"For other foundation can no man lay than that is laid, which is Jesus Christ." (1 Cor. 3:11)

Home
Articles
Books
Confessions
Anabaptist History
Churches and Related ones
Our Mission

Other Languages
Russian Bibleviews
Romanian Bibleviews
Español Bibleviews
Haiti Bibleviews
Portuguese Bibleviews

More Information
About your InternetServant

Contact Us & Guestbook

"If any man will come after me, let him deny himself, and take up his cross daily, and follow me." (Luke 9:23)

CHAPIT 6

Redanmsyon Klarifye

Leson Nan Men Jwif Yo

Jwif yo, pèp chwazi a, genyen you istwa rebelyon kont Bondye ki long; yo te fè you vwayaj ki te long e difisil anvan yo te aprann enpòtans fè volonte Bondye. Finalman, apre Jida te fin pase swasann dis lane egzil nan Babilòn, jwif yo te trete anba zafè idolatri a. Poutan tretman sa a pat geri pwoblèm lavi nasyonal yo ki te rive nan you finisman, e anpil nan pèp la te gaye. Rès ki te rete a te devlope relijyon Jidayism. Pou yo menm, pandil la te balanse soti nan rebelyon pou antre nan you legalism sevè ki baze sou entèpretasyon oral e literal lalwa. Bondye te vle jwif yo chanje, men chanjman pou ale nan you dezi zele pou kenbe lèt lalwa te fè yo manke konprann lespri e entansyon lalwa a. Kòm konsekans, yo te bati tout you sistèm tradisyon ki te anrasinen byen fèm, pa sou lespri e entansyon lalwa a, men sou lèt la.

Nouvo anfaz sa a sou obeyisans sevè lèt lalwa a e sou obeyisans sevè tradisyon ansyen yo te you sous konfli ki te devlope ant lidè jwif yo e Jezi. Se te you koz opozisyon farizyen e direktè lalwa yo ki t’ap ogmante kont Jezi e ki finalman te fè yo kloure li sou you kwa. Jezi te eseye korije yo lè yo te akize disip li yo sou kesyon vyole tradisyon ansyen yo. Li te mande yo, “Poukisa n’ap plede dezobeyi kòmandman Bondye yo pou nou swiv koutim pa nou yo?” (Matye 15:3). Li te pale sou senkyèm kòmandman an “Respekte papa ou ak manman ou” (v.4) e fè yo sonje ke yo te di, “Si yon moun di papa l osinon manman l: Sa m ta gen pou m ba ou a, m ofri l bay Bondye, moun sa a pa bezwen fè anyen pou papa l osinon manman l.” (Vv.5,6). “Se konsa avèk koutim nou yo, nou fè pawòl Bondye a pase pou anyen” (v.6). Jezi te aplike you pwofesi ki te nan liv pwofèt Ezayi: “Se nan bouch pèp sa a respekte mwen. Men, kè yo byen lwen mwen. Se tan y’ap pèdi, lè y’ap fè sèvis pou mwen. Paske, nan sa y’ap di, se pawòl lèzòm y’ap moutre moun”(vv. 8,9; konpare Mak 7:1-13; Ezayi 29:13).

Nan Kòmansman, Legliz la te Preche Jwif yo sèlman

Legalism jwif yo te antre nan premye legliz la e menase pou konwonpi mesaj Levanjil la. Legalism sa a pat sèlman mete kèk premye kretyen nan konfizyon, men tou li te lakoz kèk nan apot yo e lòt lidè legliz manke konprann siyifikasyon lalwa e relasyon li avèk Levanjil la.

Anpil lidè premye legliz la te manke wè redanmsyon an pou tout moun, e ke moun ki pa jwif yo pat oblije vin anba lalwa Moyiz pou vin kretyen, e ke kretyen jwif pat oblije kontinye anba lalwa. Pyè limenm te genyen pwoblèm sa a. Te bezwen genyen you zanj e you kapitèn women ki te rele Kònèy, e you vizyon pou Pyè te kapab wè ke Levanjil la se te pou tout moun. Apre Pyè te fin fè you vwayaj ki te long li te bezwen you bagay pou li manje. Pandan ke yo t’ap prepare manje li, li te fè you vizyon. Li te wè you bagay tankou you gwo dra ki t’ap desann soti nan syèl la avèk tout kalite zannimo kat pat, zannimo ki rale sou vant, e zwazo. “Li tande you vwa di l konsa: Leve non, Pyè. Touye, lè ou fini, manje. Men, Pyè di: Non, Mèt. Mwen pa janm manje move manje ni manje ki pa bon pou moun k’ap sèvi Bondye” (Travay Apot 10:13, 14),. Lè sa a vwa te di l: “Bagay Bondye di ki bon pou moun k’ap sèvi l, ou menm pa di l pa bon” (v.15).

“Pyè menm pat konn ki sans pou l te bay vizyon li te fè a” (Travay Apot 10:17). Lè sa a twazòm vin di l ke “ Se kaptenn Kònèy ki voye nou. Nonm sa a, se yon bon gason ki gen krentif pou Bondye.” (V.22). You zanj Bondye te mande l pou chache l e tande sa ke li te genyen pou li di. Pyè t’ale lakay Kònèy e li te di li, “Nou konnen sa pa fèt: jwif pa gendwa mele ak moun lòt nasyon ni mete pye lakay yo. Relijyon l a penmèt sa. Men, Bondye fè m konnen, mwen pa gendwa gade pèsonn pou move moun ni pou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye. Se poutèt sa, voye ou voye rele m lan, mwen pa fè ni yonn ni de, mwen vini. Kounyeya, mwen ta renmen konnen poukisa ou voye chache m lan” (vv.28, 29). Pyè te esplike pita, “Wi, kounyeya, mwen konprann sa se vre: Bondye pa gade sou figi moun. Li kontan ak tout moun nan tout nasyon ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat devan li” (vv.34, 35). Lè sa a li te pale yo konsènan Jezikri.

Rann delivrans la posib pou moun ki pa jwif san yo pa bezwen vin jwif te you bagay ki nouvo pou Pyè e pou kèk lòt lidè premye legliz la. Apot la te resevwa gran komisyon an pou preche Levanjil bay tout nasyon (Matye 28:19; Lik 24:47; Travay Apot 1:8), men yo te lant pou reyalize ke sa siyifi preche lòt moun anplis jwif yo e moun ki konvèti nan jwif. Poutan te genyen kèk predikasyon pou lòt yo, tankou nou te wè nan predikasyon Filip te fè bay Samariten yo (Travay 8). Poutan, lide ke jwif yo te pèp chwazi Bondye e ke moun ki pa jwif yo pat nan kondisyon pou sèvi Bondye te atache byen solid nan lespri jwij yo, e sa te enfliyanse travay misyonè yo. Premye kretyen yo te menm manke konprann tout siyifikasyon esperyans Pyè e Kònèy. Lè yo te gaye poutèt pèsekisyon ki te rive apre yo te fin touye Etyèn ak kout wòch, yo te kontinye pale pawòl la bay “jwif yo sèlman” (11:19).

Divizyon Kretyen Yo Sou Kenbe Lalwa

Piti piti, poutan, pawòl la te depase jwif e ale jwenn pèp ki pa jwif yo. Amezi plis moun ki pa jwif te antre nan legliz la, koze sou relasyon yo avèk lalwa te vin you pwoblèm. Lidè legliz kounyeya konnen Bondye pa nan patipri, men eske sa vle ke kretyen ki pa jwif yo kapab inyore lalwa Moyiz la?

Kesyon sa a te soulve lè kèk moun te soti nan Jide pou al di moun ki pa jwif yo, “Bondye p’ap kapab delivre nou si yo pa sikonsi nou, jan lalwa Moyiz la mande l la?” (Travay Apot 15:1). Sa te lakoz “yon gwo diskisyon” (v.2). Finalman pou ranje koze a Pòl e Banabas, (yo de a ki te travay nan mitan pèp ki pa jwif yo) te chwazi pou ale Jerizalèm avèk lòt moun pou diskite kesyon an avèk apot yo e ansyen yo. Yo te fè you konferans nan Jerizalèm pou jwenn volonte Bondye sou zafè a.

Youn nan premye moun ki te pale se Pyè. Li te esplike premye esperyans li kouman Bondye “pat fè okenn diferans ant yo menm ak nou menm: nou wè li lave kè yo paske yo te kwè nan li” (Travay Apot 15:9). Li te kontinye, “Kounyeya, poukisa pou n’ap eseye fè plan ak Bondye konsa, lè nou vle fè disip yo pote yon chay ni zansèt nou ni nou menm nou pat ka pote? Okontrè, nou kwè se yon favè Jezikri fè nou lè l delivre nou, menm jan li fè l pou yo tou” (vv.10, 11).

Sentespri te mennen apot yo nan konklizyon ke moun ki pat jwif yo pa bezwen kenbe lalwa Moyiz la men yo dwe evite idolatri, yo pa dwe nan imoralite, yo pa dwe manje bèt toufe e yo pa dwe manje san (Travay Apot 15:20, 28, 29). Dezisyon sa yo se pat rezonnman lòm, men se revelasyon Senyè a te bay apot Li yo.

Konferans sa a pat regle kesyon an you fwa pou tout. Kèk moun te toujou ap chache fè kretyen viv nan obeyisans Lalwa Moyiz. Moun ki nan relijyon jidayism lan (sila yo ki te ensiste ke kretyen dwe kenbe lalwa Moyiz) te kenbe kesyon sa a vivan diran dènye pati premye syèk la, e anpil nan liv Nouvo Testaman an te ekri pou esplike relasyon lalwa Moyiz e lafwa Kretyen an. Nan mitan liv sa yo te genyen liv Galat, Women, e Ebre.

Galat — Pamwayen Lalwa oubyen Pamwayen Lafwa?

Premye lèt Pòl ki te trete sou relasyon Lalwa Moyiz e Lafwa se te Galat. Legliz nan Galasi te fèt sitou avèk moun ki pa jwif. Traka te antre nan legliz sa yo konsènan relasyon kretyen ki pa jwif yo ta dwe genyen avèk lalwa paske kèk jwif kretyen (jidayizan) te antre e anseye kretyen ki pa jwif yo ke dwe kenbe lalwa Moyiz la pou yo kapab sove. Pòl te wè sa a kòm “you lòt Levanjil”, you levanjil pèvèti, you levanjil ki etranje avèk Levanjil Pòl te preche moun Galat yo (Galat 1:6).

Pòl te mete anfaz ke se pat you nonm ki te ba l preche Levanjil ke li te preche a men se te “you revelasyon Jezikri” (Galat 1:11, 12). Li te pale sou relasyon li avèk lòt apot yo e kouman sikonsizyon an te lakoz traka deja. Traka ke moun Galat yo t’ap fè fas la se pat you bagay nouvo; lòt moun te fè fas a sityasyon sa a deja.

Pou rann Levanjil la pi klè pou yo, Pòl te ekri, “Men , nou konnen se pa paske yon moun fè sa lalwa jwif yo mande kifè li inosan devan Bondye, men se lè li mete konfyans li nan Jezikri Bondye va fè l gras. Se poutèt sa, nou menm tou, nou te mete konfyans nou nan Jezikri. Konsa, se pa paske nou te fè sa lalwa jwif yo mande kifè Bondye fè nou gras, men se paske nou te mete konfyans nou nan li. Bondye p’ap fè pèsonn gras paske li fè sa lalwa mande” (Galat 2:16).

Se posib ke moun ki te patizan sikonsizyon yo te fè vini nan lespri kretyen Galat yo kesyon sa a, “Si kounyeya delivrans la se pamwayen lafwa, kouman moun ki te viv anvan Kris yo te jwenn gras? Eske Abraram te jwenn gras poutèt zèv li te fè? Eske baz la chanje kounyeya?” Pou reponn yo Pòl te site nan Jenèz: “Abraram te mete konfyans li nan Bondye. Se poutèt sa Bondyete fè l gras” (Galat 3:6; konpare Jenèz 15:6; Women 4:3). Pat genyen okenn mansyon zèv lalwa, e baz gras sa a toujou rete nan efè. “Moun ki mete konfyans nan Bondye, se yo menm ki pitit Abraram” (v.7), Pòl te esplike sa a lè li te di, “Moun ki te ekri nan Liv Lalwa te wè davans Bondye t’ap fè moun ki pa jwif yo gras tou poutèt konfyans yo ta gen nan li. Se konsa li bay Abraram Bòn Nouvèl sa a davans tou. Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon” (v.8). Sila yo ki pa asepte baz sa a men ki repoze sou zèv pa va resevwa benediksyon sa a. Yo “anba madichon. Men sa ki ekri nan Liv la: Madichon pou tout moun ki pa fè tou sa ki ekri nan Liv lalwa a tout tan?(v.10). Lalwa Pòl ap pale isi a se Lalwa Moyiz la, Dis Kòmandman an, regleman sou adorasyon, ofrann, sivil e regleman sosyal, elatriye; ke nou jwenn nan senk premye Liv Ansyen Testaman an. Bi lalwa sa a se pat janm pou jisfifye lòm, pou fè lòm gras. Ansyen Testaman an deklare: “Moun ki mache dwat yo va viv paske yo te kenbe konfyans yo fèm nan Bondye” (Abakik 2:4). “Lalwa pa gen anyen pou l wè ak lafwa. Okontrè, men sa ki ekri nan Liv la: Moun k’ap fè tou sa lalwa mande a va jwenn lavi ladan l. Kris la delivre nou anba madichon lalwa lè li te pran madichon an nan plas nou. Se konsa sa te ekri nan Liv la: Madichon pou moun yo pandye sou bwa a. sa te fèt konsa pou moun ki pa jwif yo te ka rive resevwa benediksyon Bondye te pwomèt Abraram lan gremesi Jezikri, pou nou tout te ka resevwa Lespri Bondye te pwomèt la, paske nou te mete konfyans nou nan li” (Galat 3:12-14).

Pwoblèm moun ki te patizan sikonsizyon an te rive paske yo pat wè ke pwomès Bondye te fè Abraram ak desandan li yo pat baze sou obeyisans lalwa.. Pwomès sa a te fèt “ak pitit pitit ou a” e non “ak pitit pitit li yo” (Galat 3:16). Pwomès sa a pa tap pale sou you , men li tap pale sou you sèl. You sèl sa a se te Kris la. Lalwa pat anile oubyen chanje pwomès sa a: “ Men sa mwen vle di: Bondye te fè testaman sa a, epi li te pwomèt li t’ap kenbe li. Lalwa a menm te vini katsantrantan apre sa. Se sa k fè, lalwa a pa kapab kase testaman sa a, ni li pa kapab fè pwomès la tonbe” (v.17). Lalwa pat anile kontra Bondye te fè avèk Abraram lan. Konsa nou reklame benediksyon ke Bondye te pwomèt Abraram nan ak desandan li yo, li pa baze sou lalwa, men li baze sou lafwa.

Pòl, apre li te fin konbat lide ke lalwa konekte avèk pwomès, te reponn kesyon lojik sa a: “Poukisa yo te bay lalwa menm?” (Galat 3:19). Li te reponn avèk deklarasyon sa a, “ yo te ajoute lalwa a pou l te ka fè nou konnen bagay ki kont volonte Bondye. Lalwa a te fèt pou l te la toutotan pitit pitit Abraram lan pat ankò vini, paske se pou li Bondye te fè pwomès la. Li te nesesè pou fèmen lezòm oubyen pou kenbe lèzòm anba kontwòl jistan Semans la te vini. Lalwa te you pwofesè ki la pou veye nou, jouk lè Kris la te gen pou vini pou n te ka kwè nan li pou Bondye te fè nou gras”(v.24). Se te sèlman you bagay ki pat la pou lontan, “Men kounyeya, lè a rive pou nou gen konfyans nan Kris la. Nou pa anba men moun ki t’ap veye nou an ankò. Se paske nou gen konfyans nan Bondye kifè nou se pitit Bondye” (vv.25, 26). Depi nou pa anba men moun ki t’ap veye nou an ankò, “Kounyeya nou pa gen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif” nan Kris (v.28). Kòm kretyen “nou tout nou fè yonn nan Jezikri. Si ou se moun Kris la, enben ou se pitit pitit Abraram. Ou gen pou resevwa eritaj Bondye te pwomèt la” (vv. 28, 29).

Pòl te avèti lektè li yo pou yo pa retounen “Al jwenn ti lespri sa yo ki tou fèb, tou mizerab? (Galat 4:9), nan pwomès yo genyen nan Kris la. Pòl te enkyete pou kèk moun pat antre nan obsève “ jou, mwa, sezon e lane” (v.10). Lè yo fè sa pou jwenn delivrans oubyen lè yo di ke you moun dwe resevwa sikonsizyon pou sove, you moun separe avèk Kris e “yo pèdi favè Bondye” (5:4). “Lè n’ap viv ansanm ak Kris la, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi, sa pa fè anyen. Sa ki konsekan an se pou nou gen konfyans nan Bondye” (v.6).Sa ki konte, se pou nou chanje, se pou nou tounen yon lòt moun” (v. 6:15).

