, “Frè nou yo, kisa pou nou fè?” (Travay Apot 2:37). Pyè te di yo, “Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n’a resevwa Sentespri, kado Bondye a. Paske pwomès la, Bondye fè l pou nou, pou pitit nou yo, pou tout moun ki byen lwen, pou tout moun Bondye, Mèt nou, va rele vin jwenn li” (Vv.38,39).

Mesay fondamantal sou soufrans e lanmò Kris sou kwa te preche anpil anpil anpil fwa; se mesay santral premye legliz la. Krisifiksyon Kris sou kwa pat defèt ke li te premye parèt ye a. Lanmò li te nesesè pou pote redanmsyon lezòm. Sitasyon nou pral fè nan liv Travay Apot te montre ke lanmò e rezirèksyon Jezikri te nan kè mesay premye legliz la.

(Pèp jwif la te) touye Mèt ki bay lavi a. Men, Bondye fè l leve sòti vivan nan lanmò. Travay Apote 3:15.

Se gremesi Jezikri, moun Nazarèt nou te kloure sou kwa a, men ki leve vivan sòti nan lanmò....Se Jezi menm ... Wòch nou te voye jete lè nou t’ap bati a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Se li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou. 4:10-12

Bondye zansèt nou yo te fè Jezi leve sòti vivan nan lanmò, Jezi nou te fè touye lè n te kloure l sou kwa a. Bondye fè l moute chita sou bò dwat li, li mete l Chèf sou nou, li fè l delivre nou. Li fè sa pou bay pèp Izrayèl la yon bèl chans pou l tounen vin jwenn Bondye, pou l resevwa padon pou peche l yo. 5:30, 31.

Li te tankou yon mouton yo t’ap mennen labatwa. Li te tankou yon ti mouton ki pa janm rele lè y’ap taye lenn sou do li. Li pa janm louvri bouch li di anyen.... Filip pran pale: li konmanse avèk pasay li t’ap li nan liv la, li fè l konnen bòn nouvèl ki pale sou Jezi a. 8:32, 35.

Yo te touye l, yo te kloure l sou kwa a. Men sou twa jou, Bondye fè l leve sòti vivan nan lanmò. Apre sa li fè moun wè li vivan...Tout pwofèt yo te di sa sou li: Nenpòt moun ki met konfyans yo nan Jezi va resevwa padon pou tout peche yo gremesi non sa a. 10:39, 40, 43.

Nou menm, nou vin fè nou konnen bòn nouvèl sa a isit la. Bagay Bondye te pwomèt zansèt nou yo, li fè l pou nou ki pitit pitit yo: li fè Jezi leve sòti vivan nan lanmò, dapre sa ki ekri nan Sòm de a: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a se mwen ki papa ou. Bondye te fè konnen li t’ap fè l sòti vivan nan lanmò pou l pat janm tounen pouriti ankò. Se sa l te fè konnen, lè l te di: M’ava ba ou tout benediksyon mwen te pwomèt David yo, ou mèt konte sou yo. Se poutèt sa, yon lòt kote li di konsa: Ou pa penmèt moun k’ap sèvi ou la pouri anba tè. Men, apre David te fin sèvi plan Bondye nan mitan moun ki t’ap viv menm lè avè l yo, li mouri. Yo antere l menm kote ak zansèt li yo, epi li pouri anba tè. Men, moun Bondye te leve sòti vivan nan lanmò a, li pa janm pouri anba tè. Frè m yo, nou fèt pou nou konn sa byen: Bondye voye Jezi fè nou konnen l’ap padonnen tout peche nou yo: tout moun ki mete konfyans yo nan Jezi, y’ap delivre anba tout peche lalwa Moyiz pat ka wete pou yo. 13:32-39.

Jan l te konn fè a, Pòl antre nan sinagòg la. Pandan twa jou repo li diskite ak jwif yo sou sa k te ekri nan Liv yo. Li t’ap ba yo esplikasyon, li t’ap moutre yo ki jan, dapre sa ki te ekri a, Kris la te gen pou l soufri, li te gen pou l te leve sòti vivan nan lanmò. 17:2,3.

Kèk filozòf.....t’ap di: Kisa paladò sa a (Pòl) vle di la a? Gen lòt moun ki t’ap di: Gen lè l’ap pale sou yon lòt kalite bondye. Yo t’ap di sa paske Pòl t’ap pale yo sou Jezi, li t’ap di yo ki jan mò yo gen pou yo leve vivan ankò. 17:18

Se konsa tou, li fikse yon jou lè li gen pou l jije tout moun san patipri: li chwazi yon nonm pou sa. Li bay tout moun prèv la lè l fè nonm sa a leve sòti vivan nan lanmò. 17:31.

Sa ou wè m’ap di la a, se sa menm pwofèt yo ansanm ak Moyiz te di gen pou rive. Kris la te gen pou l soufri. Se li menm ki an premye gen pou l leve sòti vivan nan lanmò pou l fè pèp Izrayèl la ansanm ak tout lòt nasyon yo konnen limyè k’ap delivre yo a. 26: 22, 23.

Redanmsyon Pamwayen Kris

Pòsyon Ekriti nou sòt site anwo a montre byen klè ke lanmò Kris la te nan sant mesay Levanjil la. Poukisa lanmò Kris tèlman enpòtan?

Peche lòm nan jaden Edenn lan te kase kominyon ant Bondye e lòm. Depi lè sa a lòm refize soumèt devan volonte Bondye e pran pozisyon kont Bondye. Bondye te di pèp chwazi Li a, “Se pou nou swiv lòd mwen ban nou. Se pou nou fè sa mwen di nou fè. Se pou nou mache dapre prensip mwen ban nou. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an. Se pou nou swiv regleman ak lòd mwen ban nou yo. Gremesi sa m di nou fè a, tout moun ki koute m va jwenn lavi. Se mwen menm ki Senyè a! (Levitik 18:4,5). Repons lòm se te “dezobeyi yo dezobeyi lalwa Bondye” (1 Jan 3:4), ki montre ke “li pa vle wè Bondye ankò, li p’ap soumèt devan lalwa Bondye a” (Women 8:7). Sentete Bondye siyifi ke Li pa kapab tolere peche e prezans mal. Sentete Bondye mande pou Li separe ak peche e konsa separe ak lòm pechè. Sèl fason pou yo de a a kapab byen ankò se pamwayen you aksyon Bondye ki ta retire sa ki fè yon lènmi an e mennen rekonsilyasyon de pati yo.

Poukisa Bondye ta vle retire bayè ki te ekziste ant Limenm e lòm, paske se lòm ki te refize asepte pawòl Li pamwayen lafwa epi koute vwa Satan nan Jaden an? Motif rekonsilyasyon sa a se te lamou. Vèsè biblik ki pi familye e ki popilè sou sa a, “ Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p’ap pèdi lavi yo. Okontrè y’a gen lavi ki p’ap janm fini an’ (Jan 3:16). Jan te repete sa nan Premye Lèt li a: “Men ki jan Bondye fè nou wè jan li renmen nou. Li te voye sèl pitit li a sou latè pou l te ka ban nou lavi. Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la” (1 Jan 4:9,10). Lamou Bondye remete lòm nan premye relasyon: “Gade ki jan Papa a renmen nou non! Li sitèlman renmen nou li rele nou pitit li” ( 1 Jan 3:1). Kretyen “gen renmen nan kè nou, paske Bondye te renmen nou anvan” (4:19). Kretyen obeyi Bondye “Nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè” (5:3).

Menm jan an Pòl te ekri, “Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil. Paske nou t’ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou” (Women 5:8).Paske, se kalite renmen Kris la gen pou nou an k’ap dirije m: Mwen gen konviksyon sa a, si yon sèl moun te mouri pou tout lòt yo, sa vle di tout lòt mouri ansanm avè li. Li mouri pou tout moun. Konsa, moun k’ap viv yo p’ap viv pou tèt pa yo ankò, men y’ap viv pou moun ki te mouri epi ki te leve sòti vivan nan lanmò pou yo a” (2 Korentyen 5:14, 15). “Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te bay lavi l pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k’ap fè Bondye plezi ak bon sant li” (Efezyen 5:2). E “Men, lè Bondye fè nou wè jan li gen bon kè, jan li renmen tout moun, li delivre nou. Li pat delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n te ka viv yon lòt jan” (Tit 3:4,5). Kretyen dwe toujou sonje you lamou konsa annegad yo.

San Jezi ki te koule a se baz rekonsilyasyon lòm avèk Bondye. Nou te deja wè ke lè Jezi te fèt you zanj Senyè a te anonse ke “Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche yo” (Matye 1:21). Jezi te pale tou sou misyon Li lè Li te di ke Li te “vin bay lavi li pou delivrans anpil moun” (Matye 20:28; konpare avèk Mak 10:45); “sa se kò mwen” (Lik 22:19); e “Se mwen menm ki bon gadò mouton yo. Bon gadò a ap bay lavi l pou mouton l yo” (Jan 10:11; konpare vv.15, 18).

Anvan konsidere kèk tèm ki aplike pou lanmò Jezi, anou gade plizyè pòsyon Ekriti ki pale sou lanmò Li.

Li pat menm refize nou pwòp Pitit li a, men li bay li pou nou tout. Ki jan pou l pa ta ban nou tout bagay avèk Pitit la tou pou gremesi? Women 8:32.

Ki moun ki kab kondane yo? Pèsonn. Paske Jezikri te mouri. Sa k pi rèd ankò, li leve sòti vivan nan lanmò, epi li chita sou bò dwat Bondye, kote l’ap plede pou nou. Women 8:34.

Paske si n’ap viv, n’ap viv pou Senyè a, si n’ap mouri, n’ap mouri pou Senyè a tou.Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Senyè a nou ye. Paske, Kris la te mouri, apre sa li leve sòti vivan ankò pou l te kapab Mèt tout moun, ni moun vivan yo ni moun mouri yo. Women 14: 8, 9.

Si ou fè frè ou lapenn pou tèt yon manje ou manje, ou pa gen renmen nan kè ou pou frè ou. Piga ou kite manje w’ap manje lakòz yon frè pèdi sou kont ou, paske li menm Kris la te mouri pou l te ka sove l tou. Women 14:15.

Nonm sa a ki fèb nan konfyans li a, Kris la te mouri pou sove l tou, men li va peri akòz konesans ou a. 1 Korentyen 8:11.

Bagay mwen te moutre nou, se sa mwen menm mwen te resevwa. Se yo menm ki pi konsekan. Men yo: Kris te mouri pou peche nou, dapre sa ki ekri nan Liv la. 1 Korentyen 15:3.

Dapre volonte Bondye, Papa nou, Kris la te bay tèt li pou peche nou yo, pou l te ka delivre nou anba move tan mechan ki sou latè kounyeya. Galat 1:4.

Men kounyeya, nan Jezikri, nou menm ki yon lè t’ap viv lwen Bondye, nou vin toupre l, gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an. Efezyen 2:13.

Se pou nou yonn gen pou lòt menm santiman ki te nan Jezi Kris la: sa Bondye ye, se sa l te toujou ye. Men, li pat janm konsidere sa tankou yon avantaj pou l te chache kenbe ak tout fòs. Okontrè, se li menm pou tèt pa l ki chwazi mete sa sou kote. Li te pito tounen yon domestik. Li pran fòm yon moun, li vin tankou tout moun. Li rabese tèt li. Tankou yon moun, li soumèt devan Bondye. Li obeyi Bondye jouk li rive asepte mouri, wi jouk li asepte mouri sou kwa a. Filipyen 2:5-8.

Menm jan nou kwè Jezi te mouri epi li te leve sòti vivan ankò a, konsa tou, se pou n kwè tout moun ki te gen konfyans nan li lè yo te mouri, Bondye va fè yo tounen ansanm ak Jezi. 1 Tesalonisyen 4:14.

Se yon sèl Bondye a ki genyen. Se yon sèl moun tou ki mete lèzòm dakò ak Bondye ankò, se Jezi, Kris la. Se li menm ki te asepte mouri pou tout moun ka sove. Se prèv sa a Bondye te bay, lè lè a te rive pou moutre jan li ta renmen wè tout moun sove. 1 Timote 2:5, 6.

Se konsa li moutre nou pou nou viv pandan n’ap tann benediksyon li te pwomèt nou yo, lè bèl pouvwa Jezikri, Bondye nou ak Delivrans nou, va parèt. Li te asepte mouri pou nou pou li te ka delivre nou anba mechanste, pou li te fè nou tounen yon pèp ki nan kondisyon pou sèvi li, ki rele li pa li, epi ki toujou pare pou fè sa ki byen. Tit 2:13, 14.

Men, Kris la pou tèt pa l fè yon sèl ofrann san pou tout peche yo, yon ofrann san ki bon pou tout tan. Apre sa, li chita sou bò dwat Bondye. Ebre 10:12.

Jezi te mouri lòt bò pòtay lavil la, pou l te ka mete pèp la nan kondisyon pou yo fè sèvis ak pwòp san pa li ki te koule. Ebre 13:12.

Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo. 1 Jan 1:7.

Men sa ki fè nou konnen sa renmen ye: Jezikri bay lavi li pou nou. 1 Jan 3:16.

Se konsa ou bay san ou pou achte yon bann moun pou Bondye, moun tout ras, tout lang, tout pèp, tout nasyon. Revelasyon 5:9.

Bib la itilize plizyè tèm teknik pou esplike sa ke lanmò Jezi te akonpli. Tèm sa yo se redanmsyon, ranson, pwopisyasyon e rekonsilyasyon. Annou ekzamine tèm sa yo.

Redanmsyon

Tèm redanmsyon itilize pou esplike efè lanmò Kris. Siyifikasyon baz li se “achte ankò”. Tèm grèk la se apolutrosis,ke yo tradwi “redanmsyon”, siyifi mete you prizonye nan libète pamwayen you pèmen ke you lòt moun fè. Nan you sans ki pi laj sa genyen delivrans anba you pinisyon, redanmsyon genyen delivrans anba konsekans peche nou yo. Bib la itilize pri nan sans “Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa” (1 Korentyen 6:20); konpare ak 7:23) e “yo vire do bay Mèt la ki te achte yo” (tradiksyon anglè nan 2 Pyè 2:1).

Plizyè pòsyon nan Bib la montre redanmsyon rive pamwayen lanmò Kris. Pòl te ekri ke nou “li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo (rachte). Se li menm, Jezikri Bondye te ofri tankou bèt pou touye. Li bay san li pou tout moun ki mete konfyans yo nan li ka resevwa padon pou peche yo. (women 3:24, 25); “Gremesi Kris ki mouri pou nou an, nou delivre (rachte), nou resevwa padon pou peche nou yo. Bondye fè nou wè jan li renmen nou anpil. Li ban nou favè l an kantite, li ban nou tout kalite konprann ak konesans” (Efezyen 1:7, 8); “Li rachte nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa. Se gremesi Ptitit sa a nou delivre (rachte), nou resevwa padon pou peche nou yo” (Kolosyen 1:13, 14).

Ekriven liv Ebre a te ekri sou Jezi Kris: “Se san pa l menm li te ofri. Se sa k fè li antre yon sèl fwa a devan Bondye, li tou peye pou l te ka delivre (rachte) nou pou tout tan...Se poutèt sa, Kris la se yon avoka ki tabli yon nouvo kontra ant Bondye ak lèzòm. Konsa, moun Bondye rele yo yo, yo ka resevwa eritaj ki la pou tout tan an, jan Bondye te pwomèt la. Tou sa paske Kris la mouri. Avèk mouri li mouri a, li delivre (rachte) tout moun anba chenn peche yo te fè sou premye kontra a” (Ebre 9:12, 15).

Vèb rachte (delivre) itilize nan plizyè pasaj pou esplike lide redanmsyon an: “Kris la delivre (rachte) nou anba madichon lalwa lè li te pran madichon an nan plas nou” (Galat 3:13); “Bondye te voye pwòp pitit li....... Pou l te ka delivre (rachte) tout moun ki te anba lalwa pou n te kapab vin pitit Bondye (4:4,5). “ Li (Jezi Kris) te asepte mouri pou nou pou li te ka delivre (rachte) nou anba mechanste, pou li te fè nou tounen yon pèp ki nan kondisyon pou sèvi li, ki rele li pa li, epi toujou pare pou fè sa ki byen” (Tit 2:13, 14); e “Bondye wete nou nan lavi san sans nou te resevwa nan men zansèt nou yo. Nou konnen sa li te peye pou sa. Se pat avèk bagay ki ka pèdi valè yo tankou lajan ak lò. Men, se avèk gwo ofrann san Kris la ki te koule lè li te ofri tèt li tankou yon ti mouton san defo ni okenn enfimite” (1 Pyè 1:18, 19). “Se konsa ou bay san ou pou achte yon bann moun pou Bondye “ (Revelasyon 5:9).