Women e Jistifikasyon (Gras)

Relasyon kretyen an avèk lalwa Moyiz la pat you pwoblèm ki te egziste sèlman nan peyi Galasi. Pòl te ekri kretyen Wòm yo sou relasyon sa a tou. Tèm liv Women an se menm bagay avèk Liv Galat la, men liv Women an pi long, paske li pale sou plis bagay. Men tèm li, “Mwen pa wont anonse Bòn Nouvèl la: se pouvwa Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè, jwif an premye, apre sa yo moun lòt nasyon yo tou. Bon nouvèl sa a fè nou wè ki jan Bondye fè moun gras. Travay sa a, li konmanse ak konfyans moun gen nan Bondye, li fini nan menm konfyans la tou, jan sa te ekri a: Moun Bondye fè gras paske li gen konfyans nan Bondye se li menm ki va gen lavi” (Women 1:16, 17).

Jwif yo te panse ke yo te kanpe nan favè Bondye paske yo te pitit Abraram. Yo te genyen you relasyon espesyal avèk Bondye kòm pèp chwazi; men yo te toujou bezwen delivrans pamwayen lafwa. Pou atire atansyon yo sou sa, Pòl te ekri yo sou peche moun ki pa jwif yo epi li te fè konklizyon an konsa : “Se poutèt sa, n’ap wè kòlè Bondye sòti nan syèl la, li tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun fè. Sitèlman kè yo pa bon, y’ap chache anpeche verite a fè travay li”(Women 1:18). Jwif yo te konnen ke moun ki pa jwif yo mechan anpil. Pòl te montre mechanste sa a nan Women 1:18-31).

Jwif yo ta dakò avèk remak e konklizyon Pòl la ke “Bondye kite yo (moun ki pa jwif yo) tonbe” (Women 1:24, 26, 28). Nan lespri jwif yo, moun ki pa jwif yo te merite lanmò espirityèl. Pandan jwif yo t’ap li lèt Pòl te voye bay women yo, san okenn dout yo te kontan paske yo te separe avèk moun ki pa jwif yo. Men lè yo te kontinye li nan liv Women, yo te jwenn sipriz. “Monchè, nenpòt sa ou ye, ou menm k’ap jije lòt moun yo, ou pa gen eskiz. Ou menm k’ap fè menm bagay ak lòt yo, se pwòp tèt pa ou w’ap kondannen lè w’ap jije yo” (Women 2:1). Jwif yo te jije moun ki pa jwif yo, men jwif yo pat pi bon paske yo t’ap fè menm bagay. Jwif yo te refize fè volonte Bondye e yo enjis e mechan.

Jwif yo te malkonprann siyifikasyon bonte e pasyans Bondye pou yo. Bondye va fèmen je sou peche yo paske yo te pèp chwazi. Pòl te mande si yo te konprann siyifikasyon bonte e pasyans Bondye, “Eske se meprize w’ap meprize Bondye ki gen bon kè, ki gen pasyans anpil, ki sipòte nou anpil? Se konnen ou pa konnen se pou l ka rele ou vin chanje lavi ou kifè Bondye gen bon kè konsa?” (Women 2:4). Paske jwif yo te genyen you kè di e ki pa vle repanti, Pòl te di, “W’ap pare yon pi gwo chatiman mete la tann ou pou jou Bondye va fè wè kòlè li ansanm ak jijman li k’ap fèt san patipri. Lè sa a, Bondye va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Moun ki pa janm sispann fè byen, k’ap chache lwanj ak respè, k’ap chache mwayen pou yo pa janm mouri, moun sa yo va resevwa lavi ki p’ap janm fini an. Men, moun k’ap kenbe tèt ak Bondye, k’ap refize asepte verite a pou fè sa ki pa bon, moun sa yo, yo fè Bondye fache. Kòlè l va tonbe sou yo” (vv.5-8). Sa ki enpòtan an se pa paske you moun jwif oubyen li pa jwif, paske va genyen “Anpil soufrans ak anpil lapenn” (v.9) pou tout moun ki fè sa ki mal, e “lwanj, respè ak kè poze” pou sila yo ki fè sa ki byen (v.10), menm si yo te jwif oubyen pa jwif. “ Paske Bondye pa gade sou figi moun” (v.11).

“Tout moun ki pat konn lalwa Moyiz la epi ki fè sa ki mal, y’ap peri san lalwa pa responsab. Men, tout moun ki konnen lalwa epi ki fè sa ki mal, y’ap pase anba jijman dapre lalwa a” (Women 2:12). Se pa moun k’ap koute lalwa, men se moun k’ap sa lalwa mande ki va jistifye, ki va jwenn gras. Moun ki pa jwif kapab pa genyen lalwa, poutan “ yo fè sa lalwa mande a san yo pa konnen” e yo kapab jistifye tou (v.14).

Pòl te esplike ke lè ou sikonsi sa kapab genyen oubyen sa kapab pa genyen valè.. “ Si ou fè sa lalwa a mande ou fè, sikonsizyon an gen valè pou ou. Men, si w’ap dezobeyi lalwa a, se tankou si ou pat janm sikonsi” ( Women 2:25). Konsa aksyon fizik sikonsizyon an pa fè you moun you vrè jwif. “Jwif ki jwif tout bon an, se moun ki jwif nan kè yo. Sikonsizyon tout bon an, se sikonzisyon ki make kè moun. Sa se travay Lespri Bondye a, se pa travay lalwa ki ekri nan liv. Lwanj yon jwif konsa pa sòti nan men moun, men nan men Bondye” (v. 29).

Si se konsa, “Nan kondisyon sa a, lè yon moun jwif ki avantaj ki gen nan sa? Kisa sikonsizyon an fè pou li?” (Women 3:1). Si paske ou se you moun nan pèp chwazi a e paske you moun sikonsi pa jistifye you moun devan Bondye, lè sa a ki avantaj you jwif genyen? Pòl reponn kesyon sa a. Li di jwif yo genyen you avantaj. “Pou konmanse, se jwif yo Bondye te mete reskonsab pawòl li yo” (v. 2). Men jwif yo pa pi bon nan you lòt fason. “Men, sa sa ye menm? Nou menm jwif, eske nou pi bon pase moun lòt nasyon yo? Non, se pa vre menm. Mwen deja moutre sa: tout moun, ou te mèt jwif, ou te mèt pa jwif, tout moun anba pouvwa peche a. Jan sa ekri nan Liv la: Nanpwen moun ki gen rezon devan Bondye. Non, pa menm yon grenn. Yo yonn pa gen konprann. Yo yonn p’ap chache Bondye. Yo tout lage kè yo nan bwa, tout pèdi chemen yo. Nanpwen yonn ladan yo k’ap fè sa ki byen. Non. pa menm yon sèl” (vv.9-12).

“Tout moun antò devan Bondye. Se pa paske yon moun fè sa lalwa mande kifè li inosan devan Bondye. Poukisa? Paske lalwa annik fè nou konnen sa nou fè a pa bon” (Women 3:19, 20). Bib lalwa se pa pou revele peche, se pa pou li you baz jisfis devan Bondye. Jistis sa a “se lè moun mete konfyans yo nan Jezikri Bondye fè yo gras. Li fè l pou tout moun ki kwè nan Kris la, paske yo tout se menm. Tout moun fè peche. Yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a. Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo. Se li menm, Jezikri, Bondye te ofri tankou bèt pou touye. Li bay san li pou tout moun ki mete konfyans yo nan li ka resevwa padon pou peche yo. Bondye te vle montre nou ki jan li fè gras Nan tan lontan Bondye te pran pasyans, li te fèmen je l sou peche moun te fè” (vvv.21-25). Lalwa e pwofèt pote temwayaj pou JeziKris (v.21).

Kounyeya nan epòk kretyen, “se lè moun mete konfyans yo nan Jezikri Bondye fè yo gras” (Women 3:22). Lòm jistifye, sa vle di lòm deklare jis, li pa dwe ankò, li lib anba tout kondanasyon, li gen libète, elatriye, pamwayen lafwa nan Jezikri. “Se li menm, Jezikri, Bondye te ofri tankou bèt pou touye. Li bay san li pou tout moun ki mete konfyans yo nan li ka resevwa padon peche yo” (v.25). Pamwayen san Kris moun ki konvèti a kapab jwenn padon e lavi etènèl.

Nan konpare travay lalwa e lafwa, Pòl montre ke lafwa genyen ladan konfyans nan Jezikri e li genyen tou asepte kò verite kretyen an. Lafwa se plis pase kwayans; li reprezante fason Bondye jistifye lèzòm anba nouvo kontra a. Lafwa kretyen se plis pase lafwa sèlman, men tankou nou wè deja, li genyen repantans, nouvèl nesans, you lavi disip. Jistifye pamwayen gras kreye nan pechè you nouvo nati ki mouri annegad peche men ki vivan pou lajistis. Pechè a jistifye pamwayen jistis Kris, “Men kounyeya li montre nou ki jan l’ap fè moun gras, paske li fè nou wè se li menm ki gen rezon, anmenmtan l’ap fè tout moun ki kwè nan Jezi yo gras” (Women 3:26). Lè Bondye asepte jistis Kris nan plas peche pechè repantan an, Bondye jis nan pwòp karaktè li lè li deklare pechè a jis. Se Kris ki fè travay jistifikasyon an, se pa efò lòm pou kenbe lalwa Ansyen Testaman an. Redamsyon pamwayen lafwa nan Jezi siyifi ke okenn moun pa kapab fè lwanj pou tèt li paske li se moun chwazi oubyen poutèt bagay li fè. “Se paske yon moun gen konfyans nan Bondye kifè Bondye fè l gras, se pa paske li fè sa lalwa mande. ... Paske se yon sèl Bondye a ki genyen. L’ap fè moun ki sikonsi yo gras paske yo gen konfyans nan li. Konsa tou, l’ap fè moun ki pa sikonsi yo gras paske yo menm tou yo gen konfyans nan li” (vv 28, 30).

Depi se konsa, “Kisa n’a di konsènan Abraram, granpapa nou? Kisa l te jwenn?” (Women 4:1). Eske li te jistifye pamwayen zèv? Non, li pat jistifye pamwayen zèv. Bib la di, “Abraram te mete konfyans li nan Bondye, se poutèt sa Bondye fè l gras” (v.3; konpare Jenèz 15:6). Abraram pat konsidere jis poutèt travay li te fè, men paske li te kwè nan Bondye. “Okontrè, moun ki pa fè okenn travay pou yo dwe li kichòy, men ki mete konfyans li nan Bondye sèlman, Bondye k’ap fè tout moun ki meprize l yo gras ap, ap fè moun sa yo gras tou paske yo mete konfyans yo nan li” (Women 4:5). Lè sa a Pòl tire you konklizyon enpòtan lè li te konpare tan lè lafwa Abraram e sikonsizyon rive. “Eske benediksyon sa a se pou moun ki sikonsi yo ase? Eske se pa pou moun ki pa sikonsi yo tou? Nou fenk sot di se paske Abraram te mete konfyasn li nan Bondye kifè Bondye te fè l gras. Kilè sa te rive? Eske se te anvan Abraram te sikonsi an, osinon nan apre? Non. Se pat nan apre. Se te anvan li te sikonsi. Se lontan apre sa Abraram te resevwa sikonsizyon an tankou yon letanp. Se te mak ki te pou montre ke Bondye te fè l gras, paske li te kwè anvan menm li te sikonsi. Moun sa yo, Bondye ap fè yo gras” (vv. 9-11).

Konsa “Bondye te pwomèt Abraram ak pitit pitit li yo pou l te ba yo tout latè pou eritaj. Bondye pat fè pwomès sa a paske Abraram te fè sa lalwa mande, men paske Abraram te gen konfyans nan li. Se sa k fè Bondye te fè l gras. Si sa Bondye te pwomèt la se te pou moun ki fè sa lalwa a mande, moun pa ta bezwen gen konfyans nan Bondye ankò. Pwomès li a pèdi tout valè li. Poukisa? Paske lalwa rale kòlè Bondye sou moun. Men, kote ki pa gen lalwa, moun pa ka dezobeyi lalwa”“ (Women 4:13-15). Lalwa pa fè nou eritye pwomès Bondye te bay Abraram lan. Bi lalwa se pat pou pote delivrans, men pou fè konnen peche. Nou vin eritye pamwayen jistis lafwa.

Depi delivrans vin pamwayen lafwa, se pamwayen gras, se you kado Bondye bay sila yo “ki gen konfyans nan Bondye menm jan Abraram te gen konfyans nan li” (Women 4:16). Abraram te gen you gwo lafwa. Lè Bondye te di li, “Mwen fè ou tounen zansèt moun anpil nasyon”(v.17), li pat genyen pitit. Poutan, “Abraram te gen konfyans nan Bondye, li t’ap tann pwomès la, malgre lè sa a li pat gen okenn rezon pou l te tann ankò. Se sa k fè li tounen zansèt moun anpil nasyon dapre sa Bondye te di l: Pitit pitit ou yo va anpil. Lè sa a, Abraram te prèt pou gen santan sou tèt li. Men, konfyans li pat febli lè l te gade kò l ki te fin ale, epi pou l te wè Sara, madanm li, ki pat ka fè pitit ankò. Non, li pat pèdi konfyan nan Bondye, li pat janm mete nan tèt li pwomès Bondye a te ka pa rive. Okontrè, li te vin gen plis konfyans toujou. Epi li t’ap chante lwanj Bondye. Li tegen fèm konviksyon Bondye te gen pouvwa pou l te fè sa l te pwomèt la” (vv. 18-21). Abraram te kwè nan pawòl Bondye e li te genyen fèm konviksyon ke pwomès Bondye t’ap akonpli. Lafwa li te pote aksyon e li te rete kòm you egzanp pou lezòm poutèt Pawòl ekri a.

Nou va resevwa Jistis e jisfikasyon si nou “mete konfyans nou nan moun li te fè sòti vivan pami mò yo, Jezikri, Senyè nou an. Se Jezi sa a ki te mouri pou peche nou yo epi ki leve sòti vivan ankò pou fè Bondye fè nou gras” (Women 4:24, 25). Jezi te mouri pou peche nou yo pou nou kapab “viv dwat devan Bondye” (1 Pyè 2:24; konpare 2 korentyen 5:21; 1 Jan 3:6-10).

Nou jwenn konklizyon diskisyon Women chapit 4 nan chapit 5. “Kounyeya paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n’ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou a. Paske nou gen konfyans nan li, Jezi fè nou antre nan favè Bondye. Epi n’ap kenbe fèm kote nou kanpe a. Nou pa manke kontan paske nou gen espwa resevwa pa nou nan pouwa Bondye ansanm avèk li.” (Vvv.1,2). Lapè sa a vini paske “Lè nou pat kapab fè anyen pou tèt pa nou, Kris la mouri pou tout moun ki meprize Bondye, nan tan Bondye te fikse pou sa te rive a” (v.6). Kounyeya nou gen espwa, “ paske Bondye fè nou wè jan l renmen nou lè li ban nou Sentespri li” (v.5). Lanmò Kris pou pechè a se pa sa you moun espere you nonm ta fè: “Se pa fasil pou ou jwenn yon moun asepte mouri pou yon moun ki gen rezon” (v.7) Jezikri te diferan paske lamou Bondye te nan li menm. Bondye te “montre nou jan li renmen nou anpil. Paske nou t’ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou” (v.8). Paske li fè pou nou lè “nou te lènmi ak Bondye” (v.10), kounyeya nou kapab espere plis paske “ nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p’ap delivre nou”. Kris te mouri pou pechè lè nou te lènmi Bondye, kounyeya plis pase sa nou rekonsilye e nou delivre pamwayen lavi resisite Li a

Benefis lanmò – rekonsilyasyon avèk Bondye - se you kado gratis pou tout moun ki akonpli kondisyon nesesè. Transfè benefis sa a va diferan ak transfè konsekans peche Adan. Benefis lanmò Jezi a pi gran pase konsekans dezobeyisans Adan an ki te pote lanmò pou tout moun. Sèl pechè Adan an te lakoz nati peche li a e lanmò transmèt bay tout desandan li yo. Poutèt sa a nou genyen you nati ki mennen nou chak nan peche, ki se rebelyon e dezobeyisans kont Pawòl Bondye. Depravasyon te transmèt bay nou chak pamwayen nati peche nou.

Adan te pote peche bay tout moun pamwayen you transmisyon natirèl, gras Kris fè kado a genyen you pi gran efè: “Men favè Bondye genyen plis pouvwa toujou. Gremesi yon sèl moun, Jezikri, Bondye bay anpil moun yon kado ki pi gwo toujou” (Women 5:15). Gras depase efè peche Adan an. Li gen pisans pou retire nati rebelyon tout moun ki anba enfliyans peche e mennen yo repanti, rejenere e vin disip. Peche Adan an te pote lanmò, men Kris pote lavi nan lanmò. Pote lavi se you pi gran akonplisman pase pote lanmò.

Pòl te konpare peche you sèl moun ki pote kondanasyon ak kouman dezobeyisans you sèl moun (Jezikri) fè anpil moun vin jis.

Se sa k fè menm jan fòt yon sèl moun lakoz tout moun kondane, konsa tou gremesi yon sèl moun ki mache dwat devan Bondye, tout moun delivre anba jijman kondanasyon, yo jwenn lavi. Si dezobeyisans yon sèl moun lakòz yon foul moun fè peche, konsa tou dezobeyisans yon sèl moun lakòz Bondye va fè anpil moun gras. Lalwa antre nan koze a pou fè moun peche plis toujou. Men, kote moun fè plis peche a, se la favè Bondye a vide pi rèd sou yo. Se sa k fè, menm jan peche te bay lanmò lè l te dominen sou nou, konsa tou lè se favè Bondye a ki dominen sou nou, li fè moun gras, li bay lavi ki pa janm fini an, gremesi Jezikri, Senyè nou an. Women 5:18-21.