Ranson

Lòm te tounen vin jwenn Bondye pamwayen you ranson. Tèm ranson siyifi you bagay ki genyen valè ki peye pou jwenn delivrans oubyen liberasyon you prizonnye. Nou kapab obsève izaj sa a nan Egzòd 21:30 e Pwovèb 13:8. Jezi te itilize tèm nan pou korije de disip ki te mande you plas ki wo, li te rakonte tout disip li yo ke: “Si yonn nan nou ta vle chèf, se pou l esklav nou tout. Se konsa, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m pou peye delivrans anpil moun” (Matye 20:27, 28; Mak 10:45). Pita Jezi te rann siyifikasyon ranson an klè diran Dènye Soupe a. Konsènan gode a, Jezi te di, “ Paske , sa a se san mwen, san ki siyen kontra Bondye fè a, san ki koule pou anpil moun jwenn padon pou peche yo” (Matye 26:28; konpare Mak 14:24; Lik 22:20). Bay lavi Li, siyifi vide san Li, ta you ranson e sa ta bay rezilta padon peche pou tout moun ki ranpli kondisyon repantans e lafwa.

Pòl te itilize panse ranson an lè li te ekri ke “Bondye te achte nou kach, li peye chè pou sa” (1 Korentyen 6:20, 7:23) e ke “Se yon sèl Bondye a ki genyen. Se yon sèl moun ki te mete lèzòm dakò ak Bondye ankò, se Jezi, Kris la. Se li menm ki te asepte mouri pou tout moun ka sove” (1 Timote 2:5,6). Pyè te ekri kretyen egzile yo pou di yo ke “Nou konnen sa li te peye pou sa. Se pat avèk bagay ki ka pèdi valè yo tankou lajan ak lò. Men, se avèk gwo ofrann san Kris la ki te koule lè li te ofri tèt li tankou yon ti mouton san defo ni okenn enfimite” (1 Pyè 1:18, 19).

Lide ranson an soulve you kesyon, Ki moun ki te touche lajan ranson an? Kesyon sa a difisil pou reponn paske Bib la pa bay okenn repons dirèk sou sa. Ekriven Nouvo Testaman an e premye legliz la te anseye ke ranson an mete anfaz ke you lòt te peye pou liberasyon lòm anba konsekans peche, e ke liberasyon lòm te koute anpil, sa te mande pi gran pri posib, san Pitit Gason Bondye a. Sa te satisfè gouvènman e jistis Bondye e libere lòm pechè pou li ka antre nan kominyon avèk Bondye.

Ni Nouvo Testaman oubyen premye legliz la pat bay you teori pou esplike ki moun ki te resevwa lajan ranson e redanmsyon an. Yo te kontante yo pou asepte reyalite ranson an e mete anfaz sou aksyon sa a san panse esplike operasyon li. Genyen plizyè teori ki eseye esplike siyifikasyon metòd redanmsyon e ranson, men pi fò pa itil paske Bib la gade silans sou zafè sa a.

Pwopisyasyon

You lòt tèm ke ansyen vèsyon anglè a itilize ki genyen rapò avèk lanmò Kris se pwopisyasyon oubyen espyasyon. Diksyonè Webstè esplike tèm lan konsa “aksyon pou fè you reparasyon”, e “Pou fè konplèt satisfaksyon pou; reparasyon pou peche; tankou peye pou peche”. Lide ki dèyè pwopisyasyon se ke pamwayen lanmò Kris kòlè sen Bondye a kont peche jwenn satisfaksyon pou Bondye kapab asepte lòm ankò. Depi “Kris te mouri pou peche nou, dapre sa ki ekri nan Liv la” (1 Korentyen 15:3), nou dwe espere jwenn enfòmasyon sou vini lanmò Mesi a nan Ansyen Testaman. Nou jwenn li la, paske “ Se sa liv lalwa a ansanm ak liv pwofèt yo di nou tou” (Women 3:21).

Nan bib anglè a tèm pwopisyasyon an itilize nan Women 3:25, 1 Jan 2:2; 4:10, tankou anpil tèm Ansyen Testaman an, mo sa a soti nan tradiksyon grèk tèm Ansyen Tesaman (Septant) pou kouvèti chèz-mizerikòd. Lalwa te mande pou pechè a mouri pou peche li. Demann sa a te satisfè pou Izrayèl nan Jou Reparasyon on, lè gran prèt la te pran “l’a pran de bouk kabrit yo, l’a mennen yo devan pòt la Tant Randevou a” (Levitik 16:7). Li te tire osò pou deside kilès ki pou “Senyè a” e kilès ki pou Azazèl (v.8). Sa ki te pou Senyè a ta dwe ofri kòm you ofrann pou peche. Gran prèt la te simen an sou kouvèti Bwat Kontra a, ki te kote ki Pi Sen an (Levitik 16: 13, 14; 17:11; Egzòd 25:17-22; Ebre 9:5). San senbolize lavi kò a; lè san an kite kò a, lanmò rive. San sa a kouvri peche pèp la jistan soufrans e sakrifis Mesi a ta retire yo. Dezyèm kabrit la te lage lib pou senbolize peche yo ki soti gras a sakrifis Kris ki t’ap vini an.

Tèm pwopisyasyon sa a se you panse Ansyen Testaman an. Liv Ebre a esplike kouman verite ouvo kontra a genyen rapò avèk ansyen kontra. Apre li fin esplike byen brèf regleman tant randevou a, otè Ebre montre kouman you fwa chak lane gran prèt la pran “san bèt yo te ofri bay Bondye a pou tèt pa l ansanm ak pou peche pèp la fè san yo pat konnen “ (Ebre 9:7). Menm jan gran prèt la te kapab antre nan Kote Ki Pi Sen an sèlman sou baz san sakrifis la, konsa Kris la te antre nan tabènak ki san syèl la, kote avèk “san pa l menm li te ofri. Se sa k fè li antre yon sèl fwa a devan Bondye, li tou peye pou l te ka delivre nou pou tout tan” (v.12). Sakrifis Kris la pi efikas. Si anba lalwa “san bouk kabrit ak san towo bèf ansanm ak san vyann ti gazèl bèf yo boule sou lotèl la pou yo voye sou moun ki mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka sèvi Bondye dapre lalwa, pou mete yo nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye, nou pa bezwen mande kisa san Kris la p’ap fè. Avèk pouvwa Sentespri ki la tout tan an, li menm li ofri tèt li bay Bondye tankou yon ofrann bèt ki bon nèt, san okenn defo” (vv.13, 14). Kris “bay tèt li tankou bèt yo ofri pou wete tout peche, epi li fini...Kris la ofri tèt li pou mouri yon sèl fwa pou wete peche anpil moun” (vv. 26, 28). Kris pat antre you kote ki sen sou latè, “Li antre nan syèl la menm, kote li kanpe kounyeya devan Bondye pou nou” (v. 24).

Tankou nou te di anwo a sakrifis la “wete peche”. Anba Ansyen Testaman an, sakrifis la te sèlman kouvri peche devan zye Bondye. Kouvri sa se siyifikasyon reparasyon Ansyen Testaman an.

Nan pwochen chapit la ekriven an repete ke nan ansyen kontra a se te “san towo bèf ak san bouk kabrit” ki pou you tan te netwaye lòm (Ebre 10:4). Kris te vin tounen Mouton Delivrans la e “fè yon sèl ofrann san pou tout peche yo, yon ofrann san ki bon pou tout tan” (v.12). “Konsa, avèk sèl ofrann li fè a, li fè moun li netwaye anba peche yo bon nèt pou tout tan” (v.14). Soufrans Kris pwoteje pechè repantan an anba kòlè Bondye e netwaye konsyans li pou li ka sèvi Bondye. Jezi, apre sakrifis li, “chita bò dwat Bondye” (v.12).

Pòl te fè you pi bèl deklarasyon sou lanmò pwopisyasyon Kris nan liv Women lè li te ekri, “Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri, ki vin delivre yo. Se li menm, Jezikri, Bondye te ofri tankou bèt pou touye. Li bay san li pou tout moun ki mete konfyans yo nan li ka resevwa padon pou peche yo. Bondye te vle montre nou ki jan li fè moun gras. Nan tan lontan, Bondye te pran pasyans, li te fèmen je l sou peche moun te fè. Men kounyeya, li moutre nou ki jan l’ap fè moun gras, paske li fè nou wè se li menm ki gen rezon, anmenmtan l’ap fè tout moun ki kwè nan Jezi yo gras” (Women 3:24-26). Se pamwayen san sakrifis Kris ke jistis Bondye te satisfè e ke lòm pechè te kapab pwoche kote Li ankò.

Jan te ekri konsènan pwopisyasyon: “Se Jezikri, moun ki te mache dwat devan Bondye a. Paske, Jezikri te ofri tèt li tankou bèt yo ofri bay Bondye, pou Bondye te ka padonnen peche nou yo, pa peche nou yo ase, men peche tout moun tou” (1 Jan 2:1, 2); e “Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Ptit la” (4:10).

Tòm grèk ki itilize pou pwopisyasyon an nan Women 3:25 li tradwi ak mo rekonsilyasyon nan Ebre. Jezi “te pi ba pase zanj yo pou l te ka mouri pou tout moun, tankou you favè Bondye t’ap fè... avèk tout soufrans sa yo.... se Jezi ki chèf k’ap mennen yo nan chemen delivrans la. .. Se konsa, li te fèt pou l te vin tankou frè l yo sou tout pwen, pou l te ka sèvi yo tankou yon grangrèt ki gen anpil pitye pou yo, k’ap fè sèvis li byen devan Bondye, pou ofrann li fè a ka fè Bondye padonnen peche tout pèp la” (Ebre 2:9,10,17).

Lanmò Kris kòm Soufrans, Se Pa pinisyon

Lanmò Kris se te tou you delege (sa siyifi Kris te fè you bagay pou nou sou Kalvè a) oubyen you ranplasan, sa vle, Li te soufri e mouri poutèt pechè yo pou yo kapab resevwa lavi etènèl. Aksyon ranplasan sa a te anonse sis san lane anvan Kris te fèt nan Betleyèm, se pwofèt Ezayi ki te anonse sa a e li te “wè pouvwa Jezi, epi li pale sou li” (Jan 12:41). Ezayi di,

Men, se soufrans nou ta gen pou nou soufri a li t’ap soufri pou nou. Se doulè nou ta gen pou santi nan kò pa nou li te pran sou do l. Nou menm menm, nou te konprann se pini Bondye t’ap pini l. Nou te konprann se frape Bondye t’ap frape l, se kraze Bondye t’ap kraze l anba men l. Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon. Nou te tankou mouton ki te pèdi bann, chak moun bò pa yo. Men, chatiman ki pou te tonbe sou nou an, Senyè a fè l tonbe sou li. Ezayi 53:4-6.

Apre rezirèksyon Li, Jezi te pale ak de nan disip li yo sou wout pou ale Emayis konsènan pwofesi Ansyen Testaman, li t’ap di, “Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l soufri jouk li mouri, men sou twa jou li gen pou l sòti vivan nan lanmò” (Lik 24:46). Plizyè fwa diran ministè Li Jezi te pale sou lanmò Li: “Jezi konmanse pale aklè ak disip li yo, li di: Fòk mwen moute lavil Jerizalèm. Fòk mwen soufri anpil nan men chèf fanmi yo, nan men chèf prèt yo, nan men dirèktè lalwa yo. Y’ap fè touye mwen... (Matye 16:21; konpare Mak 6:31; Lik 9:22); “Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l soufri anpil, yo p’ap manke pase la nan betiz?” (Mak 9:12; konpare Matye 17:12); “Men, anvan sa, li gen pou l soufri anpil, moun alèkile yo p’ap vle wè li” ( Lik 17:25); “Mwen pat manke anvi manje manje Delivrans sa a avè n anvan m’al soufri” (Lik 22:15). Soufrans Jezikri te pale nan pasaj Nouvo Testaman an:

Men depi nan tan lontan, Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo ki jan Kris li a te gen pou l soufri. Se konsa sa l te di a vin rive vre. Travay Apot 3:18.

Mwen (Pòl) la toujou pou m sèvi l temwen devan tout moun, grannèg kou malere. Sa ou wè m’ap di la a, se sa menm pwofèt yo ansanm ak Moyiz te di gen pou rive. Kris la te gen pou l soufri. Se li menm ki an premye gen pou l leve sòti vivan nan lanmò pou l fè pèp Izrayèl la ansanm ak tout lòt nasyon yo konnen limyè k’ap delivre yo a. Travay Apot 26:22, 23.

Okontrè, lè nou gade Jezi, nou wè pou yon tan Bondye te mete l pi ba pase zanj yo, pou l te ka mouri pou tout moun, tankou yon favè Bondye t’ap fè yo. Kounyeya, poutèt lanmò li te soufri a, Bondye ba li tout lwanj ak tout respè ki pou yon wa. Se Bondye ki fè tout bagay, se Bonde k’ap kenbe tout bagay. Se tou nòmal pou l te vle fè anpil nan pitit li yo resevwa pa yo nan bèl pouvwa li a. se poutèt sa, Li fè Jezi vin bon nèt avèk tout soufrans sa yo. Paske se Jezi ki chèf k’ap mennen yo nan chemen delivrans lan. Ebre 2:9,10.

Atout li te pitit Bondye, li vin konnen sa ki rele yon moun obeyisan, avèk tout soufrans li soufri yo. Lè li fin bon nèt, li tounen yon delivrans pou tout moun ki obeyi l, yon delivrans k’ap delivre yo pou tout tan. Ebre 5:8,9.

Kris la te pote peche nou yo nan kò li sou bwa a, pou nou te kapab mouri annegad peche, pou nou te ka viv dwat devan Bondye. Li te kite yo maltrete l pou l te ka geri nou. 1 Pyè 2:24.

Paske, Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou yo, li p’ap janm mouri ankò. Li menm ki t’ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t’ap mache dwat yo, pou l te ka mennen nou bay Bondye. Li te mouri nan kò l, men ak pouvwa Lespri Bondye a, li leve vivan ankò. 1 Pyè 3:18.

Ventwit fwa vèsyon King James deklare ke Jezi te soufri pou nou.[1] Bib la pa janm pale sou Kris kòm pini pou peche oubyen pou pechè yo. Tèm pini e soufri genyen siyifikasyon diferan. Pini siyifi “koze you soufrans, pèd, oubyen soufri pou you krim oubyen you move bagay”,[2] okontrè “soufri” pa genyen koupablite. Grider te rezime sa ke John Miley te ekri, “Depi Kris te san peche, Li pat koupab. Lè Li te mouri pou nou, se poutèt sa Li te soufri men li pat pini. E paske te soufrans Li te ranplase pinisyon ke kwayan yo ta resevwa nan lanfè, Papa kapab padone. Se byen klè pinisyon an ta satisfè jistis Bondye. Men paske Kris te soufri olye pini, Papa a te kapab padone sila yo ki te repanti e kwè.”[3] Grider te ekri ke Kris te soufri anpati “ Paske Bondye Papa a vrèman padone nou – okontrè, si Li te pini Kris nan plas nou, Li pa ta kapab padone nou. Nan pini Kris Kris plas nou, jistis te kapab satisfèt, sa ki ta anpeche padon an. Asireman, you moun pa kapab pini e padone “[4]

Kòm Pòl te ekri, Jezi Kris “te mouri pou peche nou yo epi ki leve sòti vivan ankò pou fè Bondye fè nou gras” (Women 4:25) oubyen “oubyen li te mouri pou peche nou yo”. “Kris la mouri pou tout moun ki meprize Bondye” (5:6,8; konpare avèk Galat 1:4). La a genyen you dezakò sou fason entèprete tèm grèk huper ki tradwi “pou”. Eske li toujou siyifi “poutèt” oubyen eske li kapab siyifi tankou tèm grèk anti, ke yo tradwi “nan plas”. Nan relasyon ak Women 5:6 e 8, nan pi nouvo Greek-English Lexicon (i.e dictionary), Arndt e Gingerich te ekri konsènan huper, “apre espresyon soufri, mouri, konsakre ou, elatriye...mouri pou you moun oubyen you bagay... Konsa espesyalman lanmò Kris... pou, poutèt lèzòm, lemonn”.[5] Vincent te ekri, “ Yo diskite anpil si (huper) poutèt, janm egal (anti) nan plas”.

Apre li te fin bay plizyè egzanp nan klasik yo e nan lidè premye legliz yo ke yo rele Papa legliz, Vincent te ekri, “Okenn nan pasaj sa yo pa kapab konsidere kòm desizif. Plis sa ki kapab di se ke huper pre siyifikasyon anti. Nan plas plis sou you teren dogmatik. Nan gran majorite pasaj yo sans la klè pou poutèt. Vrè esplikasyon an sanble ke, nan pasaj yo pransipalman nan kesyon (Women 5:6), sila yo, espesyalman nan rapò avèk lanmò Kris.... huper karakterize propozisyon pi endefini e jeneral – Kris te mouri poutèt – sa lese sans patikilye a poutèt san detèmine e ke lòt pasaj ta dwe konplete. Siyifikasyon nan plas kapab antre ladan, men sèlman kòm dediksyon. Godet di, ‘ prepozisyon an kapab siyifi sèlman poutèt. Sa genyen rapò avèk finisman, pa avèk tout mòd travay redanmsyon an’”[6] Sanble ke deklarasyon Pòl la ta siyifi lanmò Kris te poutèt lòm, “konsa tou obeyisans yon sèl moun lakòz Bondye va fè anpil moun gras” (Women 5:19). Tankou ekriven Ebre te ekri, Jezi avèk “Pou l te ka mouri pou tout moun, tankou yon favè Bondye t’ap fè yo” (Ebre 2:9).