Women 6 - Lafwa e Lobeyisans

Tankou nou te wè, Pòl te bati you gwo ka pou jistifkasyon pamwayen lafwa e li te montre ke okenn moun pa jistifye lè li obsève lalwa. Ekriven Ebre a, nou va wè pita, te esplike kouman Jezi te pote you pi bon chemen pase swiv lalwa. Lè Pòl te esplike relasyon kontra gras ak lalwa Moyiz, li te reyalize ke kèk moun kapab malkonprann sa e panse ke yo te lib kounyeya pou fè sa yo vle. Li te pran gwo pwoblèm sa a lè li te poze kesyon, “Nan kondisyon sa a, kisa n’a di? Eske nou mèt kontinye ap viv toujou nan peche pou favè Bondye ka vin pi plis toujou” (Women 6:1).

Repons kesyon sa a te senp pou Pòl: “Non. Sa pa ka fèt. Poukisa? Paske annegad peche nou mouri. Ki jan pou n ta ka kontinye ap viv toujou nan peche?” (Women 6:2). Kretyen an te batize nan lanmò Kris e li te antere avèk Li pou resisite avèk Li pou li kapab “mennen you lòt lavi” (V.4). Nan linyon sa a “nou fè yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, e konsa tou n’a fè yonn avè li, paske n’a leve sòti vivan nan lanmò tankou l tou” (v.5). “Vye moun nou (kretyen) te ye a anvan an, sa mouri avèk Kris la sou kwa a. Konsa, sa nou gen nan kò nou ki te konn fè nou fè peche a fini. Nou pa esklav peche ankò” (v.6). Kris te leve soti nan lanmò se “pou Bondye l’ap viv” (v.10), konsa tou pou kretyen an. Li dwe reyalize li “tankou moun ki deja mouri annegad peche epi k’ap viv pou Bondye ansanm avèk Jezikri” (v.11). Rezilta natirèl linyon sa a avèk Kris se ke kretyen an pa va “kite peche domine sou kò nou ki gen pou mouri a” men li va “fè sa ki byen” (v.12,13).

Nouvo lavi kretyen an pa anba dominasyon peche an ankò, paske li pa anba pouvwa lalwa Moyiz la ankò, se anba favè Bondye a nou ye” (Women 6:14). Bi plan redanmsyon an se pou delivre lòm anba nati peche li, ki manifeste nan dezobeyisans annegad Bondye, e pou retounen lòm kote Bondye konsa li va genyen ankò dezi pou fè volonte Bondye. Se you bagay ke lalwa Moyiz la pat kapab janm fè. Rekonsilyasyon avèk Bondye kapab rive sèlman pamwayen gras Bondye, ki fè li posib pou lòm repanti, pou fèt you dezyèm fwa, e pou vini you disip Jezikri.

Pòl ranfòse agiman li lè li te poze menm kesyon an ankò e bay menm repons la. Fwa sa li esplike repons li avèk ilistrasyon you esklavaj. You moun se esklav moun ke li obeyi a, “Si nou lage kò nou nan peche, nou tounen esklav peche k’ap fè nou jwenn ak lanmò. Men, si nou lage kò nou nan obeyi Bondye, n’a esklav obeyisans k’ap fè nou mache dwat devan Bondye” (Women 6:16). Pòl di kretyen an kapab di Bondye mèsi paske you fwa nou te esklav peche; kounyeya “Egzanp nou jwenn nan sa yo te moutre nou an, n’ap swiv li ak tout kè nou. Nou delivre anba peche. Kounyeya nou se esklav sa ki byen nou ye” (vv.17, 18).

Ilistrasyon sa a sou esklavaj la esplike pi lwen. Pòl di ke kretyen an genyen you nouvo mèt. Li ekri, “Te gen yon lè nou te lage tout kò nou nan fè move bagay ak mechanste, tankou moun ki te esklav yo pou n fè sa ki mal. Konsa tou kounyeya, ann lage tout kò nou nan fè sa ki mal. Konsa tou, kounyeya ann lage kò nou nan fè sa ki byen, tankou moun ki esklav Bondye pou n ka viv apa pou li” (Women 6:19). You fwa yo “esklav peche,... nou pat gen okenn obligasyon pou fè sa ki byen” (v.20), men kounyeya yo “delivre anba peche, nou se esklav Bondye” (V.22). Sa pote avèk li you lavi “apa pou Bondye” e “lavi ki p’ap janm fini an”.

Nou konnen metòd pou vin you moun ki apa pou Bondye kòm “Santifikasyon”. Tèm sanktifye a siyifi rann sen e sa akonpli gras a pisans Sentespri (women 15:16; 2 Tesalonisyen 2:13; 1 Pyè 1:2). Jistifikasyon e sanktifikasyon pa kapab separe. Jistifikasyon pa rive san sanktifikasyon oubyen sanktifikasyon pa rive san jistifikasyon. Yo se travay gras separe ki rive nan menm moman an. Jistifikasyon se travay gras Bondye ki fè pechè a jis. Santifiksyon se premye travay ki mete kwayan an apa e devlopman nan sentete.

Tèm gras la ki libere nou anba pisans peche e rann nou kapab soumèt devan Kris nan Women 6 jwenn anfaz nan lòt lèt Pòl ekri. Li te ekri Korentyen yo , “paske se kalite renmen Kris la gen pou nou an k’ap dirije m: Mwen gen konviksyon sa a, si yon sèl moun te mouri pou tout lòt yo, sa vle di tout lòt yo mouri ansanm avè li. Li mouri pou tout moun. Konsa, moun k’ap viv yo p’ap viv pou tèt pa yo ankò, men y’ap viv pou moun ki te mouri a epi ki te leve sòti vivan nan lanmò pou yo a” (2 Korentyen 5:14, 15). Li kontinye mete anfaz, “ Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya” (v.17). Se sa Kris te fè pou nou. Li rekonsilye lemonn avèk Li menm konsa, “Bondye fè nou gras” (v.21).

Nan liv Galat, Pòl te egzòte lèktè yo pou “Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a” (5:16). Moun ki soumèt devan egzijans kò a resevwa avètisman ke “moun ki fè tout bagay sa yo p’ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a” (v.21). Sila yo ki mache selon Lespri se moun ki pou Kris Jezi e “yo fè kò a mouri ansanm ak egzijans li yo, ak tout lanvi li yo” (v.24).

Pòl te ekri sen Efèz yo ke yo te vin vivan ankò apre ke yo “te mouri poutèt mechanste ak peche” (Efèz 2:1). You lè yo te swiv move kouran monn lan e “mennen lavi nou dapre egzijans lachè, nou t’ap fè kapris kò nou ak tout vye lide ki te vin nan tèt nou..... Men, Bondye sitèlman gen kè sansib, li sitèlman renmen nou, li ban nou lavi ankò ansanm ak Kris la, nou menm ki te mouri akòz peche nou yo. Se yon favè Bondye fè nou lè li delivre nou” (vv.3-5). Avèk gras Li Bondye delivre nou pamwayen lafwa e “Nan Jezikri li kreye nou pou nou ka fè anpil bon zèv nan lavi nou, dapre sa li te pare davans pou nou te fè” (v.10).

Pòl te ekri kretyen Kolòs ke bi Kris se te ke “viv jan Bondye vle l la, n’a toujou fè sa ki fè l plezi. N’a fè tout kalite bon bagay, n’a grandi nan konesans Bondye” (Kolosyen 1:10). Kretyen yo kapab fè sa paske Papa a “rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa” (v.13). Apre li fin leve byen wo pisans Kris (vv.15-19), Pòl te mete anfaz sou travay rekonsilyasyon Kris la. Sen yo e fidèl frè nan Kris yo nan Kolòs, ki “t’ap viv lwen Bondye. Nou te lènmi avè l akòz tout bagay mal nou t’ap fè yo, ak tout move lide nou te gen nan tèt nou.... Bondye fè nou byen avè l ankò pou nou ka parèt devan l tankou moun k’ap viv apa pou li, san okenn tanch, san okenn repwòch” (vv. 21, 22). Nou “menm k’ap viv ansanm nan Kris la, nou te sikonsi tou. Men, se pat moun ki te sikonsi nou. Sikonsizyon sa a sòti nan Kris la ki te delivre nou anba pouvwa lachè ki t’ap fè nou fè sa ki mal. Wi, lè yo te batize nou, nou te antere ansanm ak Kris la. Apre sa, nou leve sòti vivan ansanm avè l tou, paske nou te kwè nan pouvwa Bondye ki te fè l leve sòti vivan nan lanmò” (2:11,12). Li ban nou lavi e “ Li chire papye kote tou sa nou te dwe l yo ekri. Papye sa a te kondane nou devan lalwa” (v.14).

Pòl te ekri sen Tesalonik yo pou di yo ke yo te aprann nan men li “Mwen te moutre nou ki jan pou n mennen bak nou si nou vle fè Bondye plezi” (1 Tesalonisyen 4:1). Apre sa li fè yo sonje ke li te ba yo kòmandman yo gras a otorite Senyè Jezi. Apre sa li te ekri, “Men sa Bondye vle pou nou: Se pou nou viv apa pou Bondye, pou nou pa lage kò nou nan imoralite....Bondye pa rele nou pou nou viv nan vye kondisyon lèd. Men, li rele nou pou nou viv yon jan ki dakò ak volonte li” (vv.3, 7).

Pòl te ekri Tit, ki te ede li etabli legliz yo nan Krèt e lòt kote, konsènan efè gras la sou lavi kretyen.

Bondye fè konnen favè l pou tout moun ka delivre. Favè Bondye a mande nou pou nou kite move lavi nou t’ap mennen an ansanm ak tout move lanvi ki nan lemonn, pou nou ka mennen yon lòt lavi ki kontwole, ki dwat, ki devwe pou Bondye pandan nou sou latè a. Se konsa li moutre nou pou nou viv pandan n’ap tann benediksyon li te pwomèt nou yo, lè bèl pouvwa Jezikri, Bondye ak Delivrans nou, va parèt. Li te asepte mouri pou nou pou li te ka delivre nou anba mechanste, pou li te fè nou tounen yon pèp ki nan kondisyon pou sèvi li, ki rele li pa li, epi ki toujou pare pou fè sa ki byen. Tit 2:11-14.

Gras Bondye anseye nou kouman viv you lavi pirte e bon zèv, e rann nou kapab fè konsa.

Apre sa Pòl te ekri sou kisa li menm e lòt kretyen yo te ye you lè.

Paske, nou menm tou, nan tan tan lontan nou te tankou moun fou, nou pat obeyisan devan Bondye, nou te tankou moun ki pèdi chemen yo. Nou te esklav tout kalite move dezi ak move plezi. Nou t’ap viv ak mechanste, ak jalouzi nan kè nou. Moun te rayi nou, epi nou menm, nou te rayi yo tou. Men, lè Bondye fè nou wè jan li gen bon kè, jan li renmen tout moun, li delivre nou. Li pat delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li te delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n te ka viv yon lòt jan. Bondye voye Sentespri sou nou an kantite, gremesi Jezi, Kris la, ki delivre nou. Avèk favè sa a Bondye fè nou an, li fè nou gras. Kounyeya nou ka resevwa sa n’ap tann lan: lavi ki p’ap janm fini an. Tit 3:3-7.

Pasaj Ekriti anwo a mete anfaz ke gras Bondye ki sove you moun pa pèmèt li kontinye nan rebelyon kont volonte Bondye. Gras ki sove pwodwi you nouvo kè nan moun nan pou li kapab vle fè volonte Bondye.

Women 7, 8 – Poukisa Obeyisans Posib

Pòl esplike nan Women chapit 7 ke kretyen an dwe viv you lavi ki donnen fwi pou Bondye, kalite lavi li esplike nan chapit 6. Sa posib paske kretyen an pa anba lalwa moyiz ankò. Pòl esplike ke lalwa mare sou you moun sèlman diran lavi li, e ke lanmò kase pisans li. Pou montre ke se vre, li mande lektè li yo pou panse sou maryaj e montre ke lanmò kase chenn maryaj la.

Kretyen yo te mouri “Nou mouri ansanm ak Kris la annegad lalwa” (Women 7:4). Lalwa Pòl ap pale a se lalwa Moyiz la. Kretyen yo nan linyon avèk Kris e y’ap pataje nan benefis lanmò Li . Rezilta a se ke kounyeya “Se menm jan an tou pou nou menm, frè m yo. Nou mouri ansanm ak kò Kris la annegad lalwa. Konsa, nou lib pase nan men yon lòt mèt. Kounyeya, se nan men moun ki te leve sòti nan lanmò a nou ye pou nou ka viv yon jan ki itil pou Bondye” (v.4). Sa siyi kwayan yo “Nou mouri annegad lalwa ki te kenbe nou prizonye a. Se sa k fè nou ka sèvi Bondye yon lòt jan, anba otorite Sentespri a. Nou p’ap sèvi l ankò jan n te konn sèvi l nan tan lontan an, anba otorite lalwa ki ekri nan Liv la” (v.6). Ansyen kòd ekri a ale; kounyeya nou sèvi Bondye avèk you lespri nouvo.

Depi kretyen patisipe nan benefis lanmò Kris, kisa ki genyen nan sa pou lalwa? Eske lalwa se peche? Pòl reponn sa a avèk you gwo”Non” (Women 7:7). Lalwa pa peche. Li fè nou konnen kisa peche ye. Li esplike, “Nan kondisyon sa a, kisa n’a di? Eske lalwa se peche? Non, wete sa nan tèt ou. Men, se lalwa a ki fè m konnen sa peche ye. Se konsa mwen pa ta janm konnen kisa ki rele gen lanvi, si lalwa pat di m: piga ou janm pote lanvi sou sa k pa pou ou” (v.7). Lalwa revele volonte Bondye e fè nou konnen peche. Peche sa a pote lanmò.

Pandan l’ap pale sou pwòp esperyans li, Pòl di, “Peche a pwofite okazyon kòmandman an pou l fè m gen tout kalite lanvi nan kè mwen. San lalwa a, peche mouri. Pou mwen menm, nan tan lontan, lè m te san lalwa, mwen te vivan. Men, kòmadman an vin rive, peche vin vivan ankò. Epi mwen menm, mwen mouri. Se konsa kòmandman ki te pou ban m lavi a, se li menm ki ban m lanmò. Peche a pwofite okazyon an, li twonpe m ak kòmandman an. Se konsa, li fè mwen mouri ak tout kòmandman an” ( Women 7:8-11). Peche se sa ki pote lanmò, konsa nou kapab di ke “Lalwa se you bagay ki sòti nan Bondye. Kòmandman an tou, se Bondye ki bay li, se konsa li dwat epi li bon”(V.12).

Sa esplike pi lwen: “Eske nou ka di sa ki bon an tounen kòz lanmò pou nou? Non, monchè! Men, se peche ki lakòz sa. Peche fè nou wè sa li menm li ye vre: Li sèvi ak sa ki bon an pou fè fè mwen mouri. Se konsa avèk kòmandman an, peche kanpe pi rèd toujou” (Women 7:13). Nan itilize pwòp esperyans li anvan li te vin jwenn Kris, Pòl te esplike kouman peche e lalwa travay. Li “se yon kò ki tou fèb, peche fin anpare m, li fè m tounen esklav li” (v.14). Li pat konprann pwòp aksyon li. Li te di,

15 Lè m fè yon bagay, mwen pa konprann sa m fè a. Paske, sa m ta vle fè a, se pa sa m fè. Epi sa m pa vle fè a, se li mwen fè. 16 Si sa m pat vle fè a se li mwen fè, sa vle di mwen dakò lalwa a bon. 17 Nan kondisyon sa a, se pa mwen ki fè sa ki fèt la, men se peche ki nan mwen an ki fè li. 18 Sa se bagay mwen konnen: Nanpwen anyen ki bon nan mwen, nan tout kò mwen. Mwen di sa, paske lè mwen vle sa ki byen, mwen pa santi m kapab fè li. 19 mwen pa fè byen mwen vle fè a, men mwen fè mal mwen pa vle fè a. 20 Epi, si m fè mal mwen pa vle fè a, se pa mwen ki fè l, men se peche ki nan mwen an ki fè li. Women 7:15-20.