Asireman Li te ti mouton Bondye a k’ap wete peche moun sou tout latè” (Jan 1:29; 1 Pyè 1:18, 19) e akonpli pwofesi Ezayi lè li te “wè pouvwa Jezi, epi li pale sou li” (Jan 12:41). Tankou sa ekri, Ezayi te ekri, “Men, se soufrans nou ta gen pou nou soufri a li t’ap soufri pou nou. Se doulè nou ta gen pou santi nan kò nou li te pran sou do l. .....avèk kou li resevwa yo li ban nou gerizon” (Ezayi 53:4-5).. Tout tèm sa yo montre soufrans Li. Kris te vin nan lemonn pou soufri selon volonte Papa li, “Men, se te volonte Bondye pou yo te kraze l anba soufrans konsa, pou l te bay lavi li pou Bondye te ka padonnen peche nou yo” (v.10). Lè Kris te mouri sou kwa a, “li bay tèt li tankou bèt yo ofri pou wete tout peche, epi li fini” (Ebre 9:26; konpare 10:12).

Pòl genyen you pasaj Ekriti ke kèk moun kwè ki anseye ke Kris te pran peche nou yo e Li te pini pou yo kòm ranplasan nou, malgre li pa deklare klèman ke Kris te pran sou Li peche lòm. Poutan Pòl te ekri ke Bondye te “ Fè Jezi tounen peche pou nou, li menm pat konnen okenn peche” (2 Korentyen 5:21; vèsyon anglè). “Kris la pat janm fè okenn peche, men Bondye fè l pran sò nou sou li, yo trete l tankou yon moun ki fè peche” (2 Korentyen 5:21 vèsyon Bib la). Deklarasyon ke “Jezi te tounen peche pou nou” difisil pou konprann. Genyen de entèpretasyon pou vèsè sa a. You entèpretasyon di ke Bondye te fè Kris “tounen peche” lè Li mete peche lòm sou Li. Dezyèm entèpretasyon an se ke “tounen peche” se you siyifikasyon posib pou harmatia ke yo jwenn nan grèk Ansyen Testaman an ke apot yo e premye legliz la te konn itilize, ki siyifi ke lanmò Kris se te you “ofrann pou peche”. Nou va diskite premye entèpretasyon an pi ba, e dezyèm nan nan pwochen seksyon an. [7]

Se moun ki adopte Teori Pinisyon an ki kenbe premye entèpretasyon an (yo rele sa tou Sibtitisyon Penal) e se you teori legalis ke Ogisten te premye avanse e Jan Kalven te fè li popilè diran refòmasyon an. Selon teori sa a lòm, poutèt peche li yo, merite kòlè e madichon Bondye. Akoz nati Li ki sen e jis, Bondye dwe pini lèzòm paske yo merite sa.. Pou satisfè jijman jis Bondye, Pitit Gason Li an pran nati lòm, viv anba lalwa e akonpli tout jistis. Kris te vin pran peche lòm (Li te vin tounen peche), e Li te pini pou peche nou lè Li te mouri sou kwa a. Lanmò Li te akonpli demann lalwa Bondye, retire pinisyon lanmò lòm t’ap fè fas pou peche li yo, konsa lòm kapab rachte.

Teori sa a siyifi ke Bondye te fè Jezi “tounen” peche. Se byen klè Bondye Papa a pat kapab literalman fè Pitit Gason Li an tounen “peche”. Bondye pat janm prezante kòm sous peche. Poutèt sa a, kèk moun adousi teori sa a lè yo di ke Bondye pat literalman fè Jezi “tounen peche”, men Jezi kapab konsidere kòm peche ki pran you fòm nan you sans figire; Li vin tounen peche pou nou. Nan you sans senbolik e nan you fason ranplasan, peche te jije sou kwa a paske Jezi te fèt e idantifye avèk Kris. Peche nou yo te trete sou kwa a lè Kris te mouri pou nou, nan plas nou.

Te genyen difikilte avèk entèpretasyon “peche” ke yo bay anwo a. Premyèman sa pa anseye nan Nouvo Testaman Grèk la e li pa jwenn sipò nan Ansyen Testaman Ebre a. Nouvo Testaman pa anseye anyen konsènan peche lòm oubyen koupablilte lòm ki te transfere sou Kris. Tankou nou te deja di, si Li te pote koupablite peche lòm, Li ta pini. You lòt difikilte se paske li tòdye sa Kris te fè sou kwa a. Si tout peche nou yo (pase, prezan, fiti) te transfere sou Kris e Li te pini pou yo, lòm pat kapab pini ankò pou yo. Sa ta mennen tout moun sove, sa ki kontrè avèk Bib la (se klè tout moun pa sove), oubyen pou kèk rezon enkoni, Bondye chwazi sèlman kèk moun patikilye pou sove. Sa siyifi ke kèk moun dwe predestine pou genyen lavi etènèl e kèk lòt pou kondane, e sila yo ki chwazi genyen you sekirite etènèl san konsidere nenpòt bagay yo fè. Bib la pa anseye sa nonplis.

Kouman Soufrans Kris La Te Trete

Nan ki sans soufrans Kris e lanmò li te delege? Anvan nou diskite sa, annou sonje ke nou pa dwe twouble sou kesyon sa a paske paske Bib la pa bay okenn deklarasyon fòmèl sou kouman Bondye te trete lanmò Kris sou kwa a. Anpil kretyen eseye devlope you teori pou esplike travay Kris sou kwa a. Efò sa a pa genyen anpil benefis paske Bib la, tankou nou deja wè nan chapit sa a, dwe itilize plizyè lide pou esplike travay Li pou lòm. Sanble pa genyen you sèl tèm oubyen you sèl teori ki esplike travay Kris; konsa annou pran prekosyon pou nou pa enpoze nenpòt teori sou Bib la. Men annou kenbe zye nou yo sou chak bagay Bib la anseye sou lanmò Kris.

Omwens genyen de vèsè deklare dirèkteman Kris pote peche lòm. Ebre 9:28 deklare , “Kris la ofri tèt li pou li mouri yon sèl fwa pou wete peche anpil moun” (Bib la vèsyon kreyòl). “Kris te ofri you sèl fwa pou pote peche anpil” (Vèsyon anglè). E Pyè te ekri parèyman ke Kris te “yon ti mouton san defo ni okenn enfimite” (1 Pyè 1:19), “Li pat janm fè okenn peche....Kris la te pote peche nou yo nan kò li sou bwa a, pou nou te kapab mouri annegad peche, pou nou te ka viv dwat devan Bondye. Li te kite yo maltrete l pou l te ka geri nou” (2:22, 24). “Kris la menm mouri you sèl fwa pou peche nou yo, li p’ap janm mouri ankò. Li menm ki t’ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t’ap mache dwat yo, pou l te ka mennen nou bay Bondye. Li te mouri nan kò l, men ak pouvwa Lespri Bondye a, li leve vivan ankò.” (3:18). Pakse Kris ki t’ap mache dwat te soufri lanmò fizik pou moun ki pa t’ap mache dwat, Kris te vin tounen you sakrifis pou rachte e pou peye ranson pou lòm konsa lòm pa va soufri pinisyon li merite a nan letan dife. Inosan e jis la kapab soufri. Paske Kris te ofri tèt Li kòm sakrifis, li te entèsede pou lòm lè Li te vide nanm Li sou kwa a, konsa Li te fè san li you sakfris aseptab pou peche konsa Bondye kapab padone pechè a olye pini lòm (Gade Levitik 4:20, 26, 31, 35 e Ezayi 53: 6,11, 12).

Nou dwe mansyone pou Kris “pote peche anpil” e ke nan Li menm “Pou Kris pote peche nou yo nan kò li” pa siyifi Li te pini pou peche nou yo. Sakrifis Kris e soufrans Li yo kòm “Ti mouton Bondye a k’ap wete peche moun sou tout latè” (Jan 1:29), akonpli imaj bouk ke yo te voye deyò ki “te pote tout peche yo ale” nan dezè a (Levitik 16:22). Kris te bay lavi Li piblikman kòm you sakrifis pou pote ale peche anpil moun sou lotèl.12

Nan opinyon otè a, dezyèm entèpretasyon 2 Korentyen 5:21 te mansyonnen nan seksyon ki te vini anvan an ke Jezi te tounen “you ofrann peche pou nou”, se kòrèk. Ofrann peche se you siyifikasyon ki ranplase hamartia ke nou jwenn nan Grèk Ansyen Testaman. Depi apòt e legliz nan Korent te sitou itilize Vèsyon Septant, yo te san dout konprann ke hamartia kapab siyifi you ofrann peche. Sa a pat you pasaj difisil pou konprann Kretyen grèk ki te resevwa lèt sa a oubyen premye kretyen ki te li li pita.

Klarke sipòte opinyon ke hamartia dwe tradwi “ofrann peche” isi a. li te ekri “repons sa a pou chattach e chattath nan tèks Ebre a; ki siyifi peche e ofrann peche nan you gran kantite kote nan Pantatek la (woulo senk liv Moyiz yo). Vèsyon Septant la tradwi Ebre a avèk harmatia nan katreven diskote nan Egzòd, Levitik, e Nonb, kote li siyifi peche ofrann; e kote vèsyon nou an pa tradwi mo a peche, men you ofrann pou peche (gade kòmantè li)[8]. Tradiksyon sa a jwenn sipò pwofesi Ezayi 53: “Men, se te volonte Bondye pou yo te kraze l anba soufrans konsa, pou l te bay lavi li pou Bondye te ka padonnen peche nou yo” (v.10 nan Bib la). Men nan vèsyon anglè nou li “ poutan se te volonte Bondye pou kraze li pou fè li soufri: lè li fè nanm li you ofrann peche” (v.10).

Lòt moun sipòte entèpretasyon ofrann peche a. Arndt e Gingerich te ekri “hamartia kapab egal ofrann peche isi, nan Levitik 4:24".[9] A. A. Hodge, You tewolojyen presbiteryen e kalvinis ki te anseye nan Seminè Teolojik Prenstonn, sipòte tou entèpretasyon ofrann peche. Li te ekri, “Bondye te fè Kris, ki pat konnen peche, tounen you ofrann peche pou nou konsa nou kapab vin jis devan Bondye nan Li’”.[10]

Tradiksyon ofrann peche jwenn sipò lè Pòl itilize hamartia nan Women 8:3: Kris te vini “pou peche, kondane peche nan lachè” (tradiksyon anglè). “Pou peche” tradwi nan NIV kòm “ you ofrann peche” (konpare NAB, ASV, NASV, e nòt RSV); e nan NEB “kòm you sakrifis pou peche”. Arndt sipòte tradiksyon sa yo,[11] menm jan avèk plizyè komantatè (Konpare Wm. Black, F.F. Bruce, Adam Clarke, Wm. Newell, J.C. Wenger etsetera). Li jwenn sipò tou Ebre 9:28: Kris va “parèt dezyèm fwa a san peche (hamartia) pou delivre” (tradiksyon anglè). Isi hamartia vle di ofrann peche, nan ka kontrè sa ta siyifi Kris te vini premye fwa avèk peche, sa ki pa vre. Vèsè sa a kapab li, “parèt dezyèm fwa a san you ofrann peche”.

Se byen klè ofrann peche se you izaj konparezon paske Pòl te itilize diferan mo Grèk nan 2 Korentyen 5:21, hamartia. Jezi literalman pat janm tounen you timouton oubyen you bèf. Entèpretasyon sa a plase lanmò sakrifis Kris nan mitan travay Li a, tankou plizyè ekriven Nouvo Testaman te fè. Tankou otè Ebre a ekri, anba lalwa, “si san pa koule nanpwen padon pou peche yo: (9.22). Poutèt sa Kris te parèt “li bay tèt li tankou bèt yo ofri pou wete tout peche, epi li fini” (v.26; konpare v.28; 10:12, 14). Janbatis te pale sou Jezi nan senbòl sakrifis Ansyen Testaman an, kòm “Ti mouton Bondye a k’ap wete peche moun sou tout latè” (Jan 1:29). Pòl te ekri ke Kris te bay “lavi l pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k’ap fè Bondye plezi ak bon sant li” (Efezyen 5:2). Pyè te ekri ke kretyen yo te rachte “men, se avèk gwo ofrann san Kris la ki te koule lè li te ofri tèt li tankou yon ti mouton san defo ni okenn enfimite” (1 Pyè 1:19). Konsa entèpretasyon ofrann peche e sakrifis pa ra kòm “fè tounen peche” ta ye.

Lide ki souliye dèyè entèpretasyon ofrann peche koni kòm teori gouvènmantal. Moun ki te avanse lide sa yo se te Jak Aminiyis e etidiyan li, Ugo Gwotis, diran peryòd Refòmasyon an. Li te mete anfaz ke Bondye pote jijman sou peche lè Kris ki te san peche te bay lavi Li sou kwa a kòm you sakrifis oubyen you ofrann peche pou soufrans Li ta satisfè demann Bondye ki sen an. Sa te rann Bondye kapab padone peche nou nan you fason ki pa ta sèlman fèmen je sou yo. “Lide santral teori sa a se ke Bondye pa ta dwe konsidere sèlman kòm you pati ki te ofanse, men kòm Gouvènè Moral linivè a. Li dwe kenbe otorite jeneral gouvènman li nan enterè byen jeneral. Kòm konsekans soufrans Kris la pa konsidere kòm egal ak pinisyon nou, men sèlman nan sans ke diyite gouvènman an kenbe e vanje avèk efikasite li ta dwe ye, si nou te resevwa pinisyon ke nou merite”[12]. Konsa lanmò Kris pat sèlman you ranplasan men you delege, sa vle di, Li te fè you bagay poutèt nou jan nou te wè deja. Travay Kris pat sèlman rann Bondye kapab padone peche nou men li te venk pisans mechanste e rann kapab tout moun ki repanti e kwè viv you lavi dwat. “Li mouri pou tout moun, konsa, moun k’ap viv yo p’ap viv pou tèt pa yo ankò, men y’ap viv pou moun ki te mouri epi ki te leve soti vivan nan lanmò pou yo a” (2 Korentyen 5:15).

You difikilte avèk entèpretasyon ofrann peche se ke mo “peche” ta genyen de siyifikasyon diferan nan you vèsè separe pa sèlman de mo nan grèk: Bondye “fè li tounen peche pou nou, li menm ki pat konnen peche” (2 Korentyen 5:21 Tradiksyon anglè). Sa a pa you gran pwoblèm paske nou genyen you egzanp menm mo a ki genyen de siyifikasyon diferan nan menm chapit la. Nan Septant la genyen anpil egzanp nan Lalwa kote hamartia te itilize nan sans pre sans peche e ofrann peche. You lòt egzanp se fason Kris itilize “sanktifye” nan de diferan sans nan Lapriyè nan Jan 17:17 e 19 ( sans sanktifikasyon e konsekrasyon). Brunk te ekri, “ Nou genyen you egzanp sanblab nan Pak (Delivrans) – nan Lik 22:1 mo a siyifi you fèt, e nan 7em vèsè menm chapit la menm mo a siyifi ofrann Pak (Delivrans)”[13].

Nan rezime, annou kenbe nan lespri nou ke sa Pòl te ekri anvan deklarasyon “peche”. “Tou sa soti nan Bondye ki fè nou vin zanmi avè l ankò, gremesi Kris la. .. ....Paske nan Kris la, Bondye t’ap fè tou sa li te kapab pou fè moun vin byen avè l ankò..... Kris la pat janm fè okenn peche, men Bondye fè l pran sò nou sou li, yo trete l tankou yon moun ki fè peche. Konsa, lè nou fè yon sèl kò ak Kris la, Bondye fè nou gras” (2 Korentyen 5:18, 19, 21).

Enpòtans Pou Nou Konprann Travay Kris la

Se enpòtan pou nou konsidere avèk swen travay Kris sou kwa a paske tout redanmsyon an genyen rapò avèk gran sakrifis ki te fèt sou Kalvè a. You konsiderasyon ki pa kòrèk sou dimansyon e siyifikasyon travay Kris la kapab mennen nan move aplikasyon. Kòm egzanp, si you moun ta panse ke dimansyon lanmò Kris te sèlman nan degre ki mande pou satisfè lalwa pou sila yo ki kwè, e pakse se byen klè tout moun pa sove, e byen enpòtans lanmò Kris la ta sifi sèlman pou kouvri peche sila ki aktityèlman kwè e pèsevere fidèlman jouk sa fini. Men plizyè fwa Bib la repete ke Jezi te mouri pou peche lemonn antye (Jan 1:18, 29; 1 Timote 2:6; 4:10; 1 Jan 2:2).