Anvan li te vin jwenn Kris, Pòl te you farizyen e li te genyen you gwo dezi pou kenbe lalwa kòrèkteman, men li pat kapab poutèt nati peche li a. Lachè fè li fè bagay ke li pat vle fè. Pandan li t’ap viv anba lalwa li te genyen dezi pou fè sa ki byen e li te pran plezi nan lalwa Bondye, men you bagay te fè li fè lekontrè (Women 7:18-23). Nan dezespwa li te kriye, “Ala malere mwen malere, mezanmi! Kilès ki va delivre m anba kò sa a k’ap trennen m nan lanmò?” (V.24). Li pat kapab delivre tèt li. Eske genyen you moun ki kapab fè sa? Wi, genyen You moun ki kapab, e Pòl te rekonesan. Li te ekri ke li te remèsye “Gremesi Jezikri, Senyè nou an, mwen ka di: Mèsi Bondye!”, sa vle di Kris te delivre li (v.25) Jezi te pote gras ki te rann Pòl kapab finalman fè volonte Bondye. Lè sa a Pòl totalize kondisyon yo anba ansyen kontra san Kris: “Konsa, men ki jan mwen ye: dapre konesans pa mwen, mwen se esklav lalwa Bondye a. Men, dapre sa m santi nan tout kò mwen, mwen se esklav lalwa peche a” (v.25)

Pòl mete anfaz sou rezilta delivrans sa a nan Women 8. Men sa Delivrans nou siyifi: “Kounyeya nanpwen okenn kondanasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri. Lalwa Sentespri a ap fè nou viv ansanm ak Jezikri, li delivre nou anba lalwa peche a ansanm ak anba lanmò” (vv.1-2). Sila yo ki nan Kris pa va mache selon lachè poutèt lavi ke yo genyen nan Li. Yo te delivre anba lalwa “peche e lanmò”, sa vle di ke yo te kapab kase abitib peche a pamwayen Sentespri ki rete nan yo, bagay ke lalwa Moyiz la pat kapab fè. Bondye, “ kondane peche ki nan kò lèzòm lan, lè l voye pwòp Pitit pa l nan yon kò ki menm kò ak kò peche a, pou l te ka fini nèt ak peche a” (v.3). Sa rive paske “Bondye te fè sa pou nou pat viv dapre sa moun jwenn nan kò yo, men dapre Lespri Bondye a, pou n te ka satisfè tout egzijans lalwa la” (v.4).

Pòl esplike kretyen yo kòm sila yo ki “pat viv dapre sa moun jwenn nan kò yo, men dapre Lespri Bondye a” (Women 8:4). Tèm lachè oubyen egzijans kò esplike kalite oubyen karaktè lòm pechè a, e nati peche ke li eritye nan men Adan. Adan te fè rebèl kont Bondye e li te lage tout ras lòm anba dominasyon Satan. Lòm chanèl pa kapab fè sa ki byen, menm si li eseye. Li se kalite moun ke nou jwenn pòtre nan Women 7. Sila yo ke lachè kontwole, “Moun k’ap viv dapre sa lèzòm jwenn nan kò yo, se yon sèl bagay ki nan tèt yo: se egzijans kò a” e sa pote lanmò (vv.5-6). Nan konparezon avèk sa nou genyen kalite kretyen ki ap mache selon Lespri. Kretyen an “kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w’ap viv ak kè poze” (v.6).

Rezon pou you gwo diferans ant moun k’ap swiv lachè e moun k’ap swiv Lespri se ke “Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou se mouri w’ap mouri..... lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p’ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p’ap ka soumèt menm.” (Women 8:7). Lespri chanèl la travay seryèzman kont Bondye e konsa li pa kapab fè Bondye plezi. Men kretyen an diferan paske li “p’ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la” (v. 9). Tankou nou te deja di, “moun ki kite egzijans Lespri a pran tèt li se viv l’ap viv ak kè poze” (v.6). Pòl te konprann ke kretyen yo anba obligasyon, “Nou pa dwe viv dapre egzijans kò a. Si n’ap viv dapre egzijans kò, n’a mouri. Men si okontrè, pa pouvwa Lespri Bondye n’ap swiv la, nou fè egzijans kò a mouri, n’a viv” (vv.12,13). Kretyen an vle fè volonte Bondye e li kapab fè sa gras a pisans Sentespri pou li domine tandans natirèl pou chache fè pwòp volonte li.

“Tout moun Lespri Bondye a ap dirije, se pitit Bondye yo ye” (Women 8:14). Pitit Bondye pa fè esperyans “lespri k’ap fè nou esklav pou n’ap tranble”, men yo fè esperyans lespri adopsyon, “Lespri Bondye a fè nou tounen pitit Bondye” e kòm pitit Bondye nou rele Bondye, “ Papa” (v.15). Kòm pitit Bondye nou “gen pòsyon pa nou nan eritaj Bondye pwomèt moun pa l yo, n’a resevwa pa nou ansanm ak Kris la nan tou sa Bondye te sere pou li” (v.17).

Jak – Lafwa e Zèv

Liv Jak la pale tou sou relasyon lafwa e zèv. Jak te rive nan konklizyon “Ou wè: se pa sèlman paske yon moun gen konfyans kifè Bondye fè l gras, men se paske li fè sa ki byen anmenm tan an tou” (Jak 2:24). Nan aparans sa sanble nan kontradiksyon avèk ansèyman jisfikasyon pamwayen lafwa (Women 3:28), men se pa sa. Lektè Jak yo te genyen you vizyon diferan sou lafwa ak lektè Pòl yo, e Jak t’ap chache korije move vizyon lektè li yo. Pòl tou te reyalize genyen you danje nan mal konprann lafwa e li te eseye korije sa nan Women 6.

Jak te louvri disikisyon an sou jistifikasyon an lè li te poze plizyè kesyon. “Frè m yo, , kisa sa fè pou yon moun k’ap di li gen konfyans nan Bondye, si li pa fè bagay pou montre li gen konfyans lan vre?” (Jak 2:14). Pou reponn kesyon sa a, Jak te poze you lòt kesyon epi li te fè you konklizyon nan repons li bay la. Jak te mande si you frè oubyen you sè manke rad e nouriti, e you moun di li, “Ou mèt ale. Chofe kò ou, manje plen vant ou, san li pa ba yo sa yo bezwen, kisa sa ap fè pou yo? “ (vv. 15, 16). Se byen klè ke sa pa fè okenn byen.

Jak te reyalize ke you moun ta rejte konklizyon li a e pretann ke lafwa e zèv kapab ekziste separe youn ak lòt. Li konnen you moun ta di, “Ou menm ou gen konfyans. Mwen menm, mwen fè sa ki byen” (Jak 2:18). Li te lanse you defi bay moun sa yo lè li di “Moutre m ki jan ou ka gen konfyans san ou pa fè sa ki byen, mwen menm m’ap moutre ou jan mwen gen konfyans ak sa m’ap fè ki byen”. Moun konnen lafwa pamwayen sa li fè byen. Lafwa e zèv pa kapab separe.

Pou sila yo ki eseye separe lafwa ak zèv, Jak avèti yo ke lafwa yo pa vo anyen. Li di yo, “ Ou kwè gen yon sèl Bondye. Ou fè byen. Denmon yo tou yo kwè sa, men y’ap tranble sitèlman yo pè” (Jak 2:19). Konfyans ki se you senp konesans reyalite yo pa sifi. You konfyans konsa montre you mank rejenerasyon.

Jak kontinye pou montre nan Ansyen Testaman an ke lafwa san zèv pa pwodwi anyen. Li mande, “Abraram granpapa nou, eske Bondye pat fè l gras poutèt sa li te fè lè l te ofri Izarak, pitit li a, sou lotèl la?” (Jak 2:21). Sonje lè Bondye te pase Abraram anba eprèv, Li te di li, “Pran Izarak, pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an, pitit ou renmen anpil la. Ale nan peyi Morija, w’a moute sou tèt mòn mwen pral moutre ou la. Lè w’a rive, w’a touye l. Apre sa w’a boule l nèt pou mwen” (Jenèz 22:2). Lè Abraram te tande apèl sa a, li te obeyi Bondye e li te aji selon pawòl Bondye. Abraram te mennen pitit li a sou tèt mòn nan, bati you lotèl e mare Izarak, e plase li sou lotèl la. Abraram te fè sa paske li te genyen lafwa nan Bondye e paske li te vle fè volonte li nenpòt pri sa koute li. Paske li te asepte sakrifye Izarak, tankou aksyon li montre, lafwa Abraram te pase anba eprèv e montre ke li te entèlijan. Se plis pase lafwa ki te jistifye Abraram — “Konsa tou, sa l te fè a te fè konfyans li vin bon nèt....Ou wè: se pa sèlman paske yon moun gen konfyans kifè Bondye fè l gras, men se paske li fè sa ki byen anmenmtan an tou” (Jak 2:22, 24).

Pou kontinye ilistre relasyon ki genyen ant lafwa e zèv, Jak te fè lektè li yo sonje sou evènman Ansyen Testaman an. “Se menm jan an tou pou Rarab, fanm movèz vi a. Eske se pat poutèt sa l te fè a Bondye te fè l gras, lè l te resevwa mesaje jwif yo, lè l te fè yo pran yon lòt wout pou tounen lakay yo” (Jak 2:25; konpare Jozye 2). Li te riske pwòp lavi li lè Rarab te kache espyon ki te antre Jeriko yo epi voye yo al fè wout yo. Kòm you fanm movèz lavi, Rarab pat genyen anpil okazyon pou tande pale sou Bondye; men li te vin genyen konviksyon ke Bondye Izrayèl la se vrè Bondye vivan an. Lè opòtinite te vini pou manifeste konfyans sa a, li te pare pou bay tout bagay — menm lavi li — pou sèvi Li. Li te sove kòm rezilta zèv li.

Toude konklizyon sa yo montre ke lafwa e zèv pa kapab separe. “Menm jan yon kò ki san manm se yon kò ki mouri, konsa tou, konfyans nan Bondye ki pa mache ak fè sa ki byen se yon konfyans ki mouri” (Jak 2:26). Lafwa dwe manifeste li nan zèv. San zèv pa genyen lafwa ki sove e kòm konsekans pa genyen jistifikasyon. Se mesaj sa a Jak vle moun k’ap li lèt li a konprann.

Anfaz sa a ke Jak mete sou lafwa e zèv la pa nan kontradiksyon avèk sa ke Pòl ekri. Siyifikasyon ke toulede bay travay diferan, sa montre nan ki sikonstans yo te ekri. Pòl t’ap fè fas avèk pwoblèm jwif kretyen ki t’ap konwonpi Levanjil la lè yo t’ap di ke you moun bezwen obsève lalwa Moyiz pou li sove, sa ki ta jistifikasyon pamwayen zèv. Jak te ekri pou montre ke lafwa kretyen an dwa akonpaye avèk dezi pou fè volonte Bondye, sa ta prèv ke bon zèv ta bay. Pou Jak fè sa ki byen siyifi obeyi volonte Bondye paske you moun genyen lafwa nan Bondye. Sa dakò avèk ansèyman Pòl nan Women 6 e nan lòt kote.

Volonte Bondye pou kretyen an.

Nou deja wè ke Bondye vle pou kretyen an obeyisan. Men kesyon ki dwe poze, Kisa Kretyen an obeyi a? Kouman li konnen sa Bondye vle li fè?

Premyèman nou jwenn repons kesyon an nan repons Jezi te bay you direktè lalwa, ki te mande li, “Mèt, ki kòmandman ki pi konsekan nan tout lalwa a? Jezi reponn li: se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou. Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan. Men, dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. De kòmandman sa yo, se yo ki fondasyon tou sa ki nan lawa Moyiz la ak tou sa pwofèt yo te moutre” (Matye 22:36-40; konpare Lik 10:27, 28; Mak 12:30, 31; Konpare Detewonòm 6:5; 10:12, 13; Levitik 19:18).

Lamou annegad Bondye jwenn manifestasyon li nan kenbe kòmandman Bondye te bay pamwayen Pitit Gason Li a. Jezi te di disip li yo, “Si nou renmen m, se pou n obeyi kòmandman m yo” (Jan 14:15). Apot Jan te ekri, “Nou konnen nou renmen pitit Bondye yo lè nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè. Nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè. Sa Bondye mande nou fè yo pa twò difisil pase sa” (1 Jan 5:2, 3). Lamou se kòmandman kretyen dwe kenbe, men se pa sèl kòmandman. Kretyen yo dwe kenbe tout kòmandman Jezikri ak apot Li yo te bay pou legliz la.

Kòmandman Bondye sitou se manifestasyon lamou. Apot yo te rekonèt ke lamou akonpli lalwa.

Pa fè dèt lakay pèson. Sèl dèt nou dwe genyen, se pou nou yonn renmen lòt. Moun ki renmen frè parèy li, li fè tou sa lalwa mande. Se konsa, ou wè kòmandman sa yo: piga ou janm fè adiltè. Piga ou janm touye moun. Piga ou janm vòlò. Piga ou janm pote lanvi sou sa k pa pou ou. Kòmandman sa yo ansanm ak tout lòt yo, gen yon sèl pawòl ki ranmase yo tout: se pou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Moun ki gen renmen nan kè yo pa fè moun mal: se sa k fè lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè. Women 13:8-10; Konpare Galat 5:14; Kolosyen 3:14; Jak 2:8.

Dezyèmman you moun dwe reyalize ke lalwa oubyen kòmandman Bondye pa pran nesans nan nou menm, sa vle di you moun pa kapab deside ke sa li panse a bon epi fè li. Sous konesans byen e mal soti nan you otorite ki pa nan nou, Pawòl Bondye e Bib la. Kretyen an resevwa konesans e pisans pamwayen Pawòl ekri Bondye a pou viv you lavi disip.

Bib la revele volonte Bondye paske se Bondye ki enspire Li. Pòl te mete anfaz sou verite sa a lè li te ekri, “Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo sòti. Y’ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan erè, pou korije moun k’ap fè fot, pou moutre yo ki jan pou yo viv byen devan Bondye. Konsa, yon moun k’ap sèvi Bondye, li tou pare, li gen tou sa li bezwen pou l fè tou sa ki byen” (2 Timote 3:16, 17). Bib la se sous doktrin e li dwe itilize pou blame, pou korije e anseye nan jistis. Kretyen dwe vle literalman swiv ansèyman Pawòl la,[1] nan gran kesyon tankou renmen lènmi (Matye 5:38-45), pa mete lò, e fanm abiye avèk modesti, san mete wòb ki koute chè ( 1 Timote 2:9; 1 Pyè 3:3), elatriye. Nou pa dwe inyore Ansèyman Bib la; ansèyman sa yo la pou benefis e pou byen nou.

You lòt pwen pou sonje se ke genyen de wayòm, wayòm Bondye e wayòm Lemonn (Satan). Mesaj wayòm Bondye te nan sant mesaj e ansèyman Jezi. Premye mesaj li se te , “Jou a rive. Kounyeya, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. Tounen vin jwenn Bondye. Asepte Bòn Nouvèl la” (Mak 1:15). Moun ki fè pati wayòm sa a genyen nouvo bagay ke yo bay valè, Ansèyman Sou Mòn nan (Matyen 5-7) se you egzanp. Mòdèl sa yo diferan avèk wayòm lemonn itilize. Wayòm lemonn lan fòme avèk pitit Satan yo (Matye 13:38; Jan 8:44) e se Satan ki gouvène li (Efezyen 2:2). Kretyen an resevwa apèl pou li sòti nan monn lan (Jan 17:6) e pou li pa you pati ladan (15:19; 17:14, 16).

Nou jwenn lide baz de wayòm yo nan lèt yo tou. Pòl te entwodwi twazyèm pati Liv Women an (Women 12-16) avèk ansèyman pratik konsènan lavi kretyen an. Li te ekri, “Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l’a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n’a ka konprann sa Bondye vle, n’a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale” (12:2). Kretyen pa dwe resevwa presenp kondwit li oubyen sistèm valè li nan lemonn. Depi lespri li te transfòme, li pa wè bagay yo ankò menm jan avèk lemonn. Lespri li ki renouvle fè li pa kapanb gade lemonn pou gide lavi li.. Se sèlman lè li vire do bay lemonn e epi li transfòme avèk you lespri renouvle li kapab pwouve kisa ki volonte Bondye.

Pyè te di menm jan an: “Tankou timoun obeyisan, pa kite move lanvi nou te genyen nan tan lontan yo mennen lavi nou ankò, tankou anvan lè nou pat konn Bondye. Okontrè, nan tou sa n’ap fè, sa pou nou bon nèt, tankou Bondye ki rele nou an bon nèt tou. Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Se pou nou bon nèt, paske mwen menm, mwen bon nèt” (1 Pyè 1:14-16). “Pa konfòme nou” deklare you fason negatif lide Sentete. Bi kretyen an se pou li sen paske Bondye sen.

Apot Jan te ekri, “Pa renmen lemonn, ni anyen ki sòti nan lemonn. Si yon moun renmen lemonnn, li pa gen renmen pou Papa a nan kè li. Bagay ki sòti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tantasyon, se lògèy k’ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa sòti nan Papa a. Se nan lemonn sa sòti. Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y’ap viv pou tout tan” (1 Jan 2:15-17). Ankò you konparezon fèt ant lemonn e Bondye. Kretyen an dwe vire do bay plezi e lògèy lemonn, paske yo pa sòti nan Bondye. Okontrè yo dwe vire gade Bondye, renmen Li e fè volonte Li. Vire sa a enpòtan paske li pote pwomès ke sila yo ki fè volonte Bondye va rete pou tout tan. Souvan kretyen fè fas ak sityasyon kote okenn pawòl nan Bib la pa pale direkteman sou sityasyon an. Sa pa vle di ke kretyen yo pa genyen anyen pou gide yo, paske yo toujou genyen prensip lamou, – pa renmen lemonn, elatriye.