Lè Kris la te kloure sou kwa a, Bib la di ke Li te “wete peche moun sou tout latè” (Jan 1:29). Lanmò Kris te genyen efè sou tout moun (Women 5:8, 18; 2 Korentyen 5:14, 15; 1 Timote 2:4, 6; 4:10; Ebre 2:9; 1 Jan 2:2; 4:14). Sèl moun ki benefisye lanmò Li, poutan, se moun ki repanti, kwè e rete fidèl pou Kris. Bib la pa anseye ke moun ki pa genyen you relasyon esanyèl avèk Kris e swiv li va sove.

Lanmò Kris se te you sakrifis san limit ki te genyen you valè san limit. Valè li te plis pase sifizan pou kouvri peche lemonn. Chak moun ki viv oubyen ki te janm viv kapab pran benefis san limit sakrifis Kris la. Menm lè pèman te fèt pou peche lemonn antye, valè lanmò li toujou pa janm fini oubyen depresye. Poutan genyen you fason defini kote lanmò Kris limite. Li limite avèk chwa lòm.

Bondye te deside ke delivrans posib sèlman atravè Pitit Gason Li a. Sèlman sila yo ki kwè nan Jezi e resevwa Li kòm Senyè e Sovè yo, e kontinye nan you relasyon lavi e entim avèk Li va resevwa benefis lanmò li sou kwa a. Delivrans la chita sou paske nou nan Kris. Bondye pa janm kapab konsidere kòm enjis paske Li pèmèt moun pase letènite nan letan dife. Tout pwovizyon nesesè te fèt nan Kris pou rachte nenpòt moun ki vle. Men moun ki pa vle va fè esperyans dezyèm lanmò a paske yo te rejte pwovizyon Bondye pou lavi etènèl la.

You lòt danje kapab parèt si nou mal konsidere dimansyon sakrifis Kris la nan tèm pinisyon sèl legal. Depi Kris te peye ranson pou delivrans lèzòm, lè sa a nou kapab tante pou panse ke tout moun toupatou sove e yo genyen sekirite paske lalwa te satisfè. Men Bondye te resevwa benefis travay Kris la, sa genyen ladan delivrans, depann sou lafwa nan Jezikri ki se chemen, verite a, e lavi. Pechè a dwe vin jwenn Bondye pamwayen Kris, e li dwe vin jwenn Kris nan mete konfyans li e avèk you lafwa ki obeyisan. Bondye pa bay lòm delivrans san diskriminasyon. Jan 3:18 pale dirèkteman sou sa: “Moun ki mete konfyans yo nan Bondye a p’ap kondannen. Men, moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen, paske yo pat gen konfyans nan sèl Pitit Bondye a”.

Delivrans e kondanasyon kondisyone sou lafwa nan Kris, se pa sou lalwa ki satisfè oubyen lòm san peche. Lè ou nan Kris ou nan gwo Bato Delivrans la. Lè ou san Kris ou toufe nan peche lemonn e ou san espwa oubyen san asirans. Delivrans depann sou you relasyon ki rete avèk Jezi Kris, sou fidelite avèk Pawòl Li e sou ministè Sentespri pou lespri nou. Kretyen genyen asirans ke yo se pitit Bondye (Gade 1 Jan 5:13), men genyen anpil pasaj nan Bib la ki avèti sou danje pou tonbe ankò (Matye 24:4, 5, 11-13; Jan 15:1-6; Travay Apot 11:23; 14:21, 22; Kolosyen 1:23; 2:4-8, 18, 19; 1Timote 4:1, 16; 2 Timote 3:14; 4:3, 4; Jak 5:19, 20; 2 Pyè 1:8-11; 3:16-18; 1 Jan 2: 23-25; Ebre 2:1-3; 3:1-14; Chap 10 elatriye).

Antinomyanism, ki se manke respè pou volonte Bondye, se you lòt danje nan mal entèprete dimansyon travay Kris. Si delivrans baze sèlman sou you zafè legal, e si moun dwat nan je Bondye sou baz sa ke Kris te fè, ebyen ki diferans sa fè si moun swiv oubyen pa swiv volonte Bondye? Delivrans yo konplèt e li pa depann sou fason yo viv. Men se egzakteman kont atitid sa a ke Pòl te bay avètisman nan diskisyon li sou jistifikasyon nan Women (gade 6:1,2,15).

You moun ki manke respè pou volonte Bondye e ki pa sansib montre nan fason li viv ke li pa Pitit Bondye. Lè you moun fèt nan Sentespri Bondye e konsa resevwa nouvo nesans la, li vle swiv Kris e fè volonte li. Nouvo nati li montre nati Kris (1 Korentyen 2:16). E Jezi te toujou chache fè volonte Papa a (Lik 22:42).

Men tou, si nou kwè ke Kris te peye pou peche sèlman sila yo ki va sove, e sètènman yo va sove si Kris te mouri espesyalman pou yo, lè sa a nou kapab genyen mwens motivasyon pou pou pote Levanjil la bay moun ki pèdi yo. Nou kapab glise tonbe nan you teoloji predestinasyon estrèm e panse ke sila yo ki dwe sove va sove. Efò evanjelizasyon nou kapab toufe, e nou kapab vin tonbe nan you aktivite relijye san chache jwenn sila yo ki pèdi (Lik 19:10).

You verite ke nou dwe toujou kenbe nan lespri nou se lamou Bondye pou sila yo ki pèdi e padon Li pou sila yo ki kwè nan Kris. Bondye se you Bondye jistis, men Li se you Bondye lamou e mizèrikòd. E nou dwe toujou kenbe kalite sa yo nan balans. Pou gade travay Kris espesyalman sou you aspè legal oubyen nan you vizyon relijye se sèlman konsidere you pati nan karaktè Bondye.

Pi gwo mesay Bondye genyen pou lòm se ke “Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p’ap pèdi lavi yo. Okontrè y’a gen lavi ki p’ap janm fini an” (Jan 3:16) E “Bondye montre nou jan li renmen nou anpil. Paske nou t’ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou....Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l te fè nou byen ak Bondye ankò. Kounyeya nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p’ap delivre nou” (Women 5:8,10). Rezilta lamou Bondye se padon peche: Gremesi Kris ki mouri pou nou an, nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo.” (Efezyen 1:7; konpare Kolosyen 1:14; 2:13);” Bondye padonnen peche nou yo poutèt Jezikri” (1 Jan 2:12). Annou gade ansèyman Nouvo Testaman an sou rekonsilyasyon pou plis detay.

Rekonsilyasyon

Efè reparasyon e soufrans Kris se rekonsilyasyon nou avèk Bondye. Tèm nan sòti nan you vèb grèk Katallaso, ki siyifi “chanje, echanje”. Nan Bib la li aplike pou relasyon lòm avèk Bondye; lòm chanje soti nan you eta lènmi annegad Bondye pou vin tounen pitit Bondye (Jan 1:12); Women 8:14; 1 Jan 3:1). Echanj sa a rive gras Bondye e lamou travay nan Kris. Konsa se Bondye ki rekonsilye e ki travay nan rekonsilyasyon lòm pechè. Siyifikasyon sa a kapab obsève nan fason Pòl itilize tèm sa a nan pòsyon Bib ki vini apre yo:

Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l te fè nou byen ak Bondye ankò. Kounyeya nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p’ap delivre nou. Epi se pa sa sèlman. Nou jwenn tout plezi nou nan Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an, ki fè nou byen ak Bondye ankò depi kounyeya. Women 5:10, 11.

Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki gen ki pran plas kounyeya. Tou sa sòti nan Bondye ki fè nou vin zanmi avè l ankò, gremesi Kris la. Se li menm tou ki fè m konfyans, ki ban m travay sa a pou mennen lèzòm vini byen avè l ankò. 2 Korentyen 5:17, 18.

Avèk lanmò Kris la sou kwa a, li wete sa ki t’ap fè de pèp sa yo yonn rayi lòt, li fè yo de vin byen ak Bondye, li mete yo ansanm yonn ak lòt nan yon sèl kò. Efèzyen 2:16.

Se Bondye menm ki te vle pou tou sa l ye a, se sa pou Kris la ye tou. Se li menm tou ki te vle fè tout bagay byen avè li ankò, gremesi Kris la, tou sa ki sou latè ak tou sa ki nan syèl la. Li mete lapè toupatou, gremesi san Kris la ki koule sou kwa a. Kolosyen 1:19, 20.

Pasaj nou sòt li anwo a montre byen klè ke Jezi Kris rekonsilye lòm avèk Bondye. Kris rann posib pou lòm reprann plas li nan relasyon li te jwi avèk Bondye avan Adan te peche.

Efè Redanmsyon An.

De gran efè redanmsyon Kris sou lòm se nouvo nati li resevwa a e destriksyon pisans satan sou lòm.