Kretyen va toujou konnen volonte Bondye paske yo “Kite Lespri Bondye dirije lavi” yo. yo “ pa obeyi egzijans kò a” (Galat 5:16). Lespri a lite avèk lachè a e motive kretyen an pou li pa travay pou lachè a. Pòl te ekri ke “Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: Se imoralite, malpwòpte ak vis. se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pi gwo pil. Yo anvye sò lòt, yo tafyatè, yo sa konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y’ap fè. Mwn deja di nou sa, epi m’ap repete l ankò pou nou: moun ki fè tout bagay yo p’antre menm nan peyi kote Bondye a” (vv.19-21). Kretyen pa dwe patisipe nan okenn aktivite sa yo. Kretyen genyen fwi Lespri nan lavi yo ki se , “Kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè. Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo”, (vv.22, 23). Pòl fè konklizyon, “ Se Lespri Bondye ki ban nou lavi, se pou n kite li dirije lavi nou nan tout bagay” (v.25). Frè kretyen k’ap sèvi Bondye pa patisipe nan zèv lachè yo, men mache selon Lespri Bondye.

Kretyen yo dwe sonje tou ke lidè legliz yo e lòt frè kapab ede yo konprann prensip espirityèl e konsa konnen sa ki dwat pou sityasyon chak jou. Ni frè yo nan legliz la ni lidè yo kapab pataje esperyans yo nan sityaysyon sa yo.

Liv Ebre a

Nou te diskite sou gran pwoblèm kretyen jwif yo te fè fas – relasyon lalwa ak mesaj kretyen an. Kwayan yo jwif yo te fè fas ak kesyon sou relasyon gran prèt Ansyen Testaman an, sistèm sakrifis yo, elatriye., ak lafwa kretyen an.

Liv Ebre a te ekri pou reponn kesyon sa yo. Apre Liv Women se liv ki genyen plis doktrin nan Nouvo Testaman an. San you konpreyansyon kòrèk sou sa Jezi te akonpli nan travay redanmsyon Li, kèk nan premye kretyen jwif yo te nan danje pou pèdi konfyans nan nouvo lafwa ke yo te jwenn nan. Yo t’ap konsidere pou retounen nan ansyen fason swiv lalwa a. Pou anpeche sa, se te nesesè pou esplike yo ke bi Ansyen Kontra a te akonpli nan Kris e ke nouvo Kontra a te nan aksyon kounyeya.

Apre li fin esplike siperyorite Jezi sou zanj yo, otè a te avèti ke “Se poutèt sa, nou dwe kenbe verite yo te moutre nou yo pi fèm toujou pou nou pa pèdi chemen nou.... Konsa, si nou menm nou meprize yon gwo delivrans tankou sa a, nanpwen chape pou nou” (Ebre 2: 1, 3). Lòt avètisman rive nan liv la, chak pi serye pase sa yo ki te anvan, men yo:

Se poutèt sa jan Sentespri te di l la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li, menm jan zansèt nou yo te fè l, lè yo te chache kont ak Bondye a, tankou lè, nan dezè a, yo te vle wè jouk ki bò Bondye ye ak yo. . . Frè m yo, atansyon pou okenn nan nou pa rive gen move santiman nan kè l ki pou fè l pèdi konfyans nan Bondye, pou lè sa a, li pa vire do bay Bondye vivan an. Okontrè, chak jou, se pou nou yonn ankouraje lòt toutotan n’ap viv nan epòk Liv la rele jòdi a. Piga nou yonn kite peche detounen nou, pou lè sa a nou pa rive nan kenbe tèt ak Bondye. Ebre 3:7, 8, 12, 13.

Moun ki resevwa limyè Bondye a yon fwa deja, yo te goute kado Bondye te ba yo a, yo te resevwa pòsyon pa yo nan Sentespri Bondye a. Yo te goute pawòl Bondye a, yo te wè l gou. Yo te santi nan lavi yo pouvwa k’ap travay nan tan k’ap vini an. Apre sa, si yo voye konfyans yo nan Bondye jete, pa gen mwayen pou yo tounen vin jwenn Bondye ankò. Paske yo kloure Ptitit Bondye a yon dezyèm fwa sou kwa a. Yo fè l wont devan tout moun ankò. Ebre 6:4-6.

Si apre nou fin konn verite a, nou toujou ap fè sa nou konnen ki mal, pa gen ofrann bèt ki ka wete peche sa yo. Nou mèt pè kont kò nou. Yon sèl bagay ki rete pou nou fè, se te rete tann jijman an ansanm ak gwo dife ki gen pou vin detwi tout lènmi Bondye yo. Ebre 10:26, 27.

Bagay sa yo fè nou sonje pawòl Jezi: “Moun ki mete men nan yon travay, epi k’ap vire tèt gade dèyè, moun konsa pa ka sèvi nan peyi kote Bondye Wa a. Se byen klè ke se you avètisman pou jwif kretyen e pou tout kretyen, pa neglije you si gran delivrans e vire do ba li.

Apre premye avètisman sa a sou neglije you si gwo delivrans, ekriven an esplike kouman delivrans sa a te vini. Jevi te vini sou latè tankou you nonm, e kounyeya tout bagay soumèt anba otorite li. “Poutèt lanmò li te soufri”, “Bondye l ba tout lwanj ak tout respè” (Ebre 2:8,9). Li te vin tounen you nonm “Konsa lè li mouri, li detwi Satan ki te gen pouvwa pou touye moun. Li delivre tout moun ki pase tout lavi yo esklav paske yo te pè lanmò” (vv.14,15). Lòm natirèlman pè lanmò. Sa kapab kenbe li nan lesklavaj diran lavi li. Men Jezikri te retire pouvwa lanmò sou kretyen yo (1 Korentyen 15:54-57), konsa yo pa bezwen pè ankò. Jezi te “fèt pou l te vin tankou frè l yo sou tout pwen, pou l te ka sèvi yo tankou yon gran prèt ki gen anpil pitye pou yo, k’ap fè sèvis li byen devan Bondye, pou ofrann li fè a ka fè Bondye padonnen peche tout pèp la” (Ebre 2:17). Lè li te vin you nonm san peche, Jezi te kapab you gran prèt e you sakrifis; sa vle di ke Li te kapab soufri e mouri pou peche lòm e you Avoka pou lòm. Lanmò Li ak rezirèksyon li te detwi pisans lanmò e rann lòm kapab sove.

Otè a esplike travay gran prèt la nan gran detay. Tankou fonksyon li, “yo mete l apa pou l ka fè sèvis Bondye pou yo. Se Li menm tou ki pou ofri kado ak bèt pou touye pou peche yo bay Bondye” (Ebre 5:1). Jezi Kris tou mete apa. Li pat leve tèt li nan you pozisyon siperyè a pozisyon lòm te okipe anvan. Li te chwazi kòm gran prèt menm jan avèk Melkisedèk (v.6). Jezi te aprann “konnen sa ki rele yon moun obeyisan, avèk tout soufrans li soufri yo. Lè li fin bon nèt, li tounen yon delivrans k’ap delivre yo pou tout tan, paske lè sa a, Bondye deklare se yon gran prèt menm jan ak Mèlkisedèk li ye” (vv.8-10).

Melkisedèk te you prèt Ansyen Testaman ki te sanble ak Jezi kòm prèt. Mèlkisedèk te genyen pozisyon ki te san parèy e ki te elve. Li san parèy paske nan rapò Bib la “Mèlkisedèk sa a, nou pa konn ni papa l, ni manman l, ni okenn nan zansèt li yo. Yo pa di ki bò l te fèt, ni ki bò l mouri. Li tankou Pitit Bondye a, li te rete prèt pou tout tan” (Ebre 7:3).

Pozisyon Mèlkisedèk la te wo. “Nou tou wè ki kalite grannèg nonm sa a te ye, pou granpapa nou Abraram, te ba li yon dizyèm nan tou sa l te pran nan batay la” (Ebre 7:4). Se pa ni koutim ni lalwa ki te mande Abraram bay Mèlkisedèk you kado. Pita te vin genyen you kòmandman ki te mande pèp la peye ladim bay desandan Levi, men sa pat aplike pou Abraram ki te viv 500 lane anvan. Moun Abraram te bay ladim nan te nan you pozisyon ki te pi wo pase Levi. Mèlkisedèk “te bay moun ki te resevwa pwomès Bondye a you benediksyon” (v.6). “Moun ki te bay benediksyon an pi gran pase moun ki te resevwa benediksyon an” (v.7). Sa montre pozisyon Mèlkisedèk la te pi wo pase pozisyon Abraram nan. Depi aksyon sa yo te rive anvan Levi, papa prèt jwif yo, te fèt, Levi te “peye ladim nan Abraram” sa montre pozisyon Levi a te pi ba pase pozisyon Mèlkisedèk la (v.9). Paske pozisyon prèt Jezi te menm jan ak pozisyon Mèlkisedèk la, travay prèt Kris la siperyè ak travay prèt Levi a.

Nesesite nouvo travay prèt sa a te jwenn anfaz: “Si travay prèt ras Levi yo te yon travay ki te bon nèt, pa ta gen nesesite pou menm yon lòt prèt ki menm jan ak Mèlkisedèk men ki pa menm jan ak Arawon ta vini” (Ebre 7:11). Sèvis anba lalwa, travay prèt ras Arawon yo pat kapab fè you nonm bon nèt, men li te kapab sèlman ofri sakrifis pou peche yo.

Depi Jezi te soti nan Jida, you tribi ke Moyiz pat janm mansyonnen nan koneksyon avèk prèt, se klè te genyen you chanjman nan travay prèt la. Travay prèt Jezi a “Yo pat fè l prèt dapre regleman lèzòm: men, se akòz pouvwa lavi ki p’ap janm fini an kifè yo fè l prèt” (Ebre 7:16). Chanjman sa a nan travay prèt la, ki depase travay prèt Levit, te nesesè paske ansyen an “te fèb, li pat kapab sèvi anyen ankò” (v.18). Fèblès sa a te egziste paske “Lalwa Moyiz la pat kapab rann anyen bon nèt sou tout pwen” (v.19). Sa pat kapab chanje kè a, sa vle di, bay lòm you nouvo kè. Men kounyeya, avèk nouvo travay sèvis prèt la, genyen you pi bon espwa ki fè nou pwoche kote Bondye.

Nouvo travay prèt la diferan ak ansyen an nan plizyè fason. Premyèman pa genyen anpil prèt men genyen you sèl. Lanmò fè li nesesè pou kontinye konsakre prèt nan premye sistèm lan, men depi Jezi “toujou vivan, li pa janm bezwen renmèt travay prèt la bay okenn lòt moun pou fè l nan plas li” (Ebre 7:24). Rezilta sèvis prèt sa a ki la pou tout tan an se ke “li ka delivre tout moun, l’ap fè pwoche bò kote Bondye paske li menm li toujou vivan, l’ap lapriyè Bondye pou yo” (v.25).

Dezyèmman, Jezi, Gran Prèt nou, “bon nèt, li pa janm fè okenn bagay ki mal, ni okenn peche. Yo mete l apa, yo wete l nan mitan moun k’ap fè peche yo. Bondye leve l, li mete l pi wo pase syèl la” (Ebre 7:26). Sa siyifi Li “pa tankou lòt granprèt yo. Li pa bezwen ofri chak jou yon bann bèt pou yo touye pou peche pa l yo anvan, epi pou peche pèp la apre sa. Li pa nan sa li menm. Li fè yon sèl ofrann fini ak sa lè li te ofri tèt li a” (Ebre 7:27). Sèl sakrifis Li a te sifi pou peche lòm you pou tout.

Konklizyon agiman sa a se ke “Nou gen you kalite granprèt konsa ki chita sou bò dwat fotèy Bondye ki wa nan syèl la. L’ap fè sèvis granprèt li nan kote ki apa pou Bondye a, sa vle di nan kay tout bon an, kay Senyè a menm te bati. Se pat moun ki te bati l pou li” (Ebre 8:1,2). Konsa kretyen jwif yo pa bezwen enkyete sou kesyon lafwa kretyen manke you granprèt. Genyen You sèl e ministè Li anlè egzanp lonbray bagay ki nan syèl ki te nan lalwa, “Nan sèvis prèt sa yo ap fè nan tanp ki sou latè a, se kopye y’ap kopye sou sa k’ap fèt nan syèl la. Sa y’ap fè a ou ta di se lonbray sa k’ap fèt nan syèl la (v.5). “Men, kounyeya, sèvis granprèt nou an gen pou l fè a pi konsekan lontan pase sèvis prèt sa yo. Paske, kontra li te ranje ant Bondye ak lèzòm lan pi bon lontan, li gen pi bon pwomès ki garanti li” (v.6). Pi bon kontra sa a te nesesè poutèt feblès ansyen kontra a. Bondye te pale Izrayelit yo pamwayen pwofèt Jeremi sou feblès li e di yo ke you nouvo kontra te nesesè (Jeremi 31:31-34). Nouvo kontra sa a fè ansyen an pase mòd e pre pou disparèt (Ebre 8:13).

Otè a esplike sa pi devan lè li diskite regleman premye kontra a pou sanktiyè a e pou adorasyon.. Li fè wè ke granprèt la te ofri kado e sakrifis you fwa chak lane nan tabènak la, e “Se yon siy pou te fè nou konprann davans sa k’ap pase kounyeya. Sa vle di: pou moun k’ap fè sèvis sa yo, nanpwen kado yo ka fè Bondye, nanpwen ofrann bèt yo ka touye bay Bondye ki pou lave konsyans yo devan Bondye.. Nan tout bagay sa yo, se yon kesyon de sa ki bon pou manje, de sa ki bon pou bwè, de tou kalite seremoni pou yo fè pou lave deyò kò moun. Prensip sa yo vo kichòy jouk lè Bondye vin chanje tout bagay” (Ebre 9:9, 10). Moun yo te dwe obsève regleman sa yo jouk tan Kris parèt. Lè sa a “Tant kote l’ap fè sèvis li a pi gwo, pi bon lontan. Se pa moun ki te bati li. Tant sa a pa fè pati bagay ki sou latè. Kris la pase nan tant lan, li antre kote yo mete apa pou Bondye a, li ofri san an yon sèl fwa devan Bondye epi li fini. Lè sa a, se pat san bouk kabri ni san ti towo bèf li te ofri. Se san pa l menm li te ofri. Se sa k fè li antre yon sèl fwa a devan Bondye, li tou peye pou l te ka delivre nou pou tout tan” (vv.11, 12). Si ansyen kontra te retire koupablite, “Nou pa bezwen mande kisa san Kris la p’ap fè. Avèk pouvwa Sentespri ki la tout tan an, li menm li ofri bèt ki bon nèt, san okenn defo. Se konsa, san l ap lave konsyans nou, l’ap delivre nou anba lesklavaj lalwa k’ap touye nou an pou nou ka sèvi Bondye vivan an” (v. 14).

Kouman li te posib pou nouvo kontra sa a ranplase ansyen an? Sa te posib paske Kris, “se yon avoka ki tabli yon nouvo kontra ant Bondye ak lèzòm. Konsa, moun Bondye rele yo, yo ka resevwa eritaj ki la pou tout tan an, jan Bondye te pwomèt la. Tou sa, paske Kris la mouri. Avèk mouri li mouri a, li delivre tout moun anba chenn peche yo te fè sou premye kontra a” (Ebre 9:15).

Premye kontra a te ratifye avèk san. San te senbolize ke you lanmò te fèt, konsa sa mete kontra a nan fòs. Enpòtans san an tèlman gran ke Ekriti a di, “Dapre lalwa, san an mete apa preske tout bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Si san pa koule, nanpwen padon pou peche yo” (Ebre 9:22). Nouvo kontra a tou te rive avèk san koule. Men kontra sa a te rive avèk you pi bon sakrifis, youn ki pa bezwen repete chak lane.

Kris la pat antre nan yon kay moun te bati pou Bondye sou modèl kay Bondye a. Li antre nan syèl la menm, kote li kanpe kounyeya devan Bondye pou nou. Granprèt jwif yo antre chak lanne nan kote ki apa pou Bondye menm lan avèk san bèt yo touye pou bay Bondye. Men, Kris la menm pa antre plizyè fwa pou ofri tèt li. Si se pat sa, li ta blije soufri plizyè fwa tou depi lè Bondye te kreye tout bagay. Men, kounyeya, lè tout bagay prèt pou fini, li parèt yon sèl fwa, li bay tèt li tankou bèt yo ofri pou wete tout peche, epi li fini. Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo. Konsa tou, Kris la ofri tèt li pou li mouri yon sèl fwa pou wete peche anpil moun. Li gen pou l tounen yon dezyèm fwa. Men, lè sa a, se p’ap pou wete peche nou, se va pou l delivre tout moun k’ap tann li yo” (Ebre 9:24-28).

Nan pwochen chapit la otè a kontinye mete anfaz sou relasyon ansyen e nouvo kontra a. Premyèman li montre you reyalite baz sou lalwa e sakrifis li yo: “Lalwa Moyiz la pat menm yon bon pòtre bagay ki la tout bon yo. Se yon senp lonbray benediksyon ki gen pou vini yo li ye. Moun ki pwoche bò kote Bondye avèk menm kalite ofrann bèt y’ap plede ofri chak lanne san rete a, moun sa yo, lalwa pa ka fè yo vin bon nèt” (Ebre 10:1). Sakrifis sa yo”te fè moun chonje jan yo peche” (v.3). Yo pat kapab retire peche yo oubyen retire konesans peche yo. “paske san bouk ak san jenn towo bèf p’ap janm ka wete peche moun” (v.4). Pi gran dezi Bondye se pat pou genyen sakrifis e ofrann – yo pat ba Li okenn plezi. Li te vle You moun “vin pou fè volonte “ Li (V.7) e konsa “Bondye aboli tout ansyen ofrann bèt yo, li ranplase yo ak ofrann Kris la menm” (v.9). Sa te akonpli lè Jezi te vini e tounen you sakrifis: “Kifè nou netwaye anba peche nou, se paske Jezikri te fè tou sa Bondye te vle, li ofri kò pa li bay Bondye yon sèl fwa, epi l fini”(v.10). Sakrifis Li a you fwa pou tout fè sanktifikasyon ( sen, apa, bon nèt) posib. “Avèk sèl ofrann li te fè a, li fè moun li netwaye anba peche yo bon nèt pou tout tan” (vv.12-14).