Jezi Kris te vini pou pote you nouvo e you pi bon kontra. Jeremi pwofèt Ansyen Testaman an te pale pawòl Senyè a: “Men kontra mwen pral fè ak pèp Izrayèl la, apre jou sa yo fin pase. M’a mete lwa m yo nan lespri yo, m’a make lwa m nan kè yo. M’a tounen Bondye tout bon pou yo, y’a tounen yon pèp ki apa pou mwen” (Ebre 8:10; konpare 7:22; 10:16; Jan 6:45; Jeremi 31:33).”Kris la louvri yon chemen nèf pou nou, yon chemen k’ap ban nou lavi, yon chemen ki pase nan mitan vwal la, sa vle di: nan kò l menm....Ann pwoche bò kote Bondye ak tout kè nou, ak yon konfyans byen chita, san nou pa genyen anyen nan kè nou ki pou boulvèse konsyans nou, kò nou menm byen netwaye nan yon dlo byen pwòp” (Ebre 10:20, 22).Se ansèyman sa a ke Jezi te pale ak Nikodèm sou li: “Pèsonn pa kapab wè Peyi Kote Bondye Wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa” (Jan 3:3). Fèt you “dezyèm fwa” siyifi “yon lòt kalite moun jan Bondye vle l la, pou nou sanble ak li pou nou ka mennen yon lavi ki dwat, yon lavi ki apa pou Bondye, jan verite a mande l la” (Efezyen 4:24).

Pwen ke nouvo moun nan “jan Bondye vle l la, pou nou sanble ak li pou nou ka mennen yon lavi ki dwat, yon lavi ki apa pou Bondye, jan verite a mande l la” (Efezyen 4:24) mansyone nan lòt pasaj nan Bib la. Pòl te ekri Kolosyen yo pou wete peche paske “kounyeya nou tounen yon lòt kalite moun, n’ap chanje jouk n’a rive sanble ak Bondye ki kreye nou an pou n te ka konnen l nèt” (Kolosyen 3:9,10). Vye moun nou te ye a aboli e li ranplase ak yon lòt kalite moun. Vini yon lòt kalite moun siyifi ke kretyen an renouvle nan imaj Kreyatè li. Imaj sa a restore sa ki te pèdi lè Adan te peche e renouvle lòm nan konesans espirityèl. Pòl te ekri Korentyen ke kretyen “chak jou n’ap transfòme, pouvwa li ap grandi nan nou, jouk tan n’a rive sanble nèt ak Senyè a. Sa se travay Senyè a. Lespri Bondye” (2 Korentyen 3:18). Kretyen dwe reflete tankou yon glas glwa Senyè a paske gras Li transfòme e renouvle yo. Bi a se pou “Kris la va fin fòme nèt nan nou (nan kretyen)” (Galat 4:19). Kretyen “patisipe nan sa Bondye ye a, pou nou kapab chape anba koripsyon ki nan lemonn, akòz move lanvi ki nan kè moun” (2 Pyè 1:4).

Dezyèm bagay ki akonpli se lè Kris detwi pisans Satan sou lòm. Nan Adan te peche, Bondye te di Satan, “Ou menm ak fanm lan, m’ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w’ap mòde l nan talon pye l” (Jenèz 3:15). Kraze tèt Satan te akonpli pamwayen lanmò e rezirèksyon Jezi Kris. Destriksyon pisans pamwayen Jezi te repete plizyè fwa nan Nouvo Testaman an. Jezi pandan li t’ap pale sou lanmò li ki t’ap vini, te di “Kounyeya, lè a rive pou yo jije moun ki sou tè sa a. Kounyeya, yo pral mete chèf k’ap dominen lemonn lan deyò” (Jan 12:31). Lik te rapòte defans Pòl devan Agripa kote Pòl te temwaye ke Jezi te di li “pou ou kapab louvri je yo, pou fè yo soti nan fènwa kote yo ye vin nan limyè, pou wete yo anba pouvwa Satan vin jwenn Bondye. Konsa, lè y’a mete konfyans yo nan mwen, y’a resevwa padon pou tout peche yo” (Travay Apot 26:18). Ekriven Ebre a te ekri “Konsa lè li mouri, li detwi Satan ki te gen pouvwa pou touye moun. Li delivre tout moun ki pase tout lavi yo esklav paske yo te pè lanmò” (Ebre 2:14-15). Jan te ekri ke “Pitit Bondye parèt toutespre pou kraze travay Satan” (1 Jan 3:8). Jezi te farizyen yo, “Men, si se avèk Lespri Bondye m’ap chase move lespri yo, sa vle di pouvwa Gouvènman Bondye ki wa a gentan rive sou nou” (Matye 12:28, 29).

Paske Kris detwi pisans Satan an sa rann kretyen yo kapab genyen viktwa sou “vye moun nan”.,, nati ki pi ba a. Pòl te mete anfaz sou verite sa a: “Avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l, nou te mouri ansanm avè l tou. Men, menm jan Papa a te fè l leve sòti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi....Nou konn sa byen: vye moun nou te ye anvan an, sa mouri avèk Kris la sou kwa a. Konsa, sa nou gen kò nou ki te konn fè nou fè peche a fini. Nou pa esklav peche ankò” (Women 6:4, 6). E “Moun ki moun Jezikri, yo fè kò a mouri ansanm ak egzijans li yo, ak tout lanvi li yo” (Galat 5:24).

Rezime

Anpil teolojyen eseye prepare you deklarasyon egzakt sou siyifikasyon redanmsyon an. Yo pa genyen anpil siksè; se difisil pou esplike bagay ke moun pa konprann ki te rive sou kwa a.

Sa ki te rive nan lanmò Kris san okenn dout va rete you mistè jouktan nou rive nan syèl la; poutan anpil moun eseye esplike li nan tèm ke lòm kapab konprann. Sa bay kòm rezilta anpil teori sou travay redanmsyon Kris. Anpil ladan yo pa konplèt paske yo eseye esplike you bagay ke Bib la pa esplike konplètman. Paske etid sa a chache pou li rete you etid biblik, otè a va respekte silans sa a ke Bib la fè e li pa va eseye fè you deklarasyon final sou sijè sa a. Malgre Bib la pa bay you esplikasyon konplèt sou fason lanmò Jezi bay redanmsyon e rekonsilyasyon, li ban nou anpil limyè. Lè nou konsidere diferan tèm Biblik e deklarasyon ansanm, yo bay you siyifikasyon konplèt konsènan kwa a.

Jezi te fèt nan you vyèj e yo te rele li “Emannwèl. Non sa a vle di Bondye avèk nou” (Matye 1:23). Li te “pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men li pat janm fè okenn peche” (Ebre 4:15). “Li te tankou yon timouton san defo ni okenn enfimite” ( 1 Pyè 1:19), moun ki t’ap kritike Li yo “pat jwenn anyen nan sa Jezi fè ki pou ta fè l merite lanmò” (Travay Apòt 13:28). Li “mouri pou moun ki pa t’ap mache dwat yo, pou l te ka mennen nou bay Bondye” (1 Pyè 3:18). “Jezi te ofri tèt li tankou bèt yo ofri bay Bondye pou Bondye te ka padonnen peche nou yo” ( 1 Jan 2:2), “Se li menm ki te asepte mouri pou tout moun ka sove” (1 Timote 2:6), “Gremesi Kris ki mouri pou nou an, nou delivre, nou resevwa padon pou pcche nou yo. Bondye fè nou wè jan li renmen nou anpil” (Efezyen 1:7). “Se yon sèl moun ki mete lèzòm dakò ak Bondye ankò, se Jezi Kris la” (1 Timote 2:5), ki fè sa posib pou tout moun “ chanje nèt ni nan kè nou ni nan lespri nou. Se pou nou vin yon lòt kalite moun jan Bondye vle l la, pou nou sanble ak li pou nou ka mennen yon lavi ki dwat, yon lavi apa pou Bondye, jan verite a mande l la” (Efezyen 4:23, 24). “Gade ki jan Papa a renmen nou non! Li sitèlman renmen nou li rele nou pitit li. Epi se sa nou ye vre Se poutèt sa lemonn pa konnen nou, paske li pa konnen Bondye” (1 Jan 3:1).

---------------

Chapit 4 REDANMSYON REYALIZE NAN KRIS
YOU ETID BIBLIK SOU REDANMSYON
Leland M. Haines

Life Ministries
250 Meadow Lane
Conestoga , PA 17516 USA

Copyright © 2002
Leland M. Haines
Goshen, Indiana USA
All rights reserved.
Avèk pèmisyon

Tradiktè
Josué Michel

Pou

International Faith Missions
Jonesville , Michigan USA  

Emprimè avèk

Life Ministries
250 Meadow Lane
Conestoga Pennsylvania17516US