Tankou sa te deja pale, nesesite pou chanje kontra a te pale nan premye kontra a. “Men kontra mwen pral fè ak yo apre jou sa yo. (Se Bondye menm ki di sa). M’a mete lwa m yo nan kè yo, m’a make lwa m yo nan lespri yo” (Ebre 10:16). Efè a se ke “Mwen p’ap janm chonje ni peche yo, ni sa yo fè ki mal” (v. 17; konpare Jeremi 31:33, 34).

Nan limyè tou sa, “Konsa, frè m yo, gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an, nou gen antre lib kote yo mete apa pou Bondye a. Kris la louvri yon chemen nèf pou nou, yon chemen k’ap ban nou lavi, yon chemen ki pase nan mitan vwal la, sa vle di: nan kò l menm. Nou gen yon granprèt ki reskonsab tout kay Bondye. Ann pwoche bò kote Bondye ak tout kè nou, ak yon konfyans byen chita, san nou pa gen anyen nan kè nou ki pou boulvèse konsyans nou, kò nou menm byen netwaye nan yon dlo byen pwòp. Ann kenbe espwa nou genyen an byen fèm. Paske, nou mèt sèten, Bondye ap kenbe pwomès li” (Ebre 10:19-23).

Relasyon ofrann ansyen kontra e sakrifis yo ak nouvo kontra a te esplike bay jwif kretyen yo. Kounyeya yo kapab genyen konfyans nan nouvo e pi bon chemen atravè Jezi. Jwif kretyen yo pa va vle neglije pi bon chemen sa a. Li siperyè ansyen kontra a nan tout aspè.

Pou ankouraje lektè a pa neglije nouvo chemen sa a, ekriven an fè premye kretyen jwif sa yo sonje soufrans ke yo te fè esperyans “nou te soufri anpil. Men, nou te kenbe fèm nan batay la. Yon lè, se nou menm yo t’ap joure, yo t’ap maltrete devan tout moun. Yon lòt lè, se nou menm, poutèt pa nou, ki te al pran pou moun yo t’ap joure yo, pou moun yo t’ap maltrete yo” paske yo t’ap swiv Jezi (Ebre 10:32, 33). “Menm lè yo te sezi tout byen nou yo, nou te kontan asepte pèdi yo paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi bon, k’ap la pou tout tan” (v.34). Pandanke y’ap chonje sa, yo te reyalize ke esperyans yo pat pou gremesi. Yo ta resevwa you gwo rekonpans si yo pèsevere. “Men, nou bezwen pasyans pou nou ka fè sa Bondye vle, pou nou ka resevwa sa l te pwomèt la. Paske, men sa ki ekri nan Liv la: nan yon ti tan ankò, pa gen pou lontan menm, Moun ki gen pou vini an ap vini. Li p’ap pran reta ankò. Moun mwen fè gras la ap viv, paske li gen konfyans nan mwen. Men, si l vire do l tounen fè bak, li p’ap fè kè m kontan. Nou menm, nou p’ap fè tankou moun sa yo k’a tounen dèyè, k’ap pèdi tèt yo. N’ap fè tankou moun ki gen fèm konfyans nan Bondye, moun k’ap delivre nanm yo” (vv.36-39).

Women 9-11, Pèp Jwif la

Pi fò jwif yo pat asepte mesaj kretyen an e yo pat antre anba nouvo kontra a. Pwochen bagay Pòl te pale se te, Poukisa jwif yo te rejte Jezi kòm Kris la? Poukisa Izrayelit yo ke, “ Bondye te chwazi you pou pwòp pitit li. Se nan mitan yo Bondye te fè tout bèl mèvèy li yo. Se ak yo li te pase kontra li yo. li te ba yo lalwa. Li te moutre yo jan pou yo sèvi l. Se yo ki te resevwa pwomès li yo. Yo te pitit pitit zansèt nou yo. Se nan ras yo Kris la sòti lè l te fèt tankou yon nonm.”, te vire do bay Mesi yo a, Kris yo a (Women 9:4,5). Kesyon sa a te jwenn repons nan Women 9-11.

Paske pèp jwif la pat vin jwenn Kris “pa vle di Bondye p’ap kenbe pwomès li ankò” (Women 9:6). Okontrè “Se pa tout pitit pitit Izrayèl yo ki fè pati pèp Bondye a. Se pa tout pitit pitit Abraram yo ki bon pitit pou li” (vv.6,7). Abraram te genyen de pitit gason, men se you sèl ki te resevwa pwomès la, Izarak. Premye pitit gason Abraram, Izmayèl, ke li te fè avèk you fanm eklav ki te rele Aga, pat resevwa pwomès la (Jenèz 16: 21:12; 25:1,2). Menm kalite bagay sa a te rive pitit Izarak yo. Premye pitit gason an , Ezaou, pat resevwa pwomès la, men se te dezyèm pitit gason an, Jakòb. Sa montre ke “tout pitit ki fèt dapre egzijans natirèl kò a pa pitit Bondye. Se sèlman pitit ki fèt dapre pwomès Bondye a ki bon pitit pitit li.” (V.8).

Apre sa Pòl te esplike chwa Jakòb nan plis detay. Anvan Rebeka te ansent marasa yo, “Bondye gen jan pa l pou l chwazi moun. Bondye pa chwazi yon moun paske moun lan fè anyen pou sa, men paske Bondye vle chwazi li. Enben, pou fè nou wè se konsa li toujou fè, Bondye pale ak Rebeka anvan menm timoun yo fèt, anvan menm yo te fè anyen ni an byen ni an mal. Li di l konsa: Pi gran an gen pou sèvi pi piti a. Dapre sa ki te ekri: Mwen renmen Jakòb, mwen rayi Ezaou” (Women 9:11-13). Onè pou ou te you moun ke pwomès Bondye te fè Abraram nan ta akonpli avèk li se te desizyon pa Bondye e se pat desizyon lòm. Chwa oubyen eleksyon sa a pa konsène kado lavi etènèl la, men onè e privilèj pou ou ta you moun ke Bondye ta itilize pou prepare ras lòm pou redanmsyon ki t’ap vini an. Ezaou avèk desandan li pat kondane paske Bondye te chwazi Jakòb, e Jakòb ak desandan li pat resevwa lavi etènèl poutèt apèl yo. Anreyalite Bondye te rejte anpil nan desandan Jakòb yo poutèt mechanste yo. Men omwens you rès te fidèl e Bondye te kapab akonpli bi li nan mitan yo pou delivrans posib pou tout moun.

Avèk konesans sa yo, Pòl te panse ke lektè a ta mande, “Bon, kisa sa vle di? Bondye genlè ap fè lenjistis?” (Women 9:14). Konsa li te poze kesyon an e li te reponn li. Depi Bondye te chwazi moun ke li ta itilize pou redanmsyon an vini, eske sa siyifi ke li enjis? Pòl di, “Non”. Enjistis kont nati Bondye. Sentete Li e jistis Li pa ta janm pèmèt bagay konsa rive.

Apre sa Pòl te site pawòl Bondye te di Moyiz pou montre ke Bondye pa enjis. Li te di Moyiz, fidèl sèvitè Li, “M’a gen pitye pou moun mwen vle gen pitye, m’a louvri kè m pou moun mwen vle” (Women 9:15; konpare Egzòd 33:19). Paske Bondye te itilize Moyiz pat genyen koneksyon avèk okenn bagay li te fè, men senpleman poutèt mizèrikòd Bondye. Bondye te itilize Moyiz tankou Li te itilize Izarak, Jakòb pou akonpli bi Li. “ Se sa k fè, bagay konsa pa gade lèzòm, ou mèt tande yo vle, ou mèt tande yo fè. Se bagay ki gade Bondye sèlman, li menm ki gen kè sansib” (Women 9:16). Abraram te ka vle pwomès rive akonpli nan Izmayèl, e Izarak te ka vle pou li akonpli nan Ezaou, pi gran pitit gason li, e Ezayi te ka vle li; poutan, Bondye nan gran mizèrikòd li te bay Izarak e Jakòb pwomès la. Chwa sa a pat fè Bondye enjis, men li te montre mizèrikòd Bondye nan chwazi moun ke pwomès Li ta akonpli.

Pòl te site Bib la pou soutni tèz li. You moun pa kapab jwenn fot avèk Bondye paske li te itilize kèk moun pou akonpli bi Li. “Paske nan Liv la, men sa Bondye di Farawon an: Se mwen ki fè ou wa toutespre, pou lè moun wè ou, yo ka wè pouvwa mwen, pou moun ka mache fè konnen non mwen toupatou sou latè”. (Women 9:17). Bondye te itilize evènman ki te antoure Farawon ki te mechan e rebèl kont volonte Bondye pou montre Izrayelit yo ke Bonyte te rele Moyiz pou mennen yo soti kite peyi Lejip e pou fòtifye lafwa yo nan Bondye. Rezilta final nan tou sa se ke non Bondye ta pwoklame atravè lemonn antye.

Vèsè sa yo fè pati ekriti Pòl ke Pyè di “Gen kèk pwen ladan ki difisil pou konprann. Se konsa, moun inyoran yo ak moun ki fèb nan konfyans nan Bondye yo ap tòde san pawòl yo, tankou yo fè l pou lòt liv yo tou. Men, se sa menm k’ap fin pèdi yo” ( 2 Pyè 3:16). Kèk nan Ekriti sa yo nan Women 9 pou sipòte panse ke Bondye chwazi kèk moun pou sove e andisi kèk lòt pou kondane. Men Bib la pa anseye sa.

Premyèman, Women 9 pale sou aksyon Farawon kòm lidè you gouvènman e revele kouman kouman Bondye te itilize li pou montre pisans Bondye. Vèsè sa yo pa di anyen sou chwa oubyen eleksyon li pou kondanasyon etènèl. Yo montre sèlman ke Bondye te itilize aksyon gouvènman pou akonpli pwomès li te bay Abraram, Izarak e Jakòb (Egzòd 5:22-6:8).

Dezyèmman, kesyon sou kouman Bondye te itilize Farawon e kouman kè li te andisi dwe konsidere. Rapò Egzòd la di nan kòmansman ke “Senyè di Moyiz konsa: Kounyeya, ou wè w’ap tounen nan peyi Lejip. Gade byen. Se pou ou fè devan Farawon an tout mirak mwen ba ou pouvwa fè yo. Mwen menm, m’ap fè l kenbe tèt avèk ou, li p’ap vle kite pèp la ale” (Egzòd 4:21). Nan premye koudèy sa parèt you pwofesi ke Bondye ta fòse Farawon tankou maryonnèt pou peche kont pèp la. Men se pa vre.

Rezon kè Farawon an te andisi te klè depi nan premye rankont Moyiz ,Arawon ak Farawon, “Farawon reponn: Kilès ki Senyè a pou m ta swiv lòd li , pou m kite pèp Izrayèl la ale? Mwen pa konnen Senyè sa a. Mwen p’ap kite pèp Izrayèl la al okenn kote” (Egzòd 5:2). Farawon pa t’ap koute e li ta fè bagay ki te andisi kè li. Sa parèt nan evènman pita yo: “Li konmanse fè tèt di ankò”(8:15; konpare v.32). Lè yo mande you moun fè you bagay e li refize fè li apre plizyè demann, kè li vin andisi menm lè li fòse pou chanje lespri li.

Bib la deklare tou ke Bondye andisi kè li (Egzòd 7:3; 9:12; 10:1, 20, 27; 11:10). Fason Bondye andisi kè Farawon te pèmèt li chwazi mechanste e kite li rekòlte fwi aksyon li yo. Se fason sa a Bondye travay. Nan premye chapit Women an Pòl di, “Bondye kite yo tonbe nan fè” (Women 1:24, 26, 28). Se sa ki te rive Farawon. Bondye te bay Farawon siy, e lè li te chwazi pa kwè e reyaji avèk aksyon kriyèl e mechan, li te kòmanse desann you chemen ki andisi kè li. You moun pa kapab reziste Pawòl Bondye san rekòlte konsekans serye.

Konkilizyon Pòl te tire nan sa ke yo te di Moyiz e Farawon se ke Bondye genyen “pitye pou moun li vle, li fè moun li vle kenbe tèt ak li” (Women 9:18). Farawon pat reklame pitye Bondye poutèt bagay li te fè; ni li pat kapab pwoteste kont Bondye poutèt fason bagay yo vire. Bondye te itilize Farawon e Moyiz pou akonpli plan Redanmsyon an tankou Li te deside.

Kèk jwif te kapab pran evènman sa yo kòm you baz ke Bondye chwazi kèk pèp pou lavi e kèk pou lanmò e mande, “Kisa Bondye gen pou repwoche moun? Ki moun ki janm kenbe tèt ak Bondye” (Women 9:19). Premye etap Pòl se te pou konbat sa ki genyen nan bagay sa yo, se te pou fè yo chonje, “Kisa m ye pou m ap diskite ak Bondye konsa?” (v.20). Moun ki fè krich la genyen otorite sou tè lajil la. E si Bondye vle chwazi you pèp e soufri avèk yo, “Li te vle fè nou wè tout kantite bèl bagay li sere pou moun lè li gen pitye pou yo”, nou pa dwe plenyen (v.23).

Bèl bagay yo te fè jwif yo konnen yo kounyeya yo fè moun ki pa jwif yo konnen yo tou. Se you plan ki te fèt depi lontan pase. Oze te di, “Se sa menm li di nan liv pwofèt Oze a: Moun ki pat pèp mwen an, se yo menm m’a rele pèp mwen. Nasyon mwen pat renmen an, se li menm m’a rele cheri mwen. Tout kote yo t’ap di se pa pèp mwen yo ye, se la y’a rele yo pitit Bondye ki vivan an” (Women 9:25, 26; konpare Oze 2:23; 1:10).

Ezayi te pale tou konsènan Izrayèl. “Kanta pou moun pèp Izrayèl yo, Ezayi, bò pa l menm, di konsa: Menm si moun pèp Izrayèl yo ta anpil tankou grenn sab bò lanmè, se yon ti ponyen sèlman nan yo k’ap sove.” (Women 9:27). Isi a ankò mete anfaz ke genyen you diferans ant pitit pwomès la e pitit lachè a. Rès sa a te enpòtan pou tout Izrayèl paske, si se pat poutèt rès la, Izrayèl ta tankou Sodòm e Gomò (v.29; Konpare Ezayi 10:22, 23).

Tankou jan sa te pwofetize lontan pase, moun ki pat jwif yo te vini anba pwomès la e sèlman you rès Izrayèl te jwenn li. Kisa ki kapab di sou sa? “Kisa n’a di nan tou sa? Men, sa n’a di: Moun ki pat jwif yo, ki pa t’ap chache mwayen pou Bondye fè yo gras la, se yo menm Bondye fè gras paske yo mete konfyans yo nan li. Men, moun pèp Izrayèl yo ki t’ap chache yon lalwa ki pou ta fè Bondye fè yo gras, yo pa jwenn sa yo t’ap chache a. Poukisa? Paske yo pat mete konfyans yo nan Bondye. Yo t’ap chache mwayen pou Bondye fè gras ak zèv yo t’ap fè yo. se konsa y’ap frape pye sou wòch k’ap fè moun bite a” (Women 9:30-32). Okenn moun pa kapab blame Bondye pou kondisyon Izrayèl. Se te chwa yo. Yo te frape pye yo paske yo te rejte Jezi kòm Kris la.

Izrayèl ki te bite sou Jezi a pat final ni pèmanan. Nou wè sa nan dezi Pòl pou yo sove. Li te ekri, “Frè m yo, jan m ta renmen wè jwif yo sove! Jan mwen pa manke lapriyè Bondye pou yo!” (Women 10:1). Izrayèl te rejte akoz fot yo e pèsonn pa kapab blame Bondye. Lè yo retounen e reponn kondisyon Bondye yo, yo va sove. Si se pat sa Pòl pa kapab fè deklarasyon li te fè a.

Pòl te reyalize kote pwoblèm jwif yo chita. “Yo devwe anpil pou sèvis Bondye a, men yo manke konprann. Yo pat konprann ki jan Bondye t’ap fè lèzòm gras. yo te pito chache fè sa nan jan pa yo. Se konsa yo pat asepte jan Bondye fè l la” (Women 10:2,3). Koz baz echèk yo se paske yo pat wè ke “Avèk Kris la, lalwa a jwenn bout li. Konsa Bondye fè tout moun ki kwè nan Kris la gras” (v.4).

Frè jwif Pòl yo pat konprann bi lalwa a, e kouman li mennen jwenn Kris. Sa pa ta dwe konsa paske mesaj sa a te prezante nan Ansyen Testaman an. Moyiz te avèti, “Moun ki va fè sa lalwa a mande li fè a, va jwenn lavi l ladan li” (Women 10:5; konpare Levititk 18:5). Pou you moun ta jwenn jistis ke yo pale la a fòk li ta obeyi lalwa konplètman. You nonm ki ta genyen you jistis konsa pa ta kapab kondane paske li ta obeyi kòmandman lalwa. Pa ta genyen baz pou kondane li.

Apre li fin montre pawòl Moyiz yo sou jistis, Pòl te montre you lòt fason pou jwenn jistis nesesè a. “Men, men sa yo di pou esplike ki jan Bondye fè yon moun gras lè l kwè: Piga ou di nan kè ou: Kilès ki va moute nan syèl la? (Sa vle di: pou fè Kris la desann sòti ladann li.) Ou ankò: Kilès ki va desann anba nan gwo twou san fon an? (Sa vle di: Pou fè Kris la leve sòti vivan pami mò yo). Sa gen rapò avèk Pawòl Moyiz nan Detewònòm 30:12-14. Jis anvan li te pale avèk pèp la, Moyiz te montre kòmandman li te ba yo “se pa bagay nou pa kapab fè, bagay nou pa ka rive fè” (v.11). Pou lektè Pòl yo pawòl familye sa yo vle di ke se pa you bagay ki enposib, men bagay ki posib.

Enkanasyon Kris (Kris pran fòm moun) e rezirèksyon Li nan sant nan Levanjil la. You moun pa fè you bagay ki enposib pou jwenn delivrans. Sa ta kontredi sa Bib la di. “Kisa yo di ankò? Men sa yo di: Pawòl la toupre ou, li nan bouch ou, li nan kè ou. Epi pawòl la se mesay konfyans nan Bondye, mesay n’ap anonse a. Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Senyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l leve sòti vivan pami mò yo, w’a sove. Paske, lè yon moun gen konfyans tout bon nan kè l, se lè sa a Bondye fè l gras. Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout moun li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye delivre li’ (Women 10:8-10). Konsa delivrans pre e fasil pou jwenn. Inyorans sa a te lakoz anpil jwif yo manke Kris la.

Nan finisman Woman 9, Pòl te montre nou kouman Ansyen Testaman an te pwofetize ke moun ki pa jwif yo ta vin you pati nan pèp Bondye a. Li te esplike sa pi devan. Redanmsyon an posib pou tout moun, pou jwif e pou moun ki pa jwif, paske “dapre sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki mete konfyans yo nan li p’ap janm sòti wont” (Women 10:11; konpare Ezayi 28:16). Mo nenpòt moun lan pa limite delivrans pou you nasyon, espesyal, jwif yo. Nenpòt genyen ladan moun ki pa jwif yo. You moun kapab fè konklizyon sa a “Konsa nanpwen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif: yo tout gen yon sèl Mèt ki bay tout moun ki rele l favè l an kantite. Se sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt ki rele non Mèt la gen pou jwenn delivrans” (Women 10:12, 13). Se you sitasyon pwofèt Jowèl nan Ansyen Testaman an. Se you pwofesi konsènan vini Mesi a (Jowèl 2:28, 32; konpare Travay Apot 2:21) sa vle di ke delivrans la pa genyen limit nasyonal.

Pou rele Senyè a, you moun dwe genyen lafwa. Pou genyen lafwa, you moun dwe tande. Pou tande, dwe genyen predikatè. Pou genyen predikatè, dwe genyen moun ki voye yo. Ezayi te pwofetize sou predikatè sa yo, Pòl te site pasaj sa yo pou sipòte predikasyon Levanjil la pou tout moun: “Si pa gen pèsonn pou fè konnen mesay la? Ki jan pou yo fè fè konnen mesay la, si pa gen moun yo voye pou sa? Dapre sa ki te ekri a:Ala bèl bagay lè ou wè moun k’ap pote yon Bòn nouvèl ap vini” (Women 10:15; konpare Ezayi 52:7).

Pòl te reyalize ke se sèlman kèk nan pil moun ki tande mesaj la ki reponn. Ezayi te anonse sa tou. “Men, se pa tout ki asepte Bòn Nouvèl la. Se poutèt sa Ezayi te di: Mèt, kilès ki te kwè mesay nou te bay la?” (Women 10:16; konpare Ezayi 53:1). Rapò, predikasyon an pote bòn nouvèl, men se sèlman kèk ki kwè, Ezayi ta mande si vrèman genyen ki kwè. Jezi te pale sou mepri yo te fè sou levanjil lan nan Parabòl Moun k’ap simen an. Sèlman kèk semans pote fwi (Matye 3).

Magre pat genyen anpil moun ki te reponn, Pawòl la te kontinye al jwenn tout moun. Kèk moun ka pwoteste e mande, “Eske yo pat tande mesay la?” Pòl reponn, “Men wi. Yo tande l byen pwòp. Paske, jan sa te ekri nan Liv la: Pawòl nan bouch yo gaye sou tout latè. Mesay yo bay la rive nan dènye bout latè” (Women 10:18). Mesay Levanjil la te preche bay tout moun. Depi li te preche bay tout moun, li dwe pou moun ki jwif e pou moun ki pa jwif.

Men wi, “Eske Izrayèl pat konnen?” Eske yo te konnen ke yon lè t’ap vini lè moun ki pa jwif yo ta rele non Senyè a, e Izrayelit yo ta rejte menm apèl la? Wi, yo te konnen. Moyiz te pale sou sa, “M’ap fè nou fè jalouzi pou moun ki pa menm yon nasyon tout bon. M’ap fè nou fè kòlè poutèt yon pèp ki san konprann” (Women 10:19). E Ezayi te di, “Moun ki pa t’ap chache m yo, se yo menm ki jwenn mwen. Moun ki pa t’ap mande pou mwen yo, se yo menm mwen fè wè mwen” (v.20; konpare Detewonòm 32:21; Ezayi 65:1). Konsa jwif yo te aprann ke moun ki pa jwif yo ta vin fè pati pèp Bondye a. Jwif yo pat genyen okenn eskiz pou bite sou kesyon moun ki pa jwif ki antre nan pèp Bondye a.

Bondye te genyen anpil pasyans nan rapò li avèk Izrayèl. Konsènan Li, Ezayi te ekri, “Men, men sa li di sou Izrayèl: tout lajounen m’ap lonje men m bay yon pèp ki rebèl, k’ap fè wòklò.” (Women 10:21; konpare Ezayi 65:2). Li pat jete yo, men li te fè tou sa ki posib pou sove yo. Poutan yo te dezobeyi Li e fè rebèl kont li.

Poutèt rejè Izrayèl la, Pòl te konnen ke anpil jwif te kapab poze kesyon sou relasyon Bondye avèk yo. Kesyon ki te kapab ap trakase kèk nan yo te kapab: “Kounyeya, m’ap mande: Eske Bondye te voye pèp li a jete?” (Women 11:1). Pòl te reponn pou esplike ke rejè Izrayèl la pa ni konplèt ni final. Pòl li menm se prèv la. “Paske, mwen menm, mwen se yon moun pèp Izrayèl, yon pitit pitit Abraram. Mwen sòti nan branch fanmi Benjamen. Non, Bondye pa voye pèp li te chwazi davans lan jete” (vv.1, 2).

Pòl se pat sèl jwif ki te jwenn Kris, men li te yonn nan rès Izrayèl ki te jwenn Li. Rès sa a te egziste menm jan avèk rès ki te egziste nan tan Eli a. You fwa Eli t’ap plede avèk Bondye kont Izrayèl: “Bondye, yo touye pwofèt yo, yo kraze lotèl ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. men y’ap chache wete lavi m tou?” (Women 11:3). Bondye te reponn, “Mwen gen pou mwen (7000) sètmilòm ki pa janm mete jenou yo atè devan Baal” (v.4). Sila yo ki santi ke Bondye te rejte pèp Li a dwe reyalize ke “konsa tou, kounyeya, gen yon ti rès Bondye te chwazi nan pèp la, se yon favè li te fè yo” (v.5). Pòl kontinye, “Se pa paske yo te fè sa ki byen kifè Bondye te fè yo favè sa a. Men se paske Bondye te vle fè l pou yo. Si se pat konsa, favè Bondye a pa ta yon favè tout bon ankò”“ (v.6). Rès sa a te egziste paske kèk nan Izrayelit yo te jwenn Kris e yo pat kilbite sou zèv.

Pi gran kò Izrayèl la t’ap chache Bondye, men “Sa pèp Izrayèl la t’ap chache a, li pat jwenn li. Men, moun Bondye te chwazi yo, se yo ase ki jwenn li. Kanta pou lòt yo, yo vin gen tèt di” (Women 11:7).. Andisisman sa a, pwofèt Ansyen Testaman yo te anonse li. “Bondye te rann Lespri yo lou, yo gen je, men yo pa ka wè. Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande jouk jòdi a...Se pou resepsyon y’ap fè yo tounen yon senn, yon pèlen pou yo, pou yo menm yo pran ladan l, pou yo resevwa chatiman yo. Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm. Fè yo mache do ba tout tan” (vv.8-10; konpare Sòm 69:22, 23; Ezayi 29:10). Men kèk te jwenn sa ke Izrayèl t’ap chache – delivrans pamwayen Kris. Lòt pat jwenn li e peri poutèt enkredilite yo e rejte Kris. Yo te fèmen je yo e yo pat kapab wè Jezi kòm Mesi a.

Men esperyans tonbe Izrayèl pat konplèt, tankou Pòl te fè wè li, ni li pat final. “Kounyeya, m’ap mande: Lè jwif yo bite, eske yo te tonbe nèt”. Yo p’ap janm leve ankò? Pòl reponn. “ Men non. Men, lè yo tonbe a, sa penmèt moun lòt nasyon yo rive delivre. Se konsa yo tounen jalouzi pou jwif yo” (Women 11:11). Tonbe yo tonbe pa vle di okenn jwif p’ap janm asepte Kris kòm Mesi yo. Rejè yo pa final.

Youn nan efè tonbe jwif se paske “sa penmèt moun lòt nasyon yo rive delivre. Se konsa yo tounen jalouzi pou jwif yo” (Women 11:11). Sa pa vle di ke moun ki pa jwif pa ta janm resevwa bon nouvèl la si Izrayèl pat tonbe. Yo te nan pwomès Bondye te bay Abraram. Se te poutèt pwomès sa a yo te resevwa bon nouvèl la. Men rejè Izrayèl la te genyen you efè sou moun ki pat jwif ki te resevwa li. Lè jwif yo te rejte Jezi kòm Kris, apot yo te ogmante efò yo pou genyen moun ki pa jwif yo. Jezi te pale sou vire sa a sou moun ki pa jwif yo nan parabòl Li sou fèt maryaj la. Li te di, “Lè sa a, li di domestik li yo: Manje nòs la pare, men moun ki te envite yo pat merite sa. Ale sou granchemen, envite tout moun nou jwenn pou yo vini nan nòs la” (Maryaj 22:8, 9).

Nou kapab wè vire sa a konsènan kite jwif yo e vire sou moun ki pa jwif yo nan Korent, kote Pòl “t’ap bay jwif yo tout kalite prèv pou moutre yo Jezi yo Jezi se Kris yo t’ap tann lan. Men, jwif yo pran kenbe tèt avèk li, yo t’ap joure l. Lè l wè sa, li souke pousyè ki te sou rad li, epi l di yo: Si nou peri, se nou ki chache sa. Se p’ap fòt mwen. Depi kounyeya m’ap vire kò m bò kote moun ki pa jwif yo” (Travay Apot 18:5,6).

Rive nan moman sa a pi gran efò Pòl te pase nan eseye genyen jwif yo pou Kris. Men poutèt resistans yo e blasfèm, Pòl te plase pi gwo efò li nan chache genyen moun ki pa jwif yo. Men li pat konplètman vire do bay jwif yo. You pati nan efò li pou genyen moun ki pa jwif yo te motive avèk dezi pou pwovoke jwif fè jalouzi. Li te vle yo vin jalou pou moun ki pa jwif yo ki t’ap asepte Jezi, avèk espwa jwif yo ta vle patisipe nan benediksyon Jezi te pote. Li te ekri, “Mwen kontan anpil travay m’ap fè a. Men, mwen kwè konsa m’a rive eksite jalouzi moun ran mwen yo, pou m ka delivre kèk nan yo.” (Women 11:13, 14).

Pòl te reyalize ke lè jwif yo asepte Jezi sa ta menm you pi gran benediksyon paske rejè yo te siyifi rekonsilyasyon moun ki pa jwif yo. “Wi. Si lè Bondye te mete jwif yo sou kote, sa te penmèt tout moun sou latè rive vin byen ak Bondye ankò, nou pa bezwen mande kisa k va rive lè jwif yo va tounen vin jwenn favè Bondye? Se va lavi pou tout moun ki te mouri yo!” (Women 11:15).

Pwochen prensip baz la se ke “lè yo ofri premye moso pen an bay Bondye, tout rès pen an vin pou li tou. Si yo ofri rasin yon pyebwa bay Bondye, tout branch li yo vin pou li tou” (Women 11:16). Nan kontèks la “premye moso pen an” sanble gen rapò avèk zansèt yo, Abraram, Izarak, Jakòb. Yo te premye nan pèp chwazi Bondye a. Se ladan yo nasyon Izrayèl la sòti. Paske patryach sa yo (Zansèt sa yo) te sen, pitit espirityèl yo dwe sen tou. Yo ta dwe koupe sila yo ki pa sen.

Nan prensip baz la, Pòl avèti moun ki pa jwif yo: “Pèp Izrayèl la tankou yon pye oliv kay. Yo koupe kèk branch sòti ladan li. Ou menm ki pa jwif la, ou tankou yon branch pye oliv mawon yo grefe nan plas branch yo koupe yo. kifè kounyeya, se ou menm k’ap pwofite lèt rasin k’ap nouri pye oliv kay la. Se poutèt sa, pa gonfle kò ou sou branch koupe yo. Ki jan ou kapab ap fè grandizè? Pa bliye, se yon senp branch ou ye. Se pa ou k’ap pote rasin lan. Men, se rasin lan k’ap pote ou pito” (Women 11:17, 18). Branch jwif yo te koupe paske yo pat chache jistis la sou baz kòrèk (9:30). Moun ki pa jwif yo paske yo te oliv sovaj, te grefe paske yo te chache jistis sou baz lafwa. Moun sa yo te jwenn lavi nan rasin yo ki te rich, patryach Abraram. Patryach yo se moun ke Bondye te chwazi pou fòme nasyon Izrayèl la. Yo te chwazi pou prepare lòm pou redanmsyon ke Pitit Gason Li a te pote. Konsa yo te rasin ke Bondye te itilize pou pote lavi ki posib nan Jezi kounyeya. Moun ki pa jwif pa dwe meprize jwif yo. Rasin moun ki pa jwif yo nan pèp chwazi a.

Pòl te reyalize ke kèk moun ki pa jwif te ka vin awogan e diskite, “Wi, men, yo te koupe branch yo pou yo te kapab grefe m nan plas yo?” (Women 11:19). Men sa pa baz pou awogans, “Wi. Se vre sa. Men, yo te koupe yo paske yo pat gen konfyans nan Bondye. Ou menm ou kenbe paske ou gen konfyans nan Bondye. Pa kite lògèy pran tèt ou. Okontrè, se pou ou gen krentif anpil nan kè ou. Paske, si jwif yo ki branch pyebwa a menm Bondye pa te al dousman ak yo, se pa avè ou la pral dousman” (vv.20-21). Depi moun ki pa jwif te kanpe sèlman gras a lafwa yo, yo dwe pè posibilite pou yo koupe yo si yo pèdi lafwa. Yo dwe konsidere bonte e severite “ki jan Bondye gen bon kè, e ki jan li sevè tou”(v.22). Severite Bondye te montre anvè sila yo ki tonbe. Bonte Bondye te montre anvè sila yo ki gen lafwa. Pou moun sa yo Bonte Bondye va kontinye, “Se pou ou rete fèm nan renmen Bondye. Si se pa sa, ou menm tou y’ap koupe ou tankou lòt branch yo” (v.22). Pou sila yo ki tonbe, jwif ki pa kwè yo te genyen you pwomès: “Konsa tou, si jwif yo pa pèsiste nan movèz fwa yo, si yo rive gen konfyans, y’ap grefe yo tou kote yo te ye anvan an paske Bondye gen pouvwa grefe yo ankò” (v.24). Depi Bondye te kapab grefe oliv sovaj (moun ki pa jwif yo), sa va kapab pi fasil pou Li grefe jwif yo paske yo se branch natirèl e libere anba bagay payen (v.24).

Pou ede moun ki pa jwif kontinye nan fwa yo, Pòl esplike you mistè. “Yon pati nan pèp Izrayèl la rive gen tèt di. Men, se pa pou tout tan. Se va pou jouk tan tout moun lòt nasyon yo va fin delivre. Se konsa tout pèp Izrayèl la va delivre” (Women 11:25, 26). Ezayi te pwofetize menm bagay la (Ezayi 59:20, 21; 27:9 LXX; konpare Zakari 14 pou plis limyè sou Liberatè a). Jezi te pale sou evènman ki genyen pou vini pou Izrayèl: “Pou lavil Jerizalèm lan menm, moun lòt nasyon gen pou yo foule l anba pye yo, jouk tan dèle yo ba yo a va bout” (Lik 21:24).

“Tout pèp Izrayèl la va delivre” siyifi pèp jwif la va asepte Jezi kòm Mesi yo nan lavni. “Men, Bondye toujou renmen yo poutèt zansèt yo, paske se Bondye menm ki te chwazi yo. Sa Bondye fè kado, li bay li nèt. Li p’ap chanje lide lè l fin rele yon moun.” (Women 11:28, 29). Pwomès Bondye te bay patryach yo toujou valab. ( Gade Jenèz 12:1-3, 7;13:16; 15:5, 7, 18; 17:4ff; 19; 21:12; 22:16ff; 26:3, 4; 28:13; 35:12; Detewonòm 7:6ff; 10:15). Pwomès sa yo san kondisyon e konsa yo p’ap chanje. Pawòl Bondye dwe valab; li pa kapab chanje.

Pòl senpleman fè moun ki pa jwif yo sonje ke menm jan you lè yo te dezobeyisan e ke yo jwenn mizèrikòd, se konsa tou jwif yo ki kounyeya dezobeyisan kapab jwenn mizèrikòd tou (Women 11:31, 32). Rejè yo pa ni final ni konplèt. Lè li reyalize kouman redanmsyon Bondye travay pou byen jwif e pou byen moun ki pa jwif yo, Pòl ekri, “O, gade jan Bondye rich non! Bon konprann li, konesans li, nou pa ka sonde yo! Sa depase nou anpil. Ki moun ki ka esplike jijman Bondye? Ki moun ki konprann lide li gen nan tèt li?” (V.33). Genyen you gran fondè nan sajès e nan konesans Bondye pandan Li travay plan Li pou redanmsyon an. Nou pa kapab konprann li totalman; Sajès li depase nou. Lè nou reyalize sa nou kapab di tankou Pòl, “Lwanj pou Bondye tout tan tout tan! Amèn” (v.36).

Moun Ki Pa Jwif Yo Fè Pati Pèp Chwazi Bondye a.

Nou wè ke liv Women pale sou rejè jwif yo e sou antre moun ki pa jwif yo nan fanmi Bondye. Nan Liv Efezyen, Pòl te ekri kouman de gwoup separe sa yo vin ini. Linyon sa a se gwo tèm liv la.

Nan kòmansman Pòl te ekri, “Byen lontan anvan Bondye te kreye lemonn, li te chwazi nou nan Kris la pou nou te kapab viv apa pou li, pou n te san repwòch devan li. nan renmen li renmen nou an” (Efezyen 1:4). Nan nou sa a genyen moun ki pa jwif yo (2:11, 14, 16; 3:1, 6, 8; 4:17). Bondye depi nan kòmansman te fè pwojè pou fè moun ki pa jwif fè pati pèp Li a.

Pòl te fè lektè ki pa jwif yo sonje premye kondisyon yo e benediksyon yo genyen kounyeya paske yo gen “lavi ankò ansanm ak Kris la...Ansanm ak Kris, Bondye fè nou leve sòti nan lan lanmò, li fè nou chita jouk anwo nan syèl la ansanm ak li tou” (Efezyen 2:5,6).

Moun ki pa jwif yo pat toujou jwi benefis sa yo. You lè yo te separe ak Bondye (Efezyen 2:11, 12). Antre yo nan wayòm Bondye te posib gras a Jezikri. Li te mennen nou menm “ki yon lè t’ap viv lwen Bondye” (v.13) pre Bondye gras a san Li. Jezi se lapè nou paske “ se Li menm k’ap fè nou byen yonn ak lòt, li fè moun lòt nasyon yo fè yon sèl pèp ansanm ak jwif yo. Avèk pwòp kò li, li kraze miray ki te separe yo epi ki te fè yo yonn lènmi lòt” (v.14). Jezi, lè li te aboli “lalwa Moyiz la ansanm ak kòmandman l yo ak tout regleman l yo. Li pran de pèp sa yo, li fè yo tounen yon sèl pèp tou nouvo k’ap viv ansanm nan li. Se konsa li fè nou byen youn ak lòt” (v.15). “Avèk lanmò Kris la sou kwa a, li wete sa ki t’ap fè de pèp sa yo yonn rayi lòt, li fè yo tou de vin byen ak Bondye, li mete yo ansanm yonn ak lòt nan you sèl kò” (v.16). Se “kounyeya, gremesi Kris la, ...nou ka pwoche bò kote Papa a, nan pouvwa yon sèl ak menm Sentespri” (v.18). Paske Jezi te fè sa, Pòl te kapab ekri:

19 Se sa k fè, nou menm moun lòt nasyon yo, nou pa etranje ankò, ni moun ki depasaj. Men, se sitwayen nou ye ansanm ak tout moun nan pèp Bondye a, nou fè pati fanmi Bondye a. 20 Nou menm moun lòt nasyon yo, nou se kay Bondye ap bati sou fondasyon apòt yo ak pwofèt yo te poze a, men se Jezikri menm ki gwo Wòch ki kenbe kay la kanpe a. 21 Se li menm ki kenbe tout kò kay la kanpe byen fèm, ki fè l grandi pou l tounen you sèl kay yo mete apa pou Bondye. 22 Konsa, nou menm tou avèk lavi n’ap mennen nan Kris la, nou antre nan batisman sa a pou nou fè ansanm ak lòt yo yon sèl kay kote Bondye ap viv ak pouvwa Sentespri li. Efezyen 2:19-22.

You lè zafè fè jwif ak moun ki pa jwif yo fè you sèl te you mistè, “Nan tan lontan Bondye pat devwale plan travay sa a bay okenn moun sou latè, men kounyeya, ak pouvwa Sentespri a, li devwale l bay moun li mete apa pou sèvi l apòt ak pwofèt. Men sekrè a: Nan Jezikri, ak pouvwa Bòn nouvèl la, moun ki pa jwif yo gen pou resevwa ansanm ak jwif yo pòsyon pa yo nan byen Bondye a. Yo se manm yon menm kò ansanm ak jwif yo, y’ap jwenn pa yo ansanm ak yo tou nan menm pwomès Bondye te fè a” (Efezyen 3:5,6). Pòl te resevwa apèl kòm you apòt “pou m fè tout moun wè aklè ki jan plan travay Bondye te sere nan kè li a ap reyalize, paske Bondye ki kreye tout bagay te kenbe plan sa a nan kè l depi lontan” (v.9).

Inyon jwif ak moun ki pa jwif yo parèt nan Galat. “Kounyeya pa genyen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant ant fanm ak gason. Nou tout nou fè yonn nan Jezikri” (Galat 3:28).

Nan Kolosyen ankò Pòl pale sou linite sa a. “Se sa k fè, pa gen moun ki jwif ak moun ki pa jwif ankò, pa gen moun ki sikonsi ak moun ki pa sikonsi ankò, pa gen moun ki etranje, ni moun ki bèt, pa gen moun ki esklav ak moun ki pa esklav. Se Kris la ki tout, se li ki nan nou tout” (Kolosyen 3:11).

Pipi piti plan redanmsyon an te devlope. Bondye te chwazi devlope plan Li nan jwif yo, men mwayen pou moun ki pa jwif yo ta vin you pati nan pèp Li a te you mistè pou lòm. Kounyeya, poutan, se pa sa ankò. Ni moun jwif yo ni moun ki pa jwif yo konnen ke yo kapab kanpe jis devan Bondye sèlman poutèt Jezi.

Linyon Kwayan Yo Avèk Kris.

Annou revize you lòt aspè redanmsyon nan Kris. Nan diskou sou pen lavi a, Jezi te pale sou Moyiz e Lamàn e sou “pen ki sòt nan syèl la tout bon....se moun ki sot nan syèl la pou bay lèzòm lavi” (Jan 6:32, 33). Jezi se “pen ki desann sot nan syèl la” (v.41), e “moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo ki gen lavi ki p’ap janm fini an” (v.47). Lè Jezi Pen Ki Bay Lavi a, di , “ Si yon moun manje nan pen sa a, l’ap viv pou tout tan. Pen mwen gen pou m bay la, se kò mwen. M’ap bay li pou tout moun ki sou latè ka jwenn lavi” (v.51)., Li t’ap pale konsènan bay lavi Li sou kwa a. Jezi te kontinye pale nan san figire lè Li te di, “Moun ki manje kò m, ki bwè san m, y’ap fè yonn avè m, epi m’ap fè yonn avè yo tou” (v.56). Manje sa a pa tankou manje lamàn (v.58), men se linyon de a ki vini pamwayen konfyans nan Kris. Depi disip yo te panse ke se “pawòl ki ofiske”, ki enposib pou swiv, Jezi te di yo, “Se Lespri a ki bay lavi, kò a pa vo anyen. Pawòl mwen di nou yo sòti nan Lespri Bondye, yo bay lavi” (v.63). Se prezans Sentespri ki bay lavi espirityèl (Jan 3:6; Women 8:9-11). Nan patisipasyon sa a genyen linyon ant Kris e kwayan an ki pote lavi pou kwayan an.

Nan diskou sou branch e pye rezen an, Jezi te di disip Li “Se pou n fè yonn ak mwen, menm jan mwen fè yonn ak nou. Yon branch pa ka donnen pou kont li si l pa fè yonn ak pye rezen an. Konsa tou, nou p’ap kapab donnen si nou pa fè yonn ak mwen.... Si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè a, n’a renmen m tou menm jan mwen renmen nou an. Menm jan mwen menm, mwen fè tou sa Papa a te ban m lòd fè a, mwen renmen l menm jan li renmen m tou” (Jan 15:4, 10). Fè yonn ak Kris bay devlopman kretyen: “Li koupe tout branch nan mwen ki pa donnen. Li netwaye tout branch ki donnen pou yo donnen plis toujou” (v.2; konpare vv.5,6). Si pa genyen “donnen” branch la koupe, Pita nan lapriyè Li kòm Gran Prèt, Jezi te lapriyè pou “yo tout te ka fè yonn menm jan ou fè yon sèl avè m tou: mwen nan yo, ou nan mwen, pou yo tout fè yon sèl nèt ale, pou moun ki nan lemonn yo ka rive konnen ou renmen yo menm jan ou renmen m lan” (17:22, 23). Kris ki rete nan nou e nou rete nan li se baz linyon ant kwayan yo e Kris.

Plizyè fwa Pòl ekri linyon sa a. Lè nou soumèt tout bagay bay Kris, nou soumèt lavi nou ba li nan lafwa, nou vin ini avèk Li. Pòl te itilize plizyè mo grèk avèk prefiks su, ki siyifi avèk, pou esplike relasyon mistik sa a. Nan lang anglè mo sa yo se ko. Mo grèk sa yo ki ta kapab tradwi co-crucified( ko-krisifye), co-buried (ko-antere), ko-quickened (ko-vivan), co-raised (ko-resisite), e co-seated (ko-chita), itilize nan twa lèt lèt Pòl montre linyon kretyen an avèk Kris.

Premye – ko-krisifye – genyen linyon kwayan yo avèk Kris nan lanmò. Pòl te ekri, “Menm jan nou fè yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou n’a fè yonn avè li, paske n’a leve soti vivan nan lanmò tankou l tou,...vye moun nou te ye anvan an, sa mouri avèk Kris la sou Kwa a” (Women 6:5,6). Konsa ko-krisifiksyon sa arann ansyen nati a san pisans. Pòl te itilize tèm grèk ki siyifi rann san pisans trannsenkfwa pou montre ke Satan pa kapab mete nan esklavaj ankò sila yo ki ini avèk Kris. Linyon sa a pa detwi Satan men libere kretyen anba lesklavaj lachè, ki se nati peche ki soti nan peche orijinèl. Tankou Pòl te ekri, “Moun ki moun Jezikri, yo fè kò a mouri ansanm ak tout egzijans li yo, ak tout lanvi li yo” (Galat 5:24; konpare 6:14). Nan Filipyen 3:10 Pòl pale sou pwòp bi li yo, “Se yon sèl bagay mwen bezwen: se konnen pou m konnen Kris la, pou m santi nan mwen pouvwa ki te fè l leve sòti vivan nan lanmò a, pou m soufri ansanm avè l nan soufrans li yo, pou m rive mouri tankou li tou”.

Ti mo ki endike kondisyon nan lang grèk la se ei, ki tradwi si nan “si nou mouri ansanm ak Kris la, nou kwè nava viv tou ansanm ak li” (Women 6:8), itilize nan sans ke deklarasyon sa a vre. Konsa kretyen dwe “konsidere tèt nou tankou moun ki deja mouri annegad peche” (v.11). Mouri annegad peche se you reyalite e konsa “pa kite peche dominen sou kò nou ki gen pou mouri a, pou l fè nou fè tou sa kò a anvi fè” (v.12). Paske nou te mouri avèk Kris, kretyen yo antere ansanm avè l: “Se sa k fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l,” (Women 6:4) e “Wi, lè yo batize nou, nou te antere ansanm ak Kris la” (Kolosyen 2:12). Antèman espirityèl kretyen nan batèm nan montre ke yo te mouri e ke pisans peche nan lavi yo fini. Paske yo te antere avèk Kris, kretyen pa kouche nan tonm nan; yo “Nou leve soti vivan ansanm avè l tou, paske nou te kwè nan pouvwa Bondye ki te fè l leve soti vivan nan lanmò” (v.12). “ Nou menm ki deja leve sòti vivan ansanm ak Kris la nan lanmò, se pou nou chache bagay ki anwo nan syèl la kote Kris la chita sou bò dwat Bondye” (3.1). “Men, menm jan Papa a te fè l leve sòti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi” (Women 6:4; konpare Efezyen 2:5).

Menm jan Kris te leve soti vivan, se konsa Bondye “ban nou lavi ankò ansanm ak Kris la” (Efezyen 2:5; konpare Kolosyen 2:13), pou nou ka “viv tou ansanm avè li” (Women 6:8). Sila ki te mouri avèk Kris resevwa lavi poutèt linyon yo avèk li. Bondye fè sila ki nan Kris mouri annegad peche e viv pou Bondye; sa vle di yo resevwa you nouvo lavi (v.11).

Wenger te ekri kèk aspè enpòtan sou linyon avèk Kris.

Linyon avèk Kris pa bwouye entegrite e distenksyon ant pèsonalite Kris e pa kwayan an. Kris rete Senyè ki genyen tout pouvwa a, pandan ke kwayan an kontinye kòm you kreyati sou latè. Linyon avèk Kris pa genyen ladan responsabilite kretyen an pou li sen oubyen pou pwòp desizyon li. Kris rete Kris e kretyen an rete disip Kris. Linyon avèk Kris se pito you atachman lafwa. Vini you kwayan se pito vire mache nan direksyon Senyè a. You gran kantite moun nan Antyòch, lè yo te tande predikasyon sou Senyè Jezikri, “tounen vin jwenn Bondye” (Travay Apot 11:21). Genyen lafwa nan Kris se youn nan kondisyon pou Jezi rete nan ou:

“Moun ki rekonèt Jezi pou Pitit Bondye a, Bondye fè yonn ak yo, yo fè yonn ak Bondye” (1 Jan 4:15). Linyon avèk Kris genyen tou devosyon lamou, paske Jan te deklare: “Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwè se vre” (1 Jan 4:16).

Ini avèk Kris se pa sèlman you ekzèsis lafwa nan Li, e renmen Li: Sa genyen ladan you idantite volonte e entansyon, obeyisans konplèt. “Men, moun ki obeyi pawòl Bondye a, se moun sa a ki konmanse renmen Bondye tout bon vre” (1 Jan 2:5). Jan te ekri tou: “Men sa l mande nou: Se pou nou gen konfyans nan Pitit li, Jezikri. Se pou nou yonn renmen lòt, jan Kris la te ban nou lòd la. Moun ki kenbe kòmandman Bondye yo, y’ap fè yonn ak Bondye, Bondye ap fè yonn ak yo tou. Men ki jan nou konnen Bondye fè yonn ak nou: nou konnen sa paske li ban nou Sentespri li” (3:23,24). Pou nou nan Kris se pou nou disip Li, sèvitè li, konplètman ini avèk Li nan volonte e nan bi: “Si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè a, n’a renmen m tou menm jan mwen renmen nou an. Menm jan mwen menm, mwen fè tou sa Papa a te ban m lòd fè a, mwen renmen l menm jan li renmen m tou” (Jan 15:10).[2]

Rezilta final lè ou ini avèk se ke “nou chita jouk anwo nan syèl la ansanm ak li tou. Li fè tou sa pou moutre pou tout tan ki gen pou vini yo jan lirenmen nou anpil anpil, jan li aji byen avèk nou nan Jezikri” (Efezyen 2:6, 7).

---------------

Chapit 6 REDANMSYON REYALIZE NAN KRIS
YOU ETID BIBLIK SOU REDANMSYON
Leland M. Haines

Life Ministries
250 Meadow Lane
Conestoga , PA 17516 USA

Copyright © 2002
Leland M. Haines
Goshen, Indiana USA
All rights reserved.
Avèk pèmisyon

Tradiktè
Josué Michel

Pou

International Faith Missions
Jonesville , Michigan USA  

Emprimè avèk

Life Ministries
250 Meadow Lane
Conestoga Pennsylvania17516US